Ann refonde baz gouvènans peyi d ayiti

Publié le 2019-06-17 | Le Nouvelliste

Par Jean Laforest Visene de Lyvia Tulce

Ayiti yon pwojè ki te pwomèt anpil

Tout epesyalis nan kesyon listwa ak syans politik rekonèt revolizyon esklav nwa yo te fè ann Ayiti a, gen de syèk plis yon ka syèk de sa, se yon evènman eksepsyonèl pou plizyè rezon. Prensipal rezon yo se :  Premyèman se te yon batay David kont Golyat. Lame endigèn d Ayiti  a pa t reprezante anyen devan lame fransèz ki te lame ki te pi puisan lame nan mond lan nan epòk la. Men lame endigèn nan rive genyeyen batay la; Dezyèman, se premye soulèvman esklav ki abouti ak yon viktwa e pwoklamasyon endepandans sou  planet la. Twazyèmman, se premye repiblik nwa ki vin endepandan nan mond lan. Se pou sa, yo kalifye evènman sa de yon “ epope (épopée)”. Kòm Jérôme Gautheret di, nan yon atik li ki te parèt nan jounal “Le Monde”, an janvye 2010, revolisyon kont sistèm esklavajis la ki te fèt ann Ayiti a te fè peyi sa parèt kòm yon pwomès pou limanite (Se nou nou ki tradui l konsa de fransè a kreyòl). Limanite tout antyè, te wè nan peyi sa yon ezpwa pou tabli dwa moun toutbonvre, libète ak vrè egalite ant lèzòm toupatou sou latè. Sa vle di Ayiti te ka sèvi yon bon modèl, non sèlman pou trase wout libète pou lòt peyi, men tou, pou montre kelkeswa ras la, moun yo gen kapasite pou yo òganize yo, pou yo dirije tèt yo, e  pou yo asire byènèt yo.

Lè Ayiti te pran endepandans li, tout pati teritwa l te kontwole a te rele refij pou chache libète. Desalin, premye prezidan peyi a te envite : “Tout moun toupatou sou latè ki santi yo pèsekite, swa pou lafwa yo oubyen pou etni ou ras yo soti, oubyen moun ki sou jouk lesklavaj, vin pran refij nan peyi d Ayiti”. Larepiblik d Ayiti te menm prevwa yon prim pou tout kapitèn bato ki transpòte sou bout tè peyi d Ayiti, yon moun k ap fui lesklavaj. Ayiti te vin yon gwo lidè sou planet la nan kesyon libere lòt pèp anba jouk lesklavaj ak lòt fòm opresyon.  Kòm ezanp, nou ka site:

An 1812, gwo lidè armerik latin nan, ki te rele Simon Bolivar la, kouri vin pran egzil, pou yon dezyem fwa ann Ayiti. Li tou mande prezidan Petyon konkou Ayisyen pou l al libere peyi l Venezyela anba lesklavaj. Prezidan Petyon te reponn positivman a demann Boliva a. Li ba l zam, minisyon, lajan ak gason pou al batay ak li pou sa. Men yon sèl kondisyon prezidan Petyon te ba li. Li di l : “Libere sou wout ou tout lòt pèp nan amerik latin nan ki anba jouk lesklavaj” . San n pa bliye efò Tousen Louvèti, chef esklav nwa yo nan Sendomeng an 1899 pou l te ede libere Venezyela anba dominayson esclabagis, ni tou soutyen sou Desalin an 1806 a Fransisko de Miranda pou menm kòz la, soutyen militè, lojistik ak finanyse prezidan Petyon te ba Simon Boliva a fè Ayiti se peyi ki a lorijin endepandans pifò peyi ispanofòb ki nan amerik latin nan ;

Chèf politik Ladominikani ki te rele José Nunez de Cacérès ak lòt revolisyonè ankò,vè lane 1920 yo mande Prezidan Jean Pyè Bwaye konkou kont menas peyi yo te genyen sou zafè lesklavaj. Prezidan Jean Pyè Bwaye te reponn prezan e lame espanyòl, bat ba, li fè bak sou entansyon l lan. Malerezman, èd sa peyi d Ayiti te pote bay peyi ki pi pwòch vwazen lan, tounen yon pyè d achòpman ant de peyi yo. Opwen ke an 1937 ant 20 a 30 mil Ayisyen masakre nan peyi Ladominikani sou pretèks peyi d Ayiti te anvayi peyi yo sou prezidan Bwaye. Reyaksyonè dominiken kache pèp dominiken an dokiman istorik e ofisyèl ki bay tout laverite sou zafè sa a, pou yo te ka simaye jèm lahèn dominiken pou Ayisyen. E yo reyisi fè l sa. Alòske se lidè politik dominiken yo menm ki te mande èd peyi d Ayiti pou sekirite yo.

Kek lane sèlman aprè l fin endepandan, Ayiti soutni moralman e politikman mouvman endepandans peyi Lagrès ke anpi Otoman an t ap toupizi. Ta sanble, Ayiti te menm voye solda ak soutyen ekonomik li jis Lagrès pou al soutni batay pou endepandans peyi sa a. Men nou pa gen ase prèv pou n di sa se te toutbon vre. Yon sèl bagay, Ayiti te premye peyi ki te rekonèt ofisyèlman endepandans peyi Lagrès la an 1822. Men sa Prezidan Jan Pyè Bwaye te ekri (15 janvye 1922) kòm repons li te voye bay yon lèt yon gwoup aktivis revolisyonè Grèk ki te ann exil an Frans ki te ekri l (nou kite l nan lang franse) :

« Avant de recevoir votre lettre de Paris datée du 20 août dernier, la nouvelle de la révolution de vos concitoyens contre le despotisme qui durait depuis environ trois siècles était déjà arrivée ici. Nous avons appris avec un grand enthousiasme que Hellas était finalement obligée de prendre dans le but de gagner sa liberté et la position qu’elle occupait jadis parmi les nations du monde. Un cas aussi beau et juste, et surtout les premiers succès qui l’ont accompagné, ne peuvent laisser les Haïtiens indifférents, car nous, comme les Hellenes ont longtemps été soumis à un esclavage déshonorant et ont finalement brisé la tête de la tyrannie avec nos propres chaînes.

Vouloir aux cieux pour protéger les descendants de Leonidas, nous avons pensé assister ces braves guerriers, sinon avec des forces militaires et des munitions, du moins avec de l’argent, ce qui sera utile pour l’acquisition d’armes à feu, ce dont vous avez besoin ….., Citoyens! Transmettez à vos compatriotes les vœux chaleureux du peuple haïtien au nom de votre liberation, …..».

An 1930 Ayiti se te sèl peyi sou latè ki te pran pozisyon fèm nan Sosyete dè Nasyon (SDN) kont envasyon Letyopi pa wayom Itali a ki t ap dirije pa Benito Amilcare Andrea Mussolini, premye minis nan epòk sa. Fas a entrajijans gwo peyi ki t ap soutni Itali nan demach pou l fann pak an pak Letyopi a Diplomat Ayisyen ki te reprezante peyi a nan SDN, Ekselans Anbasadè Alfred Nemours, te pwononse yon gwo pawòl lè l te di : “que vous soyez grand ou petit, fort ou faible, éloigné ou proche, noir ou blanc, craignez d’être un jour l’Éthiopie de quelqu’un”.

Pi prè nou, pandan dezyeme gè mondyal la Ayiti se youn nan premye peyi ki deklare lagè a Lalmay. 12 septanm 1941, lè Ayiti fè deklarasyion li antre an gè kont Lalmay ak Litali a, Itlè reyini gwo konsèy militè l pou konnen ki jan pou l reponn. Lè l gade sou kat mondyal la li wè Ayiti, li di : “Se ti pousyè peyi sa ki declare m lagè a. Li pa menm yon dan”.

17 me 1949 ekselans Anbasadè Émile St-Lot, reprezantan Ayiti nan Òganization Nasyonzini (ONU) bloke yon rezolisyon ki te prevwa pou divize an miyèt Lalibi, lè l vote kont rezolisyon sa a. Ayiti montre li kanpe ankwa kon lopresyon gwo puisans kon ti peyi ki san defans lè l pran pozisyon sa pou lendepandans la.

 Vè lane 1960, entèlektyè Ayisyen debake ann Afrik pou y al sipòte frè yo nan estriktirasyon peyi yo aprè lendepandans yo. Gen menm nan yo ak pitit ki vin menm minis nan peyi sa yo. Sètènman, gen anpil ladan yo, se kouri yo t ap kouri pour rejim Divalye a.

Anpalan de Ayiti, nan dat ki te 21 septanm 2016 la, Christo Merisma ak Hamidou Bah ekri nan jounal “Le Point Afrique”  (Nou site an fransè) : “Haïti a non seulement lutté pour l'abolition de l'esclavage, mais aussi contre les injustices faites dans les autres pays du monde. La perle des Antilles s'est alors érigée en pays libérateur et solidaire des peuples opprimés” Se vre, Ayiti batay anpil pou libète nan lemond e li enspire anpil teyori sou libète ak dwa moun. Malerezman, Ayiti fè bak de jou an jou e pwomès inivèsèl li te reprezante a, pa fè prèv li. Nan kesyon politik enteryè l, ekonomi l, edikayon l ak lòt ankò, depi 215 zan endependans li an, peyi d Ayiti ap penpenen. Tout lòt peyi kite l dèyè kamyonèt la. Ayiti vin pa men ka jere relasyon istorik ak peyi li te ede pran libète yo. E anndan lakay li kesyon libète ak dwa moun fè anpil bak.

Rezon echèk pwojè Ayiti a

Ki rezon ki fè bèl pwojè peyi d Áyiti a echwe? Ann Ayiti yo plis pale de kòz ekstèn, sav le di yon konplo entènasyonal kont Ayiti. Nou, nou kwe ke kòz yo pito entèn keyo ekstyèn.

Koz ekstèn

Prensipal koz ekstèn yo toujou avanse baze sou yon logic konplo entènasyonal pou entere gran puisans yo. Pou n reprann pwòp pawòl istorien afroameriken Rayford W. Logan (London, 1968) lendepandans peyi d Ayiti se te : « une anomalie, une menace et un défi ». Annefè lendepandans peyi d Ayiti se yon anomali e se te yon menas tou pou plizyè rezon. Premyèman, li ta pral remete an kesyon yon dividal ideyologi sou kesyon ras ak espirityalite mond la. Dezyèman, li te riske braze lòd ekonomik mondyal la, an patikilyeekonomi kapitalis la ou ewopeyen an ki te tabli sou yon mòd d explwatsyon esklavajis. Paske te rete yon dividal peyi ak teritwa ki te toujou sou jouk lesklavaj nan mond lan. Nou ka site pami yo: Lamatinik, Laguadloup, Brezil, Pòtoriko, Lababad, Trinidad, Lajamayik, Kiba, Ladominik, Ondiras, nan Etazini tankou nan Nyouòleyan, nan Viginya, nan Filadèlfi, nan tout peyi Lafrik yo sof Letyopi, nan kèk peyi lazi ak Arabi e menm ann Ewòp kòm se te ka Lagrès. Revolisyon ayisyèn se te tankou yon gwo bonm ki t ap menas lòd ekonomik kapitalis mondyal la. Li te ka sèvi kòm sa yo rele leitmotiv la sav le di gaz nan mote pou soulèvman kont lesklavaj toupatou sou latè.

Pwofesè Weibert Arthus ekri sa nou nou pral li la sou kesyon an,  (an lang franse): “Du fait même de sa création par des anciens esclaves et de l'idéal qu'elle a projeté dans les imaginaires notamment au début du 19ème siècle, la première république noire a été considérée comme une menace pour les négriers et les racistes ; un 'mauvais exemple' pour le système politico-économique international établi sur la colonisation et l'esclavage. Haïti a montré que l'esclava- ge n'était pas une normalité et que les noirs pouvaient disposer d'eux- mêmes” . Nou ka konprann nan yon logik aktè ekonomik entènasyonal rasyonèl, ki chita sou endividyalis ekonomik, ke sou dwa moun, dayè pawòl dwa moun, jan nou konnen l jounen Jodi a potko egziste menm, aktè ekonomik yo itilize mwayen presyon sistèm politik yo bay yo pou yo aji sou menas endepandans e reyisit revolisyon ayisyèn nan reprezante pou enterè yo.

Men nou p ap neglije konsidere, kòm koz ekstèn yo tou, gwo lajan peyi d Ayiti te oblije peye Lafrans, swa 90,000 milyon, ki gen vale jodi a de venteyen milya dola ameriken (+21,000,000,000 $US ou +17,000,000,000 EU) pou lendepandans li te ka rekonèt onivo entènasyonal. Malgre sa, gran peyi yo te kontinye boykòte Ayiti nan kesyon komès ak relasyon entenasyonal e fè presyon sou lòt ti peyi pou yo pa gen relasyon ak Ayiti. Se sak fè malgre Ayiti te sipote Boliva pout e libere Venezyela ak lòt peyi amerik latin yo, lè l t ap fè konferans panama a an 1826, li pa t envite Ayiti. Bykòk sou sèn entènasyonal la  se te yon taktik ki mete Ayiti nan yon eta d espri distraksyon pèmanan, kote Ayiti toujou ap pedi tan l nan pran pozisyon anti esklavajis anti kolonyalis, alòske li ta sipoze konsantre l sou zafè òganizasyon entèn li.

Nan sans sa, nous ta ka konsidere provrete ak sitizasyon mizere ki gen ann Ayiti a kòm pri sakrifis li fè pou gaye libète nan lemond. E menm peyi li te kanpe ankwa devan l yo, ki di yo se chanpyon, nan kesyon dwa moun ta dwe kontan jounen jodia pou wòl Ayiti te jwe nan zafè sa. E yo ta sipoze ba l bourad pou l soti nan sitiyasyon lawont li ye la.

Koz entèn yo

Mòd goubènans peyi a :

 Jérôme Gautheret, nan atik li a nou site pi wo a, fè remake ( nou tradui de lang franse an lang kreyòl) : “Peyi sa ki te rele Pèl dè zantiy la, gen yon litani trajedi, sou fon tansyon sosyal ak kris politik ki pase ladan l”. Se vre, Ayiti gen kèk gwo risk natirèl ki kontribiye a kèk trajedi ki pase ladan l se kesyon politi ki reskonsab key o fè tout dega sa yo. Men pi gwo trajedi peyi a  chita nan enstabilite politik li ak mòd gouvènans li genyen an depi lontan. Nanpwen peyi sou late ki rive pwogrese san lidè l yo pa gen visyon, yon visyon ki tradui nan yon estrategi, yon estrateji ki ekzekite ak mwayen ki mobilizab e tou avèk lòd ak disiplin. Nou pa vle tire konklizyon rapid sou kesyon sa kounye a. Men ta sanble vrè ke gen anpil pwoblèm nan sans sa a nan peyi d Àyiti.

Atitid ak konpotman ayisyen an li menm :

Yon dezyem ekip lòt bagay yo avanse kòm kòz entèn pwoblem Ayiti genyen yo se kesyon atitid ak konpòtman Ayisyen menm sou zafè peyi l ak tèt li. Enpresyon pa nou, anpil nan atitit ak konpòtman sa yo se rezilta yon dividal faktè, tankou konstwi sosyal, mank atitid kritik e pragmatik fas à lavi, epi risk anviwonmantal. Sistèm esklavajis la kite yo mòd Ayisyen ki ekstrememan konplekse. Ayisyen an pèmanans toujou ap chache eksprime siperyorite l sou lòt la. Ensult ki pi fasil ki pou soti nan bouch yon Ayisyen se pou l di w : “Ou wè m kamarad ou”? yon lòt bagay, sistèm lekòl ayisyen an fè li toujou pè fè erè. Ki donk, Ayisyen pè moun dekouvri li pa konnen yon bagay. Se sa ki fè anpil Ayisyen parèt ekstrememan negatif nan kesyon pran inisyativ, sitou nèg ki swadizan fè gwo klas; twazyèm bagay, Ayisyen devni de mwens an mwens solidè youn ak lòt e  pa twò enterese ak zafè peyi l. Epitou, youn pè lòt, sa vle di youn pa fè lòt konfyans. Epi, tèlman pa gen moral nan peyi a, kounya, tout moun sou kou. Se pa san rezon ke gen tout kantite koudeda sa yo ki pase nan peyi a. Tout moun gen foli parèt chef, sa vle di youn pa kamarad lòt la,  alòske sou pouvwa sa ta sipoze vle di ke se yon sèvitè moun nan ye. Sa ki menen n nan yon lòt konsiderasyon, ki se yon konlèks zwazo vwayagè ke n ap esplike pi lwen. Kòm nanm li se Ayiti l plante, lè l lòt kote li pa ka rete, fò l tounen. Men lè l tounen, li pa ka rete ankò, fò ale ankò. Yon aleretou ki pa janm fini. Ann rete la sou aspè endividyèl ke nou konsidere ki kontribiye a echèk pwomèAyiti a. Kounye a ann gade enstitisyon nou yo. Ann pran sèlman twa ladan yo.

Sosyete espirityel nan peyi a:  

Sosyete espirityèl se sa ki bati nanm yo peyi e se li tou ki bay premye direksyon peyi, paske se li ki alabaz disiplin, lòd et ki tabli rèv moun yo anndan sosyete a. Kòman w konprann yon legliz ki fokalize sèlman sou dyab dyab, dyab, bondye, bondye, bondye, Mari, Mari, Mari, Jezi, Jezi, Jezi. Yon seri sosyete sekrèt ki konsantre sou poud, poud, poud, limyè, limyè, limyè, alòsk yo ta sipoze nanm devlopman total lòm ayisyen an pa gen reskonsablite nan echèk peyi a. Legliz la ta sipoze motè moral e soyal tout devlopman sosyete a. Tout dirijan ki pase nan peyi a e sa ki la yo, alò yo pa manm yon asanble espirityèl? Ki jan k fè nèg yo ap fè debòch konsa nan jesyon afè peyi a? Atò se konnen papa espirityèl yo pa konnen? Oubyen, sa k ap pase a aranje yo?

Nou byen kontan jiska prezan legliz katolik se li ki gen pi bon lekòl nan peyi. Apa sa, ki sa kòm sosyal legliz katolik fè ankò nan peyi a pou bay sosyete a fòm. Sa pa vle di nou dakò ak mòd ledikasyon y ap bay nan lekòl yo non. Men, jiskaprezan, se yo k pi bon. Legliz la sipoze kontinyè fè bagay pou l di mòd leta nou genyen an men modèl, se konsa pèp la vle w fè bagay yo.Yon lòt bagay, san nou pas choute sou pwotestan. Lè yon pastè di w, sa k te fèt Bwa Ka Yiman an se bagay dyab li ye, se pa di li di fòk nou te toujou rete anba jouk lesklavaj. Enben si se bagay dyab li ye, li pa t bon e nou pa ka konstui sou li wi. Nèg la rete li di w jènn toutan an, e nan jèn nan fò w jwenn pou pote ba y. Enben ki sa l di w la ? Se pa di li di w fò w toujou rete mizerab, e ou pa bezwen fè okenn efò, se bondye sèlman ki pou sove ? Dayè, li di w lè bondye pral sove w la se pa sou latè sa w ap ye, se nan syèl ou pral byenere. Alò tout bagay k ap fèt sou tè sa a pa dwe enterese w. Ki jan w, konpran Pastè Jèn nou konnen an, youn nan pi gwo papa levanjil nan peyi d Ayiti, pou n pa di pigwo a, yon nèg lè l pale ou santi se yon gason k ap pale, e li pale swa, l al nan eleksyon, li pa fè menm 1%, alòske pwotestan reprezante plis pase 52% nan sosyete ayisyèn nan. Sa k fè sa? Nou konn  repons lan deja.

E sosyete sekrèt ougan ak bòkò nan peyi a yo pa ta sipoze baz lòd ak disiplin nan peyi a? Sa m pa verifye l, men ki jan yon nèg fè pral ka bòkò pou li pral pran pwen pou l al vòlò pou yo pa janm kenbe l ou byen pou l ap mache tiye moun epi li menm pou l pa ka pran bal. Kòman bòkò fè ap bay pwen pou detounen ou detui moun k ap fè efò pou l viv. Eske se sèvis bòkò a rann peyi l? Pou kisa ou pa ba l pwen pito pou l vin entèlijan pou l ap kreye yon pakèt bagay k ap itil peyi a?  Sosyete sekrèt peyi a, pou ki sa yo pa yo pa jwe jon wòl sosyal an koulis pou yo fòse nèg k ap dirije yo pran men yo?

Nou gen twòp nèg serye nan legliz, katolik, nan legliz pwotestan, nan vodou, ak nan tout lòt kalite sosyète peyi d Ayiti genyen yo pou yo pa fòse gwoup sa yo pran la pran angajman sosyal yo pou ede pèp ayisyen an soti nan twou li ye a.

Inivèsite peyi a:

Yon inivèsite alagraba. Li konsa se pa paske l pa gen moun fò ladan l non. Men li konsa paske menm sendròm nou te mansyone pi wo yo travèse l. Nou konnen inivèsite a la pou fè fòmasyon, pou l fè rechèch e pou l rann sèvis a la kominote. Nan domèn konpetans, konesans kapasite li bay etidyan ki soti anndan l yo pou yo  apwoche objè d etid li m pa gen twò gwo pwoblèm lè n konpare yo ak etidyan ki soti nan gwo peyi e tou lajan ki envesti nan fòmasyon an. Sa pa vle di nou dakò jan inivèsite a ap fonksyone ann Ayiti e jan l ap fome ti moun nou yo li bon. Men, nou rekonèt anpil moun ki soti ladan l, ki fini etid yo, fè tout travay pou yo te fè epi yo remèt yo diplòm yo, yo pa sòt pase sa. Men ann gade lòt wòl inivèsite a genyen yo. Ann serye apa ti travay rechèch etidyan yo fè pou yo ka jwenn diplòm yo, ki sa inivèsite ann Ayiti fè kòm rechèch pou pèmèt operatè ekonomik, sosyal ak kiltirèl yo aji sou pwoblèm fondamental peyi a? Men se pa fòt inivèsite a non. Le w gade resous inivèsite ann Ayiti gen aladispozisyon l jan l mizerab kòman pou yo ta ka fè envesti nan rechech ak sèvis sosyal? Inivèsite leta a ki pi gwo inivèsite nan peyi a konbyen kòb ou ta konprann leta mete aladispozizyon pou l fonksyone an 2019?  Montan se 2.25 mlya goud (swa 27,472,527, 47 USD – Konvèti sou baz pri d acha dola swa 91 goud pou yon dolà). Ann konsidere inivèsite leta gen 31,000 etidyan jan Rektè inivesite leta a mesye Fritz Deshommes, di l la ( Pou plis enfòmasyon gade atik ki parèt sou plim Wisly Bernard Jean-Baptiste ki parèt nan jounal “Le National” – Vantredi 18 – Lendi 21 janvye 2019). Sa reprezante 886.21 $ us inivèsite gen aladisposisyon l pou l envesti nan chak etidyan. Alòske rektè a esplike kout moyen yon etidyan atravè lemond se 4160 $us. Li ye wi. Nan sans, yon inivèsite k ap koupe pyese, koman pou l envesti nam li nan rechèch ak sèvis sosyal? Tout sa gen enpak sou jan peyi a ye jounen jodi a.

Men sa pa vle di nou dedouane inivèsite a non de wòl kritik li ta ta sipoze jwe nan zafè peyi a, pami yo politik gouvènmantal la. Men, nou pa vle di, menm jan sa te konn fèt, pou inivèsite tounen pati politik, ni pou nèg ap itilize etidyan kòm machpye pou yo vin okipe gwo pòs politik non. Men, gen bagay ki ka fèt. Pa egzanp, atravè konferans rektè inivèsite yo, yo ta ka kreye yon kanal kominikasyon ki bay pozisyon kritik inivèsite a sou politik gouvènman, sou travay palman, sou kesyon jistis nan peyi a, sou kesyon ensekirite nan peyi a, sou travay kominote entènasyonal la nan oeyi a, e menm sou vye diskou yon seri fò ekspè ap fè sikile sou Ayiti nan kominote entènasyonal la. M panse sa se yon ti bagay inivèsite yo te ka fè pami anpil lòt. Ann imajinatif e ann panse kòman inivèsite ann Ayiti ka yon veritab motè chanjman sosyal e non chimerizasyon sosyal.

Yon pakèt antrepriz, yon pakèt oganizasyon ki nan peyi a ka pote kole. Pa egzanp menm jan m wè pwojè Rediksyon Vyolans Kominotè Nasyonzini ann Ayiti (MINISTA/MINIJIS) fè l la, pou ki sa enstitisyon yo pa kreye yon sistèm estaj pou etidyan ak pou teksnisyen. Pou ki sa òganizasyon entènasyonal yo k ap travay ann Ayiti se toujou swadizan ekspè entènayonal y ap fè vini pou vin fè rechèch ak evalyasyon pou yo. Alòske nou gen yon bann ak yon pakèt ekspè ann Ayiti, ki petèt pifò ke say o bay fè travay la e ki t ap bay pi bon rezilta? Men tou, se paske inivèsite a pa jwe wòl granmoun li atravè esntitisyon leta peyi a ki konsène yo. Koman yon nèg fè rantre ap vin fè rechech nan peyi a, l ap sikile lib e libè pou swadizan l ap rekolte enfòmasyon,  l ap aksede a yon pakèt dosye enstitisyonèl peyi a, done peyi,  alòske li pa gen akreditasyon pou sa? Nanpwen okenn kote ki kontwole konpetans li pou l pwodui dikou yo mande l la e ki ba l otorizasyon pou sa. Enben, peyi a se yon savann li ye vre. Lè l ekri nenpòt bagay l ap sal non peyi a san fondman li gen rezon pou sa. Bon, imagine pa ta gen ekspè pou tip rechèh ou evalyasyon an, pou ki sa sa pa fèt sou fòm koperasyon avèk inivèsite peyi a pou adrese lakin sa? Rechèch  sa yo oubyen evalyasyon sa yo ki koute yon dividal kòb, k ap depanse nan non èd entènasyonal la, bay peyi d Ayiti, konbyen kòb ki rete nan peyi a? konbyen kòb inivesitè oubyen tehnisyen ayisyen kalifye pou sa benefisye ladan yo? M pa di fòk gen yon sansur sou chan rech`ch peyi a, sou rechèch entènasyonal sous sa k ap pase nan peyi a, men fòk gen pwotokòl nan bagay yo. M panse tou sa se mwayen Inivèsite ka mobilize pou konpanse karans resous pou l fè travay li byen. E Li t ap bon ni pou kòmanditè yo, ni pou sant teknik ak inivèsitè yo e pou peyi a an jeneral.

            Fas à tout pwoblem ki gen nan peyi a, ki se konsekans yon dividal ireskonsabilite, menen konkli ke mouvman ki pran chè nan peyi ki rele mouvman Petwo Karibe pi fon ke sa n panse a. se yo mouvman ki rranmase tout endiyasyon pèp la fas a echèk peyi a. Se vre dirijan ayisyen, depi fondasyon peyi a, gen responsailite yo nan eta peyi a, men pèp la gen reskonsablite l tou. Paske dikton pa di : “yon pèp gen dirijan ke l merite”? Si Ayisyen pa pran zafè politik peyi l an men se nòmal pou l pa gen dirijan ki gen visyon, ki pran dispozisyon pou l bay rezilta. Nou te gade tou kèk karakteristik ayisyen an ak atitid nan estrikti enstitisyonè peyi a ki fè a sa tou.  Nan sans sa fòk ta gen yon revèy nasyonal ki fèt pou rebat kat la e refonde baz gouvènans ak kontwòl peyi a. Nou ta pwopoze yon operasyon nou ta ka rele operasyon kout pyè loray.

Klarifikasyion sou konsèp “PYÈ LORAY” la

Ban nou pran yon ti tan w pou n esplike pou ki sa nou pwopoze non operasyon an “KOUT PYÈ LORAY”. N ap fè sa paske nou konnen li fasil pou yo manipile ekspresyon an, pou yo ba l koulè negatif. E sitou, nou konnen sa k pase nan peyi sa deja. Sitou nan mitoloji ayisèn nan loray se boule li boule sèlman e tout Ayisyen, tankou moun toupatou sou latè, pè loray pou danje li reprezante pou lavi yo. Se pa san rezon yon Ayisyen ki vle di se laverite l ap pale, li di w : “An verite m sèmante yon pyè loray disparèt mwen”. Nan kilti popilè a, loray se yon bagay ki brisk, entans, ki efreyan e ki destritè tou. Li menm asosye ak bagay malefik. Epitou, gen defwa yo konn konsidere yon timoun san mèt san metrès, lage kòd sou kou kòm pwodui loray. Se poutèt sa ou konn tande granmoun ap di : “Ou menm tigason sa oubyen ti fi sa se loray ki kale w”.

Espè nan syans natirèl yo rele jewoloji ak metewoloji esplike se vre lè loray pete li ka degaje  gwo puisans elektrik ki se yon risk pou lavi moun ak lot ankò, e se pou sa yo ankouraje moun pran dispozisyon pou yo pwoteje yo kont kout pyè loray, men yo loray pa yon move bagan pou sa nan lanat. Okontrè, li gwe yon gwo wòl. Loraj, menm jan ak siklòn, se zam lanati dispoze pou l lave anviwonman an de kèk move eleman polyan. Yo di,  a 50,000 degre, chalè loraj pwodui a aji sou oksijèn ak azòt ki anlè a pou l pwodui nitrate ki se yon angrè natirèl. E lapli dcesann avè l pou depose sou tè a. Sa ki fè tè a vin ka pwodui manjè ak pye bwa san nou pa bezwen mete vye angrè endistriyèl lada n ki pral detui l.

Operasyon “ KOUT PYÈ LORAY” n ap pale a, pa yon malè pandye sou tèt abitan k ap viv nan peyi d Ayiti. Okontè, se eneji pou moun nan peyi ak enstitisyon l mete nan pran zafè peyi oserye k ap pral sevi kòm fètilizan pou n plante bon plant ki pral pèmèt peyi a repati sou bon baz, tankou: Respè rèv zansèt nou yo, lanmou toutbonvre pou peyi n, etik, moral ak jistis soyal, lòd, disiplin ak merit, diyite ak reskonsabilite, elatriye. E youn nan kote n ap montre nou vle fè sa se lè nan eleksyon k ap vini yo menm nou pa kite se moun yo chwazi pou nou, nou chak nou chwazi pou tèt nou. Lè sa si pa gen anyen ki fèt, lè sa n ka plenyen. Eleksyon yo, pou nou, se youn eleman k ap kreye kondisyon meteyolojik pou kout pyè loray la fèt e bay rezilta. Kolè fristrasyon mas pèp la dwe pete, pasifikman e legalman pandan eleksyon, pou l di sè. ase, nou bouke e nou koupe fache ak tout vye atitid ak konpòteman ayisye ki bloke peyi a e ak bann vye jwè pachiman e malonèt ki nan ekip gouvènans peyi depi digdantan e k ap depafini ak peyi a. Kòm pou yon kout loray sèvi kòm bon fètilizan pou tè a, angajman sosyal sa ta dwe fò anpil, pi pre sant pwoblèm peyi a e pwofon pou l derasinen move plan k ap detwi peyi a. say o kalifye de Piyajè, atoufè, vòlè, asasen kòl blan / kòl ble, kòl jòn, ta dwe pè yon mouvman kon sa. Paske yon mouvman konsa pa ta sipoze ba yo chans pou yo kontinye paweze lib e libè nan peyi a ankò. Ou konn tande granmoun lontan an ap di: “Mezanmi, ayèoswa li fè yon sèl kout pyè loray, m pantan nan dòmi, m leve kanpe e m pete kouri nan kay la tèlman kout loray la desounen m”. Enben se konsa pou mouvman sa ta siprann epi desounen tout opozan a rezalizasyon rèv Ayiti a, pou avan yo reprann nanm yo, peyi a gentan reprann wout li.

Enben, operasyon “KOUT PYÈ LORAY” la se fètilizan k ap simaye nan sosyete, menm jan loray pemèt tè a fètil la pou nou ka plante e fè bon rekòt nan zafè devlopman moun, devlopman ekonomik, devlopman kitlirèl peyi a. Nanpwen moun ki janm jwenn pyè loray, menm jan moun di gen grenn banbou men yo pa janmm wè li atè. Dayè pyè loray se yon konsèp imajinè abitan nan tan lontan peyi d Ayiti te kreye pou yo esplike yon bagay ki kache fon anba tè. Enben, operayon “KOUT PYÈ LORAY” ta sipoze yon kokennchenn konsyantisatyon ki mennen yon mouvman sosyal ki tèlman fò ke nanpwen anyen ki ka rete l, paske li kache fon nan nanm Ayisyen. Enben, se kon sa nou konprann operasyon “KOUT PYÈ LORAY” la.

Derasinen yon sistèm k ap depafini ak ti rès sa ki rete nan peyi a

Konviksyon pa nou, Ayisyen gen kapasite e mwayen pou nou chanje yon eta de syèj ki tabli l nan peyi a depi 1805, depi papa Desalin te fin di gwo kokenchenn pawòl sa yo : “ E ti pòv nwa sa yo ke papa yo rete ann Afrik, yo menm yo p ap gen anyen menm”. Depi aprè dat sa, atoufè, piyajè tout plim tout plimaj, natif natal, asosye ak sila yo ki soti toupatou, vare sou ekonomi, ak resous peyi a. Malerezman, sa ki gen lespri pou bati yon peyi nan pitit Desalin, pitit Petyon, pitit Kristòf ak piti Bwawontonè rete bra kwaze y ap gade piyajè, atoufè ak kriminèl sa yo ap fin detwi peyi a. Yo enstale yon sistèm batay yo ant yo, sèlman pou pouse parèy yo deyò sou pouvwa, pou retire pye l pou l pou yo mete pa yo, pou yo kontinye sousèt la k ap depafini jou an jou ak peyi a.

Sistèm sa mete nan kanpe lwen nan zafè peyi a tout sitwayen nòmal, ki gen karaktè e ki vle rete egal a yo menm e ki vle respekte valè yo eritye nan fanmi yo pou yo pa tranpe dwèt yo nan dlo ki gen gwo move odè. San n pa ba w pawòl vire wonn, nou konprann atitid sa a, paske konviksyon pa n sèke, jan sistèm sa pouri a, ldepi w antre nan jwèt la jan l ye la, ou bannan: Se : “kale w, mete w nan chodyè, bouyi w epi manje w, ak sòs ou san sos”. Sa vle di, swa yo trenen w nan labou oubyen ou kadav. Pèmèt nou, pran yon ti tan w pou n rakonte yon ti istwa vrè, pou n ilistre sa.

Te gen yo sitwayen ki t ap travay nan yon antrepriz prive nan ane lontan yo. L ap rakonte n ki jan gwoupman atoufè, piyajè se yon mesas pou moun ki vle kenbe tèt yo nan sosyete ayisyèn nan. Misye di m, li t ap travay yon kote. Gen yon lè li sispèk ke gen yon bay louch k ap pase  nan anviwonnman travay li a. Li Mennen ti ankèt li e li dekouvri ke gen yon rezo vòlo ki tabli nan antrepriz la pou vòlo patwon an. Li vin gen enfòmasyon ke vòlò anndan yo konekte ak yon rezo gang deyo k ap fasilite aktivite yo. Li di, sa se pa yon ti bagay piti. Sa k ap pase nan tèt misye, se ta kite dyòb la imedyatman. Men misye di tèt li: “Bon m gen yon fanmi pou m pran swen, si m kouri kite kounya sa m pral fè pou pran swen fanmi an”. Misye deside l ap fè detwa mwa nan travay la pou l fè yo ti ekonomi epi  jete l pou l al fè ti biznis pa l pou l ka bay fanmi dlo sèl pandan l kite travay li nan antrepriz la. Mesye yo te tèman byen òganize, yo gentan konnen sitwayen an konn mouvman yo aa. Men, nèg yo tire konklisyon misye pa yon menas imedya pou bizniss yo, paske li pa nan kondisyon pou l fè anyen kont yo. Men yo deside fòk misye pa rete pwòp nan antrepriz la.

