Yon neyolojis kòm altènativ pou yon konsèp ki bay difikilte nan lang kreyòl

Publié le 2020-12-23 | lenouvelliste.com

Tout lang sou latè reflete sa k ap pase nan yon kilti, se pou sa yo defini lang kòm yon eleman kiltirèl. Kòm yon lang se yon pwodiksyon sosyal ki dinamik, menm jan li pran nesans, li transfòme nan entèraksyon k ap fèt nan mitan moun anndan yon sosyete epi li ka disparèt tou. Tousa montre kouman yon lang se yon sistèm k ap bouje, ki ka chanje oswa k ap evolye nan relasyon k ap devlope ant moun ak moun, ant gwoup sosyal ak gwoup sosyal.

Nan peyi Ayiti pandan trant dènye lane yo, lit fanm yo ap mennen pou yo reklame dwa yo favorize itilizasyon yon seri konsèp moun pa t jwenn nan lang kreyòl la anvan. Lang nan rive nan yon kafou kote l ap fè fas ak yon seri nouvo reyalite, yon seri nouvo fenomèn epi se yon obligasyon pou li rapòte yo.  

Genre se yon nosyon kategoryèl nou jwenn nan plizyè lang. Nou di kategoryèl, paske nosyon sa a pèmèt lokitè yo ranmase plizyè konsèp anndan yon grenn kategori. Men malerezman, lang kreyòl la pa ranmase reyalite ki mache avèk nosyon « genre » lan nan yon sèl mo pou li fè yon kategori. Sou plan lengwistik, maskilen ak feminen se de (2) mo Ayisyen itilize lè yo vle pale de konsèp sa a. Nan domèn literati, yo pale de ‘‘jan literè’’. Men nan relasyon k ap devlope ant fi ak gason nan sosyete a, nou obsève mo ‘‘jan’’ an pa rive mòde.

Atik sa a, ki pral plis gade konsèp la espesyalman nan nivo relasyon sosyal, prezante yon neyolojis ki se ‘‘jennda’’ kòm altènativ. Egzanp: Pataj travay nan kay ant fi ak gason konsène kesyon jennda a. Travay pou fi ak gason devlope rapò ki byen ekilibre se preyokipasyon ki touche jennda a.

Pou ki sa se neyolojis ‘‘jennda’’ a nou pwopoze ? Sa gen apeprè trant lane depi anpil gwoup sosyal k ap defann dwa fanm yo ap sèvi ak konsèp ‘‘rapò sosyal fi ak gason’’ pou yo prezante pwoblematik fanm ak gason an nan peyi a paske pa genyen yon mo nan lang nan ki fèmen maskilen ak feminen anndan yon kategori, oswa ki pèmèt yo pale pou fi ak gason an menm tan. Plis chan konesans sa a ap grandi nan sosyete a, vin gen plis nesesite pou gen yon grenn mo ki esprime kèk reyalite byen patikilye.

Yon konparezon ki nesesè

Anpil moun gen tandans konfonn sèks ak jennda men lè nou fouye kesyon an byen, n ap wè se de (2) konsèp diferan. Se pou sa n ap pote esplikasyon ak presizyon sou de (2) premye konsèp ki se : sèks biyolojik ak sèks sosyal. Konsa, n ap kapab konprann nosyon jennda a pi byen.

‘‘Sèks biyolojik’’ : Se rezilta yon fenomèn natirèl. Se konbinezon natirèl ant gamèt[1] mal/maskilen (espèmatozoyid) ak gamèt femèl/feminen (ovil) ki jwe nan nivo sa a. Gamèt mal  yo pote kwomozom X ak Y, alòske gamèt femèl yo pote kwomozom X sèlman.

Lè konpozisyon chimik gamèt mal ak gamèt femèl yo se X sèlman, rezilta kwazman 2 gamèt sa yo bay yon fi. Lè yon gamèt femèl kwaze ak yon gamèt mal ki genyen yon konpozisyon chimik XY, rezilta kwazman an bay yon gason. Ki fè, sèks (fi/gason) se yon konsta, yon reyalite fiks apre kwazman 2 gamèt yo. Se yon fenomèn biyolojik.

Sèks biyolojik la baze sou aparans fizik men se pati seksyèl yon moun ki konfime si li nan kategori feminen (fi) ak si li nan kategori maskilen (gason). Konsa, kòm moun (fi kou gason) se èt sosyal/ajan sosyal, se ajisman yo nan sosyete a ki pral bay esperyans lavi yo fòm. Yo viv esperyans lavi yo kòm moun an jeneral, epi, kòm kategori/espès sosyal.

‘‘Sèks sosyal’’: Se fenomèn sosyal ki pral grefe sou fenomèn biyolojik la. Pandan reyalite byolojik la rete fiks (sèks biyolojik la), genyen yon lòt reyalite (sosyal, istorik) k ap bouje. Sa k ap bouje a se yon seri rapò k ap devlope anndan anviwònman sosyal kote fi ak gason ap evolye. Rapò sa yo konn pote avantaj pou yon sèks, dezavantaj pou yon lòt.

Rapò sa yo byen chita anndan yon reyalite sosyal ki byen chapante, ki defini prensip pou chak sèks biyolojik yo respekte. Anndan rapò sa yo, ou jwenn tout wòl, responsablite, konpòtman ak konpetans sosyete a vle pou fanm ak gason genyen nan yon sosyete. Anndan rapò sa yo, nou jwenn tou fason sosyete a trete ni fi ni gason, fason li wè yo ak tout kalite relasyon fi ak gason devlope antre yo. Mete sou sa, genyen moun ki chwazi adopte yon idantite seksyèl ki pa koresponn ak sèks biyolojik yo fèt avèk li a. Ki fè, tout reyalite konplèks sa a vin konsantre anndan yon sèl grenn konsèp ki se ‘‘jennda’’ a. Syanzimèn oswa Syans Moun pèmèt nou rantre byen fon nan chache konprann reyalite konplèks sa a. Donk, ‘‘Jennda’’ a se menm konsèp ki pote non ‘‘genero’’ nan lang espayòl, ‘‘genre’’ nan lang franse epi ‘‘gender’’ nan lang angle.

Jistifikasyon

Gen moun ki di ‘‘ *janr ’’ men se yon mo ki pa respekte règ fonolojik lang kreyòl la ki an jeneral pa aksepte ‘‘r’’ nan finisman mo. Gen moun ki eseye sèvi ak ‘‘jan’’ pou yo tradui reyalite ki mache ak ‘‘genre’’, men esperyans montre moun pa rive plake sans ‘‘rapò sosyal fi ak gason’’ an sou mo ‘‘ jan’’ an. Poutan, lè nou itilize mo ‘‘jennda’’ ki soti nan mo angle ‘‘gender’’, li pi fasil pou neyolojis sa a reflete sans reyalite n ap prezante a. ‘‘Jennda’’, kòm neyolojis, ap pèmèt chèn konsèp sou pwoblematik fi ak gason an vin pi laj. Tout kote genyen nesesite pou se yon grenn mo ki sèvi, neyolojis ‘‘jennda’’ a ede n rezoud mank ki te genyen an. Adaptasyon ‘‘gender’’ ki tounen ‘‘jennda’’ pa rantre an konfli ak règ fonolojik lang kreyòl la, mo ‘’jennda’’ a sonnen kòm yon vrè mo kreyòl, li aliyen sou mòd transfòmasyon sonò ki posib nan lang kreyòl la. Pou ki se pa ‘’jenndè’’ nou pwopoze ? Esperyans sou fason popilasyon an prete mo nan lang angle enspire nou chwa ‘‘jennda’’ nan plas ‘‘jenndè’’ , lè nou konsidere mo angle ‘’sister’’. Mo ‘‘sister’’ a kòmanse rantre nan lang kreyòl la depi apeprè 5 lane. Gen moun ki di ‘‘sistè’’, gen lòt ki di ‘‘sista’’. Jou an jou, mo ‘‘sistè’’ a kòmanse sede mo ‘‘sista’’ a plas li. Se prensipal rezon ki fè nou chwazi mo ‘‘jennda’’ a.

Pou ki nou pa chwazi mo ‘‘ *janr’’ ? Si se mo ‘‘ *janr’’  *[Ʒãɤ] nou itilize, lèt ‘‘r’’ ki nan finisman mo a vin kreye pwoblèm paske an jeneral, lèt ‘’r’’ oswa son [ɤ] pa ka parèt nan finisman mo nan lang kreyòl la. Se yon premye difikilte sou plan fonolojik.

Transfòmasyon mòfo fonolojik ki ta ka posib pou Ayisyen sèvi ak konsèp ‘‘genre’’ kòm yon mo prete nan lang franse, se ta : ‘‘jan’’ [Ʒã] (an kreyòl). Men, nan lang kreyòl la, mo ‘‘jan’’ deja genyen plizyè sans ki se :

fason, mannyè : ‘‘ Mwen pa renmen jan ou kanpe a.’’

non yon moun : Jan : ‘‘Jan se pitit Pòl.’’

tip tèks nan domèn literati : ‘‘jan literè’’ : Adjektif literè a anpeche konfizyon.

Sèvi ak ‘‘jan’’ kòm mo prete nan lang franse pou prezante yon pwoblematik ki konplèks tankou rapò fi ak gason anndan yon sosyete, sa poze yon pwoblèm pratik sou plan semantik paske lokitè yo ap tonbe fasil nan konfizyon.

Eksperyans ki fèt nan divès pwovens an Ayiti montre gen moun, nan mitan popilasyon nan vil pwovens yo, ki sèvi ak konsèp ‘‘Ekite de jan*’’ pou yo montre yo gen konesans sou nosyon jennda a. Men an reyalite yo sèvi avèk li nan tout sikonstans san okenn nyans. Sa poze anpil pwoblèm sou plan konseptyèl.        ‘‘ *Ekite de jan’’ ta dwe yon tradiksyon literal pou konsèp franse a : ‘‘équité de genre’’, men moun nan popilasyon an ki sèvi avè l yo, itilize l nan plas plizyè lòt konsèp tankou ‘’genre, égalité, parité’’, san okenn presizyon.

Konklizyon

Yon lang ap evolye nan bouch ak nan lespri moun ki pale l yo. Reyalite jodi pa reyalite demen. Chak fenomèn nouvo charye yon seri bezwen. Bezwen ki pi ijan epi ki konsènen tout popilasyon an pèmèt yon seri kreyasyon espontane rapid. Nou ka pran kòm egzanp mo ‘‘goudougoudou’’ a popilasyon an kreye nan yon bat je nan sware 12 janvye 2010 la. Esperyans sa yo pote rezilta ki dirab. Pou kreyasyon mo ki fèt nan mitan yon seri gwoup sosyal (neyolojis yo), plis mo a respekte prensip fòmasyon mo ak prensip fonolojik nan lang nan, se plis mo a genyen chans pou li pase san difikilte nan mitan popilasyon an, nou ka pran egzanp mo ‘‘ zenglendo’’ a.

Nan ka konsèp ‘‘jennda’’ a, non sèlman li respekte prensip fonolojik lang nan, men tou li pèmèt gwoup sosyal k ap sèvi ak apwòch jennda a jwenn yon grenn mo pou yo prezante reyalite sa a. Li ofri avantaj pou yo adapte yon seri lòt konsèp ki mache ak jennda a. Epi, sa ap pèmèt yo pote plis presizyon nan itilizasyon konsèp yo, tankou ‘‘idantite seksyèl’’ pa menm ak ‘‘idantite nan kesyon jennda’’, se menm jan pou ‘‘estereyotip seksik’’ ak ‘‘estereyotip nan kesyon jennda’’, eksetera. Pou nou fini, aparisyon yon neyolojis dwe ede rezoud yon difikilte kominikasyon. Neyolojis ‘‘jennda’’ a pa vin ranplase konsèp ‘‘rapò sosyal fi ak gason’’ an sistematikman, men li vin pran plas ki rezève pou li tout kote presizyon oswa regwoupman an nesesè.  

Desanm 2020

Marie Rodny Laurent

Akademisyen (fi)

Manm ‘‘Centre de Recherche et

d’Education au Genre et Développement’’ (CREGED)

[1] Selil yon gason oubyen yon fi libere pou li repwodui tèt li.

Auteur


Réagir à cet article