Rale sa n ap fè sou wòl elit yo ak devlopman se yon travay n ap prezante pou pote ekleraj sou kalte elit nou bezwen.Yo toujou ap di elit nou yo echwe men se pa vre paske elit k ap mennen yo rive satisfè enterè twokay yo nan oligachi lokal la tankou nan oligachi entènasyonal yo k ap peze souse. Nou bezwen ranfòse ak aplike konsepsyon elit jan Doktè Jean Price-Mars te wè l la. Konsa nou bezwen yon elit ki gen responsablite moral ak sosyal epi angaje nan devlopman nasyonal peyi l. Elit sa dwe rankontre enterè mas pèp la san tonbe nan popilis poutèt sa men travay pou yon entegrasyon nasyonal san fèmen tèt nou nan yon fòlkloris.
Rale nou an ap chita sou pwen sa yo :Yon rezime sitiyasyon an;Yon rale sou kontèks ekonomik ak sosyal peyi d’Ayiti;Ki pozisyon elit yo sou kesyon devlopman;Angajman elit yo nan devlopman peyi a epi Inivèsite ak sosyete.
1-Yon rezime sitiyasyon an
Depi kèk tan mo elit la nan deba toupatou. Eske mo elit la klè pou tout moun k ap repete l. Men idantifye elit yo pa fasil pou gwo popilasyon an e menm pou anpil moun ki gen bon nivo fòmasyon lekòl. Konsa lide ki domine a se konprann elit yo tankou yon kategori moun ki siperyè epi ki detache yo ak popilasyon an menm si yo dwe oryante yo menm si gen moun ki prefere di elit yo la pou dirije.Konsepsyon sa kenbe si nou vize yon devlopman ki chita sou patisipasyon ak entegrasyon nasyonal.
Nou blije chache verite nan bay eksplikasyon klè san demagoji ni popilis. Konsa n ap kite elit kòm mo pou nou wè li tankou konsèp.Kidonk konsèp la se jan nou reprezante nan lespri nou yon reyalite epi sa ede tout moun konprann menm jan reyalite sa a.Men sa pa anpeche konsèp la ka evolye epi jwenn lòt sans epi aplike yon jan ou byen yon lòt.
Kounye a , an nou gade jan kèk save itilize konsèp elit la. An nou koumanse ak Vilfredo Pareto (1848-1923) ki se yon italyen ki se mèt mo elit la kote l pat vle itilize mo klas sosyal nan lane 1906.Pou Pareto, elit la se endividi ki pi entèlijan nan yon gwoup sosyal.Li ajoute kapab plizyè elit. Entèlijans, estati soyal, pouvwa ak sèks se faktè ki ede elit yo kreye tèt yo. Elit yo kapab sikile konsa yo pa rete menm jan.Men tou, daprè Pareto, tout elan imanitè nan mitan elit yo ka menase ti gwoup sa.Sa ki ka fè l depaman ak mas yo epi manm elit sa ka dejenere epi vin manke entèlijans ak volonte .Nan dènye pwen sa, doktè Price Mars (1876-1969) fè diferans avèk Pareto kote doktè Price-Mars bay elit yo pito yon responsablite moral ak sosyal bò kote nasyon ak pou apiye jistis sosyal.Doktè Price-Mars demake l avèk teyori tradisyonèl sou elit yo gras ak priz konsyans li vin genyen pandan okipasyon ameriken peyi d’Ayiti 1915-1934
An nou gade yon lòt konsepsyon sou kesyon elit la. Konsa , Charles Wright Mills (1916-1962), nan lane 1956 , ki se yon sosyològ ameriken refere l ak klas siperyè pou l kalifye elit yo.Li gen yon liv ki rele “L’élite du pouvoir” (the power elite). Pou Mills, klas siperyè sa aji nan plas mas pèp la epi reprezante enterè gwoup k ap domine anlè nèt yo.Se yon sèk ki repwodui elit sa yo pou okipe pozisyon yon klas siperyè ki fè konklizyon ant pouvwa ekonomik, politik ak militè.Se rezilta yon biwokrasi k ap repwodui pouvwa yo nan dezavantaj demokrasi ak patisipasyon pèp la.
