Interview

« Avan m bliye » : yon entèvyou ak Jocelyne Trouillot

Ekriven Jocelyne Trouillot ap patisipe ane sa nan 27e edisyon Liv an foli ak yon esè ki se tout yon memwa yon peyi ki mele ak memwa pa l. Liv sa rele « Avan m bliye », li parèt nan KIK-Inivèsite Karayib, yon edisyon l ap dirije. Otè esè a se rektris Inivèsite Karayib, li gen yon metriz nan lang kreyòl, yon doktora nan administrasyon lekòl. Tout obligasyon li gen sou tèt li pa anpeche l viv pasyon li erite depi l te ti katkat. Jocelyne Trouillot ekri plis pase yon ventènn liv pou timoun nan lang aysiyen. Li se yon espesyalis literati pou timoun. Akote sa, li se yon entèlektyèl ki trete tout yon latriye sijè : Histoire de l'éducation en Haïti, Psychologie de l'apprentissage, Premye diksyonè mwen. Ekriven an te pran pri woman 2019 Sosyete koukouy avèk « Yo kenbe yon vòlè ».

Publié le 2021-06-10 | lenouvelliste.com

Le Nouvelliste : Fakilte memwa se bliye. Anvan memwa w vale souvni w,  ou ekri yon liv ane sa a ki rele « Anvan m bliye ». Kisa w pa vle bliye ?

Jocelyne Trouillot : Kisa m pa vle bliye? M pa vle bliye  tout bon  souvni m yo. M pa vle bliye nonplis  jan m te debat anba move pas m te travèse paske yo ban m fòs epi yo montre m te kapab, m ap kapab.  M pa vle bliye yon  anfans  ki te bon pou mwen. M  pa vle bliye paran m yo ki te  ede m grandi, ede m kwè nan tèt mwen epi ki te  rive  kreye yon anbyans familyal, menm si li pa t pafè,  men  ki te fè  m renmen lavi. M pa p janm bliye divòs paran m, ni lè lanmò pote yo ale nan de (2) kou siprann. M p ap janm bliye Rolph, frè mwen.

M pa vle bliye nonplis  m te leve e m te grandi nan yon peryòd diktati.  M pa vle bliye ane militans mwen aletranje. M pa ta ka bliye ane angajman m kòm fi nan lit pou respekte dwa fi, lit  pou edikasyon fèt san fòs kote e pou kreyòl la jwenn plas li nan tout aspè lavi peyi a. Anplis, yon manman twa (3) pitit  pa ka bliye boulvès akouchman pote nan vi li e sitou satisfaksyon san bòn pou w kenbe bebe a nan bra w, mache ak li, jis ou ede l grandi. Epi m pa vle bliye lòt dimansyon vi yon fi ka pran lè l pase yon bon tan egzistans li  ak yon  konpayon ki te ka kenbe men l, ede l grenpe mòn lavi a.

Mak memwa peyi a

Le Nouvelliste : Ou ekri liv sa a se pou kristalize memwa peyi a sou plizyè fasèt. E si w ta deplwaye memwa ki make w ?

Jocelyne Trouillot : Yo anpil. M ka pran kèk egzanp. M pral nan kou Ekòl nòmal siperyè. Manman m ki te pral travay t ap soti tou. Nou annik louvri baryè a epi nou wè de (2) gwoup milisyen k ap monte avni Poupla, sou chak bò lari a. Yo pral fouye kay moun, ap chèche  jenn, yo di ki  kominis. Nou blije  retounen lakay la  al boule  liv ak plak Le Russe Sans Peine, yon zanmi manman m te fè n kado nan mitan tout seri L’anglais Sans Peine, l’Italien Sans Peine. Se epizòd konsa m sonje epi m rakonte lè ou te leve sou Divalye. M pa ka bliye zye Richard Brisson ak emosyon ki te nan vwa l, lè l  pase lakay la Miyami, yon semenn anvan yo ansasinen li nan Avanti – Evazyon Sansaricq la. Sou yon plan ki pi amizan, m sonje  lajè souri Serge Gilles lè  m rankontre l pandan egzil li an Frans e pou jan l kontan tande Nouyòk  nou te jwenn bannann jòn ak zaboka pandan ane militans pa nou Etazini. Yon lòt souvni enteresan se antouzyas nou  Nouyòk lè n ap pwodui plak  chante patriyotik Solèy Leve a. Kèk chante tankou  Lè l a libere Ayiti va bèl, ki nan plak Solèy Leve  a,  ap pase nan radyo isit jiskounye a.

Ti koulouk ak granchire

 Le Nouvelliste :  Ann louvri sou chapit ti koulouk ak granchire.

