Pou Brianca Loveliette,
fanm mwen travèse pou m al wè kote lanmou fè nich
ou vini nan rèv mwen
tankou 2 branch lanmou
lanmè woule m sou plaj ou
ou fè kim
anmezi m ap ranmase w
ou fonn nan mwen
tankou solèy nan vè kleren
cheri
kite m travèse paradi w
yo di m tout ou menm
se fondasyon lanmou
si syèl, zetwal ak tout sa
ki ekzite yo kanpe
se gras a ou
kite m manyen longè rèv mwen
souple
m anvi plonje nan basen kò w
fè lanavèt sou chak branch
pwèl ou
m anvi tòtòt 2 grenn mango
sou kò w
nan mango goch ou
m anvi kapte dlo dous timanmi
Brianca
kite m mete lakansyèl
nan bòk bote w
.