Gen moun ki wè elit yo tankou yon entèmedyè tankou gen lòt ki bay elit la plas yo. Nan ka peyi d’Ayiti, an nou konsidere Doktè Jean Price Mars nan yon liv (rekèy esè)li bay pote non “La vocation de l’élite” (1919).Anvan nou wè 2 premye apwòch yo, n ap abòde jan Doktè Price Mars konsidere Elit la.Nou pa bliye Doktè Price Mars ap devlope yon panse ayisyen ki valorize kilti nou ak apiye mas pèp la nan efò patisipasyon li pou yo rive jwenn endepandans yo.Fè mas pèp la jwenn edikasyon kòm yon dwa se prensipal responsablite elit yo pou pèp la pran desten l li menm .Patisipasyon fanm yo se yon atou pou devlopman daprè Dokte Price-Mars.Se sa yo rele panse endijèn ki vle di an nou rete nou menm kote nou evite lòlòy nou vire nan kopye sou oksidan.Se sa Frantz Fanon te rele “alyenasyon”.
Rale sa nou fè sou mo lelit la pèmèt nou klè sou relasyon elit la ak lòt konsèp tankou Patisipasyon, endepandans,pwomosyon kilti nasyonal la ak sans responsablite .Konsa nou mete sou kote lide Elit se notab ki li menm plis chita sou yon rapò anwo ki vètikal.Nou pran distans tou ak lidè teknokrat tou ki kenbe pouvwa yo menm sou baz kapasite teknik yo genyen pou kont pa yo.Nou pa manke elit , men sila yo k ap pwoteje enterè oligachi yo ak ranfòse pi plis esklizyon popilasyon an. Gen lòt kategori nou pa dwe konfonn ak elit tankou chèf,kòmandè,menè oubyen mesi.
Nou konsidere pozisyon Doktè Jean Price-Mars sou kesyon elit. Konsa, pou doktè Price-Mars Elit yo jwe yon gwo wòl nan apiye ,oryante mas pèp la ak angaje yo nan aktivite pwogrè ak pwomosyon peyi yo nan tout endepandans.Yo valorize kilti nasyonal la pou evalye bezwen pèp la kote yo patisipe yo menm nan idantifye bezwen sa yo aji sou yo ak akonpaye ak travay avèk pèp la pou yon pwogrè dirab gras ak detèminasyon ak sans sitwayen popilasyon an ki dwe ranfòse.
Elit yo se lekòl ak inivèsite ki fòme yo ak repwodui yo kote yo transmèt yo valè nasyonal yo, kapasite teknik epi elit yo dwe travay pou simaye edikasyon popilasyon pou angaje popilasyon an li menm nan pwòp devlopman peyi l.
- Yon rale sou kontèks ekonomik ak sosyal peyi d’Ayiti
Ayiti ap fè fas ak yon kriz ki gen rasin li ak enkapasite pou entegre sistèm ekonomik entènasyonal la ki te derape ak yon modèl ekspòtasyon pwodui agrikòl . Konsa, Ayiti pa rive reponn ak sa ki ekzije nan òganizasyon klas dominant ak leta pou mete estrikti ak règ ki konfòm pou kreye richès ak repwodui fòs travayè yo epi mete sèvis sosyal.Malgre depandans modèl sa kreye nou obsève anpil eksperyans kote elit dominant kèk sosyete akèy la konn rive pran konsyans epi negosye ak menm pran kontwòl desten nasyon yo.Mouvman sa konn jwenn bourad yon boujwazi nasyonal nan pwojè devlopman pwòp peyi yo.Gen lòt eksperyans kote se yon avangad ki fè alyans ak klas travayè yo.Ayiti pa janm rive franchi kap sa depi 1806 ki te mete fen ak pwojè dekoneksyon ak konstriksyon ekonomik nan enterè nasyon an.
