Omwen 19 memwa lisans ak yon tèz doktora ekri e soutni an kreyòl ayisyen soti 1998 rive 2025

Rezime Atik sa a analize chwa lang nan pwodiksyon syantifik ann Ayiti, sou baz entèvyou ak chèchè tankou doktè Ary Régis, doktè Renauld Govain ak doktè Job Silvert… chèchè Angeline Veillard ak Gerson Content ki patisipe nan eksperyans ekriti 19 memwa lisans ak yon doktora an kreyòl ayisyen soti 1998 rive 2025.

Kenny Thelusma & Elmano Endara JOSEPH
26 févr. 2026 — Lecture : 28 min.
Omwen 19 memwa lisans ak yon tèz doktora ekri e soutni an kreyòl ayisyen soti 1998 rive 2025

6b2b2c72-c7a8-47e3-a83f-827ac245c329

Rezime

Atik sa a analize chwa lang nan pwodiksyon syantifik ann Ayiti, sou baz entèvyou ak chèchè tankou doktè Ary Régis, doktè Renauld Govain ak doktè Job Silvert… chèchè Angeline Veillard ak Gerson Content ki patisipe nan eksperyans ekriti 19 memwa lisans ak yon doktora an kreyòl ayisyen soti 1998 rive 2025. Pwoblèm santral la se dominasyon lang franse nan sistèm inivèsitè a, menm lè lang kreyòl la se lang ki simante majorite pèp la. Travay rechèch sila a poze yon kesyon santral : kisa ki pouse etidyan ak pwofesè pwodui oswa akonpaye travay syantifik an kreyòl nan yon espas pouvwa ak konesans kote privilèj estriktirèl bay preferans defakto ak lang franse a ? Atik la montre motivasyon atkè yo mare ak istwa pèsonèl, angajman sosyal ak vizyon pou yon inivèsite ki pi enklizif e pi itil sosyete a. Li mete aksan sou tansyon ant lejitimite akademik ak responsablite sosyal aktè k ap reflechi e pwodui nan espas desizyon yo.

Mizankontèks

Depi premye mwatye diznevyèm syèk la, sistèm inivèsitè ann Ayiti fonksyone anba enfliyans lang franse kòm prensipal lang ansèyman privilejye nan pwodiksyon konesans syantifik. Menmsi ansanm refleksyon ak desizyon ki te pran nan fen ventyèm syèk la avèk refòm Bèna epi entegrasyon lang kreyòl nan inivèsite pa ko akouche yon pratik lajmanlaj lasyans an kreyòl, men, konsta yo montre gen lòsyè jefò ki fèt. Sof, li parèt aklè kreyòl la toujou sibi dominasyon estriktirèl yo. Alòs, sitiyasyon sa kreye yon kontradiksyon lakay kèk jèn etidyan k ap reflechi nan domèn syans moun pou rive konnen kijan travay yo kapab aksesib nan lang ki simante popilasyon kominote yo ap etidye a, nan lide pou travay yo pa sèlman rete nan espas syantifik la men itil epi aksesib ak moun ki nan sosyete a. Pwoblematik chwa lang nan pwodiksyon syans lan debouche sou yon anje ki enpòtan anpil, paske lang pa sèlman zouti kominikasyon, li se mwayen pou konstwi, transmèt ak demokratize konesans ak lakilti. Nan kontèks sila a, pwoblèm dominasyon lang franse sou lang kreyòl nan espas pwodiksyon lasyans lan mennen nou poze kesyon sou egalite, aksè ak jistis lenguistik nan inivèsite yo. Konsa, travay rechèch sila a ap ede nou konprann ansanm rezon ki fè kèk aktè k ap evolye nan espas inivèsitè ann Ayiti chwazi kraze baryè yerachizasyon rapò lang yo pou pwodui an kreyòl. Sa ki fè kesyon an vin tounen yon refleksyon sou pouvwa, lejitimite ak avni pwodiksyon syantifik ann Ayiti sou chimen transfòmasyon sosyal global la.

Entwodiksyon

Pou premye fwa, nan yon sal soutnans nan Fakilte Syanzimèn (FASCH), Pòtoprens, lang kreyòl ayisyen an te pran plas li, san mande pèmisyon, nan espas pwodiksyon konesans syantifik lan lakou inivèsite. Se te nan lane 1998 lè etidyan Edline Lorenceau t ap prezante analiz li nan domèn kominikasyon sosyal sou sijè: « Lang kreyòl ak mòd kominikasyon nan radyo Pòtoprens yo. Ka emisyon nouvèl moun Ticheri koute ». Depi lè sa a, rapò konesans syantifik nan lang pèp ayisyen an te tounen yon kle pou dekadnase sistèm miwo-miba ki te derefize fè lang tout moun konprann lan sèvi pwòp zouti pwodiksyon konesans pou transfòmasyon sosyete a.

Depi ane 1998 sa a, yon « revolisyon tipa tipa » te kòmanse. Anpil moun te patisipe, fas pouvwa defakto a ki kareman anti pwodiksyon an kreyòl. Pami moun ki te leve kanpe kont pouvwa defakto anti kreyòl la nou jwenn pwofesè Ary Régis, ki te ankadre premye travay memwa lisans sila a, ki li menn te viv e temwen premye eksperyans lasyans an kreyòl nan inivèsite ann Ayiti. Alòs, nan rankont nou ak li sou fòm entèvyou, li fè nou konnen : « Desizyon pou akonpaye premye memwa sa a te soti nan yon refleksyon pwofon: èske nou ka konstwi konesans sou reyalite ayisyèn ak zouti lang kreyòl la ? »

Sou baz filozofik lang kreyòl kòm lang pwodiksyon lasyans sa a, vennsèt lane pita, nan mwa novanm 2025, sou Zoom, pwofesè Job Silvert prezante epi defann premye tèz doktora ki (selon enfòmasyon ki disponib) janm ekri nan tout istwa lang kreyòl ayisyen an. Tit tèz la se : « Tradiktoloji kreyòl ayisyen kòm lang sib : Etid sou fondman teyorik travay tradiktè yo pou yon didaktik tradiksyon kreyòl ayisyen an, soti 2015 rive 2025 ». Li pale de « tradiktoloji = syans ki etidye pratik tradiksyon », « fondman teyorik », « didaktik tradiksyon » elt... Konsèp yo teknik se vre, men lide tèz la klè nan lang lan : pwopoze yon teyori sou tradiksyon an kreyòl ayisyen, ki li menm se yon pratik ki gen plis pase yon syèk, ki remonte depi 1901 avèk Georges Sylvain lè li te pibliye Crik ? Crak !yon adaptasyon yon dibita fab Lafontèn an kreyòl ayisyen. Soutnans tèz doktora pwofesè Silvert a te pase ak « mansyon trè byen » : 93/100. Tèz doktora sa a, ki pral pibliye sou fòm liv nan edisyon CIDIHCA, Kanada, rejwenn lis memwa nou resanse yo ki pèmèt nou di : ant 1998-2025, omwen gen 19 memwa lisans ak 1 tèz doktora ki redije konplètman (epi soutni ak briyans devan Jiri syantifik) nan lang kreyòl ayisyen an. 18 fèt ann Ayiti, 2 fèt Etazini.

Atik sa a, ki soti nan kontèks Jounen Entènasyonal Lang Manman, Divèsite Lenguistik ak Kiltirèl ki selebre nan mond lan chak 21 fevriye depi 1999-2000, ki ane 2026 sa a pwofite mete aksan sou wòl jèn yo nan konstriksyon avni edikasyon miltileng lan. Kote vwa jèn yo nan edikasyon miltileng lan montre presizeman lang, youn nan eleman fondalnatal ki simante kilti, lang pi plis pase yon senp mwayen kominikasyon : lang lan retwouve li nan kè idantite, aprantisaj, byennèt ak patisipasyon nan lavi sosyete a. Selebrasyon ane 2026 la raple enpòtans pou gen sistèm edikatif ki rekonèt epi valorize lang chak elèv, etidyan, aprenan, pou ankouraje enklizyon ak amelyore rezilta aprantisaj yo pou transfòmasyon sosyal kominote yo.

Se nan kontèks sa a menm atik sila a ap eseye mete limyè sou eskperyans diferan aktè ki te patisipe nan refleksyon ak pwodiksyon travay syantifik nou mansyone pi wo yo. Konsa, atik la sèvi yon kalfou pou kozri a fèt ansanm. Alòs, nan founi je  nan kòtòf lestomak li, nou va rive wè klèman kisa ki pouse yon etidyan pwodui, oswa yon pwofesè akonpanye pwodiksyon espesyalman nan lang kreyòl la, yon lang ki li menm retwouve li anba bòt yon sistèm inivèsitè kote diskriminasyon ak privilèj estriktirèl bay « preferans defakto » a lang franse, yon lang ki depaman ak pratik kodidyen ki simante lavi mas pèp la (Frenand Léger, 2020). Eksperyans ekri travay final sila a yo pote repons ak anpil kesyon ki chita nan plizyè istwa, nan plizyè sous motivasyon, obstak, analiz ansanm avèk swè pou chanjman ki retrase pazapa nan atik sa a.

Tablo 19 memwa lisans ak 1 tèz doktora ki resanse soti janvye 1998 rive desanm 2025                       

Done ki nan tablo sa a disponib nan Renauld Govain (2022, paj 15-17) ak AKA (2023, paj 1-2) epi rès yo se rezilta pwòp rechèch pèsonèl nou fè.

  1. Premye gout lapli pwodiksyon memwa an kreyòl : batay ak vwa inivèsitè yo

1.1. Doktè Ary Régis sou chimen batay konseptyèl

            « Mwen te wè kijan metòd alfabetizasyon… montre jan travay yon lang se pèmèt nou reflete reyalite a », se sa doktè nan syans edikasyon Ary Régis, pwofesè akonpanyatè premye memwa an kreyòl ayisyen, eksplike, lè nou te mande li, ki ansanm rezon ki te pouse li chwazi akonpanye etidyan ki te swete ekri memwa yo an kreyòl nan yon sosyete tankou Ayiti ki anba yon seri diskriminasyon oubyen tretman inegalitè sou fòm lang, kilti, ki pote non diskriminasyon glotofobik.

Selon didaktisyen e lenguis Philippe Blanchet (2017:31)  glotofobi « se mepri, rayisman, agresyon, rejè ak esklizyon moun sibi, ansanm ak diskriminasyon negatif ki fèt reyèlman oswa swadizan sou baz lide ki konsidere kèk fòm lenguistik kòm kòrèk, siperyè oswa lejitim, tandiske lòt yo ta enferyè, move oswa pa valab. Fòm sa yo ka parèt kòm lang, dyalèk, ‘’varyasyon lenguistik’’ oswa senp itilizasyon yon lang moun ap pale. Souvan, jijman sa yo fikse sitou sou fason moun pale a, san yo pa toujou pran mezi apwopriye fas avèk gravite konsekans sosyal, sikolojik ak pwofesyonèl pratik sa yo genyen sou diyite, idantite ak dwa fondamantal moun ki viktim yo. »

Pratik glotofobi yo nan kontèks Ayiti parèt sou fòm kreyolofobi (Martineau Nelson ak lòt otè, 2022) kote lang ak kilti kreyòl ansanm ak moun ki sèvi ak lang epi kilti kreyòl la sibi prejije, diskriminasyon, esklizyon anba men aktè gloto-kreyolofòb yo. Pami aktè sa yo, anplis Leta, Lekòl ak Inivèsite se sila a menm ki kanpe ankwa fas lang pèp ak kilti pèp la nan espas pwodiksyon enfòmasyon, fòmasyon ak konesans syantifik. Nan atik la, nou presizeman aksantye sitou sou inivèsite ann Ayiti kòm enstitisyon glotofòb ki pwodui e repwodui rapò miwo-miba nan mitan lang nan sosyete a.

Alòs, pwofesè Ary Régis ki te deja fè eksperyans lang natif natal pèp endijèn meksikèn nan kad eksperyans etid ak rechèch pou lisans ak metriz li nan fen ventyèm syèk la, ki wè kijan lang ak kilti jwe gwo wòl nan avansman global sosyete, li rakonte jan eksperyans li kòm monitè alfabetizasyon, ki te sèvi ak metòd Goute Sèl (ki enspire sou apwòch konsyantizasyon e otonomi Paulo Freire) te revele li kapasite lang kreyòl pou nonmen, klase, dekri, analize, konprann, konstwi zouti konseptyèl ak kadraj teyorik pou transfòme reyalite sosyal la. Se konsa li fè konnen :

« Pi gwo reyaksyon defavorab la te soti nan kòlèg responsab Depatman Kominikasyon, Prezidan dofis jiri soutnans 2 premye memwa an kreyòl… Li te pale an franse sèlman nan soutnans yo pandan li te di kreyòl pa yon lang akademik ni yon lang syantifik », se sa pwofesè nan Fakilte Syanzimèn, Ary Régis raple lè nou te mande li, nan eksperyans li, ki reyaksyon lòt kolèg oswa enstitisyon an te genyen devan pratik ekri memwa an kreyòl la. Temwanyaj li a ki klè kou dlo kòk raple, nan fen ane 1990 yo, aktè nan espas inivèsite ann Ayiti yo, yo se youn pami sila ki pa rive sezi enpòtans lide ki fè kwè yo dwe bay premye plas a lang e kilti aprenan yo nan espas fòmasyon yo. Pou Ayiti, premye lang aprenan yo konnen lan tout pwofondè siyifikasyon l se lang kreyòl la. Alòs, pratik kote aktè inivèsite kanpe an kwa pou lang kreyòl la pa fè syans lan ni entergre espas pwodiksyon konesans syantifik nan sosyete a ki li menm se yon sosyete kreyolofòn prèske a 100%, se yon kontradisyon ki poze sou fòm lejitime lang manman tout Ayisyen an pou fè lasyans.

1.2. Doktè Renauld Govain ak defi lejitimite lang kreyòl ayisyen an pou fè lasyans

Doktè nan syans langaj Renauld Govain, ansyen dwayen Fakilte Lenguistik Aplike (FLA), ki te akonpanye plizyè etidyan ekri epi soutni memwa lisans nan manm fakilte a, konfime bò kote pa l, nan anviwònman li a, pa gen rejè ouvè pou etidyan travay nan lang kreyòl la, men gen dout ki rete tenmpla, dout ki pa ko fin deboulonnen:

« Nan FLA kote mwen egzèse, pa gen okenn rega negatif okenn kòlèg jete sou yon esperyans kon sa. Men, nan menm inivèsite a, gen kòlèg ki konn mande mwen èske se vre kreyòl la ka sèvi pou esprime lasyans ak teknoloji. Genyen nan yo menm lè ou esplike yo reyalite lengwistik ak kominikatif ki mache ak anplwa yon lang, yo deside pa kwè ou. »

Temwanyaj sa montre aklè, nan espas inivèsite a, youn nan aktè ki pa rive sezi enpòtans lang nan pwodiksyon konesans se sila menm ki swadizan plase pou ankonpanye etidyans yo sou chimen fòmasyon yo, kilès ? Kòlèg pwofesè yo.

Fas ak pèsepsyon ilejitimite lang kreyòl la pou fè lasyans kay pwofesè yo…, etidyan yo ki fè fas ak pwoblèm lan souvan dekouraje. Men poutan, si gen etidyan ki rive simonte prejije yo pou ekri epi soutni memwa yo, sa lese kwè yo jwenn ankourajman malgre obstak  epistemik yo. Se konsa nou te rankontre kèk etidyan ki te patisipe nan eksperyans ekri memwa an kreyòl ayisyen, pou nou te rive konprann sous motivasyon yo sou chimen difisil sa a.

1.3. Vwa etidyan yo : Angeline Veillard ak ankourajman pèsonèl li

Pou etidyan Angeline Veillard ki te fè memwa lisans li ansanm ak etidyan Diachoix Belfond anba tèm : « Trètman lang kreyòl la andedan lekòl yo nan Depatman Sid. Ka : 6 lekòl (2020-2022) », nan Université Publique du Sud aux Cayes (UPSAC), an 2023, reyaksyon aktè yo, pwofesè ak kamarad etidyan, te pi direk toujou :

« Lè nou te chwazi lang kreyòl  kòm lang pou nou redije memwa, sa te fè gwo tole. Gen moun ki di nou mal chwazi, se kòmsi lasyans pa ka fèt nan lang kreyòl la. Gen pwofesè ki konseye nou ekri li nan lang franse pito menm si nou ta konsidere menm lide yo paske nou p ap jwenn twòp dokiman ki ekri an kreyòl. Gen moun ki pran sa kòm modpas pou fawouche nou, men nou pa t bay sa yo twòp enpòtans nou te kontinye karese lide a jiskaske nou te rive prezante dwayen fakilte a sijè a. Dwayen an te tonbe dakò ak nou, men nou pa te ko ka jwenn moun ki pou ankadre nou. Gras ak ankourajman kèk pwofesè tankou mèt Jean Amorce DUGE, Charly DORCE... Mele ak angouman direktè memwa nou ki se Pierre Michel LAGUERRE, nou te rive reyalize travay la… »

1.4. Vwa etidyan Gerson Content ak envitasyon pedagogik li fè

Gerson Content, anseyan kreyòl ak franse ki, an 2025, nan Fakilte Syans Edikasyon nan Université Publique du Sud-Est à Jacmel (UPSEJ), te soutni memwa lisans li ansanm ak lòt de (2) etidyan : Simon MATHADOR ak Adonis ETIENNE, anba tèm : « Enpak itilizazyon lang fransè sou sistèm edikatif Ayisyen an nan pwosesis aprantisaj elèv yo. Yon etid ki reyalize nan nivo 3èm sik fondamental nan de (2) lekòl nan komin Lavale sòti nan lane 2021 pou rive 2024 », eksplike baryè ak pwoblèm li te rankontre epi kisa ki te sèvi sous motivasyon li konsa : 

« Avan m reponn kesyon an dirèk, fòk mwen di w, mwen ak lòt kòlèg yo se pwofesè k ap ansenye depi plizyè ane, sitou nou se pwofesè fransè tou. Sa vle di nou gen ase eksperyans pou n wè enpak lang genyen sou aprantisaj elèv yo. Toutan nou t ap konstate difikilte koze lang fransè a bay, e menm nan inivèsite a. Lè moman rive pou nou ekri memwa a, kòlèg Adonis ETIENNE te lanse ide a, e nou te anbake. »

Menm jan avèk Angeline Veillard, Gerson Content te dekri difikilte anplis dekourajman kamarad oubyen obstak pwofesè fakilte yo, men li fè konnen, aksè ak resous dokimantè se te youn pami pi gwo pwoblèm li te rankontre sou chimen rechèch la lè li fè konnen :

« Pi gwo difikilte oubyen baryè nou te jwenn, se sou dokimantasyon. Pa gen ase moun ki pwodui an kreyòl. Ou imajine nou pami premye gwoup etidyan ki pwodui an kreyòl. Menm nan gran Sid la pa gen dokiman, mwen pa bezwen di w pou kote nou te fè ankèt la. Nou te sèlman jwenn kèk otè nasyonal tankou Michel Degraff. »

Temwanyaj sila a yo ki montre gen prejije sou lejitimite lang kreyòl la pou fè lasyans, absans resous dokimantè ki ekri an kreyòl ki disponib, se kèk pami akspè ki rann enposib juisans dwa lenguistik nan kontèks yon sosyete kote ideyoloji diglosik ki chapatan lang yo miwo-miba a. Sou aspè sa, doktè nan didaktik Guylène Romain (2020, pp. 435-461) ki analize enpak ideyoloji diglosik ki se baz diskriminasyon lenguistik la, li fè konnen nan domèn edikasyon, diskriminasyon sila manifeste sou twa prensipal fòm, ki lakòz pèp ayisyen an pa ka jui dwa li antanke moun :

  1. eksklizyon ki baze sou aksè inegal osnon miwo-miba pami diferan lang ki an kontak yo
  2. eksklizyon ki baze sou enkapasite sèvi ak lang ofisyèl yo
  3. eksklizyon ki baze sou inaksesiblite (enposiblite pou jwenn) dokiman tout kalite nan lang yo (literasi + literati).

Men malgre fòm estriktirèl diskriminasyon lenguistik sila yo, ki debouche sou irespè dwa lang ak dwa pou gen aksè ak konesans, lakilti epi sèvis, gen chèchè ki rive simonte pant yo epi pwodui tèz nan nivo doktora an kreyòl. Kisa travay sila ki louvri yon lòt chapit siyifi pou lang ak kilti kreyòl la ?

1.5. Premye tèz doktora an kreyòl ayisyen an

Alòs, sa k ap pase nan tèt yon etidyan nan nivo doktora ki deside pran chimen ekri travay final li nan lang enstitisyon yo chwazi bòykote a, ki konnen li ap afwonte prejije ki akouche tretman miwo-miba ki se diskriminasyon ki byen anrasinan nan kòtòf sistèm neyo-kolonyal ki gen rasin nan estrikti kolonyal miwo-miba Lewòp oksidantal te layite kòm fado sou do sosyete a  ?

1.5.1. Deba tou louvri : Job Silvert ak nouvo chapit li louvri a

Pwofesè Job Silvert, premye doktè ki soutni tèz li an kreyòl ayisyen, yon tèz ki te soutni ak briyans epi resevwa mansyon très byen jou ki te 30 novanm 2025 lan nan Cornestone Christian University (CCU), Etazini, esplike nou twa prensipal rezon ki alabaz motivosyon li malgre ansanm prejije ki blayi sou lang ak kilti kreyòl la ki lese kwè li pa gen kapasite pou fè lasyans :

«  Premye rezon, mwen se youn nan moun ki konnen lang ayisyen an gen kapasite pou l esprime lide konkrè ni abstrè. Menm jan tout lang suiv plizyè etap nan devlopman yo, mwen kwè lang kreyòl ayisyen an pa eksepsyon. Se poutèt sa a mwen deside patisipe nan pwogrè syantifik li nan de (2) nivo : fè li pale koze lasyans epi fè li tounen objè refleksyon syantifik. »

Jenn doktè a ki se pwofesè kreyòl nan FASCH epi pwofesè tradiksyon nan FLA nan Inivèsite Leta Ayiti a kontinye pou l di :

« Dezyèm rezon, kòm Pwofesè kreyòl, mwen dwe yon egzanp. Nou pa ka sèlman ap di sa kreyòl kapab fè, men sa li fè tou. Se yon repons san fè bri, byen pratik, pedagojik e revolyonè pou sila yo ki po ko libere nan lespri yo. Se pa yon konba piti, men gen koze ki pa kapab rete anba tab, sitou depi li gen fondman syantifik. »

Pi lwen, prèske menm jan ak lòt aktè nou te entèvyouve yo, ki kwè se konsyans etidyan ak bonjan akonpayman pwofesè ak responsab inivèsite yo bay ak lòt enstitisyon ki ka fè syans aksesib nan lang ak kilti ki simante sosyete a, nan demach liberasyon mantal la, pwofesè Silvert te konkli pou l di :

« Twazyèm rezon, se paske lasyans louvri lespri ni kolon ni esklav. Kote ki gen lasyans ap gen mwens prejije ak diskriminasyon. Se rezon sa a ki fè responsab Inivèsite a te aksepte reponn demann mwen pozitivman pou m ekri nan lang ayisyen an. Kidonk, rezon an se paske yo te aksepte m menm lè te gen kondisyon pou sa. Yo te mande m pou gen akonpayman yon espesyalis nan lang ayisyen an. Erezman sa te fèt jan yo te mande m sa. »

