Avanti avèk Bukele : Yon malè pandye oubyen yon opòtinite ?

Depatman Lwès ap viv yon kriz san parèy depi asasina dènye prezidan Ayisyen an, Jovenel Moïse, le 7 jiyè 2021.

Par Paul Jérémie
12 nov. 2026 — Lecture : 7 min.
Avanti avèk Bukele : Yon malè pandye oubyen yon opòtinite ?

Nayib Bukele dans un défilé militaire

Depatman Lwès ap viv yon kriz san parèy depi asasina dènye prezidan Ayisyen an, Jovenel Moïse, le 7 jiyè 2021. Pandan aktivite yo nòmal nan sèt lòt Depatman yo, move konsekans yo gaye nan Depatman Sant ak Depatman Latibonit, kwak domaj yo pa rive nan nivo pa Repiblik Pòtoprens. Bilan an bay bil ak anpil kè sere: Twa ka teritwa pèdi, popilasyon deplase pa milyon, plis pase 16,000 moun tonbe depi 2022, lavi chè depase, kay dekonstonbre, katye abandone, raje pouse nan tout rakwen, lekòl ak lopital boule, biznis ak enstitisyon kraze, ayewopò fèmen, Leta absan... Brimad ak pataswèl adwat agoch. Epi, sanzatann, Bukele parèt.

Plizyè Ayisyen panse depi yon moun kesyone debakman fòs lame Salvadò yo nan peyi a, se gwoup sivil ame yo l ap bay jarèt. Pou yo, tout moun ta dwe rejwi ak manifestan yo nan lari Pòtoprens e mete ak yo pou rele "Viv papa Bukele ! ".

Pa gen pwoblèm si "le peuple s'amuse", si yo jwenn yon ti kleren pou fè yo bliye mizè, yon ti anestezi pou kalme doulè, yon ti dwòg pou fè yo reve. Se efè sa a debakman sòlda Salvadoryen yo sanble genyen sou anpil Ayisyen. Ou ta di moun yo t ap neye, epi yon pwochen lonje men ba yo. Nan sikonstans sa a, anyen lòt pa konte, y ap pran nenpòt ki sa, y ap fèmen je yo sou tout bagay. Ou ta di moun yo t ap toufe, epi yon sekouris mete yon mask oksijèn sou nen yo. Okenn sitwayen sansib pa kab fache pou lavalas soulajman sa a ... sitou si yo pa sou teren an.

Pwoblèm nan se moun k ap vide kleren ak dwòg sou manifestan yo nan fè yo kwè Ayisyen enkapab e se etranje k ap vin sove Ayiti... sitou si etranje an di se bondye k voye l. Sonje gen omwen douz misyon Nasyonzini k ap defile ann Ayiti depi 1993. Men non yo :

1) MICIVIH (Mission Civile Intemnationale en Haïti)

2) MINUHA (Mission des Nations-Unies en Haïti)

3) MANUA (Mission d'Appui des Nations-Unies en Haïti)

4) MINUH (Mission de Transition des Nations-Unies en Haïti)

5) MIPONUH (Mission de Police Civile des Nations-Unies en Haïti)

6) MICAH (Mission Civile

Internationale d' Appui en Haiti)

7) MIF-H (Force Multi nationale

Intérimaire en Haïti)

8) MINUSTAH (Mission des Nations-Unies pour la Stabilité en Haïti)

9) MINUJUSTH (Mission des Nations-Unies Pour l'Appui à la Justice er Haïti)

10) BINUH (Bureau Intégré des Nations-Unies en Haïti)

11) MMAS (Mission Multinationale d'Appui à la Sécurité en Haïti)

12) FRG (Force de Répression des Gangs).

Detanzantan, se "le suivant", eksepte MINUSTAH ki dire trèzan, de 2004 a 2017 ak MICIVIH ki dire setan, de 1993 a 2000. Chak fwa, misyon yo anonse gwo chanjman. Men yo annik mete yon pansman sou soufrans peyi a epi yo chanje fòm. Okenn rezilta pa dire. Se kòm si peyi Core Group yo ap sabote Ayiti anba anba. Pa gen volonte pou yo kite peyi a manche. Genlè enstabilite a nan enterè yo. Nan pran okipasyon youn dèyè lòt, Ayiti tounen yon "protectorat" Core Group, san sa pa ofisyèl. Yo mete l sou lobedyans sou pretèks li pa kab dirije tèt li, alòske se yo ankò k ap seleksyone prezidan, Premye Minis ak chèf polis yo vle, se yo k ap ekzile ou asasine sa yo pa vle yo, se yo ki anpeche Ayiti eksplwate resous li genyen an ba tè ak lanmè paske yo pran l kòm yon rezèv estratejik. Abi sa a trajik.