Yon jou, twa nan nèg yo vin wè misye kote l ye nan travay la, epi yo lonje yon anvlòp lajan ba li. Yo di l sèlman : “sa se pa w”.  Misye di yo : “A mesye, nou konnen se kretyen m ye, m pa ka pran l. Si m pran l m ap gen pwoblèm konsyans. Men, m ban nou garanti, biznis nou p ap sòt deyò”. Mesye yo dakò, yo pran kòb la yo ale. Yon lòt fwa ankò, yo tounen, li bay preske menm pawòl la. Epi yon twazyèm fwa misye tounen yo lon yon anvlòp ba li ankò epi, mesye yo di l : “ Qui n’est pas avec nous est contre nous”. La misye konprann ke gen yon menas dirèk e iminan pou lavi l si l pa pran anvlòp la. Li di mesye yo, fwa sa m asepte,  men pwochèn fwa nou pa bezwen fè jès la. Misye kontinye vin travay pandan yo sèten tan, epi aprè li pran yon ti konje maladi. Li tounen ankò nan travay la, ansuit li fè konnen nan travay la li malad ankò. Epi li tou kite travay la e li mawon zòn kote li te rete a. Vwala ki jan sitwayen an woule kò l pou yo pa manje l. Men ou k ap ap mande tèt ou ki sa misye te fè ak anvlòp yo te ba l la ? Nou pa konnen, paske sa pa t vin nan lespri n pou n te mande l sa, e nou pa gen posiblite kounya pou n ta jwenn repons lan. Epi tou, ann pa kritike l paske li te fè yon ti konpwomi pou l ka pwoteje vi l, le te di mesye yo : “Men m ban nou garanti, biznis nou p ap sòt deyò ”.

Ayiti twouve nan yon sitèm awousa, atoufè, piyajè ki pi konplèks ke sa. Kidonk, jenn fi  ak jenn gason nan peyi ak pran nan yon eto koripsyon ak malveyans ki pa ba yo chans pou yo rete sitwayen nòmal pou yo reyalize rèv yo, avèk valè moral yo e amou ak atachman yo ta sipoze gen pou patri yo. Chili, Brezil, Bahamas, Sirinam, toupatou sou latè rete sèl altènativ yo genyen, oubyen yo aksepte mouri antife nan peyi a. Yon grenn endividi pa ka fè anyen pou kont li, menm si li gen volonte ak detèminasyon pou l fè sa. Yon sèl fason nou ka soti nan sitiyasyon sa, se yon revèy konsyans nasyonal jenn fanm ak jenn gason ki gen 18 an deja ak granmoun yo pou yo konnen ke yo gen yon pouvwa nan men yo pou yo chanje sa. Pouvwa sa a, se òganize yo pou yo pran zafè politik ak administrasyon peyi a an men, mete yo nan lapriyè e nan tou eleksyon k ap vini yo pou nou eli moun ki gen moralite, ki konpetan e ki gen karaktè nan pòs elektiv yo pou gen bon kontwòl sou administrasyon peyi.

Patisipe nan eleksyyon ak je n kale e an sitwayen reskonsab

Kòm nou di l deja, eleksyon k ap vini la yo se yon bon okasyon pou jenn fanm ak jenn gason ki gen 18 an deja ak granmoun yo pou yo aji pou yo kòmanse chanje peyi d Ayiti. Kòm kontribisyon pa n, nou bay lide operayon “KOUT PYÈ LORAY” pou chase awousa, piyajè, atoufè, kriminèl,  nan politik ak nan tèt administrasyon peyi a. pa gen lòt mwayen ankò. Tout lòt vwa yo se nan plis briganday l ap lage peyi a. Kontrèman ak lòt vwa k ap di p ap gen eleksyon san si, san sa, nou di :  Fòk gen eleksyon pou n change rejim gouvènans ak administrasyon peyi a. Sèl bagay nou gen bezwen fòk gen yon sosyete sivil ki byen òganize pou evite machin koronpi a, ak koriptè yo pa vòlò eleksyon an e lage peyi a nan plis tyouboum. Pou nou, bloke eleksyon pa solisyon, pou pliyè rezon. Bloke eleksyon se :

Se siy yon sosyete sivil medyòk nan peyi a. sa ta vle di yon sosyete sivil ayisyèn ki san moun konpetan e responsab ladan l;

Se okasyon n ap kontinye bay pou yo di gade Ayisyen, ki jan yo ye. A ki sa endepandans yo a sèvi yo la? Yo pa menm òganize eleksyon lakay yo pou yo chwazi dirijan yo. E li ta sanble vre. Ezanp lan klè. Eske Matiniken, Gwaloupeyen ank lòt ankò ki pa t pran endepandas yo, se se jenn fanm ak jenn gason teritwa say o k ap kite peyi yo an mas toupatou ap chache touye vè nan vant yo, Chili, brezil, toupatou? Eske yo gen gwo pwoblèm ensekirite menm jan ak peyi nou, ….? Repons lan se non. Kòmanse pa kreye estabilite nan chanjman gouvènans peyi a travè leksyon se deja yon bon siy nou sou wout pou n adrese pwoblem fondamantal yo.

Pa gen eleksyon se siy ke pa gen alternativ fas a yon a yon rejim ki pa vle korije e ki pa vle rekonèt ke apwòch li a fayi e ke li ta dwe chache mwayen korije sa e pa fè plis dezas nan peyi a. 

Pa gen eleksyon se siy n ap pousuiv yon politik, hinghang, koupe tèt boule kay san fen depi gè lendepandans. Alòske, koupetèt boule kay la pa gen plas li jodia. Paske se detwi l ap detwi ekonomi peyi a davantaj. Se lajan peyi n ap boule. Peyi a gen kalifikasyon : “Un pays qui recommence à chaque évennement”. Chak fwa nou leve kont sistèm nan, se deckouke, boule, alòske nou bezwen sa ki la deja pou n konstwi sou li. E swadizan boujwa peyi a sèvi ak sa kòm pretèk pou yo pa fè okenn envestisman serye nan peyi a. E se vre si n ap boule biznis yo toutan  eske gen garanti pou sekirite envestisman? Eske se pa di nou di moun pa vin envesti nan peyi a. Epi tou, lè w boule biznis yon moun se moun se moun k ap fè biznis ki an konpetisyon avè l la ou aranje. Lè sa li pi alèz pou toupizin nan pri yo.

Si pa gen eleksyon, ap gen plis chans pou pwosè “Petwo karibe” a pa janm fèt. Paske lè sa gen plis risk pou yon gè sivil eklate nan peyi. E, si yon yon gè sivil pete nan peyi a, nou pa konn konbyen tan l ap dire, e ak ki sa l ap abouti. Kidonk, sa pa yon opsyon ditou ki pou sou tab la. N ap fè remake, gen anpil moun, menm plim, menm plimay ak sa y ap repwoche yo, k ap pran pòz yo se sen kounya yo men. Toutotan se pa sistèm nan , nan fondman l nou atake l, se pou moun sa yo n ap travay.

Pa gen eleksyon nan peyi a ap bay jarèt ak konplo makab sa ki gen jè, jiska prezan, sou menas estabilite ak devlopman peyi d Ayiti ka reprezante kont enterè ekonomik yo, ki chita sou ideyoloji rasis yo, ki vle toujou fè konprann gen ras ki siperyè pase yon lòt.  E, jiska prezan, gen moun k ap itilize vye lide konsa, pou yo divize mond lan e evite k eke mas yo toupatou sou latè solidarize yo kont mòd d eksplwatasyon ekonomik k ap detwi anviwonman nou yo, pèp endijèn nou yo, ak koneksyon avèk lanate. Yo men sèvi ak vye ideyologi sa yo kòm baz pou jistifye dominasyon yo sou lòt moun.