Tout obstak sa yo nou idantifye la ede nou lonje dwèt sou kriz pou sosyete a dekole, akimile richès ak bay sèvis pou entegre popilasyon ak pèmèt tout sektè popilasyon an patisipe nan konstriksyon nasyon an.Nou pwofite tou rekonèt wòl elit yon peyi nan devlopman peyi yo.Men sa se yon defi nan ka sosyete d’Ayiti kote elit yo restavèk gwoup etranje nan sakrifye enterè nasyonal la.Enkapasite elit yo pou devlope pwòp peyi yo koz nou toujou ap fè apèl ak entèvansyon militè etranjè ak òganizasyon entènasyonal yo pou ranplase leta nan travay devlopman li dwe garanti.Jounen jodi a nou anfas menm sitiyasyon an kote se fòs entènasyonal k ap pare pou vin rezoud pwoblèm sekirite Ayiti ap viv.
3-Ki pozisyon elit yo sou kesyon devlopman?
Anvan, an nou gade sa devlopman an ye ak konsepsyon ki makonnen avèk li epi wè angajman elit nou yo.Devlopman vin ranplase mo Evolisyon ki montre yon seri etap tout sosyete dwe franchi pou gen kwasans ak pwogrè . Daprè yon ekonomis yo rele Whitman Rostow : yon sosyete pou l devlope dwe pase faz tradisyonèl la, apre prepare l pou yon dekolaj ekonomik, epi konnen yon mobilite ak rive vin yon sosyete konsomasyon mas.Pou franchi faz sa yo, sa mande pou kopye sou modèl gwo peyi yo, kilti yo, konsomasyon yo ak mòd jan yo mennen lavi yo.Sa ki montre depandans ti peyi yo anfas gwo peyi devlope yo.Nou konstate pito devlopman yon soudevlopman ti peyi yo ak fayit elit yo ki pa gen kapasite pou panse devlopman.Men dènye reyalite sa plis kole ak sosyete d’Ayiti a.Jounen jodi a menm si yo adopte modèl devlopman dirab pou pote koreksyon ak konsepsyon tradisyonèl yo, efò elit yo pou rive jwenn entegrasyon nasyon ak pwogrè pa fè yon pa kita yon pa nago.
Nou jwenn yon elit tradisyonèl ki makonnen enterè yo ak elit entènasyonal yo epi livre popilasyon nan eksplwatasyon nan kreye yon rejim esklizyon ak pezesouse.Nan sitiyasyon sa, dwa patisipasyon politik pèp la pa rekonèt epi pèp si la li deyò nan pran desisyon sou direksyon desten nasyon an.Pa gen chanjman nan konpòtman elit yo malgre avans Konstitisyon 1987 fè nan rekonèt dwa fondalnatal sitwayen yo ak yon pwojè devlopman nasyonal ki reponn ak bezwen yo idantifye nan enterè nasyon ak patisipasyon kolektivite lokal yo.
4-Angajman elit yo nan devlopman peyi a
Okipasyon ameriken peyi d’Ayiti reveye konsyans sitwayen yo kote yon nouvo elit ta ka fòme.Yon nouvo mouvman te vin tante ranmase eksperyans ki avòte aprè 1843 . Mouvman Praslin 1843 a te bay anpil espwa refòm sosyal ak ekonomik ki chita sou pwogrè ekonomik, modènizasyon, patisipasyon politik ak entegrasyon nasyonal.Ideyal sa yo pral jwenn apui mouvman sosyal nan kontèks okipasyon an (sendika, fanm, etidyan, pwofesyonèl, peyizan, jenn tout te mobilize).Nou konstate nou te plis annafè ak lit pou plas olye angajman yon nouvo elit k ap anbrase koz mas popilè yo, simaye yon kilti nasyonal ak devlope peyi a nan enterè nasyon an san kopye sou modèl oksidantal la.Sa ki pat vle di nou fèmen sou tèt nou nan obsève yon fòlkloris.