Pwoblèm nan ankò se joure e lonje dwèt sou moun k ap fè manifestan yo sonje se pa tout kleren ki bon kleren, e se pa kleren ni dwòg k ap geri maleng peyi a. Maladi Ayiti soufri a konplèks e li gen rasin fon, depi nan tan lakoloni. Se yon sistèm peze souse pou yon ti gwoup ki entouchab e ki gen tout monopòl. Se yon laboratwa pou peyi enperyalis. Se yon sistèm "apartheid" ki privilejye koulè po ak lang yon ti minorite. An sòm, Ayiti se yon siga limen nan de bout, yon bonm ki toujou pre pou eksploze. Sèl Ayisyen kab sove Ayiti. Pa gen wout pa bwa. Gen yon lòt atik ki pral abòde sijè kapital sa a.

Pwoblèm nan anfen se deklare ke moun k ap poze kesyon, k ap mande regleman, se lènmi ki pa swete wè soulajman pou pèp la e k ap voye dlo frèt sou kontantman yo.

Men sepandan, gen kesyon lejitim sou karyè prezidan Salvadò Nayib Bukele ak vis-prezidan Félix Ulloa kòm sekretè nan sèvis peyi Etazini, menm si yo pa dakò yo se tyoul. 

Gen kesyon lejitim sou rezon ki fè sibitman dirijan Salvadò yo vle "libere" Ayiti, alòske se pa t sa yo te vin regle avan. Yo te di sèl objektif yo se jwenn epi retounen lakay yo ak kat teknisyen aviyasyon Salvadò ki te disparèt nan yon anbiskad Kwadèboukè (Santo) jou 18 oktòb 2026. Men ki deklarasyon Bukele te fè san li pa t pase pa kanal diplomatik.

« Si gangstè yo remèt kat teknisyen yo vivan san yo pa fè yo anyen, TOUT BAGAY AP RETOUNEN JAN SA TE YE ANVAN. »

Gen kesyon lejitim sou tout sa k ap maniganse pou lame ak polis Ayiti pa janm ekipe kòrèkteman dekwa pou yo koresponn ak gwoup sivil ame yo e metrize yo. Selon plizyè ekspè nan domèn nan, sitiyasyon gravman grav nan Repiblik Pòtoprens la gen solisyon lokal. Ekspè yo kwè, malgre tout espyon ak move grenn nan sen yo, ke SWAT, UTAG, USGPN ak UDMO LWÈS gen kapasite pou fè kalite operasyon sòlda Salvadò yo ak Fòs Represyon Gang (FRG) ap mennen depi kèk tan.

Anpil lòt kesyon dwe poze, e yo dwe jwenn repons transparan. Gen moun ki pa poze kesyon paske yo pran Bukele kòm yon sovè e yo ba l iminite. Se opinyon yo, se dwa yo. Sepandan fè ankèt sou Bukele ak Ulloa pa vle di yon moun pa renmen pèp, sa pa vle di l ap sipòtè bandi kidnapè k ap teworize popilasyon Depatman Lwès, Sant ak Latibonit. Si fanatik Bukele yo te kapab, yo t ap bay tout kritik yo bwa kale. Se pa premye fwa gen Ayisyen k ap fè lwanj pou yon sovè. Yo manje manje bliye. Depi yon moun ap fè tout opozan pase pou kriminèl, se frajilite pozisyon li l ap maske. Se yon demonkrat, yon entoleran.

Salvadò okipe Ayiti de facto. Premye Minis de facto a, Alix Didier Fils-Aimé, aksepte pou Ayiti gen yon fòs lame etranje endepandan e ki pi pisan pase tout fòs lame ansanm ki sou teritwa a. Sa pa fè okenn sans. Dènye fwa sa te rive se lè operasyon Soutni Demokrasi (Uphold Democracy) te vin remete Jean Bertrand Aristide sou pouvwa. Li te jwenn sa l te mande a apre li te fè plizyè "ti dezòd" ke peyi a ap peye jouk jounen jodi a. Patriyòt konsekan dwe denonse deriv Fils-Aimé a, menm jan yo te kondane zak Aristide yo. 

