Ak tout respè, yon bèl powèm, dizon yon litani, yon jeremyad, yon egzòtasyon... san di pètèt. Tankou anpil lòt, nan istwa sa k lakòz kokennchenn bafon ki separe ti gwoup richa yo ak majorite pòv la an Ayiti.
Mesye Rouzier, m pa gen okenn baz pou m ta gen dout, ni sou lafwa w, ni sou bòn fwa w, ni sou respè obligasyon w vizavi Leta, epi ni sou zèv sosyal ou fè.
Depi kèk jou, prezidan Jovenel Moïse dekrete “États généraux sectoriels de la nation”. M pa konn sa aktivite sa a ap pote. M pa konn rapò w nonplis ak prezidan Moïse.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous