Pou Laureta…
mwen founi je gade lorizon
k ap pase byen chèlbè nan miwa nawè w
m anvi manyen brid
ki mawonnen toutotou emosyon nou
simbi ap navige nan dènye bras kò w
m anvi voye kò m jete palòtbò toutantye
apre sa
m ava bliye kote m soti
ata menm kote m prale
sa sèlman mwen va sonje
se kò m ki tounen ti bato andezo
pou l pèdi andidan kò w
lanm lanmou kapote m
ap mennen m bwote m pote ale
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous