Pòtoprens nan sewòm

titak pa titak lavi pòtoprens prale titak pa titak pòtre koralen vag lanmè makònnen nan mitan flanm sole pòtoprens degrennen titak pa titak tankou move lapli titak pa titak ki refize tonbe menm si yo ba l bonbon fè jaden filalang pou granmoun ka plenyen fè goutyè filalang pou timoun pa benyen grenn pa grenn pòtoprens konte mò pòtre makòn zonbi sou bitasyon grandon grenn pa grenn fè yon bann goudougoudou yon bann moun pran lari pa gen bann ni rara goudougoudou yon bann moun pran danse oun dènye kout tanbou oun rabòday fyèl bèf pak pitak pitak pak pitak pitak pak pitak pitak pak grenn pa grenn se pa youn grenn pa grenn se yon dal yon dal kò anba dal fè kè tout latè grenn de pye bwatchèn nan chenn chemen dèdal anba dal dal beton kòlòwòch dal beton koule rèd pi rèd pase dlo chèch nan je vil pòtoprens titak pa titak lavi pòtoprens prale titak pa titak figi l kole pyese bade mak sifilis pòtre nanm jenn gason chagren damou fennen cheri si n te renmen ala bèl nou ta bèl nou ta bèl tout koulè ta fleri kou bèlè lò sezon posesyon kou kandelam dèlma zanmann ak kayimit nan memwa san kanson nou ta tire lobe nan dlo ravin pentad vlope ak zèl lavyon fè laviwondede titak pa titak lavi ti nèg prale si nou te konn konte nou ta gen tan byen lwen cheri mwen pa ta lwen nou ta gen milyon ven men lavi jeretyen paske n pa konn konte titak pa titak lavi pòtoprens prale titak pa titak se pa dat n ap woule se pa dat n ap debat se pa dat nou deyò ap dòmi anba pay ap dòmi san soupe pou n jwenn peny lasirèn men se atò nou lèd lannwit lan lou pase yon sak sèl cheri vin nou damou pou nou bèl tout koulè pou m renmen w tankou yè tankou bouzen sou ray bounda w te mèt fobop m a fèmen je m reve epi m a wè w pi bèl n a gouye san rete epi wa va leve epi wa vin pi bèl pase larèn solèy titak pa titak titak pa titak titak pa titak titak pa titak titak pa titak titak pa titak.

Louis-Philippe Dalembert
11 janv. 2011 — Lecture : 2 min.
titak pa titak lavi pòtoprens prale titak pa titak pòtre koralen vag lanmè makònnen nan mitan flanm sole pòtoprens degrennen titak pa titak tankou move lapli titak pa titak ki refize tonbe menm si yo ba l bonbon fè jaden filalang pou granmoun ka plenyen fè goutyè filalang pou timoun pa benyen grenn pa grenn pòtoprens konte mò pòtre makòn zonbi sou bitasyon grandon grenn pa grenn fè yon bann goudougoudou yon bann moun pran lari pa gen bann ni rara goudougoudou yon bann moun pran danse oun dènye kout tanbou oun rab

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous