Politik lengwistik nan istwa lekòl ann Ayiti

Istwa edikasyon ann Ayiti se yon seri mi wo mi ba nan dosye franse ak kreyòl kòm lang ansèyman.  Se mi wo mi ba sa yo ki kreye « lekòl tèt an ba nan peyi tèt an ba » nan analiz Pwòf Yves Dejean.  Pou n rive mete lekòl yo tèt an wo, fòk nou konprann orijin (neyo) kolonyal konfli sa yo k ap kreye twoma nan nanm sosyete a — soti nan pi wo nivo Leta rive nan sal klas.  Lè n fouye zo nan kalalou istwa d Ayiti, nou jwenn tras rezistans ak agimantè syantifik ki ka ban nou lespwa pou demen miyò — pou lekòl tèt an wo nan peyi tèt an wo.  Sa se objektif yon atik ki fèk parèt nan Jounal of Haitian Studies an ba plim twa grenadye nan MIT-Ayiti : Pwòf Michel DeGraff (MIT Linguistics), Doktoran William Scott Frager (University of Oxford, Department of Social Policy Intervention) ak Haynes Miller (MIT Mathematics).

Biwo Kominikasyon MIT-Ayiti
Par Biwo Kominikasyon MIT-Ayiti
07 juil. 2023 | Lecture : 7 min.

Depi lè peyi a pran endepandans li an 1804, politik Leta sou itilizasyon 2 lang ofisyèl yo — franse ak kreyòl — bay gwo tèt chaje, sitou nan domèn edikasyon. Leta ayisyen te toujou valorize franse kòm lang ansèyman depi nan klas primè rive nan inivèsite. Chwa sa a lage pifò ti moun ki pale kreyòl sèlman lakay yo (egal : majorite popilasyon an) nan difikilte pou yo aprann. Sa vin anpeche yo devlope kapasite

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article.

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous