Nan kè nou tankou nan tèt nou: avni peyi a dwe jwenn plas li merite a…

« N ap toujou  pèdi chak fwa nou bliye fòs kominote a.

Nan kè nou tankou nan tèt nou: avni peyi a dwe jwenn plas li merite a…

Poignée de mains

« N ap toujou  pèdi chak fwa nou bliye fòs kominote a. Avni peyi a pa ka rete nan emosyon sèlman; li dwe soti nan kè nou pou l vin chita nan tèt nou kòm yon estrateji kolektif. »

Chak fwa yon malè frape yon frè oswa yon sè nan dyaspora a tankou nan peyi Ayiti — kit se yon lanmò, yon maladi, oswa yon gwo katastwòf —, nou tout konn wè kijan solidarite ayisyen an konn leve kanpe tankou yon sèl gason. Nan moman sa yo, nou gen yon gwo kè sansib. Men, jan Doktèz  Nancy G. Supris te byen soulinye sa nan kad emisyon  NaEl's House Talk Show an mas ki sot pase a sou plafòm NaEl’s House Connect yo, solidarite emosyonèl sa a pa ase si li pa janm tounen yon estrikti dirab ak yon fòs estratejik pou kominote nou an. 

Kondisyon nou kòm ayisyen toupatou nan monn lan ap vin pi fragil ak pi difisil chak jou. Nou pa ka kontinye ap reponn ak emosyon sèlman pandan n ap bliye panse kòm yon fòs kolektif anvan nou poze chak aksyon oswa pran chak desizyon. 

Echèk nan florid: Yon leson sou mank entèlijans kolektif

Echèk kandida ayisyen yo nan dènye eleksyon yo nan Eta Florid la se yon egzanp frapan ki dwe sèvi n kòm yon siy alèt. Menmsi nou reprezante yon fòs demografik, ekonomik ak entelektyèl ki konsiderab nan zòn sa a, nou pa rive konvèti fòs sa  an pouvwa politik ak fòs desizyon. Poukisa? Paske nou souvan divize, chak moun ap travay pou tèt pa yo oswa nan enterè pèsonèl koutèm, san nou pa mete sou pye yon vizyon kominotè ki solid. 

Sosyològ ak sikològ nou yo toujou rapòte kijan reflèks « chanje tèt mwen anvan » an san gade kominote a afekte evolisyon nou kòm pèp. Men sa sosyològ ayisyen-ameriken Michel S. Laguerre soulinye nan travay li yo sou konpòtman ak òganizasyon dyaspora a: 

« Fòs yon dyaspora pa chita nan kantite moun li genyen sèlman, men nan kapasite li genyen pou l konvèti solidarite afektif li nan yon rezo enstitisyonèl ki kapab pwodui pouvwa ak enfliyans dirab. » 

 Analiz sa a montre nou yon kominote ki pa devlope yon « entèlijans kolektif » ak yon konpòtman entegre ap toujou rete nan fon san li pa janm ka enpoze tèt li kòm yon fòs yo gen respè pou li, kit se nan eleksyon nan peyi etranje tankou nan Florid, kit se nan chwa n ap gen pou n fè pou avni Ayiti. 

Echans eleksyon an Ayiti: Yon opòtinite an lò pou wòl sitwayen an

Pèspektiv eleksyon k ap vini nan peyi d Ayiti dwe reprezante yon opòtinite san parèy pou nou reprann kontwòl desten nou ak pou nou fè prèv entèlijans nan chwa n ap fè chak jou kòm aktè sosyal. Vote oswa sipòte yon moun pa dwe baze sou emosyon, sou zanmitay, oswa sou eslogan san fondman. Li dwe baze sou yon analiz klè ak yon vizyon estratejik pou kominote a ak peyi a. 

Kritè nou yo dwe chanje. Nou dwe sispann chwazi lidè sou senp enpresyon, men pito sou fason yo panse ak sa yo pwopoze pou ranfòse kominote nou an. 

Gid pou bon chwa a: Yon zouti pou aksyon

Se nan lide sa a pou pote yon kontribisyon konkrè nan moman desizif sa a mwen ekri epi pibliye liv sa a ki disponib sou Amazon: « Ki kandida pou Ayiti Nou reve a? 20 Kesyon avan w vote... »

Liv sa a pa yon senp liv lekti; se yon zouti enkontounab, yon gid refleksyon ki fèt pou ede chak sitwayen panse avèk entèlijans anvan li pote sipò l oswa pase nan bwat biwo vòt la. Li fòse nou poze tèt nou ak kandida yo keksyon ki dwat ak ki fondamantal pou n ka evite repete menm erè ki mennen nou nan sitiyasyon galimatya nou ladan li depi kèk tan an. 

Li lè pou nou kite solidarite emosyonèl la pou nou antre nan devlopman estratejik. Kit se nan dyaspora a, kit se an Ayiti, se lè nou konprann enterè kominote a se enterè pa nou tou n ap ka konstwi Ayiti nou tout ap reve a.