Jocelyne Trouillot :  Nou te yon ekip jenn Ayisyen ki t ap viv nan 2-3 gran vil Ewòp. Lè Franswa Divalye mouri, anpil nan nou vin fè lide rantre Ozetazini. Nou vin gen de (2) eleman konparezon : Lewòp, sitou Lafrans yon bò epi Etazini yon lòt bò. Kon sa, nou konn amize nou rele yon sistèm Kapitalis  ti koulouk epi lòt sistèm lan kapitalis granchire. Lèzetazini ki pa t konn lagè peyi Ewòp yo toujou parèt ekstravagan, fè depans lajman laj parapò a Lafrans. Men ofon, nan langaj nou epòk la, tout eleman kiltirèl te antre ladan. Gwo sandwich Mc Donald ki te fèk ap parèt  konpare ak ti sandwich tou mèg peyi Lafrans,  te rantre nan anekdòt nou yo. Kòmsi nan lit politik la, nou te bezwen amize nou. Onètman, se te yon epòk anpil jenn militan nan dyaspora a te antre fon nan lit la, pase nuit pou n fè jounal Le Patriote Haïtien, al vann chak nimewo nan bouch sobwe  Nouyòk, travay rèd pou sa chanje Ayiti.

Kout je sou ane 2004

Le Nouvelliste :   An n fè yon  kout je sou ane 2004. Kòman ane sa a te make w ?

Jocelyne Trouillot : Ane 2004? Se yon gwo kesyon. Nan Anvan m Bliye, mwen pa te ka  pa pale de jan m te viv moman istorik sa a. 2004 se yon dat ki te make yon gwo divizyon nan sektè entelektyèl  klas mwayèn lan.  Se pa t yon kesyon Aristid rete ou ale, se te senbòl 2004 la ki te frape m, mwen menm ak anpil lòt reprezantan  klas entelektyèl la. Sa ki te parèt  nan tou sa, pozisyon mas pèp la te klè. Li kite yon pòsyon klas mwayèn lan ak boujwazi a fè bwi li epi gouvènman etranje ki te santi yo menase,  rezoud pwoblèm lan nan jan pa yo.  Gen yon lòt pwen ki te soulve tou. Tout moun ka chanje kan. Anpil moun nan tout sektè ka vle lite pou chanje sa ki merite chanje. Men ou p ap mande chany k ap pase mizè  ak yon bwat chany pou li kwè reprezantan yon lòt sektè ki toujou sou tèt li, pou youn fè lòt   konfyans kon sa. Se pou yo pwouve yo chanje kan  anvan. Alyans yo ta dwe fèt yon jan pou tout moun wè klè.  Nan ANVAN M BLIYE,  m esplike nan fason pa m, jan sèten eleman nan klas mwayèn lan te pè, ni  mwen menm tou. Mwen note nan sans sa a yon sitasyon Paolo Freire, yon gwo edikatè brezilyen. Freire di lemond separe an de, ant moun ki pa ka dòmi pase yo grangou ak moun ki pa ka domi pase yo pè moun ki grangou yo. M ajoute  sa Freire pa t di: menm lè se pa yo, se pa nou ki responsab grangou a dirèkteman.

Vandredi Literè

Vandredi literè se yon wasis pou ou. Ann pale sou aktivite sa a Inivèsite Karayib bay jarèt.

Jocelyne Trouillot : Vandredi Literè. Ou byen di. Se yon wazis, yon kote, yon moman detant  pou nou tout abitye Vandredi Literè yo. VL, jan m di l nan liv la, se yon pwogram aktivite kiltirèl ki ouvri pou yon piblik, san okenn seleksyon depi lane 1994.  Rektora Inivèsite Karayib espesyalman, mwen menm ak Tony,  ranmase  lide aktivite sa a nan men ekriven Lyonel Trouillot. Nou òganize nou pou chak vandredi, ekriven, powèt, jenn kou granmoun, vin di, vin tande, vin pataje tèks yo, vin rankontre zanmi. 

Mwen te pwofite esplike nan ki kontèks VL kòmanse. Gen tan kote  anpil mouvman literè ki te parèt nan peyi a te blije  nan kache. Latwoublay politik, espesyalman nan tan diktati  Divalye yo, rive kraze fòs regwoupman literè yo. Egzil politik, mank mwayen ekonomik pa toujou pèmèt mouvman kiltirèl òganize yo kenbe twò lontan. 

Yon lòt bò, lè Divalye fin ale, vin gen plis libète  pou moun pale, pou  moun ekri. Djakout anpil ekritè te plen. Pwezi, chante, woman, teyat.  Anpil jenn, anpil vyeyo, anpil dyaspora ki tounen te swaf mouvman literè. VL vin tonbe daplon.

Jan Lyonel Trouillot , animatè Vandredi yo souliye l nan youn nan Kaye VL yo, pifò ekriven ki parèt sou sèn Literè a pandan 25 dènye ane sa yo te  prezante èv li yon swa nan lakou Vandredi Literè Inivèsite Karayib. 

Le Nouvelliste : Kesyon lang kolon an nan edikasyon pitit tèt dAyiti. Ou di nou mal pati nan chapit 19 liv ou a. Ba nou plis ekleraj sou sa.

