Gen maladi, gen lanmò, ka a grav : mesaj pou tout kalite Ayisyen

« Pa gade sou koulè po ak cheve yon moun pou n di li pa Ayisyen.

Par Paul Jérémie
17 sept. 2026 — Lecture : 10 min.

« Pa gade sou koulè po ak cheve yon moun pou n di li pa Ayisyen. »

 Konsèy sa a, tankou pwovèb ki di « pa gade moun sou aparans », se pawòl saj k ap toujou saj. Atik sa a pral antre nan nannan koze a pou di bagay yo jan yo ye, kòm sa dwa.

Yon Ayisyen se yon moun ki gen batistè ayisyen oubyen yon paspò ayisyen oubyen yon paran (manman ou papa) ayisyen. Pa bezwen lòt kalifikasyon. Pawòl nan bouch pa ka fè e defè yon Ayisyen. Sa klè. Kounye a li lè pou mete presizyon, paske menm si tout moun se moun, tout moun pa menm.

 Tout Ayisyen pa fèt Ayiti.

 Tout Ayisyen pa p viv ann Ayiti.

 Tout Ayisyen k ap viv aletranje pa vizite Ayiti e pa swete retounen vin viv la a.

 Tout Ayisyen pa konn istwa Dayiti ni jeyografi Dayiti.

 Tout Ayisyen pa desandan zansèt ki te batay pou lendepandans oubyen kont Lokipasyon Ameriken. Peyi a konnen diferan vag imigrasyon ki rale moun lòt peyi ki te adopte l pou bote l oubyen ki t ap chèche refij.

 Tout Ayisyen pa gen paspò yon sèl peyi. Yon Ayisyen rete Ayisyen menm lè l adopte lòt nasyonalite. Konstitisyon 1987 amande a pèmèt "nationalité multiple", menm si gen deba sou sijè sa a.

 Tout Ayisyen pa pale ayisyen, ki donk kreyòl ayisyen. Pi fò desandan Ayisyen ki nan dyaspora pa pale kreyòl. Sa pa vle di Ayiti pèdi jenerasyon sa a. Gen yon atik nan wout sou sijè sa a.

 Tout Ayisyen ki pale kreyòl pa ekri kreyòl. Genyen ki twouve kreyòl pa yon vre lang literati e li pa kab eksprime tout lide. Pou yo, se pale fransè ki vle di lespri e ki montre Ayisyen sivilize. Ansyen prezidan Leslie François Manigat te gen kouraj di « la créolophonie est une infirmité ».

 Jan tit atik la di, ka a grav.

 E sepandan, menm si ayisyen se yon jèn lang, se yon zouti kominikasyon total kapital ki mennen lwen, ki mande entelijans, men ki fasil pou aprann pale e ekri. Moun ekri woman e liv syantifik ann ayisyen. Moun ekri tèz doktora ann ayisyen. Kreyòl alapaj. Li nan salon, nan foròm entènasyonal e nan inivèsite. Yo selebre lang kreyòl chak ane nan mwa oktòb. Yon entèlektyèl konsekan gen enterè mete l opa pou l pa rete dèyè kamyonèt la. Sinon se yo k ap enfim. Jan koze a di, "les absents auront tort".

 Tout Ayisyen pa branche sou kilti Lafrik Ginen (Lafrik Santral-Wès) kote zansèt pi fò Ayisyen soti. Anpil, petèt yon majorite Ayisyen, branche sou kilti Lewòp, espesyalman Lafrans. "Apartheid" kiltirèl sa a kreye alyenasyon mantal ak konplèks enferyorite. Nou pral pale plis sou sa pita.

 Lakilti gen eritaj tankou non ak prenon moun, lang yo pale, relijyon yo pratike, mizik yo jwe e tande, manje yo manje, abiman yo pote, senbòl yo adopte, tradisyon (kanaval, rara, Gede, fèt chanpèt...) yo selebre, istwa yo onore...

 Men kèk ekzanp "apartheid" kiltirèl. Pi fò mizik ak fim nan radyo ak televizyon ayisyen se pa pwodui lokal.

 Nan biwo Leta, pi fò kominikasyon (sikilè, diskou...) fèt an fransè. Kreyòl ayisyen lang ofisyèl sèlman sou papye Konstitisyon. Sanble gen yon politik sinik pou bòykote lang majorite nasyonal la, petèt pou mistifye mas pèp la ki pa pale fransè.

