Jwisans ak revandikasyon : « Rara » yon lòt fòm nan batay peyizan yo
« Yon pèp ki renmen bèl mizik
Yon pèp ki renmen melodi tou
Lavi a yo se doremi
Yon pèp lè l ap chante l p ap jwe tou
Li chante nan rara
Li chante nan mera
Li chante pou l moutre l revòlte
Lè l santi l imilye
Li chante
Lè l santi do l peze
Li chante
Lè l paka sipòte
Li chante
Pou l pa mouri toufe tou
Li chante…»
Nan ekstrè mizik sa, Kebert Bastien (KEB), yon atis/chantè Ayisyen, sou albòm li ki pote tit « Pwennfèpa », sou yon mizik ki pote non « chante », rive montre nou kouman pèp ayisyen, keseswa sikonstans lan, pa gen limit lè se pou l chante.