Le Nouvelliste : Fakilte memwa se bliye. Anvan memwa w vale souvni w, ou ekri yon liv ane sa a ki rele « Anvan m bliye ». Kisa w pa vle bliye ?
Jocelyne Trouillot : Kisa m pa vle bliye? M pa vle bliye tout bon souvni m yo. M pa vle bliye nonplis jan m te debat anba move pas m te travèse paske yo ban m fòs epi yo montre m te kapab, m ap kapab. M pa vle bliye yon anfans ki te bon pou mwen. M pa vle bliye paran m yo