Operasyon “kout pyè loray” la yon mouvman peyi sans paspouki

Operasyon “Kout pyè loray la” se yon mouvman pou ranvèse yon sistèm k ap toupizi peyi depi 1805. Operasyon “Kout pyè loray" la, pa kont ni ti Jak ni ti Pyè. Byen ke nou konnen, nan peyi d Ayiti depi ou ken ti devan non w, oubyen ou gen ti non jwèt, alòske ou pa atis, sav le di gen yon lòt rezon pou sa.

Endiyasyon “Petwo karibe” luil nan operasyon “Kout pyè loray” la

Nou vle presize, pou nou :

 Mouvman “Petwo karibe” a, pa ta sipoze entèprete kòm yon mouvman kont ni Mateli, ni kont Lamòt, ni Jovenèl ak akolit yo, ni kont okenn manm Lavalas, ou opozisyon ou sosyete sivil non yo site nan dosye a , ni kont youn ni kont lòt. Mouvman sa kòm nou di l la, se ekspresyon endiyasyon jeneralize sou itiyasyon peyi a. Sa te ka rive ni sou rejim lavalas la, ni sou rejim inite ak lòt regim ki te pase avan yo. Petwo karibe, nan sans pa nou se denye gout dó ki renvèse vaz la.

Nan menm lyen ak lide piwo a, nou konsidere “Petro karibe” a se yon okasyon pou n repati redemare peyi a sou yon lòt baz. Sa vle di pou n atake pwoblèm fundamental peyi a, tankou : Koripsyon, eskrokri, voyourism, antivalè,  divizyon agoch adwat, kòm nèg anwo kont nèg anba et visevèsa, nèg lavil kont nèg andeyò, nèg limyè kont nèg fènwa, Ayisyen anndan kont Ayisyen deyò elatriye. Selon nou, Ayiti pa ta sipoze gen mòd bagay sa yo kòm modèl oubyen mòd viv nan peyi sa a.

Mouvman “Petwo karibe” a se yon okasyon pou Ayisyen retounen ak rèv zanzèt li yo pandan yo t ap bay san yo pou endepandans peyi a. Paske, se pa pou sa zanzèt yo te batay pou yo te bay peyi a endepandans li. Kòm nou te wè l pi wo a, se pa pou tèt yo sèlman yo te batay. Se te pou tout limanite pou toutan ki menase sou lopresyon ak dominasyon tiranik e san kè. Pou ayiti te ka vin yon model manman libète, yon egzanp de vrè egalite e fratènite ant. Swa rèv zansèt peyi D ayiti yo reprann plas li nan sosyete a oubyen li mouri nèt.

Pou nou aboutisman mouvman petwo karibe a, se pa wè ke gen pwosè ki fèt epi yo mete ni youn ni lòt nan prizon. Dayè menm volò pa alèz pou yo enveti kòb yo vòlo yo nan peyi a epi rete ladan l pou yo banboche l. E menm si yo ta nasyonalite peyi kote yo envesti kòb la, y ap toujou konsidere kòm etranje, kidonk yo pa anndan an. Nou ta renmen omwen ke gen yon kondanasyon moral, sosyetal ki fèt pou tout moun ki koupab nan dosye sa. Pa egzanmp, yon mwa prizon pou chak moun sa yo e inelejibilite pou pòs elektif yo ak pos nan administrasyonleta a. Yon fason pou n di: “Peyi devlope yon etadespri ki di nou koipe fache ak mòd fonksyonnman sa yo e tout moun pran fòm kò w”.

Yon angajman sans paspouki pou libere nanm lepri zwazo migrate ki lakay Ayisyen an

Nou vle di tou mouvman sa a, pa gen yon mèt, ni li pa gen mètrès, menm si l gen manman li pa gen papa, men li bezwen parenn ak marenn nan peyi a ki konsekan ak tèt yo. Se yon mouvman sitwayen ki pa nan okenn patipri, ni konplo ak X ou Y kont Z. Endiyasyon zafè Petwo karibe a, n ap repete l ankò, se yon konjonkti ki met luil nan  motè mouvman  e n ap ajoute, ki estat mote a tou. Nou pa bezwen okenn woulibè politik e nou p ap kreye okenn nouvo lidè. Sa pa vle di moun ki nan mouvman politik pa ka nan mouvman sa a. Non napwen moun ki deyò, tout moun anndan. Menm malfini move plim move plimay ki vle chanje yo.

San pa defann okenn moun, nou rekonèt nanpwen Ayisyen ki pa renmen peyi l vre. Men nou tèlman kite sistèm awousa oubyen flibisye a enstale kò l nan peyi a, tout moun pè kò yo. Frè Afriken nou yo eskize pou espresyon awousa nou itilize a paske nou konnen awouza se etni ki nan afrik de lwès an patikilye, men ki pa gen ayen pou l wè avèk konotasyon mo sa gen ann Ayiti. Brèf. Pi fò Ayisyen wè pou yo gen yon bèl kay se lòt kote pou y al achte l ou al bati l. Tandi ke li pa menm ka rete ladan l.  Paske anpil nan yo, kote yo achte vila yo a yo pa gen papye pou yo rete plis pase 6 mwa nan peyi sa. E menm lè yo gen papye, yo toujou gen sansayon ke se nan prizon yo ye laba. Anvi vin Ayiti a ap toumante nanm yo toutan. Alò, gen Ayisyen ki pa renmen Ayiti? Di n pito sitèm awousa oubyen flibisyè a tèlman byen enstale nan peyi a, lespri zwazo migratè a, kòm nou te di l pi wo a, vin twò fò lakay Ayisyen. Kò yo vin an toumant an pèmanans, yo pa ka rete yon kote. Kon y ale, yo ta renmen tounen. Kon yo vini yo ta remen tounen laba ankò.

Yon bagay nou vle di, Ayisyen pa ta dwe koute okenn moun k ap klewonnen, Ayisyen pa renmen peyi l. ni tou, peyi a fini pa gen moun ankò anndan l. San n pa fè piblisite pou okenn moun, nou kwè peyi a gen anpil bon moun toujou ladan l, moun ki gen konviksyon, ki gen vizyon, ki onèt e ki gen karaktè. Gade nan anviwonman n, nan lekòl, nan inivèsite, nan meri yo, nan enstitisyon publik yo, nan biznis prive yo, nan laprès la, nan òganizasyon ak asosyasyon san bi likratif yo n ap wè anpil, anpil moun nou ka konte sou yo pou n chanje direksyon peyi a. One respè pou yon nèg tankou profesè Leslie Francois Manigat, men nèg yo p at kite l fè plis pase 4 mwa sou pouvwa. Fò n cheche moun ki gen karaktè, moun ki pa ba okenn moun kenbe anyen pou li, ke enterè peyi. Fò nou ta sispan bay moun ki pòv d espri dirije peyi a.

