Koperasyon entènasyonal sou jesyon risk katastwòf (Ayti-Kiba)

Entwodiksyon Ekperyans avèk katastwòf montre aklè Ayti soufri anpil apre evènman natirèl tankou siklòn, sechrès, inondasyon, ak tranblemanntè yo.

Koperasyon entènasyonal sou jesyon risk katastwòf (Ayti-Kiba)

Patisipan nan fomasyon an

Entwodiksyon

Ekperyans avèk katastwòf montre aklè Ayti soufri anpil apre evènman natirèl tankou siklòn, sechrès, inondasyon, ak tranblemanntè yo. Se vre, Ayti sitiye l nan mitan Karayib la, kote siklòn pase souvan, epi sou yon fay tektonik aktif. Sepandan, se pa sèlman done jewofizik yo ki eksplike nivo dega fizik epi pèt lavi moun ki tèlman wo. Se plis move òganizasyon politik, ekonomik, teknik, sosyal, kiltirèl… ki kreye plis vilnerabilite nan peyi a. 

Tou prè Ayti, Kiba monte yon pwogram pou redwi vilnerabilite ki efikas, sitou pou peyi Sid, peyi kolonize, peyi vwazen nan Karayib la. Paregzanp, apre 60 lane eksperyans avèk Defans Sivil, Kiba se yon peyi ki non sèlman redui risk katastwòf yo efikasman. Li menm pote èd bay menm peyi ki rele tèt yo devlope k ap fè fas ak gwo danje tankou ebola, kovid 19, elatriye. Pou ale pi lwen, nan lane 2017, gouvènman kiben an te lanse yon pwojè pou fè fas ak chanjman klima a, pou planifye adaptasyon peyi a jiska lane 2100.

Se poutèt sa, nan kad yon koperasyon entènasyonal, yon kòlòk entènasyonal te reyalize ann Ayti pou popilasyon an te ka aprann an gwo de modèl kiben an nan koze jesyon risk katastwòf ak rediksyon vilnerabilite.

1- Yon kòlòk entènasyonal: òganisasyon patnè ak patisipan yo

« Adapte modèl kiben kont dezas ak chanjman klima a ann Ayiti » se tèm kòlòk entènasyonal Sosyete Aleya, Risk, Vilnerabilite, Katastwòf ak Rezilyans ansanm avèk Inivèsite Leta Ayiti (ILA) nan Kanpis Henry Christophe ki Limonad la (soti 19 pou rive 23 jen 2025), yon bò, epi avèk Inivèsite Piblik Okay nan Sid (soti 25 pou rive 29 jen 2025), yon lòt bò.

Kòlòk entènasyonal sa yo te reyalize nan koperasyon ant enstitisyon ki site pi wo yo avèk Sant Etid sou Òganizasyon non Gouvènmantal Nonlikratif (SEÒGN) nan Inivèsite nan Nò Ilinwa (Etazini), Ministè Lasyans, Teknoloji, ak Anviwònman, Ajans Anviwònman, Gwoup Nasyonal Evalyasyon Risk, Enstiti Jewofizik ak Astronomi, Fondasyon Antonio Núñez Jiménez pou Nati ak Moun (Kiba), Fokal ak anpil lòt ankò ann Ayti. Alòske, anpil enstitisyon tankou Ministè ledikasyon nasyonal, ekspètiz Frans, Regwoupman enjenyè Grandans, Tibiwonachi, Tikoze sou konstriksyon, Inesko (UNESCO), Pwoteksyon sivil, plizyè meri, brigad sigeyans espas proteje, Kowalisyon, Jaden Botanik Wanament, Ministè anviwònman, Aksyon kominotè pou devlopman dirab ak pwogrè, elatriye… te byen reprezante epi patisipe nan gran aktivite sa a. 

2- De (2) prensipal objektif trè anbisye

Objektif kòlòk entènasyonal sa yo, yon bò, se kreye yon espas echanj pou aprann modèl jesyon risk kiben fas ak katastwòf ak chanjman klima, nan lojik konsolidasyon solidarite Sid-Sid (Ayti-Kiba). Yon lòt bò, etidyan nan inivèsite, lidè kominotè, ONG, delegasyon depatmantal, reprezantan meri yo ak pwoteksyon sivil ann Ayti ap idantifye resous, fòs, feblès, pwoblèm ak solisyon epi planifye aksyon kominote yo ka fè ann Ayti pou yo ka pi djanm/rezilyan anvan/pandan/apre yon evènman potansyèlman katastwofik rive. Chak objektif sa yo te marye ak yon pati nan kòlòk entènasyonal la. 

Objektif atelye yo se te pou konprann kontèks aktyèl, fòs, feblès, opòtinite ak menas ke sektè ak komin yo genyen. Tandiske bi a se te pou kreye yon konpreyansyon kolektif/pataje de sitiyasyon aktyèl kominote yo. 