Pou tradiktològ Job Silvert, (ki nan kad rechèch doktoral li a te jwenn akonpayman doktè nan syans langaj Paul Moles ki, li menm bò kote pa l tou, li te deja ekri epi soutni memwa lisans li an kreyòl ayisyen anba tèm « Altènans kodik nan diskou laprès pale an kreyòl ayisyen », nan kominikasyon sosyal nan FASCH an 2017), travay la te sitou yon batay metodolojik ak... teknolojik :

« Mwen te oblije mete plis tan... akoz mwen alafwa pwodiktè ak tradiktè... mwen te oblije reli travay la miltip fwa akoz òdinatè a pa disponib pou pwopoze mwen okenn remak òtografik. »

      Yon lide frapan e klè kou dlo kòk ki raple nou, zouti teknolojik tankou sila nou ap ekri tèks syantifik yo, yo pa toujou adapte ak travay ekriti nan lang kreyòl la, sa ki mande pou gen yon travay pwogramasyon ki pou fèt kote sistèm grafik lang kreyòl la (ki merite amelyore) ansanm avèk baz done tèminolojik lang lan… ap entegre sistèm teknolojik itilizatè Ayisyen… yo ap sèvi yo.

Alòs, nou ka di, nan kontèks evolisyon zouti teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo, plis yon lang rive avèk jefò aktè konsène yo nan e tegre sistèm kominikasyon teknolojik yo, se plis li entegre espas nimerik yo, konsa, se plis pratik entegrasyon sa a pèmèt lavi aktè yo adapte ak kontèks y ap viv epi rive fè fas avèk ansanm anje global y ap travèse yo.

  1. Prejije lenguistik, rapò pwodiksyon syantifik nan lang manman sou chimen transfòmasyon sosyal ann Ayiti

2.1. Lang kreyòl la nan pwodiksyon syantifik ann Ayiti : ant rezistans ak lejitimite

Men, poukisa batay pou ekri nan lang tout moun konprann lan enpòtan sitou nan espas pwodiksyon konesans syantifik yo ? Èske se yon kesyon ki depase koze ki ta fè kwè se senpleman pwodui analiz konseptyèl epi defann memwa ak tèz devan Jiri oubyen se yon demach pou rann kont de reyalite sosyal yo nan yon lang ki simante pratik lavi moun yo ? Oubyen, èske batay sa a pa sitou lye ansanm avèk demach relasyon fondalnatal yon pèp ak konesans li pwodui, nan rapò ale mennen vini ant yon lang ak diferan pratik lavi ki simante ansanm pèp ki sèvi ak lang sa a ? Oubyen, èske batay pou ekri e pwodui diskou syantifik avèk konsèp ki an kreyòl la se pa youn pami kondisyon pou rive dekonstwi prejije ki simante diskriminasyon lenguistik yo, ki yo menm se youn pami kondisyon ideyolojik pou tabli epi repwodwi rapò pouvwa kolonyal mimo-miba a ki parèt nan espas inivèsite yo ? Fas ak pwoblematik sa a, pwofesè Ary Régis presize :

«  Yonn nan agiman moun ki di kreyòl pa ka di pawòl lasyans se paske selon yo, ou pa jwenn mo ki daplon pou tradui konsèp yo konnen nan lang franse, alòske, konsèp pa gen lang. Twa chèchè ayisyen montre jan aprenan ki pase lekòl ayisyen konnen konsèp nan lòt lang yo pa sanble itil ayisyen, si yo pa kole yo ak reyalite y ap viv ladan l nan. »

Pwofesè a ki te anseye kominikasyon ak kreyòl nan FASCH nan lane 1997 e ki jodi a anseye estrateji kominikasyon ak maketin… epi ki, an 2025, dekwoche yon doktora nan syans ledikasyon rapousuiv pou l di :

« Nan liv ‘’Haiti et la mondialisation de la culture’’, antwopològ Anselme Rémy ak sosyològ Houtard revele, kit li entelektyèl kit li analfabèt, tout ayisyen kreyòl nan nanm yo, epi majorite entèlektyèl yo ap viv yon kriz idantite ki fè jan yo konprann reyalite yo pa bobo ak jan yo konpòte yo fas a fenomèn kiltirèl yo. »

Nan menm demach analiz sou rapò ki ekziste ant modèl edikasyon nan sosyete ki te kolonize ak sistèm edikatif ki fòmalize anba men Leta nan sosyete sa yo, sitou Ayiti, pwofesè a kontinye pou l di : 

« Se pa yon sipriz si sosyològ Jean Casimir twouve nan rezilta rechèch tèz li, ki soti nan liv ‘’La cultura oprimida’’, ann Ayiti lekòl ak ledikasyon se 2 lennmi. Sa fè lekòl la pa rive fè sa aprenan yo aprann lekòl, depi matènèl jiska diplòm inivèsitè, kontinye andeyò lekòl la, epi fè sa edikasyon yo fè yo vin maton pou rezoud pwoblèm peyi a. Okontrè li rann yo depandan de aktè ki deyò peyi a, de konesans ki soti lòt kote epi ki makonnen ak lòt kontèks. »

Epi li ajoute:

« Se tout sa ki fè nan liv li ki rele ‘’Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba’’ lengis Iv Dejan mete dwèt li sou sitiyasyon lenguistik lekòl ayisyen an ki, kontrèman a lekòl lòt peyi ki avanse yo, derasinen aprenan ayisyen an, anpeche li konprann reyalite a ak yon vizyon lavi a ki pa kole ak kilti li, yon vizyon ki pase atravè yon lang li itilize nan detwa espas fòmèl pandan li pa aprann ak lang ki mete li an kontak ak tout reyalite l la. Se pou sa li [Iv Dejan] envite syantifik ayisyen yo pwodui konesans nan lang kreyòl nan tout domèn, sou tout bagay, dekwa lekòl ak inivèsite ka itilize yo epi pou yo pa bezwen nan aprann nan yon lang ki pa pèmèt yo byen konstwi reyalite yo, oubyen tradui tout liv ki nan lang fransè yo nan lang kreyòl…»

2.1.1. Motivasyon pèsonèl, angajman sosyal ak batay pou yon inivèsite pi enklizif ann Ayiti

Alòs, se analize global sa a pwofesè Ary Régis, youn lan premye pwofesè ki akonpanye pwodiksyon memwa an kreyòl ayisyen fè sou rapò aktè sistèm edikatif ayisyen yo devlope ak tèt yo epi pratik aprantisaj la, yon rapò miwo-miba ki kontinye kwense lang ak kilti majorite a anba lobedjans ideyolojik glotofobik ak prejije sou kapasite lang pou fè syans, sa ki lakòz aprenan yo depaman ak pratik lavi chak jou yo nan espas pwodiksyon syantifik ki pou ta ride yo transfòme lavi sosyete a.

