Avèk « Mwen ta ale naje » Christophe Philippe Charles alyas Christophélès envite nou nan yon rit powetik kote sans yo vin lang, epi kò a, tèks. Nan espas sa a kote lanmou konvèti an lespri, an lalin, an seriz, an sapoti, powèt la trase yon jeyografi entim kote chak mo se yon manyen, chak vè se yon souf. Se yon chan ekstaz, kote dezi a pa jennen pale non li, men li mete sou li onètete powetik ki twoub limit ant imaj ak fantezi.
Nan mouvman powèm nan, kote repete vin kòm chan kreyòl ansyen, kò fanm nan pa senpleman dekri: li vibre, li flote, li tounen rit, li tounen relijyon desann. Se pa yon ekriti k ap devwale lanmou; se lanmou ki ap dikte ekriti a, ap koule li tankou lanmè kote n ap plonje.
Christophélès ekri kò a tankou on tèks ki pa janm fini, tankou lanmou ki pa janm konplè. Powèm sa a se pa sèlman yon vwayaj sansyèl: se yon afirmasyon powetik kote chak detay vin siy, chak fraz vin sakre. Nan fon sa a kote powèt la swete neye, li ofri nou, paradoksalman, yon souf: souf pawòl, souf lespri, souf limanite.