Musiques haïtiennes dans l’âme

Eske n sonje Yanick Étienne nan "Mistè damou"?

An n al li, an al tande « Mistè damou », yon mòso mizik Yanick Étienne. Nan lane 80, radyo ak televizyon an Ayiti te konn pase chante sa anpil. Yon jou pap pase san pawol lanmou sa yo pa vin rankontre w nan lari, nan machin, lakay ou, oubyen kay yon zanmi. Se te refren yon epòk ki te pwomèt jènès ayisyèn nan anpil espwa. Yanick Étienne gen yon rejis vwa ki swa. Nan « Mistè damou », vwa atis la marye ak tram tèks la avèk yon souplès, yon tandrès. Mwen renmen souf vwa l lè l ap pran chan, lè l ap monte desann ak nòt yo. «Kot sa ap rive! Kot sa ap rive?» Vwa Yanick ak entriman yo fè yon sèl. Nou paka bliye « Mistè damou ». Yon bèl powèm.

Claude Bernard Sérant
Par Claude Bernard Sérant
10 août 2020 | Lecture : 3 min.

Paroles

 «Ogèy fè nou tou de ap soufri
Nou pa pale chak jou n move
Kouri vin wè cheri kijan foumi ap fin bwote lanmou n
Tankou se sik ki tonbe yon kote
Ki pa gen moun pou ranmase l
Depi twa jou n ap mal boule
Menm televisyon nou pa gade
Radyo pa jwe nou pa danse
Menm lè w pral benyen ou pa di mwen
Nicky cheri an n ale.

Kot sa ap rive?
Kot sa ap rive!

Sonje byen n te di cheri
Ann soude vi n an n fè mistè damou

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.