Analiz doktè a, (ki te depoze premye wòch akonpayman nan ekriti memwa an kreyòl la sou ankourajman epi jefò de (2) pwofesè FASCH ki malerezman pa la ankò Jean Rénol Elie ak Jean Anil Louis Juste), gen yon fòs puisan lè li di, itilizasyon kreyòl nan syans se yon fason « pou mete etidyan ak pèp ayisyen sou de pye kiltirèl e lenguistik yo atravè yon sistèm edikatif tèt anlè. » Konsa, analiz li a fè wè, lang ak kilti kreyòl, lè yo entegre pratik lasyans, sa pèmèt yo vin linèt pou wè reyalite a klè, yo patisipe nan dekri, klase, òganize, yerachize, analize, konprann epi transfòme l, olye pou pwodiktè yo ap kontinye avèk vwal ki anpeche moun wè e konprann epi aji sou wout transfòmasyon ak avansman sosyal la.

Nan sans sa a, pwofesè Renauld Govain, ki ekri anpil atik, liv epi patisipe nan anpil konferans sou reyalite lang nan sosyete a ak nan karayib la, ki konnen se nan reflechi sou lang lan avèk pwòp lang lan ansanm konsèp yo ap disponib nan lang lan, li rejwenn epi ranfòse analiz pwofesè Aris Régis, lè li di :

« Sèl mwayen pou fè konsèp yo egziste nan lang nan se envesti lang nan nan espresyon tout kalite reyalite syantifik... Lang nan se tankou yon bwat zouti. Ou dwe eseye tout zouti yo nèt.  Ou ap jwenn youn kanmenm ki pou ede ou reyalize sa ou vle reyalize a. » 

Konsa, nou rive konprann klèman, si nou pa sèvi ak yon zouti, nou p ap janm konnen si li bon ak si li pa bon. Alòs, Pierre Vernet, lenguis ki te fonde FLA pa t janm sispann raple nan pawòl li, anpil analiz syantifik montre, lang ak kilti yon pèp se premye kondisyon lavi li dwe anbrase ansanm pou asire avansman (devlopman) moun ak sosyete a an jeneral.

E nan kad sosyete ki te sibi kolonizasyon oksidantal yo ki malgre endepandans yo toujou anba lobedyans epistemik, nou ka di, listwa temwanye, yon pèp ki pa sèvi epi devlope lang ak kilti l, li pa gen ankenn kote li prale, sèl wout ki trase devan l, se disparèt pou kite tras ekzistans li nan tonbo listwa limanite. E sosyete ki te sibi kolonizasyon oksidantal yo, yo se yon temwanyaj dirèk, paske, premye zak destriksyon kolon Lewòp oksidantal yo sou rès mond lan, se atake lang ak kilti pèp yo te vle domine epi disparèt sou sifas tè a (pase wè liv ak atik Jean-Louis Calvert, 1974 ; Cécile Canut, 2021 ; Rozenn Milin, 2022 ; Salomé Molina Torres et Iris Padiou, 2023).

Alòs, nan yon sosyete tankou Ayiti kote estrikti dominasyon kolonyal yo toujou prezan, kote lang ak kilti pèp la sibi dominasyon ak bòykotaj sistemik nan espas pouvwa yo, sitou lekòl ak inivèsite, nou ka mande ki lavni pou lang ak kilti kreyòl la nan sosyete a ? Fas ak kesyon sa a, pwofesè nou te entèvyouve yo wè, malgre kontradiksyon entèn ak ekstèn yo, chanjman enstitisyonèl la kòm kle transfòmasyon an. Doktè Ary Régis pataje yon gwo vizyon ak nou lè li fè konnen :

« Inivèsite a dwe defini tèt li kòm espas k ap alimante sektè edikatif, kiltirèl … ak sektè sosyal la, pa sèlman tankou espas k ap fòme moun pou sektè sa yo. » Li mande pou gen yon « bon politik amenajman lenguistik » ki kòmanse nan biwo Leta, ki parèt klè nan rann aksesib tout sèvis piblik an kreyòl, epi sèvi sistemikman ak lang pèp la nan tout dokiman ofisyèl yo.

Doktè Renauld Govain li menm bò kote pa l, li rapousuiv toujou sou menm lide a lè li deklare fòk gen aplikasyon konstitisyon 1987 la ki mande itilizasyon sistematik toulede lang ofisyèl yo nan tout dokiman legal. Li kontinye pou di, fòk gen bonjan desizyon klè sou lang ansèyman chak disiplin. Li envizaje pou aktè konsène yo deside apre diskisyon pou yo « etabli yon politik lengwistik an rapò ak yon politik edikatif ki etabli presizeman ki jan yo ap sèvi avèk diferan lang yo, an patikilye kreyòl, fransè, anglè nan inivèsite. »

Konsa, li raple yon prensip ki ta dwe fondamantal pou Ayiti ak ti Ayisyen : «  Nan lekòl, yo dwe sèvi ak kreyòl sèlman kòm lang ansèyman. Yo ap entwodui fransè kòm lang prensipal ansèyman nan segondè men yo ap kenbe kreyòl kòm lang ansèyman pou kèk disiplin apre yon refleksyon pwofon sou sa. » Li konkli pou l di yo dwe : « Kreye yon jounal Leta an kreyòl sou direksyon Inivèsite Leta Ayiti a. Kreye yon emisyon nan Radyo Televizyon nasyonal sou pwomosyon lang ak rechèch an kreyòl, toujou sou direksyon Inivèsite Leta Ayiti a. »

Men, batay pou fè lang sosyete a tounen lang pwodiksyon syans ak lakilti a li pwofondman lye sou kijan moun yo viv tèt yo nan reyalite rapò lang ak killti yo nan sosyete a, kesyon enkouraje epi devlope ekriti lasyans, enfòme epi fòme moun yo an kreyòl san bliue pwopoze lide pou rann lang kreyòl la egal ego oubyen premye lang ki sèvi nan pratik lavi pèp la, sitou nan espas pouvwa tankou lekòl, inivèsite ak enstitisyon piblik yo, li se yon kesyon ki fè fas ak kwayans, abitid,  pwoteksyon entèrè klas, prestik ak lòt fòm privilèj, fas ak yon lit pou ranfòse lakilti, asire devlopman moun ak sosyete a, epi remanbre fyète pèp la.

Se sa ki fè yon seri otè tankou Suze Mathieu (2005), Yv Dejan (2011), Lefranc Joseph (2025)... defann bò kote pa yo, kesyon politik lenguistik la ann Ayiti oblije poze yon fason orijinal, paske, Ayiti se youn nan ra peyi kote pratik lang pèp la, lang ki simante tout nasyon an, se lang ki kontrèman ak sa ki fèt nan anpil lòt peyi, se lang sa a menm ki anba dominasyon pouvwa klas dominan nan sosyete a. Kote relasyon konfli sosyo-politik, ekonomik e kiltirèl… yo parèt sou fòm inegalite nan pratik lavi lang ak kilti yo nan enstitisyon pouvwa yo. E, nan sans sa a, pwofesè Ary Régis rezime relasyon konplèks kreyòl-franse-pouvwa nan inivèsite a konsa :

«  Malgre Inivèsite Leta a pwoklame tèt li kòm yon aktè kle nan devlòpman... li poko deside kraze dominasyon franse sou kreyòl... pou demare baz devlopman... ki se devlopman kiltirèl la. »

Sou menm aspè sa a, Gerson Content, anseyan kreyòl ak franse ki konstate epi analize pwoblèm rapò lang ak kilti nan espas aprantisaj nan peyi a fè konprann chwa li te fè pou ekri memwa li a an kreyòl la se nan lide pote koreksyon pa sèlman sou yon pwoblèm lang ak kilti, men sitou sou ansanm inegalite k ap ravaje sosyete a :                                                       

« Memwa sa se dabò yon batay ke anpil lòt moun pa chwazi fè. Gen kèk moun ki konstate pwoblèm lang fransè a bay sou aprantisaj elèv yo, men majirite Ayisyen pran 2 lang yo jan sa te ye depi nan tan esklavaj: Yon lang, ke yo rele lang wo, pou moun ki gen pi gwo aksè yo, yon lòt lang ke yo rele lang ba, pou defavorize yo. Memwa nou an pa trete sèlman yon koze lang, men li touche tou inegalite sosyal. Si kreyòl te lang ansèyman, pa t ap gen tout echèk ak depèdisyon eskolè sa yo. » Fas ak pwoblèm echèk ak depèdisyon eskolè a (kite lekòl nan wout la), lisansye a pote yon mesaj klè lè li di :

« Mesaj mwen pou jenès ayisyen an oubyen tout moun ki vle kontinye lit sa pou kreyòl pran vrè plas li, se kwè, kwè ke se pi bon chwa nou te ka fè. Konsa n a gen lekòl ayisyen, men pa lekòl fransè ann Ayiti. N ap jwenn anpil dekourajman bò kote anpil moun menm zanmi ak fanmi. Paske dekolonizasyon mantal pa fasil. Men lang nou, lang manman nou pa t janm fransè, se kreyòl. E tankou Nelson Mandela te di: ‘’si w pale ak yon moun nan yon lang ke li konprann, ou pale ak tèt li, men lè w pale ak li nan lang pa l la, ou pale ak kè li’’ ».

2.2. Chak memwa ak tèz ki ekri epi soutni ak briyans an kreyòl se yon mayon ki kase nan chèn mantal ak ideyoloji diglosik la

1998-2025, vennsèt lane, ven travay syantifik : 19 memwa lisans ak 1 tèz doktora an kreyòl ayisyen. Chif yo piti, mwens pase 1 travay inivèsitè pa ane, men siyifikasyon yo gran anpil.

Nou ka di, apre Gabriela Veronelli (2025), nan yon demach kominikasyonèl dekolonyal, ki pran nesans pou pwopoze yon lòt pwojè sosyete ki dekonstwi fòm kolonyalite ki layite dominasyon ak majinalizasyon lang, kilti ak pèp ki te sibi opresyon depi kòmansman modènite kolonyal oksidantalotre a (1492), chak memwa, chak tèz…, ki rive ekri epi soutni ak briyans nan lang manman pèp ayisyen an, lang ki simante pratik lavi chak jou l, se plis pase yon travay akademik. Se yon jefò lenguistik, epistemik, didaktik, kominikasyonèl… e sitou politik ki mande anpil kouraj, se yon batay entèlektyèl kont prejije, diskriminasyon glotofobik ak fòm inegalite epistemik yo, se yon volonte travay nan yon kontèks kote fòm diskriminasyon langajye yo enstitisyonalize, absans dokiman ansanm avèk resous pou fè rechèch yo planifye, yon fason pou rann inaksesib tout fòm emansipasyon kay pitit mas pèp la, ki bezwen reflechi, pibliye, e aji nan lang pèp la, pou rezoud pwoblèm sosyal yo. Pwodui syans nan lang manman se yon aksyon kiltirèl pou mete lang ak kilti epi pèp la nan wonnsant pwodiksyon konesans pou ride transfòme kondisyon lavi sosyal global la.

