Jeudinema
Son adresse e-mail :

Ses derniers articles

article.title

Konfinmantal

25 juin 2020


Konfinmantalman m sòti
Vin aplodi yon sivilzasyon
K ap rakle nan pikèt

Se manman yon
bann ti kochon
k manje santiman
Nan po bannann
bwè dlo manyòk

Peyi Lejip temwen
Bondye pot ko bondye
Lagwa pa t pou piyay


Konfinmantalman m vin pou kont
Nan kafouyay brigan k ap tòde
kou linosans
Kraze sèvèl zele
Niche baton an
Tann mèt li

Se remò k konn pri santans


peyi yo piye yè
pot chay san l pa konnen
Maleng fè komès gal

Kot lapriyè monte
Rapid pichon tonbe
Loray pa konn mizè
doulè pyès pye palmis 
Adye anblèm adye deviz

Papa
oumenm ki met konsyans
Lagann pisans nan mòg 
Moun klima chanje po
Plis pase moul fo kòb yo
Retire kò w
Pou san pa vole sou ou

San dout yo konnen
Dessalines pat krabè
okenn God yo trust
Ni time ki money
Ti koutay ki fèt
nan vann moun pa lo
Janmen!


Yo envante kamera
Pou filme lanmò
Fè foto priz tè
Sou lestomak nou
Nanginen plenn
vale soupi
degobye rezon
Gwòs lanmizèrikòd!

Se klè
Klate pa jou
Nan rèv kolonize 
Kot chak pèp ap priye
Solèy li tèt anba
lekòl s on fabrik ras
san kolòn vètebral 


Ti dife volan yo bay
Pou demokrasi a
Boule depi m maten
avni lòm rapyetè

sivilzasyon
bann ti kochon
Ki bwè dlo manyòk la
Ap rakle nan pikèt lontan
Peyi Lejip te mwen
Bondye pot ko bondye
Lagwa pa t pou piyay

Nan konfinman pa m nan
Silans pete pòt syèl
Floyd l ap chèche

Jeudinema
Konfinmantalman
Jen 2020

.
article.title

C’est avec mains qu’on fait chansons, un vrai miroir de Côme

16 juin 2015
« Qu’est-ce qu’écrire sans t’écrire? » alors qu’il nous écrase d’évidence que « c’est avec mains qu’on fait chansons».
article.title

Là où le cri devient corrosif, à lire debout...

03 juin 2015
Désormais, le poids de chaque vers vaut, sinon, presque un pesant d’or chez le travailleur de forme qu’est Yves Romel Toussaint.