Fim dokimantè / Jakmèl

« Destin yon pent peyizan», yon fim dokimantè Sylvaince Christien nan Jakmèl

« Desten yon pent peyizan» se yon fim dokimantè sou atis Maccène Laurent ki pote siyati Sylvaince Christien. Pitit Jakmèl sa k ap viv Ozetazini se yon ansyen etidyan Ciné Institute. Li reyalize dokimantè l la nan yon souf enspirasyon. Apre l fin li yon atik nan paj Le Nouvelliste sou Maccène ki se papa atis pent Rénold Laurent, li di tèt li : « Pou kisa mwen menm ki pitit Jacmel, yon nèg talan, sa k anpeche m bay moun lakay mwen valè?» Se konsa lide dokimantè a fè chimen l. « Desten yon pent peyizan» (Le destin d'un peintre paysan) ki soutitre an franse, jounen jodia, se yon reyalite.

Claude Bernard Sérant
Par Claude Bernard Sérant
18 sept. 2023 | Lecture : 4 min.

Le Nouvelliste : Mwen gade « Le destin d’un peintre paysan ». Kote w sòti ak ide sa pou reyalize yon fim dokimantè sou Maccène Laurent?

 Sylvaince Christien : Lide a vini direkteman apre m te fin li yon atik jounal LE NOUVELLISTE te pibliye sou atis Maccène Laurent.

 Le Nouvelliste : Depi ki ane ou kòmanse ak pwojè fim dokimantè sa?

Sylvaince Christien : Pwojè sa kòmanse depi lane 2016,

CET ARTICLE EST RÉSERVÉ AUX INSCRITS

Inscrivez-vous gratuitement

Il vous reste 85% à découvrir. Inscrivez vous pour lire la suite de cet article.