29 mas 1987 - 29 mas 2016, sa fè 29 lane depi Konstitisyon peyi a pote de gwo atik pou devlòpman lang ak kilti kreyòl: Atik 5 ki mete kreyòl lang ofisyèl nan menm ran ak franse epi atik 213 ki kreye Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA).
Depi 1804, tousuit apre lendepandans peyi a, dirijan yo t ap mande ki lang pou yo itilize pou kominikasyon ofisyèl nan nivo nasyonal ak nan nivo entènasyonal. Li te difisil pou yo pran yon desizyon pou fikse lang ofisyèl peyi a. Jou ale, jou vini, kesyon sa a te rete san repons. Nou rive nan lane 1918, kote Konstit
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous