Lakataw fè ta w
03 févr. 2025
Zam fè mikalaw an Ayiti. Zam pouse kou dyondyon. Ki moun ki pa gen zam an Ayiti? Zam ranplase lalwa. Christophe Philippe Charles, alias Christophélès, manm Akademi Kreyòl Ayisyen, trouve « Sitiyasyon peyi nou malouk, efrayik. » Kè powèt la ap senyen. Èske n ap chape? « Tire toupatou toutlajounen nan zòrèy mwen. Mwen abite Nazon ant Solino ak Kriswa. Kè m pa sispann sote. Nan chak kay, nan chak katye, nan chak vil kè tout Ayisyen ap sote. Bandi-teroris vle sote tout peyi a. Ayisyen ap mouri kou ravèt. » Eske n ap chape anba lakataw ki pa sispann fè ta w?