Ochan pou Doktè Jean-Fenol Metellus

Mwen kontre ak Fenol Metellus nan Rektora UEH la nan lane 2005.

Fritz Deshommes
20 avr. 2026 — Lecture : 6 min.
Ochan pou Doktè Jean-Fenol Metellus

Dr Fenol Metellus

Mwen kontre ak Fenol Metellus nan Rektora UEH la nan lane 2005. Mwen te VisRektè pou zafè Rechèch. Fenol te koòdonatè Lekòl ak Fakilte Dwa pwovens yo.

Fenol pa pase anpil tan nan UEH la. Men li make pasaj li ak yon seri dispozisyon ki vin konstitye pwogram travay tout lòt koòdonatè ki vin apre l yo.

Anvan l te okipe pòs sa a, Rektora UEH la potko montre anpil enterè pou Fakilte al Lekòl pwovens ki sou kont li  yo. Enstans ki te okipe de antite sa yo se te yon senp “biwo lyezon”. Sa l te plis fè se te resevwa lèt, distribye chèk, transmèt mesaj, elatriye. Se sou Fenol, anba gidans VisRektè Akademik lan, (se pou sa menm yo te chwazi l)  nou vin gen yon veritab koòdinasyon, ki gen yon  pwogram pou l egzekite, ki gen suivi pou l fè epi chache rantre nan nannan pwoblèm Fakilte ak Lekòl pwovens yo, kit se pwoblèm akademik, kit se pwoblèm relasyon ant Biwo Santral ak antite yo, kit se pwoblèm administratif, kit se pwoblèm finansye. Depi Fenol rantre nan pòs la, limenm ak VisRektè Akademik lan te vin wè nesesite pou te gen yon estandizasyon pwogram yo, pou gen evalyasyon ak swivi, pou gen pi bon pwofesè, pou Rektora UEH la voye yon  je pi vijilan sou fonksyònman yo,  dekwa pou etidyan yo jwenn pi bon fòmasyon, pou vil pwovens nou yo ak tout peyi a  rive  jwenn pi bon kad  pou asire relèv la,  nan pèspektiv yon desantralizasyon fèt e founi ak yon developman solid.

Fenol te blije kite UEH la pou l al  dirije   Inivèsite Piblik Depatman Nò nan Okap (UNPNCH). Se li ki premye Rektè Inivèsite sa a kote l pase 10 lane nan tèt li, ant 2007 ak 2017.

UEH pral rankontre Fenol ankò sou yon baz enstitisyonèl nan lane 2013,  nan kad lansman kanpis Limonad la (CHCL). Nou sonje jan kesyon kanpis sa a te fè pawòl anpil, jan kesyon sa a te atire anpil  konvwatiz. Rektora UEH la te deside mete sou pye yon Konsèy Administrasyon ki te gen ladan l tout responsab Fakilte ak Inivèsite Piblik nan zon Nò ak Nòdès la. Tankou Dwayen Fakilte Dwa Okap la, Profesè Jusnerd Nelson, Dwayen Fakilte Dwa Fò Libète a, Doktè Nyll Calixte epi Rektè Inivèsite Nò a,  UNPNCH,  Doktè Jean-Fenol Metellus.  Konsèy sa a te pèmèt desann tansyon,  diminye presyon,  ki te tabli  sou kanpis la epi fasilite premye pa CHCL la la jis li rive pran kap li kòmsadwa. Fenol te jwe yon gwo wòl nan mitan konsèy sa a.

Lè nou konnen, anplis kokenn chenn travay Fenol fè nan UPR yo kòm dwayen, kom Rektè, kòm Prezidan Konsèy ,  kòm koodonatè UPR yo nan Ministe a, kòm manm kabinè Minis Edikasyon Nasyonal la epi kòm VisPrezidan ANESR (Ajans Nasyonal pou Anseyman Siperyè ak Rechèch epitou  kòm chèchè, kòm pwofesè, kòm Administratè, kòm estratèj, nou ka di Doktè Jean Fenol Metellus se te yon potomitan pou Ansèyman Siperyè peyi Dayiti, pou Anseyman Siperyè  Piblik la sitou.

Lè Inivèsite Leta a la te  mete ansanm ak UPR yo pou nou kreye RENES, Rezo Nasyonal Ansèyman Siperyè Piblik Ayisen, Fenol te reponn prezan. Li te bat bravo pou  inisyativ la, li te ba l jarèt,  li te ankouraje ministè a akeyi l epi ba l tout fasilite nesesè  pou l ateri nan bon teren. Lè RENES te deside fè yon komemorasyon espesyal nan okazyon Bisantnè Ranson Endependans lan la Frans te kase ponyèt nou pou fè n peye l, Fenol te ranmase pwojè sa a ak yon kè kontan san limit pandan l t ap ede n chache resous pou n te rive reyalize yon  evènman grandyoz.

Se Fenol ki te  loreya premye konkou RENES te oganize  pou l te rekrite yon koòdonatè syantifik pou yon pwojè Kòlòk sou Etadèlye Anseyman Siperyè Piblik nan peyi Dayiti. M ap pwofite okazyon sa a pou m lanse yon kout lanbi bay Rektè Inivèsite Leta a, Rektè UPR yo ak tout lòt manm RENES, tankou Direktè Jeneral EMA, Direktè Jeneral ENGA, Direktè Akademi Diplomatik Jean-Price Mars, pou nou fè tout sa k posib pou nou reyalize kòlòk sa a . Se yonn nan pi bèl omaj nou ka rann Fenol pou jan l te chofe sou pwojè sa a.

Nou tout ki konn Fenol, nou admire lakay li chèchè a, syantifik la, jesyonè a. Nou admire rigè li, objektivite li, serenite li, pasyans li.

Men anpil nan nou ka sezi si m di nou Fenol se te yon militan -  yon gwo militan -  anti neyoliberal. E se la a, mwen ak Fenel nou te gen yon relasyon espesyal. Mwen te di nou se nan  Rektora UEH la mwen rankontre Fenol pou premye fwa nan lane 2005. Mwen te dwe ajoute fizikman paske Fenol avè m, nou te rankontre, yonn te konnen lòt anvan  nou te wè je nan je. Toudabò, premye moun ki te pale m de Fenel se te yon zanmi peyi Kiba, kote l te fè metriz li nan Syans Ekonomik epi kote l te kite yon bon souvni. Lè sa a m pa t menm konnen nou t ap vin travay nan menm enstitisyon an ni si n t ap gen opotinite fe eksperyans sa yo .   Nan menm moman an, Fenol limenm t ap fè konesans avè m pa lantremiz liv mwen ekri sou ekonomi yo, san limenm li pa t konnen si n t ap rankontre nan lavi a. Se nan mwa mas 2025, mwen vin gen dènye done sa a, nan okazyon seremoni omaj RENES te oganize   pou mwen, kèk jou anvan m te pase mayèt Rektora UEH ak Prezidans RENES la bay nouvo Rektè Inivèsite Leta a. Yonn nan entevansyon ki te make m anpil nan seremoni sa a se te pa Fenol la. Se premye fwa l t ap bay temwayaj sa a, pou l te di piblikman jan liv mwen yo te fè enpak sou li, sitou liv sou ekonomi yo, kote m te flache teyori neyoliberal yo yo te vle fè n konprann se te solisyon pou pwoblèm ti peyi tankou Ayiti yo alòske tout moun konnen se anfouraye politik sa yo t ap anfouraye nou.

Se sou kesyon sa yo - resèt neyoliberal yo -  Fenol te fe tèz doktora li. Li te pwofite remèsye m nan seremoni a  dèske liv mwen yo te enspire l anpil lè l t ap ekri tèz sa a nan Inivèsite Complutense, nan peyi Lespay. Tit tèz la se te : “Liberalizacion commercial y Desarrollo. El caso de Haiti (1982-2000)”

Se sou baz menm  tèz saa, Fenol pral pibliye nan lane 2013 premye liv li ki rele “ Le deficit politique et social des politiques de libéralisation commerciale”.  

Se youn nan etid ki pi serye ki fèt sou doktrin neyoliberal la, sou jan yo aplike l ak sou dega l lakòz nan peyi d Ayiti.

Dènye istwa sa a m rakonte nou an  pèmèt nou konprann ki kalite moun Fenol te ye. Li pap fè bri, ou ka menm pa tande vwa l, ou ka menm bliye si l la. Sepandan, an silans l ap travay. Ak anpil konviksyon, anpil detèminasyon, anpil senserite men tou anpil konpetans, anpil rigè, anpil entegrite, anpil efikasite.

Mwen remesye Rektè Voltaire ak tout kolèg UPR yo dèske yo  ban m okazyon jounen jodia pou m fè temwayaj sa a. Pandan m ap prezante ba yo tout -  san m pa bliye fanmi Fenol, san m pa bliye CORPUHA, ANESR (Ajans Nasyonal Ansèyman Siperyè ak Rechèch), Ministè Edikasyon Nasyonal,  ansyen kolèg li nan UEH, san m pa bliye tout zanmi l , tout kolèg li, tout etidyan l, tout kolaboratè l - m ap prezante ba yo   kondoleyans mwen ak  solidarite m.

Pou nou tout, Doktè Jean Fenol Metellus ap rete yon modèl, yon egzanp, yon referans.

Ale Fenol. Bon travèse. Jis ou rive nan limyè ki prepare pou ou a.

Mèsi anpil.