Bezwen powèm

Vag lanmè

Lespri m ap fè laviwonndede, anba, anlè, devan, dèyè, nan mitan zonbi mannmannan.

Par Widly Jean
12 nov. 2026 — Lecture : 2 min.
Vag lanmè

Marine de Rachelle Scott
Photo : Casimir Veillard

Nan Vag lanmè, Ayiti pa sèlman yon kote pou Widly Jean. Li se yon prezans, yon memwa, yon blesi, men tou yon espwa. Se petèt sa ki fè, menm lè lanmè a ap bwote l san rete, powèt la kontinye kenbe yon rivaj nan tèt li: yon Ayiti li poko sispann reve.

Vag lanmè bwote m,

L al lage m nan pye Madan Kolo.

De je m fèmen, m ap reve je klè.

Nan mitan kafou kat mizèrere,

de grenn soulye depaman

ap pran kalòt solèy lavi.

Lè sa a, se kè m k ap senyen.

M pa menm ka wè kout panzou mad

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous