Vyolans ak kriminalite nan Karayib la ak Amerik Latin

Nan papòtAn nou prezante Karayib la ak Amerik latin.

Par Hancy PIERRE
22 oct. 2026 — Lecture : 7 min.
Vyolans ak kriminalite nan Karayib la ak Amerik Latin

Poste de contrôle routier de la police en Colombie

Nan papòt

An nou prezante Karayib la ak Amerik latin.

Rejyon sa yo gen 41 peyi ladann. Gen 13 ki nan Karayib (Mediterane Karayibeyen) (4,310,000 km2) la ki se peyi CARICOM yo. 3 depatman franse (Matinik, Gwadloup epi Giyan); 5 tèritwa ki depann de Wayom Reyini an tankou Zil Tik, Zile Kayiman, Bèmid, Monsera, Zile vyèj ak Angila ; 6 tèritwa ki depann de laWoland (Kiraso, Ariba, Bonè, Saba, Sen Estach, Sen Maten); 2 eta ki asosye ak meriken(Pòtoriko ak Zile Vyèj), Kiba; 1 peyi Amerik Nò ak Amerik Sid epi 7 peyi Amerik santral (Ondiras, Nikaragwa, Kosta Rika, Gwatemala, Panama, El Salvadò), epi Brezil, Ajantin, Kolonbi, Venezyela, Irigwe, Paragwe, Bolivi, Chili, Ekwatè, Pewou epi Meksik. An nou fè diferans Amerik Latin ak Karayib nan ekspoze a.

Nan echanj n ap fè la, n ap gen pou bay detay sou pwen nan devlopman an tankou: 1) An nou mete pwoblèm vyolans ak kriminalite nan kontèks yo; 2) Ekonomi vyolans nan Kayarib la ak nan Amerik latin; 3) Ki wout dwòg la nan ekonomi vyolans la epi 4) Yon rale mennen vini sou vyolans ak kriminalite nan Karayib al ak nan Amerik latin. 

An nou mete pwoblèm vyolans ak kriminalite nan kontèks yo

N ap asiste yon chanbadman nan sosyete ayisyèn nan ki gen karaktè gon « revolisyon konsèvatris nan kraste ». Se pa yon aza kèk lidè politik ki pwòch chèf gang yo di yo pral fè « revolisyon ». Revolisyon sa plis chita sou yon pwojè ekonomi kriminèl k ap devlope kote nou jwenn akimilasyon fèt nan kontreband, nan kidnapin, nan dwòg epi nan krim òganize epi krim deta. Se sa kèk rapò òganis Dwa moun montre. Gen yon makònay ant pwomosyon gwoup gang ak politik epi kèk ajan ekonomik. Gen rapò anpil òganis entènasyonal tou sou pwoblèm sa a . 

Nan kontèsk sa, nou konstate modèl konpòtman yo chanje,langaj yo chanje epi pèsepsyon yo jèmen santiman rayisman kont pi fò sektè nan sosyete a. Gen menm yon diskou chèf yo k ap atake oligak ak boujwa yo rele boujwa santi pou amadwe lespri fèb yo. Nouvo konpòtman sa layite nan yon anbyans kote anpil jenn sitou nan kèk katye popilè yo devlope yon ideyoloji Geto. Yo konsidere yo apa epi bay tout lòt moun responsab echèk yo tankou blokay yo nan sosyete a. Konsa wòch nan dlo ap konn doulè wòch nan solèy. Se ratibwazay anpil nan yo fè kòm revanch yo. 

Pa gen okenn gwoup sosyal ki chape nan operasyon kidnapin ak masak ki makonnen ak pwojè nouvo gwoup k ap jèmen santiman rayisman sa yo.Yo men m menase fè « génocide » ki sanble ak netwayay etnik. Sa bagay sa yo vle di? Eske yo gen rasin ou byen koneksyon yo ak vyolans epi kriminalite ki simaye nan rejyon Karayib la ak nan Amerik latin? Ki enfliyans kontèks sa genyen sou aktè nan katye yo?

Ekonomi vyolans nan Kayarib la ak nan Amerik latin

Depi plis pas 40 lane konsa rejyon nou an pa sispann enstale yon ekonomi vyolans. Konsa Kiba, Repiblik dominikèn ak peyi Ayiti sou wout dwòg, lajan ak vyolans dapre Meyzonnier (2000). Nou konstate 3 peyi sila yo se fwaye kèk mafya nan mond nan. Nou konnen fòmasyon yon seri leta paralèl poutèt gen Leta peyi sa yo yo sou lagraba epi pa gen lwa pou fè fas kare ak ekonomi mafya sa. Anplis komès ak konsomasyon dwòg vin anvlimen sitiyasyon sila. Nou jwenn Kolonbi, Gwatemala ak El Salvadò nan premye fil leta ki pi kriminèl yo lè nou gade kantite moun kap mouri. Men El Salvadò sòti nan ploton sa jounen jodi a. Ekonomi dwòg sa pote yon gwo konstribisyon nan PIB anpil peyi nan rejyon an. Repiblik dominikèn ki se vwazen peyi Ayiti pote lamayòl piske ekonomi sa te ba l 50% nan PIB nan lane 2000 yo lè l t ap dekole.Tandans sa pa chanje anpil menm si gen kèk politik ak kanpay kont dwòg nan rejyon an peyi meriken ap dirije.

Nou jwenn anpil Nako-Eta nan rejyon an dapre Patrice Meyzonnier kote dirijan yo deja tonbe anba kondanasyon lalwa menm si Ayiti li menm se enpinite k ap layite kò l ak tete lang k ap fèt ak seyè vyolans yo.

Tout rejyon karayib la mete ak Amerik latin se wout dwòg pou ale Etazini nan peyi Lewòp yo e menm nan kontinan Azi a. Konsomasyon an wo anpil nan zòn nou sot site la yo. Sa vle di koze ensekirite gen rasin ekonomik ak nannan nan sistèm mondyal la.

Ki wout dwòg la nan ekonomi vyolans la

Dapre kat nou jwenn gen wout sila sa yo:.

  1. Wout karayib kokayin pou ale nan lamerik nò a, nan peyi lazi yo ak nan peyi lewòp se Kolonbi ki se fwaye a pou dirije nan direksyon Etazini anpasan na mitan peyi amerik santral yo. Yo itilize avyon pou fè parachit. Gen yon branch ki mennen Kiba, Baramas, Jamayik, gwo antiy yo ak Ayiti. Se avyon ki itilize men parachit yo fèt nan lanmè. Direksyon lewòp ak direksyon Lazi, se lanmè yo itilize pou mennen dwòg la.
  2. 2è wout la se wout Atlantik kokayin nan nan fasad Atlantik Brezil-Afrik Lwès epi Lewòp

Fwaye a se toujou Kolonbi ki dirije l nan direksyon Amerik santral. Mwayen ki itilize se transpò a tè tankou kamyon ou byen kabotay jous Amerik Nò.

c)3è wout la se wout lwès kokayin sòti Kolonbi pou rive Etazini anpasan nan Amerik Santral.Nou jwenn Kolonbi pou rive Venezyela nan transpò atè. Gen wout gwo zanti yo ak Florid nan lanmè.Ti piti Zanti yo se pasaj yo ye tou pou ale nan peyi Lewop yo kote yo itilize transpò sou lanmè.

Yon rale mennen vini sou vyolans ak kriminalite nan Karayib la ak nan Amerik latin

Vyolans ak kriminalite nan Karayib ak nan Lamerik Latin se yon sijè ki fè sans. Men nou p ap abòde l pou genyen gwo konesans. Konsa n ap sitou gade kouman sitiyasyon vyolans ak kriminalite gen enfliyans sou òganizasyon lavi jous nan katye yo. L ap enpòtan pou n santre balon an avèk definisyon vyolans epi kriminalite. An nou mete mo sa yo nan kontèks yo. Konsa nap marye migrasyon-fwontyè epi sekirite pou nou konprann sans mo sila yo. Peyi D Ayiti gen fwontyè ak peyi karayib yo nan lanmè epi atè ak Sendomeng li menm. Nou genyen konvansyon ki regle fwontyè lanmè avèk Kiba epi avèk peyi Kolonbi. Presizyon sa yo enpòtan lè nou konsidere kesyon sa yo ki se:1) Sikilasyon moun; 2)Sikilasyon machandiz ak 3) Echanj sèvis epi 4)Migrasyon

Lè pa gen kontwòl ak règlemantasyon nou tonbe nan kèk sitiyasyon anòmal ki kreye ensekirite. Konsa n ap lonje dwèt sou pwoblèm sa nou pra l site la :1)Trafik ak trèt moun (ti moun ak fanm) ;2)Vwayaj ilegal; 3)Kontrebann epi 4)Trafik dèyè do lalwa zàm, minisyon ak dwòg, epi trafik ògàn.

Kàt pwoblèm nou sot site la yo gen pou wè ak kriminalite

An nou abòde yon lòt dimansyon nan kesyon vyolans ak kriminalite nan Karayib la ak Amerik latin. N ap siyale nan papòt ki jan rejyon sa se wout dwòg epi li gen rezo nakotrafikan ak kriminèl ladann. N ap pwofite idantifye wout si la yo ak kèk rezo ak katèl dwòg.

Dezyèm dimansyon n ap siyale tou se jan lwa kèk lòt peyi defini kriminèl. Anpil fwa, si yon moun vyole yon tèritwa etranje, yo konn konsidere l kòm kriminèl e yo konn depòte l alafen.

Pou nou fin met kesyon vyolans ak kriminalite nan kontèks yo, n ap rapòte nou move pèsepsyon ki genyen kont sitwayen natif natal peyi karayib yo ak Amerik latin. Yo bay yo tout non pote tankou kriminèl, dwogè, pòtèt sida, vòlè elatriye. Nou fini mete kesyon vyolans ak kriminalite a nan kontèks yo.Kounye a an nou gade:1) Kouman sikilasyon moun,machandiz, byen ak sèvis ye epi tou 2) Kouman migrasyon moun gen arevwa avèk vyolans epi kriminalite alafen 3) Migrasyon nan kominote vityèl yo.

Pou n koumanse, n ap raple nou jan Henri Godard (1988) defini òganizasyon vil nou yo tankou kèk vil ki gen kòt epi ki fèt pou gade sèlman nan direksyon peyi letranje. Kidonk vil yo gen mak fabrik migrasyon.Nou ka konpran rantre soti ki genyen lè gen migrasyon nan ti Zile Karayib yo. N ap lonje dwèt sou anpil ti zile kise paradi fiskal ak espas pou blanchi lajan sal tankou Ziltik (430 km2) epi Zile Kayiman (264km2) ki gen plis pase 450 bank (ki pase 476 jodi a) entènasyonal ak 350 konpayi Asirans (ki pase 744 jodi a). Bermudes (53,3km2) gen 4 bank epi 1,100 konpayi asirans.Pòtoprens gen li menm 36,04km2, tranzaksyon ak bras fèt sitou ak ti zile sa yo paske gen sekrè bankè. Panama (75,517km2), (60 bank ak 22 konpayi asirans) se yon paradi fiskal tou. An nou raple n eskandal « Panama papers » (3 avril 2016) avèk 11,5 milyon dokiman sekrè ki te pran lari kote gen non anpil ofisyèl ayisyen k ap blanchi kòb. Regleman ki pa genyen pou fwontyè yo ekspoze Ayiti pi plis nan ekonomi vyolans li te deja ladann.

  1.  Patrice Meyzonnier (2000), Trafics et crimes en Amérique centrale et dans les Caraïbes, Presses Universitaires de France.

  •   Henri Godard, « Port-au-Prince:les transformations récentes de l’espace urbain », sous la direction de Cary Hector et Hérard Jadotte (1991), in Haiti et l’après Editions CIDIHCA et Editions Henri Deschamps Duvalier:continuités et ruptures, Editions CIDIHCA et Editions Henri Deschamps