Nan moman an, gen twa fòs lame etranje ann Ayiti : Mèsenè Erik Prince yo, Fòs Represyon Gang (FRG), Fòs Lame Salvadò. Anyen pa klè sou kantite tan misyon yo ap dire, sou fason y ap kolabore, sou kiyès ki gen otorite sou lòt. Bukele pa pran lòd nan men pèsòn. Li joure Amnesty International ak tout moun k ap di l mete dlo nan diven l. Li pale dirèkteman a pèp Ayisyen tankou yon "proconsul". Gouvènman Fils-Aimé a di li gen yon akò bilateral ak Salvadò, men yo pa rann li piblik. Se yon dezòd pou gen tout akò sa yo san pa gen yon kòmandman santral klè. Avanti sa a se yon veritab gagòt.

Patriyòt konsekan dwe rete vijilan tout tan. Yo pa gen pou y ap rele "Viv papa Bukele ! ". Si yo fè sa, se trayizon. Yo dwe pridan avèk tout sekretè peyi Etazini, sitou se pa t Gouvènman peyi a ki te envite yo. Ayisyen dwe konnen ki enterè Bukele ak Ulloa ap defann e ki motif prezans yo, sitou yo nan kanpay pou eleksyon lakay yo an fevriye 2027, e opozisyon an pa t dakò pou Salvadò patisipe nan FRG a. Ayisyen dwe fouye nan pase de mesye sa yo. Yo dwe gade yo nan je. Yo dwe ba yo limit yo. Yo dwe sou kontwòl. Se Gouvènman Ayiti a ki dwe deside règ jwèt la.

Fils-Aimé pa oblije mache tèt bese

Devan Bukele ni okenn fòs etranje.

Osinon pito l fè pakèt li ale.

Si Ayiti ap resevwa, li dwe kòmande.

An prensip, patriyòt konsekan dwe opoze 

Lè bòt etranje sou tè Desalin nan debake.

Yo pa bon zanmi Ayiti vre. 

Lanperè te wè lwen e te di se yon danje.

« Se yo ki pral fè konplo pou yo mete n nan traka / Ils seront les machinateurs de nos troubles. »

Èske avanti Bukele a se yon lòt malè pandye ? 

Non, se pa sa l oblije ye.

Si yon moun byen gade, 

Ayiti deja ap degrengole, 

Souverènte li anba pye,

Pa gen twòp pou l pèdi an reyalite.

De tout fason, fòs Salvadò yo fin la. Deja sa chanje rapò de fòs ant Gouvènman an e gwoup sivil ame yo. Ak teritwa pèdi y ap reprann, otorite Leta ap retabli. Ti parenn yo sanble nan mawon. Gwo parenn yo pè tankou sourit. Bukele fè gwo pwomès, li flate anpil pitit Dessalin ak pawòl dous, e li bay viktim yo espwa tounen lakay yo. Devwa patriyòt konsekan se veye operasyon k ap fèt sou teren an, dekwa pou inosan pa peye pou koupab. Veye yo !

Kòm Ayiti se yon mirak, kòm Ayisyen abitye bat dlo pou yo fè bè, anyen pa anpeche yo pran avantaj nan nenpòt sa yo jwenn, nenpòt sa yo ba yo... menm si se yon kado pwazon. Menm kou ba kapab kapote e pote peyi a konkou.

Kesyon dwe kontinye poze, men kesyon ki pi ijan an se ki benefis konkrè Ayiti kapab tire de kafouyaj ki pete depi lè kat teknisyen Salvadò yo disparèt ? Si dirijan yo byen akonpaye fòs Salvadò yo e jere yo tankou ajan sekirite, èske yo pa ta tou pwofite remete kèk enstitisyon sou pye ? Èske se pa ta okazyon pou yo mete an plas estrikti pou rale jèn yo nan metye pwofesyonèl, pou fè yo wè yon avni devan yo e retire lespri yo sou aktivite bandi ki bay ilizyon lajan fèt fasil ? Leta Ayisyen pa gen tan pou l pèdi. Li dwe jwe tout zèl kat li nan banbòch Bukele a pou l sezi tout opòtinite. Piyay la pa p dire.

Megadialogue@yahoo.com