 Nan yon peyi yo di ki 50% katolik, 50% pwotestan e 100% vodou, Leta bay sèt jou konje ferye pou fèt Legliz Katolik. Li bay zewo jou pou Vodou ke pi fò zansèt yo te pratike e ki mare ak anpil eleman kilti ayisyen. 14 dawou, ki se yon konje ferye, onore Kongrè politik Bwa Kayiman. Seremoni relijye a te fèt nan nwit 21 dawou. Menm si 14 dawou pase kòm jou Vodou, sa fè 7 kont 1. 

 Gen bon jan rezon ki fè majorite Ayisyen branche plis sou kilti Lafrans. Sendwòm Stockholm eksplike yon pati nan fenomèn fòs kote sa a. Men li rantre tou nan yon ajanda byen konte, byen kalkile. Sa te nan misyon Gaspard-Theodore Mollien, konsil e anbasadè fransè ann Ayiti ant 1825 e 1831. Men yon rezime entelijans atifisyèl fè sou politisyen e ekriven sa a.

 « Dans ses rapports confidentiels et ses écrits (comme son manuscrit Mœurs d’Haïti), Mollien constate que les élites haïtiennes, malgré l'indépendance obtenue en 1804, restent profondément attachées à la langue, au droit, à la mode et au système scolaire français. Pour lui, cette dépendance culturelle — qu'un regard moderne qualifie d'aliénation ou de "piège mental" — est une arme politique majeure. Ses observations et recommandations à Charles X, roi de France d'alors, s'articulent autour de plusieurs axes :

 L'arme de la langue et de l'éducation

Conserver le français comme langue d'élite : Mollien remarque que l'État haïtien rejette le créole à l'école pour copier le modèle éducatif parisien.

 Former les esprits

Mollien conseille à la France d'encourager ce penchant afin que les dirigeants haïtiens continuent de penser à travers les concepts français. [Ce fut l'un des éléments du plan exécuté par le président Fabre Nicolas Geffrard en 1860 lorsqu'il signa le Concordat avec le Vatican, confiant l'instruction publique à des religieux français.]

 La dépendance commerciale et le luxe

Selon Mollien la France doit exploiter les goûts français, vu que les classes dominantes haïtiennes adorent les produits de luxe français (vins, meubles, vêtements...).

 Pour créer ce besoin économique, Mollien suggère d'inonder le marché haïtien de ces marchandises pour maintenir le pays sous contrôle économique indirect.

 En somme, pour Mollien, l'aliénation culturelle d'Haïti était une stratégie de domination néocoloniale efficace pour garder l'ancien territoire dans le giron de la France sans avoir à utiliser les armes... »

 Disip Gaspard-Theodore Mollien kontinye ap defile ann Ayiti. Yo kreye kondisyon pou alyenasyon mantal ki fè anpil Ayisyen rayi tèt yo, meprize kina yo e chouchoute tout sa k etranje, espesyalman sa k soti Lafrans. Frankofil ak frankofòn konplekse fè kenken.

Jan tit atik la di, gen maladi.

 Nan kondisyon sa a, anpil Ayisyen panse yo pa moun, yo kwè yo lèd, yo pa wè kantite bèl moun ak bon moun ki nan peyi a, sèvo yo pa pare pou rekòlte richès, resevwa pwogrè, fè antretyen l e fè l dire. Yo gen tandans gate ou sabote tout bon bagay. Epi se menm yo menm ki pral plenyen di peyi sa a pa p janm chanje.

 Jan tit atik la di, ka a grav.

 Jean Price Mars te rele alyenasyon mantal sa a "bovarysme culturel". Menm gran entèlektyèl tankou Anténor Firmin, Georges Sylvain ak Leslie Manigat te soufri maladi sa a. Men sa Watson Denis rapòte sou Anténor Firmin nan yon atik li ekri nan jounal Le Nouvelliste an 2005.

