M ta kite lalin benyen m,
Dezabiye m,
Pou m pentire lorizon
San fasad.
M ta ale toupatou,
Pran foto
Kantite wòch nan Karayib la.
Lakansyèl lanmize lawont
Krache sou yo.
Mezi m konnen,
Mezi m kapab,
Pou m kite moso lanmè kouvri m.
Byen lwen, byen lwen,
Byen lwen, byen lwen,
M ta di w : Viv prentan.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
