Paroles
«Ogèy fè nou tou de ap soufri
Nou pa pale chak jou n move
Kouri vin wè cheri kijan foumi ap fin bwote lanmou n
Tankou se sik ki tonbe yon kote
Ki pa gen moun pou ranmase l
Depi twa jou n ap mal boule
Menm televisyon nou pa gade
Radyo pa jwe nou pa danse
Menm lè w pral benyen ou pa di mwen
Nicky cheri an n ale.
Kot sa ap rive?
Kot sa ap rive!
Sonje byen n te di cheri
Ann soude vi n an n fè mistè damou