 « ... Anténor Firmin affirmait, sur la base d'une ferme croyance, que la France était la meilleure puissance capable de guider les pas d'Haïti dans le chemin de la civilisation. Pour lui, la tâche n'était pas du tout difficile, parce que la France et Haïti sont unies par la langue et la culture française. Il demanda donc à ses compatriotes de continuer à marcher dans "l'orbite française". Il a écrit : « Haïti continuera à marcher, peut-être à une vitesse moins rapide [que la France], mais on arrivera par l'effort constant et la persévérance. »

 Pour atteindre ce grand objectif, Anténor Firmin demanda aux capitalistes français, lors d'une célèbre conférence prononcée à Paris en 1892, de retourner en Haïti et de transformer ce pays en "une grande fabrique." Quelque temps plus tard, Firmin demanda aux capitalistes, commerçants et navigateurs Français, sans oublier les hommes politiques intelligents, de convertir Haïti en "une colonie commerce." Dans toutes les occasions, Firmin a pris soin de lier le capital matériel avec le capital intellectuel, capable de transformer Haïti et la placer à tout jamais dans l'orbite française. Il pensait qu'Haïti reste et demeure une fille de la France éternelle et que « la séparation politique des deux pays n'a pas effacé les traditions, les pratiques de l'esprit et les bonnes coutumes sociales, qui ont laissé leurs empreintes indélébiles sur la terre d'Haïti ».

 https://lenouvelliste.com/article/17030/politique-et-francophonie-francophiles-haitiens-du-xixe-siecle-pionniers-de-la-francophonie

 Sonje Anténor Firmin se otè liv kapital ki rele De L'Égalité des Races Humaines : Anthropologie Positive.

 Jan tit atik la di, ka a grav.

 Tout Ayisyen se Ayisyen. Sepandan chay alyenasyon mantal la pa menm kay yo chak. Èske yon peyi ka avanse lè l chaje ak moun ki pa renmen tèt yo, ki pa kwè nan tèt yo, ki pa konn tèt yo ? Ki kote peyi sa a ap janm rive si sitwayen yo pa konn valè yo ?

 Tout Ayisyen pa gen po nwa, menm si yo tout se nèg, swivan volonte Jean-Jacques Dessalines nan Konstitisyon Enperyal 1805 la. Gen yon minorite ki gen po klè oubyen ki gen ti koulè. Gen yon minorite zuit ki gen po blan. Pi fò Ayisyen (95%) po fonse yo pa posede pi fò resous (lajan, gwo komès, teren, kay...), pi fò privilèj, monopòl ak lòt atou. Sistèm "apartheid" ekonomik sa a pa chanje depi tan lakoloni. Sa pa vle di tout moun k ap mal viv ann Ayiti se viktim sistèm nan. Ni sa pa vle di tout moun k ap byen viv se kado sistèm nan fè yo. Gen eksepsyon nan tout bagay. Kèk fwa, diferans ant rich e pòv se yon kesyon de disiplin ak sakrifis. Chans ak devenn konn jwe tou.

 Tout Ayisyen pa patriyòt. Tout pa santi yo konsène pou jan Ayiti ap degrengole. Anpil nan yo pa vle moun konnen yo se Ayisyen. Se kòm si pou yo peyi a pa ekziste. Yo manke "sentiment d’appartenance".

 Tout Ayisyen pa nasyonalis. Tout pa konprann Ayiti dwe pou Ayisyen. Yo pa p gen pwoblèm si peyi ki fo zanmi Ayiti mete l ofisyèlman sou lobedyans yo. Sa pa deranje yo tande tout move non ak move akizasyon ke move lang ap lage sou Ayiti ak Ayisyen.

 Tout Ayisyen pa pwogresis. Tout pa p travay pou devlopman Ayiti e pou byen majorite Ayisyen. Plizyè Ayisyen ap viv sou mizè majorite nasyonal la.

 Si Ayiti manke patriyòt nasyonalis e pwogresis, "apartheid" kiltirèl e ekonomik la jwe yon gwo wòl. Li kreye yon enjistis sosyal sovaj anndan yon sistèm oligachi peze souse. Sitiyasyon sa a pa sanble enkyete ni revòlte konsyans "majorité silencieuse" la ak klas politik la.