3- Twa (3) jou konferans, 6 konferansye pou yon konpreyansyon sistemik modèl kiben an

Premye pati a te etann li sou 3 jou nan Nò ak 3 jou nan Sid. Li te anime avèk entèvansyon 6 kiben nan domèn anviwònman ak jesyon risk katastwòf. Lisansye Roberto Pérez Rivero avèk Lisansye Mónica Saura Iglesias k ap travay pou Fondasyon Antonio Núñez Jiménez pou Nati ak Moun, Mastè Miguel Lorenzo Hernández, yon espesyalis nan jesyon risk dorijin sanitè sou moun, bèt ak plant avèk Mastè Elizabet Godefoy Núñez ki se espesyalis nan etid sou vilnerabilite sosyal, epi Doktè Omar Portuondo, espesyalis nan defans sivil avèk Doktè Ida Inés Pedroso ki se Chèf etid sou vilnerabilite sou tout Kiba. 2 denye yo te pataje ekperyans kiba nan rediksyon vilnerabilite fas a risk jewolojik, meteyowolojik nan yon apwòch miltidisiplinè, miltiechèl ak miltisektoryèl baze sou rechèch syantifik, nan yon premye tan, yo te prezante fòs pwoteksyon sivil nan peyi Kiba depi revolisyon an ki chita sou volonte politik gouvènman ak angajman pèp kiben an. Tandiske, 2 dezyèm yo te mete aksan sitou sou jesyon risk sanitè ki lye ak moun, bèt ak plant yo epi sous vilnerabilite sosyal yo. Anfen, 2 premye konferansye yo te pataje evolisyon anviwonman fizik Kiba sitou nan koze okipasyon sòl ak plan ‹‹ Tarea Vida ›› gouvènman kiben an te lanse depi 2017 jiskaske lane 2100 pou fè fas ak chanjman klima a.

4- De (2) jou atelye ak sektè estratejik yo nan komin nan nò ak nan sid peyi a

Dezyèm pati a te dire 2 jou nan Nò ak 2 jou nan Sid. Se te atelye ki te reyini sis (6) sektè estratejik tankou agrikilti, edikasyon, fanm, pèch, sante piblik, sektè piblik (gouvènans) nan kominote yo. Atelye sa yo te esansyèl nan pwosesis tande manm kominote aysyen yo, lidè ak enstans kap pote sèvis pou pi byen konprann eksperyans yo sou teren yo epi opòtinite pou solisyon pou redwi risk katastwòf ak adaptasyon ki lye ak chanjman klima a.

Nan sans sa a, atravè yon griy, anpil done te kolekte epi prale trete pou elabore yon plan ànyèl rediksyon vilnerabilite pou kominote ki te patisipe yo. Paregzanp, sektè agrikilti a, nan yon kominote k ap fè fas ak sechrès, ka anvizaje konstwi yon rezèvwa pou estoke dlo nan moman lapli. Konsa y ap redui vilnerabilite li fas ak risk sechrès la. Menm jan, yon kominote k ap fè fas ak yon rivyè k ap desann lè lapli tonbe, ka anvizaje konstwi, ansanm, yon pon sou rivyè sa pou redui vilnerabilite yo fas ak risk inondasyon. Sou yon lane, kominote yo va gade ki progrè ki fè nan chak sektè, konsa, tipa tipa n ap ranfòse kapasite rezilyans kominote yo.

Pou asire suivi yo, chak sektè kreye yon gwoup watsap kote kominote yo ap kontinye pataje eksperyans yo pandan pwofèsè ak chèchè ki angaje yo nan pwojè sa a ap kontinye reyalize rechèch syantifik sou rediksyon vilnerabilite nan rejyon Nò ak Sid peyi a.

Konklizyon

            Modèl jesyon risk katastwòf kiben an ak kapasite Leta sa genyen pou antisipe nan fè prevansyon ak adaptasyon ak chanjman klima a pouse yon ansanm òganizasyon reyalize yon kòlòk entènasyonal pou pataje konesans kiben yo ak pèp aysyen an. Aysyen yo tou ap pran angajman pou yo poze aksyon konkrè pou redui vilnerabilite yo. Apwòch pataj eksperyans sa ak konstriksyon kolektif konesans sa ka ede Ayti anpil, kote se kominote yo k ap angaje yo avèk sipò aktè nan pi wo nivo yo, sitou Leta. Se vre Leta Aysyen afebli, se vre l ap fè fas ak gwo kriz ki lye sitou ak ensekirite, men Leta ap fonksyone, popilasyon an kontinye ap chèche lavi pandan lanati pa sispann evolisyon natirèl li, san konte aktivite lèzòm k ap vilnerabilize planèt la. Nenpòt moman, peyi a, zile a, rejyon karayib la, Amerik la ou menm monn lan ka konnen gwo evènman ki kapab pwovoke katastwòf. Nan sosyete risk sa a, li plis yon nesesite pou chak sitwayen, nan nivo yo kapab, angaje yo chak jou nan poze aksyon ki ka redui vilnerabilite yo. Pou repete Kowòdonatè Jeneral SARVCR la, Jewograf Louis-Marc PIERRE : ‹‹ Se pa rete sèlman kritike Leta nou konsyan ki, nan yon nivo, pa kapab ankò. Se plis poze aksyon pou ede li reprann fòs li nan pwodui konesans ak kilti risk nan peyi a jiskaske gen yon konsyans risk ki pran nesans epi k ap bay nesans ak yon volonte politik nan mete sou pye yon veritab politik piblik efikas jesyon risk katastwòf ki pou akouche Ayti rezilyan tout Aysyen konsekan reve a ››.

Jere risk pou jere lavni