Eksperyans mouvman elit nou yo detounen nan wout . Konsa, yo akouche yon seri pouvwa boutdi ki gen fasad liberal ki enstale pou garanti nèt al kole lòd ak represyon epi kreye plis moun deyò sosyete a san sèvis ni patisipasyon politik.
Si nou ka konte eksperyans negatif nou fè ki kontrarye, nou dwe konsidere kontribisyon enpòtan mouvman fanm, inivèsite ak yon kouran mouvman endijenis ki gen Dr Jean Price Mars nan tèt li .Kontribisyon sa yo rete pou rekipere epi konsolide nan moman nou bezwen elit ki wè pwogrè , devlopman a, patisipasyon politik ak entegrasyon nasyonal.Peyi pa sispann rete sou gras kominote entènasyonal nan jwenn kolaborasyon elit nou yo.
5-Inivèsite ak sosyete
Inivèsite se espas kote yo fòme elit yo konsa se son espas pouvwa tou li ye lè se elit yo ki dwe oryante rès sosyete a. Men nou raple nou okipasyon ameriken 1915-1934 an ki te pwomèt pou l modènize, estabilize ak pote sivilizasyon pa t chita sou devlopman inivèsite.Se lekòl fèm (fermes-écoles) ki te kreye pou prepare ouvriye agrikòl nan enterè kapital la epòk la.Plis pase 500,000 moun pati al travay nan plantasyon Kiba ak Sendomeng epi nan konstriksyon kanal Panama.
Dantes Bellegarde, yon entèlektyèl ayisyen, fè yon lit pou defann ansèyman siperyè ak devlope inivèsite endepandan ki makonnen ak enterè nasyonal ak yon devlopman nasyonal (andojèn) epi ranfòse pwomosyon valè patriyotik yo. Pou Dantes Bellegarde “inivèsite se gadyen drapo a”.
Dr Jean Price- Mars li menm pwofite menm kontèks sa pou pwopoze yon ideyal devlopman nasyonal ki chita sou liberasyon nou ak deparye nou ak kilti oksidantal la epi travay pou entegrasyon nasyonal nan rapwochman elit ak mas popilè yo gras ak pwomosyon edikasyon sosyal.Lide sa yo rankontre sa Antonio Gramsci rele entèlektyèl òganik ap pèp la.Ideyal sa pataje nan lòt sektè tankou mouvman feminis “Ligue Féminine Action Sociale” ki plede pou patisipasyon politik fanm, amelyorasyon kondisyon vi popilasyon an, entegrasyon sosyal epi dwa granmoun pèp ayisyen an.
Mouvman sa yo fè wout kwochi.Yo rekipere yo pou aliyen sou menm enterè ak pa elit tradisyonèl yo ki makonnen ak elit entènasyonal yo nan sakrifye entegrasyon nasyonal ak amelyorasyon kondisyon lavi popilasyon an.
N ap mande èske nou echwe nèt?1986 vin ofri yon opòtinite pou nou ta rejwenn ideyal entegrasyon nasyonal la.Nou rive gen yon konstitisyon ki rekonèt entegrasyon nasyonal, dwa granmoun pèp ayisyen an.Inivèsite a endepandan epi gen misyon pou prepare elit ki makonnen ak enterè nasyonal epi fè rechèch sou bezwen popilasyon an e defann valè nasyonal yo.Men li se yon konsta lekòl ak inivèsite a ap soufri pou jwenn yon vizyon ansanm chita sou pwomosyon aksyon sitwayen epi yo gen yon bidjè sou lagraba.Rechèch ak fòmasyon yo pa chita tout bon vre sou reyalite sosyete a.Yon efò separasyon dwe fèt pour deparye nou ak oryantasyon teknokratik elit yo ki ede travay nan enterè elit etranje yo . An nou travay pou ranfòsman yon pwojè k ap rive fòme inivèsitè-sitwayen pou nou suiv apwòch Doktè Herold Toussaint toujou ap fè pwomosyon l.