 Alyenasyon mantal (rayi tèt) ak enjistis sosyal ki soti nan "apartheid" la se yon siga limen nan 2 bout. Tou le 2 dwe etenn pou peyi a rale yon souf. Se yo ki bay salè minimòm mizerere yo. Se yo ki fè grandon ak patwon alèz pou yo vòlè kouraj peyizan ak ouvriye. Se yo ki fè mèt kay alèz pou yo gen rèstavèk e eksplwate bòn ak jeran lakou. Se yo ki separe nèg an wo ak nèg an ba, nèg lavil ak nèg mòn, nèg ki pale fransè ak nèg ki pale kreyòl... Betiz divizyon an kontinye jouk nan dyaspora ant moun Biden e moun TPS... Se laraj ! Ka a grav ! Si platfòm politik yo ki sou teren an pa gen plan kredib pou konbat epidemi sa yo, se menm penpenp kite l mache, se lave men siye atè, enstabilite ak dechoukaj pa p fini, se ap kriz sou kriz, se ap toujou "à recommencer".

 Ensekirite, vyolans teworis, enpinite, medyokrite, divizyon, koripsyon, sou-devlòpman, movèz gouvènans, grangou kloròks ak lòt giyon se konsekans dirèk sistèm "apartheid" k ap ravaje Ayiti depi peyi a pran nesans. Se ènmi nimewo 1 an. Se li ki rasin maleng nan. Leta kapab toujou pran mezi pou soulaje grangou ak lòt ijans, men atake sentom pa geri maladi.

 Ant 1791 e 1803, zansèt Afriken yo te fè yon revolisyon nan koloni Saint-Domingue ki vin kreye Empire d'Hayti an 1805. Revolisyon sa a te anti-esklavajis, anti-rasis, anti-kolonyalis. Jouk jounen jodi a, sou diferan fòm, fo zanmi Ayiti yo ap fè l peye radiyès sa a chè. Se pa lepèp ki te dèyè gwo mouvman sa a. Sèvo e mèt revolisyon an se te sa yo rele esklav de salon ("house negro"), moun ki t ap jwi privilèj e ki te gen otorite sou esklav plantasyon ; yo te gen anpil pou yo pèdi.

 Ayisyen yo gen pou fini travay zansèt yo nan mennen yon revolisyon sosyal, mantal e kiltirèl. Se la a revolisyon ekonomik ak devlòpman dirab pral chita. Sa kab evite revolisyon lame ak lagè sivil. Menm jan pou revolisyon Afriken an, se lelit ak nanti yo ki dwe sakrifye privilèj yo e tèt yo pou yo fè revolisyon Ayisyen an. Se yo ki pou konsanti rebat kat la. Chak moun, nenpòt kote l ap viv, gen wòl pa l pou l jwe e kontribisyon pa l pou l bay.. Tout moun dwe mete men. Ayiti bezwen tout Ayisyen san eksepsyon. Tout moun ladan l. Yo pa oblije ni prezidan, ni senatè, ni depite, ni minis, ni direktè jeneral, ni majistra pou yo patisipe.

 Si "la majorité silencieuse" pa mete anbago sou move defo

Si yo pa fè yon konplo kont abolotcho

Si yo pa di yon mo e mete pye yo nan dlo,

Ayiti anba dlo.

 Plizyè Ayisyen, tankou anperè Jean-Jacques Dessalines ak prezidan Michel Cincinnatus Leconte, te bay patisipasyon pa yo. Yo te pran responsabilite yo nan mete sou pye yon politik jistis sosyal ki djanm. Sepandan trèt lokal e entènasyonal fè yon fen ak chèf Leta sa yo, menm jan yo fè ak lòt dirijan ki t ap fè refòm ki deranje sistèm nan.

 Jan tit atik la di, gen lanmò.

 Si pa gen yon mas kritik Ayisyen ki swiv tras konbatan patriyòt nasyonalis pwogresis yo, rasin libète a ap mouri ak tout Ayiti.

 Yo di peyi pa konn mouri. Men kòm Ayiti se yon eksepsyon pozitif nan listwa limanite, sak pou di Ayisyen pa p fè yon mirak fatal ? Kote Ayisyen yo ? Sa y ap di nan malè pandye sa a ? Ki pwojè yo ? Se sèlman si yo dispoze fè lenposib peyi a ap sove... menm jan zansèt yo te fè lenposib nan Crête-à-Pierrot ak Vertières. Se te libète ou lamò. Jodi a, chwa yo pa diferan. Se toujou de chans... avan l twò ta.

https://www.facebook.com/share/1GTTNmzQ2S/