Anba zanmann kay Sonson Mathurin onore kat aktivis kiltirèl

Yè dimanch 22 out 2021 an, Anba Zanmann kay Sonson Mathurin onore 4 pèsonalite ki envesti nan milye kiltirèl Ayisyen an avèk yon plak donè. Kat pèsonalite sila yo se Jean Cajou, Claude Roumain, Gerin Alexandre epi Ralph Jean-Baptiste . Aktivite sila te dewoule nan lokal Anba Zanman  nan ri Camelo, nan kè vil Pòtoprens, zòn Bwavèna.

Publié le 2021-08-23 | lenouvelliste.com

Anba Zanmann kay Sonson Mathurin yon espas kiltirèl ki gen plis pase 7 lane depi y ap òganize aktivite kiltirèl onore ayè dimanch lan 4 pèsonalite ki prezan nan milye kilrèl la.

Li te apèn dizè, lè aktivite a te tanmen. « Les Ateliers Franck Fouché » ki gen ladan l Wood Kendy Louis, Yves Marie Gustave ak Mackendy Jean t ap di pwezi ki kenbe vivan, byen vivan pawòl :  Jacques Prevert, Federico Garcia Lorca, Georges Castera, Gerald Blancourt, René Char. Komedyen yo te gen bon pèfòmans. Sonson Mathurin, aktivis kiltirèl, ekriven, pwofesè matematik, militan politik…, inisyatè mouvman Anba zanmann te fè yon gwo rale  pou esplike pou kisa li onore pèsonalite sila yo epi kijan l santi l rekonesan anvè yo menm.

« Nou onore pèsonalite sa yo pou sèvis yo ofri « Anba zanmann kay Sonson Mathurin ». Nou onore yo tou sou yon nesesite ki genyen pou aprann jèn yo valorize Ayiti, valorize sa peyi a pwodui, valorize moun ki fè prèv bonte e bèlte nanm yo. », deklarasyon Sonson Mathurin, inisyatè Anba Zanmann.

Jean Cajou, youn nan pèsonalite ki onore yo te prezan. Komedyen an di li santi l kontan resevwa plak donè sila. « Plak donè sa a senbolize anpil bagay pou mwen. Mwen pa gen pawòl. Anba Zanmann senbolize rankont. Se yon gwo merit pou inisyatè mouvman sa a. », deklarasyon Jean Cajou, ki dedye plak donè sa ak tout moun ki viktim nan trableman de tè 14 out 2021 an, an Ayiti.

« Anba Zanmann kay Sonson Mathurin estime peyi a gen yon dèt anvè Jean Cajou. Jean Cajou se youn nan ra moun ki mache fòme jèn nan koze literati, pwezi, teyat nan tout peyi a. Li fè sa pandan plis pase 30 lane. San lajan. San laglwa ».

Pa bò kote pa l, Ralph Jean-Baptiste, filozòf, kowòdonatè « Café Philo » di li santi l kontan resevwa plak donè sa a: « Mwen resevwa plak sa avèk anpil onè. Sa vle di anpil bagay pou mwen. Mwen espere plak sa a ap ankouraje m davantaj pou m fè pwomosyon lakilti nan peyi a. Kay Sonson Anba Zanmann se yon espas ki pèmet nou devlope plis sosyabilite. », deklarasyon Ralph Jean-Baptiste.

Claude Roumain ak Gérin Alexandre pa t prezan fizikman pou resevwa plak pa yo; se Dodo ak Cherlène Laguerre ki resevwa l pou yo.  Men sa pa t anpeche Sonson Mathurin te fè kèk temwanyaj sou yo: "Gérin Alexandre se yon eleman kle nan derape inisyativ la ak mwen e ki kenbe espas la doubout,  menm lè m pa la. Gérin Alexandre jwenn lonè a tou pou wòl li jwe nan akonpaye lit pèp ayisyen an. Nan konesans pa m, li te pote yon kontribisyon trè enpòtan sou tout teritwa nasyonal la nan batay kont diktati militè yo. Li te ofri vi li."

« Nou onore Claude Roumain pou jan li rejwenn inisyativ la e prezan ak nou, malgre li nan yon lòt jenerasyon. Li toujou akonpaye n nan ede nou leve nivo deba yo. Li toujou prezan tou pou pase n konesans sou istwa peyi a. »

« Presizeman se pou reponn a yon feblès ki nan peyi a depi kèk tan kote: pa gen " tèt mi" ankò pou moun chita pale;  pwoblèm demografik yo- pwoblèm espas pou moun viv ki pa janm trete; pwoblèm ensekirite elatriye, tou sa lakòz manke espas pou moun chita pale. Chita koze. ANBA ZANMANN KAY SONSON MATHURIN se yon kontribisyon nan sans sa a »

Anba Zanmann Kay Sonson Mathurin pote yon kontribisyon nan pèmèt echanj fèt sou zafè lakilti, sou listwa, sou tou sa ki ranvwaye a lespri tankou koze syantifik, filozofik elatriye... Anba Zanmann Kay Sonson Mathurin se yon espas fizik pou moun rankontre sou baz prensip respè, ak libète lapawòl.

Nan yon entèvyou Sonson Mathurin bay Le Nouvelliste li deklare espas Anba Zanmann lan  pèmèt tou echanj fèt sou politik nan lemond ak an Ayiti. Nan sans sa a Anba Zanman Kay Sonson Mathurin selon otè « Grenn Senk » lan :  « enskri tèt li nan demach konstwi lide e pwopozisyon ki chita sou 2 pilye Jistis ak Etik.



Réagir à cet article