Entèvyou / Festival entènasyonal literati kreyòl / 3e edisyon

Koze Lyonel Trouillot sou literati kreyòl

Publié le 2021-11-30 | lenouvelliste.com

Le Nouvelliste : Rive premeye pou bout 5 desann, Festival entènasyonal literati kreyòl (FEL) ap tanmen. Avèk ki santiman w ap patisipe nan twazyèm edisyon festival la ane sa ?

Lyonel Trouillot : Mwen toujou bay pri, distenksyon, lonè mwen resevwa isit plis valè senbolik pase sa mwen resevwa, kreye, devlope sistèm ak ògan valorizasyon pa li. M ap di sa lontan. Sa te menm fè kèk  moun ki alyene te eseye leve kabal ki pa t merite egziste. Ajoute sou konsiderasyon jeneral sa a, envite donè Festival entènasyonal literati kreyòl se pran yon plas enpòtan nan pwosesis valorizasyon ak literati kreyòl isit ak tout lòt kote yo ekri an kreyòl. Li lè, li tan pou rekonèt valè travay ekriven lang kreyòl yo, fasilite rankont ak echanj ant ekriven sila yo e pèmèt yon piblik pi laj li, tande, dekouvri kalite literati an kreyòl la. Se domaj festival la, menmjan ak lòt aktivite kiltirèl yo, ap fèt nan yon moman kriminalite ap frape tout sektè nan popilasyon an. Rezon ki fè nou plizyè endividi ak enstitisyon ki pran desizyon, an siy pwotestasyon kont sitiyasyon an e kòm yon egzijans nou fè moun ki gen pouvwa politik la nan men yo pou yo jistifye lajan n ap peye yo a, pou nou pa fè aktivite « an prezansyèl ».

Le Nouvelliste : An n louvri yon fenèt sou yon bon emosyon ki pral fè anpil moun kontan. Ekriven, jounalis, entèlèktyèl angaje, Lyonel Trouillot se envite donè Festival literati kreyòl. Ki jan w akeyi onè sa ?

Lyonel Trouillot : Gen yon fraz mwen renmen site. Li ka parèt dwòl : La littérature est la pemière des sciences humaines ». Men lè ou reflechi se nan lekti literè, nan powèm, woman, kont, teyat nou pran premye emosyon n, premye refleksyon nou sou reyalite a. Literati, pou moun ki gen chans rankontre l, se youn nan premye sous diskisyon nou ak tèt nou, enkyetid ki leve anndan n, dezakò nou ak reyalite a. Se youn nan premye orijin konviksyon nou. Pou yon endividi literati se yon gwo sous savwa ak emosyon, san wete plezi estetik la. Men nan konstriksyon sitwayènte literati kapab tou yon eleman majè, revòlt, konpasyon, atansyon ou dwe bay zòt, relasyon positif ak anviwònman, orijin, santiman ou se manm yon kominote san kominote a pa dwe detwi endividyalite w, anpil lòt bagay ki fè plenitid ak enteryorite yon moun, ou kontre yo oswa dekouvri yo nan literati. E nan literati nan tou de lang nou yo gen tèks ki ka ede timoun ayisyen yo grandi an byen e an bèlte. Fòk nou fè yo rankontre tèks sa yo bonè.

Le Nouvelliste : Chak ane òganizatè yo vann piblik la yon tèm pou FEL. Ane pase tèm dezyèm edisyon an se te : « Pouki n ap fè literati ? Ou pral chita ak lòt tokay ou ekriven sou tèm sa : « Literati nan konstriksyon moun ». Kòm otè angaje nan aksyon sitwayen kòman ou wè literati nan gwo konstriksyon sa : konstriksyon moun ?

Lyonel Trouillot :  Mwen pa kwè gen pèsonn ki fèt tou bon, e se toujou awogan pou deklare ou bon. Pou mwenmenm, gen omwen de eleman ki endispansab pou kalite travay ekriven an : Youn se louvri anndan w pou li vin pi laj, jan René Philoctète te renmen di, sa vle di devlope yon sansiblite anfas reyalite a, anfas reyalite zòt ak pèsepsyon zòt genyen, sa Baudelaire rele « abondance de nature » la. Lòt la se toujou sonje se kalite tèks la, nonpa egzistans li, ki ka jistifye tit ekriven an. Se pa janmen bliye yon ekriven se yon atizan k ap pwodui yon objè. Li bezwen metrize lang lan, anpil teknik ak pwosede pou kapab kreye yon objè ki merite egziste, ki pral angaje yon konvèsasyon ak moun ki pral li tèks la. Mwen pa kwè nan ekriven nayif. Fòk ou gen je ak zòrèy pou ou wè ak tande, fòk ou metrize lang nan ak pwosede yo pou ou chèche lang pa w andedean lang w ap ekri a. Se pou sa mwen kwè anpil nan atelye ak tout fòm transmisyon pou ede jèn ekriven yo grandi, vanse sou wout pawòl pa yo, ekriti pa yo.

Le Nouvelliste : Kòman w wè prodiksyon literati ekspresyon kreyòl la, eske l gen menm vitalite nan pwovens la menm jan ak kapital la ?

Lyonel Trouillot :  Mwen repete li souvan : mwen kwè literati kreyòl la nan yon bèl vitalite kit nan kapital kit nan pwovens. Avèk atelye Jedi swa, nou anime anpil atelye divès kote nan peyi a. Talan an la, entansyon an la. Sa ki manke se kad pou ede jèn otè yo grandi. Manke akonpayman kritik. Men li klè sou dènye ane yo, si ou ap pran powèm k p sikile yo, sa y ap resite ki vin antre nan patrimwàn literè a se kèk powèm an kreyòl Bonel Auguste, Inema Jeudi, James Noel ak kèk lòt powèt. Tèks an franse yo pa gen menm reyisit la nan je oswa zòrèy piblik la. Toujou gen danje fasilite a. Literati kreyòl la jèn, konn gen tandans site lang lan, reyini pwovèb pil sou pil, oswa eseye imite lang lan jan yo pale li nan milye riral la. Gen ekriven ki pè chèche, pè envante. Gen anpil tout voum se do, men gen pwopozisyon estetik nèf k ap bouyi, gen tou yon pawòl otantik ki koumanse a sonnen, e orijin sosyal ekriven yo vin pi laj, se pa ti boujwa ki grandi nan milye frankofòn yo k ap ekri sèlman, egal plis imajinè, plis antre diferan nan reyalite a.

Le Nouvelliste :  Ou se yon figi nan peyizaj kiltirèl ayisyen an ki se yon pyepoudre. Ou tout kote. Ki bò ou pa ale nan peyi a finalman pou rankontre jenès la. Poutan nou wè se yon lit ki fenk tanmen lè n ap gade eta jenès la jounen jodi a. Ki refleksyon ou fè sou sa ?

Lyonel Trouillot : W a di bandi legal ki nan tèt Leta yo fè tout sa yo konnen pou detounen jenès la, wete l sou chimen yon kilti estetik wo nivo. E kondisyon sosyal jèn yo ap viv yo mete yo nan yon degaje pa peche ki kapab fè sèten wè literati a kòm yon zouti pwomosyon sosyal san plis. Nan sans sa w ap jwenn dezoutwa moun ki ekri sa yo panse « blan an » anvi tande pou jwenn yon rekonesans ak yon meyè sitiyasyon. Pou yon jèn ekri jodi a, san konsesyon, nan yon demach kritik sosyal mele ak yon demach estetik, se prèske yon aksyon ewoyik. Men difikilte a, sa ki gen volonte ekri tout bon an e pwodui yon zèv ki gen de kalite sa yo, ap rive simonte l. Nou kapab pran, an franse, egzanp, tèks ki fèt genyen pri Deschamp an.

Le Nouvelliste : Eske nan festival la n ap jwenn Depale, yon rekèy ou te ekri nan tèt kole ak Pierre Richard Narcisse ; yon lòt ankò : Zanj nan dlo. Epi, Pwomès, yon antoloji pwezi kreyòl lakay, Maître Jonas, l’homme au bâton / Mèt Jonas, granmèt baton ? Agase lesperans. Eske n ap jwen CD ki mete an vanlè tèks ou yo ?

Lyonel Trouillot : Tankou m te di li, patisipason pa m nan festival la, se plis aktivite an liy, e nou pap òganize vant siyati kote n ap envite piblik la nan moman sa a. Solidarite ak respè pou moun yo kidnape. Festival la wi, men nou pa vle fè anyen ki ta fè kwè sitiyasyon an nòmal nan peyi a. Liv yo ap disponib nan moman n ap kapab prezante yo san kreye yon ris pou lektè yo.

Le Nouvelliste : N ap rantre karebare nan yon festival entènasyonal literati kreyòl. Lyonel Trouillot, lese m mande w : èske w rive fè yon kout je sou liv k ap ekri an kreyòl nan lòt peyi kouwè Matinik, Lagwadloup ?

Lyonel Trouillot : Wi, m bay sa ki ap ekri nan lòt peyi an kreyòl anpil atansyon. Mwen panse li nesesè. Mwen pap site non, paske m ap bliye kèk, men gen travay enteresan k ap fèt Matinik, Gwadloup, Lareyinyon… Fòk nou reyisi monte yon rezo pou zèv an kreyòl tout kote kapab rive sikile tout kote yo li, ekri kreyòl.

Le Nouvelliste : Literati kreyòl la nan karayib la. Kòman w wè avni l ?

Lyonel Trouillot : Avni l, se yon lit, yon batay.  Pèp domine, lang domine. Men okenn pèp pa aksepte dominasyon san di krik. Miltipliye evenman k ap valorize literati kreyòl la, kenbe yon egzijans kalite pou tèks yo gen valè, kreye rezo valorisayon ak sikilasyon. Se difisil. Pou prèv, Festival entènasyonal literati kreyòl la gen anpil difikilte pou li jwenn soutyen nan Leta ni nan sektè prive a. Kòm si kreyòl pa enpòtan, se on dezyèm kategori. Mwen tou lanse apèl la : ede festival Entènasyonal literati kreyòl la. Nan kèk ane, lè li fin chita, n a gen pou nou di ekip ki kreye li a mèsi paske li te louvri yon paj nan listwa.

Claude Bernard Sérant pou rekòt pawòl yo



Réagir à cet article