Anivince Anervé Jean Baptiste anivincejeanbaptiste25@gmail.com 
Son adresse e-mail :

Ses derniers articles

article.title

Lansman ofisyèl mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl

03 oct. 2024
Se nan otèl Montana, jedi 3 oktòb 2024 la, Akademi Kreyòl Ayisyen lanse mwa Selebrasyon lang ak kilti kreyòl (oktòb) ak aktivite pou make 10 zan kreyasyon enstitisyon an. Daprè Samuel Jean Baptiste, sekretè egzekitif Akademi an, diferan aktivite pou make doub selebrasyon sa a ap deplòtonnen sou tèm “Lang kreyòl : zouti rezistans pèp ayisyen”, soti 3 oktòb pou bout 4 desanm pwochen ki se dat enstalasyon premye kòwòt akademisyen kreyòl ayisyen yo. Konferans, atelye literati jenès, rankont ak ekriven, espozisyon ak vantsiyati liv, lekti senik, wonmble, toune fòmasyon, espektak se kèk pami aktivite ki nan ajannda Akademi Kreyòl Ayisyen an pou sezon selebrasyon an, toujou selon Sekretè egzekitif la ki soulinye aktivite mwa kreyòl yo ap dewoule nan Pòtoprens ak nan vil Ench.
article.title

Manno Ejèn pou yon nouvo kreyolizay

02 oct. 2024
Oktòb 1983- oktòb 2024, karanteyen (41) lane depi divès kominote ak peyi kreyolofòn nan lemond ak dyaspora yo ap selebre yon eritaj komen : lang ak kilti kreyòl. Se nan menm lojik selebrasyon sila a, an Ayiti, pandan tout mwa oktòb la, Anivince Jean Baptiste ap rankontre pou jounal Le Nouvelliste yon pèsonalite ki kapab swa lenguis, ekriven, pwofesè, akademisyen, kreyolis, operatè kiltirèl, jounalis, mizisyen, pawolye, komedyen, powèt… pou yon echanj djougan sou lang, kilti ak literati kreyòl. Rankont sila yo ki enskri nan kad mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl vle sèvi, anvan tout bagay, yon baz solid ki kapab itil bon jan refleksyon ak aksyon konkrè nan enterè devlòpman lang, kilti ak literati kreyòl. Nan nimewo sa a, n ap resevwa powèt Manno Ejèn, manm fondatè Sosyete Koukouy Kanada, envite donè Festival Entènasyonal Literati Kreyòl an 2019.
article.title

Félix Morisseau Leroy, gran powèt kreyolis, gran majòjon mo devan Letènèl

22 août 2024

Félix Morisseau Leroy se powèt, dramatij, kreyolis, jounalis, anseyan.

article.title

Jeremi ak Okay reyalize 8èm edisyon festival 20 jou ayisyanite

21 août 2024

Soti 26 jiyè pou rive 14 dawou 2024 la, Asosyasyon Kalbas Ayiti reyalize, prensipalman nan vil Jeremi ak Okay, 8èm edisyon Festival 20 jou ayisyanite.

article.title

Victor Benoît à Livres en folie avec « Des dates incontournables de l’histoire d’Haïti au 20e siècle »

12 août 2024

Dans ce premier tome de son livre « Des dates incontournables de l’histoire d’Haïti au 20e siècle, le professeur Victor Benoît présente cinquante (50) dates qui laissent leur empreinte sur l’histoire de notre pays de 1902 à 1987.

article.title

Le pasteur Joseph Erol Gillet parle d'eschatologie 

07 août 2024
Enseignons l’Eschatologie est une publication du pasteur Joseph Erol Gillet axée, naturellement, sur les évènements caractéristiques des « derniers temps ». Dans ce livre, l’auteur invite à la propagation des « idées eschatologiques » pour une meilleure compréhension de l’avenir de l’homme et du monde. Dans l’ambiance d’une écriture fluide et captivante, la lecture de cet ouvrage nous dit ou rappelle avec éloquence que tout est sous contrôle de la Providence.
article.title

Teyat Nasyonal Ayiti lanse Atelye Syto Cavé

06 août 2024

Se nan lokal lise nasyonal Petyonvil, Teyat Nasyonal Ayiti lanse, lendi 29 jiyè 2024 la, “Atelye Syto Cavé.

article.title

« Voyages pour égorger la nuit » de Richardson Auguste

01 août 2024

« Voyages pour égorger la nuit » est un texte d’une haute puissance évocatrice qui prolonge à chaque fois le plaisir de la lecture comme pour nous rappeler que la poésie a toujours été cette musique enivrante qui, à sa manière, vivifie et fortifie.

article.title

Christophe J. Philippe Charles nan Liv an foli : yon ekriven pou listwa, memwa ak literati kreyòl

29 juil. 2024
Christophe J. Philippe Charles se sètènman yonn nan pèsonalite ki pote yon kontribisyon ki pi divèsifye nan kesyon literati an Ayiti. Antanke fondatè Éditions Choucoune (1978), li patisipe an gran jan nan anrichi patrimwàn dokimantè ak literè ayisyen an, kote li pibliye yon latriye otè, plizyè jenerasyon melanje : Marc Exavier, Pradel Henriquez, Louis Phillipe Dalembert, Anivince Jean Baptiste, Dominique Batraville, Renold Laurent, Clarel Joseph, elatriye. Kòm powèt, ekriven, li pibliye plizyè dizèn liv ak dokiman ki chita nan plizyè kategori. Sou chapo kritik literè, li reyalize plizyè etid ak analiz sou ekriven diferan jenerasyon ki leve banyè kreyasyon literè peyi a wo atravè zèv yo. Men, nan tèks sa a, nou vle limen pwojektè nou sou kontribisyon akademisyen Christophe Charles pote nan travay pwomosyon ak valorizasyon literati kreyòl ayisyen an.
article.title

Deyita nan Liv an foli

24 juil. 2024

« Ekri kreyòl se pa voye kout manchèt nan dlo.