Konklisyon

Ann pa bay tèt nou manti, memwa lòt peyi poko prè pou dijere Ayiti fè awogans avè yo pan dan yo gen tout mwayen yo pou yo mete bòt sou kou l. Men sa pa vle di pou peyi kòm yon timou devan yo tou non. ,Paske gen mwayen dwa entènasyonal pou tout peyi defan tèt li lè li santi li agrees wi. Menm si nou konnen, sa pa mache toutan. Men nou fè prèv de sivilite lè nou defann tèt nou san awogans e nan limit sa dwa entènasyonal la ban nou. Yon peyi tankou Lafrans poko janm dijere pèt batay lendepandans la ann Ayiti.  Se pa san rezon ansyen prezidan Fransè, Nicolas Sarkozy, avèk umour, premye fwa yon prezidan fransè ap vizite peyi d Ayi te di : « Ne nous voilons pas la face. Notre présence ici n’a pas laissé que de bons souvenirs ». Men eske pou sa Ayiti toujou ap konsidere se kòmsi li te toujou an gè avèk la Frans? Non men fòk nou toujou cheche korèk avèk tèt nou et si gen yon bagay ki pa mache pou diskite l ak entèlokitè a sans pa nan batay pou sa. Yon sèl bagay, toutotan nou pa serye ak tèt nou yo p ap respekte o nivo entènasyonal. Toutotan peyi a pa gen mwayen politik li, e pa òganize l, li p ap janm ka soti anba politik entènasyonal bese triye a. Pou nou menm, pèp fransè, pèp ameriken oubyen yon lòt pa enmi peyi d Ayiti. Men gen kèk moun, ki ka soti toupatou, ki ka kont pwojè peyi a si oryantasyon l pral deranje biznis yo. 

Pèmèt mwen itilize kounya pwonon pèsonèl mwen olye de nou nan teks la kounya. Paske sa m pral di a angage m, e mwen sèlman. M konnen gen mou, anndan kon deyò, n ki pral kòmanse tire boulèt pwent ou byen kreye vye pawòl. Paske mòd pawòl ki pouse Ayisyen aji pou chanje mòd vye gouvènan Ayiti gen digdantan pa nan avantaj yo. Fok peyi a rete jan l ye a swa pou yo kontinye eksplwate l, swa pou yo satisfè ògèy yo.

M vle fè tout moun konnen :

M pa ekri tèks la paske n anvi ekri atik oubyen pou n vin popilè, oubyen ankò, pou n ajoute luil sou dife ki limen deja. Si n te bezwen ekri bèl atik oubyen pou n vin popilè, pou konpleks ak ipokrizi nou konnen ki gen nan sosyete ayisyèn nan sou lang kreyòl, se pa an kreyòl nou t ap ekri. E, si nou te bezwen mete dife sou luil ki limen deja, nou t ap di : “Grendye alaso, sa ki mouri zafè ya yo”.

Epitou, nou p ap ekri paske n gen anbisyon politik. Dayè, sèvitè w  pa soti nan yon fanmi ki gen tradisyon politik ou ki gen foli grandè oubyen foli okipe gwo pòs politik. An plis, lè n ap gade konesans, konpetans ak eksperyans sa mande pou yon moun ta okipe yon fonksyon politik nan yon pei nan tan modèn sa, nou kwè sèvitè w poko pare pou l ta jwe wòl, toubonvre, yon CASEC ou ASEC. Alevwa, pou l ta panse okipe yon pi gwo pòs. Eskize n no upran egzanm pòs CASEC ak ASEC la, se pa paske li se yon ti pòs parapò lòt yo non. Dayè pou nou, se nan pòs sa yo pou ta gen moun ki pi fò paske se la menm pou baz devlopman peyi n kòmanse.

M konsifdere tèks sa m ekri a kòm kontribisyon p am kòm sitwayen ayen pou ekri paske n vle tradui kri pèp la ki di li bouke toutbonvre. Tankou tout Ayisyen, ki pa gen foli rich sou fratra, nan fè malfèktè, nan vòlè, fè dappiyanp sous a k pa pou li, m ta renmen wè peyi m soti nan sitiyasyon lawont li ye devan kominote entènasyonal la, aloske se pwòp piti peyi a ki mete l nan sa l ye la.

Pozisyon nan teks la se pawòl pa m li ye. Li pa dikte ni angaje okenn lòt moun. Yon kadè ma tande yo pa okipe l Mateli ak Ameriken voye l oubyen yo di lavals ak opoziyon voyel, eksetera era

Men en apèl pa m :

Fok nou kanpe nou tout di se ase: Fok nèg ki gen volonte pou chanje peyi a pa pè sèn politik Ayisyen an, pou peyi a jwenn repitasyon l kòm yon vrè peyi lib, granmoun tet li, ki gen moun ki gen konpetans ak karaktè ladan l. Pou nou di, politisyen sispan itilize povrete mas la pou yo fè peyi tounen yon foumiyè gang pou sempman kenbe peyi ann otaj, pou yon ti gwoup kontinye ap toupizi ekonomi ak piye resous peyi a.

M ap lanse yon apèl a tout jenn fanm ak jenn gason ki gen 18 an deja ak granmoun yo, pou nou di ase kont tout lawon tèt kale tankou lavalas, 184 Grenn nan Bouda, kon Rat pa Kaka, piyagè tankou sitirè, elatriye, k ap kontinye sal repitasyon peyi a onivo entènasyonal. Yo kontinye wè nou kòm yon bann ak pakèt pye sal, yon kolonn idyo san sèvèl, ni konviksyon, ni rèv pou peyi l. Yon bann makak ki pa konn fè lot bakay ke grimas. Yon bann pòv d espri ki pa konn santi bon. Yon bann malere yo ka acte ak 1000 goud. Li lè, li tan pou nou ranmase karatè nou pou n di se ase, nou se moun takou tout moun, nou ka òganize n, nou gen sèvo ak men, nou gen diyite e nou renmen peyi n tankou tout lòt nasyon konsekan. Li lè li tan pou n voye yon mesaj fò bay tout moun anndan kon andeyõ peyi a pou di yo, malgre dezas yo wè nan peyi a, efò ak lespwa zansèt nou yo pa pèdi e li p ap pèdi.

Ayibobo pou tout fanm ak gason, timoun, jenn tankou gramoun, ki gen rèv pou wè peyi sa, nan zye entenayonal la kòm yon Eta vwayou, abite pa yon bann sovay, san entelijan, san karatè e san diyite.

Jean Laforest Visene de Lyvia Tulcé

Professeur d'Université

visenejl@gmail.com

Auteur

Réagir à cet article

Nous avons remarqué que vous utilisez un bloqueur de publicité.

Notre contenu vous est présenté gratuitement à cause de nos annonceurs. Pour continuer à profiter de notre contenu, désactivez votre bloqueur de publicité.

C'est éteint maintenant Comment désactiver mon bloqueur de publicité?

How to disable your ad blocker for our site:

Adblock / Adblock Plus
  • Click on the AdBlock / AdBlock Plus icon on the top right of your browser.
  • Click “Don’t run on pages on this domain.” OR “Enabled on this site.”
  • Close this help box and click "It's off now".
Firefox Tracking Prevention
  • If you are Private Browsing in Firefox, "Tracking Protection" may casue the adblock notice to show. It can be temporarily disabled by clicking the "shield" icon in the address bar.
  • Close this help box and click "It's off now".
Ghostery
  • Click the Ghostery icon on your browser.
  • In Ghostery versions < 6.0 click “Whitelist site.” in version 6.0 click “Trust site.”
  • Close this help box and click "It's off now".
uBlock / uBlock Origin
  • Click the uBlock / uBlock Origin icon on your browser.
  • Click the “power” button in the menu that appears to whitelist the current website
  • Close this help box and click "It's off now".