Jocelyne Trouillot : Lang Kolon an, se pa mwen  premye ki di l, men nan chapit 19 ou souliye a, m afime mwen menm tou,  se youn nan antrav, yon zo pwason ki kole nan pasaj. Si Delorme te di: Ce pays parle français, petèt se pa de peyi dAyiti nou konnen an, li t ap pale amwens li konfonn franse ak yon lòt lang. Nou pa ka kontinye ap layite nou nan ilizyon klas mwayèn nou. Sa ta fè anpil nan nou plezi, men se pa reyalite a. Mwen souliye kouman pandan 30 an, yon pakèt seminè fòmasyon fèt  pou anseyan, an franse e yo pa bay okenn rezilta serye. ONG, kooperasyon ekstèn, legliz Katolik, legliz pwotestan, patikilye layik, anpil efò ki fèt. Sa bay rezilta pou kèk grenn anseyan nan 2-3 granvil men sa pa bay anyen pou rès peyi a. Ou pa ka montre yon moun anseye nan yon lang li pa konnen. Se yon gaspiyaj lajan. Se yon gwo pèdi tan. Ansyen kolon kreye sistèm edikasyon ki ale nan entere yo. Yon Ayisyen ki di l ap goumen pou demokrasi tabli, dwe mete yon sistèm edikasyon  ki chita sou bezwen peyi a.

Goudougoudou

Le Nouvelliste : Tè a kontinye tranble, se yon pati lektè yo ap jwenn nan liv « Anvan m bliye ». Ou ekri yon liv pou timoun tou sou Goudougoudou. Ki leson ou retni nan istwa sa a ki mete Ayiti ajenou ?

Jocelyne Trouillot :  Tè a kontinye tranble. Goudougoudou sispann men ofon literalman  e sou dot plan, n ap pran ti sekous toujou. Premye Leson: Fas ak gwo move kou, nou montre solidarite nou, kreyativite nou. Leson 2. Peyi a twò frajil pou nou pa bati enfrasrtrikti ki solid  nan tout domèn. Yon lòt leson tou malgre reyaksyon solidarite nan gran sekous yo, kou nou pa nan gwo boulvès, nou retounen nan statu quo. Menm sistèm sante, menm sistèm edikasyon. Menm modèl konstriksyon nou ret an plas nan yon pakèt ka.

Pou liv Goudougoudou m ekri pou timoun yo, li baze sou temwayaj ki vin jwenn nou sou pwofesè e anplwaye CUC ak Inivèsite Karayib. Li enpòtan nan katastwòf natirèl yo, pou nou sonje timoun yo ki nonsèlman konn viktim fizikman men ki soufri sou plan sikolojik tou. Nan sans sa a, m prezante  eksperyans bibliyoterapi nou te fè apre Goudougoudou.

Le Nouvelliste : Kòman w wè fanm ayisèn yo k ap ekri jounen jodi a  pou timoun ?

Plas pou medam yo nan literati

Jocelyne Trouillot : Istwa Literati ayisyèn lan kòmanse fè plas  pou medam yo. Sa pa t fasil men sa ap kontinye. Fanm yo ka kiltive tout kalite jan literè. Anvan m Bliye ouvri chemen an pou memoryalis yo. Plizye medam ekri woman, pwezi. Anpil nan nou ekri liv pou timoun. N ap lite pou yo pa meprize jan literè sa a. Ekri pou timoun se yon avanti. M fè yon bèl eksperyans ladan. Plis pase 100 istwa pou timoun nan Edisyon KIK Inivèsite Karayib.  Fi yo, nan anpil ka,  gen kont materyo nan men yo,  pou yo pale de timoun, pou yo pale ak timoun. M kwè tou sa gen plas li si nou vle fòme timoun  yo pou  yo konprann tout bèl istwa imajinasyon  pèp envante. Men, fò nou pati de lakay : Ti Jan Save, Bouki, Malis, lasirèn, labalèn, zonbi bann mannan.

Le Nouvelliste : Anvan w bliye, Jocelyne Trouillot, ki sa w rete pou fè nan vi w ? 

Jocelyne Trouillot : Yon gwo kesyon. Sa m rete pou m fè nan vi m. Viv.  Viv. Ekri. Li.  Penn, nan sans fè tablo penti. Malgre kalvè y ap fòse nou monte a, pran yon tan chak fwa nou kapab pou n souse sik ak dousè lavi, ak mari m, pitit mwen, pititpitit mwen ak fanmi ak zanmi. Vwayaje tank mwen kapab.  Kontinye goumen pou yo respekte fanm nan peyi a, pou kreyòl gen plas li tout kote, pou sistèm edikasyon an rechavire nan bon sans. Epi konkrètman, m gen dizèn maniskri k ap dòmi sou papye ak nan odinatè, m ap travay pou m pibliye plizyè ladan yo. Sa m ret pou m fè? Viv. Kontinye viv ak tout fòs mwen..   

Pour rekòt pawòl yo :

Claude Bernard Sérant



Réagir à cet article