Tankou mesaj Angeline Veillard voye bay jenès la, li klè e san ilizyon, pwodiksyon dwe fèt sou tout fòm langajye, sa ki asireman kreye plas pou rann konesans ak lakilti disponib sou tout fòm (oral pou moun ka tande yo, ekri pou moun ki ka li yo, nou ajoute kote pa nou, sou fòm lang sinye pou moun soud ki sèvi ak lang siy yo, ekriti bray pou avèg yo…) :

« An nou pote repons nan pwodiksyon lasyans… jiskaske nou deskonstwi tout vye reprezantasyon… Vrè konba a se yon konba pwodiksyon […] »

Alòs, selon rezilta rechèch, malgre nou p ap chache premye fwa, men nou rive wè : premye powèm ki ekri nan kreyòl sendomengwen-ayisyen an se Lisette quitté la plaine (1757), premye memwa nan lang tout pèp ayisyen an konnen se nan FASCH li fèt an 1998, premye tèz doktora an kreyòl se adistans li soutni nan CCU (2025)… chak « premye fwa » sa a yo sanse raple yon gwo verite: lang ak kilti a pa sèlman dwe grandi nan diskou teyorik nan lòt lang, men li dwe sitou fèt nan itilizasyon sistemik pwòp lang ak kilti pèp la, lang pratik lavi chak jou a gen kapasite pou pwodui diskou sou lang, kilti, sou pratik sosyal pèp la, sou sosyete a an jeneral epi sou tout lòt fenomèn, nan lang lan, sitou pou ride transfòme reyalite tout moun k ap viv nan sosyete kote lang ak kilti a  ap evolye a. Se nan chemen sila kèlkeswa lang ki jodi a ta parèt kòm lang natiralize moun fè lasyans te pase.

Boutofen, nan kout plim etidyan yo ak nan volonte ankonpayman pwofesè yo, lang ak kilti kreyòl la ap travèse chimen yon lòt lorizon, lòt konsèp ap entegre, lòt fason pou di epi transfòme mond lan ap devlope de jou an jou. E nan devlopman lang ak kilti a, se tout yon pèp ki kanpe pi drèt, je nan je ak reyalite a, epi, se plis li prè pou konstri avni li nan demach pwojè granmounite l. Yon demach ki lye ak dwa patisipasyon pèp la nan tout desizyon ki konsène lavi l.

Konsa nou ka di, piti kou l ye, ansanm travay syantifik wòdpòt sa yo, soti nan premye memwa Edline Lorenceau (FASCH, 1998) rive nan tèz doktora Job Silvert (UCC, 2025), yo reprezante pi plis pase yon pwogrè akademik. Yo senbolize yon demach kolektif pou rekipere kapasite lang kreyòl la pou konstwi konesans pwofon, konplèks, ak transfòmatè. Jan sosyològ Jean Casimir te montre nan liv li La cultura oprimida (1981) epi jan Iv Dejan te agimante nan Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba (2021), relasyon pèp ayisyen an ak konesans yo toujou marinen nan relasyon lang, kilti, moun epi pouvwa. Se nan reponn kesyon fondamantal sou ki plas lang ak kilti kreyòl la nan espas pwodiksyon syantifik, inivèsite, ke travay etidyan ak pwofesè sa yo pran tout valè yo : yo pa sèlman ekri an kreyòl, yo ekri sou kreyòl ak lòt fenomèn, pou Kreyòl, ak vizyon pou yon lòt lekòl, yon lòt inivèsite epi yon lòt sosyete kote lang manman an, lang tout Ayisyen konprann lan, boutofen, se veritab baz emansipasyon entèlektyèl, sosyal, kiltirèl, syantifik, teknik… tout sosyete a.

Chak memwa e chak tèz ki ekri epi soutni avèk briyans se yon mayon ki kase nan chèn mantal kolonyal la, yon dekonstriksyon estrikti distriminasyon yo, yon lòt kout kanbi ki bay plas pou kreye gwo konbit pou mete lang ak kilti kreyòl la « nan je, nan kè, ak nan tèt » pwosesis konstriksyon Ayiti mas pèp la reve a.

Konklizyon

     Analiz nan atik sila a montre chwa pou pwodui konesans an kreyòl pa yon zak senp, men yon pozisyon entèlektyèl ak politik ki mande kouraj, vizyon ak konviksyon solid. Nan yon sistèm kote franse, yon lang ki depaman ak pratik kodidyen mas pèp la, kontinye jwi lejitimite istorik ak prestij enstitisyonalize nan yon kontèks kote prejije anrasinen yon dibita diskriminasyon ki parèt sou fòm rapò miwo-miba pami lang ak kilti pami pèp ak enstitisyon. Alòs, desizyon pou ekri, anseye oswa defann rechèch an kreyòl vin tounen yon aksyon ki kesyone lòd pouvwa ki tabli chapantaj sosyete inegalitè k ap depeyize sèvo sosyete a lwen lang ak kilti l. Li pa sèlman yon kesyon lang ak kilti; li se yon kesyon pouvwa, disponiblite, aksè ak jistis kognitif, jistis pou sila ki bezwen pale, konprann, transfòme sosyete a nan jwenn konesans ki pwodui nan sosyete a, sou sosyete a, nan lang ak kilti moun sèvi chak jou a, nan sosyete a.

      Malgre yerachizasyon estriktirèl ki favorize lang franse kòm lang ansèyman ak pwodiksyon syantifik kont lang kreyòl la, men soti 1998 rive 2025 gen omwen 21 etidyan ak plizyè pwofesè ki chwazi enskri travay yo nan yon lojik enklizyon ak responsablite sosyal pou transfòmasyon global, ki vle patisipe nan rann premye lang ki simante tout sosyete a sèvi premye baz pwodiksyon syantifik pou aksesibilite epi transfòmasyon sosyete a. Entèvyou ak chèchè tankou Ary Régis, Renauld Govain ak Job Silvert epi lisyansye tankou Angeline Veillard, Gerson Content montre chwa sa a chita sou volonte inebranlab pou rann konesans plis aksesib, pou valorize idantite lenguistik tout nasyon an ki lyennen nan lang ak kilti kreyòl la, epi pou repanse lyen ant inivèsite ak sosyete nan sosyete ki te sibi kolonizasyon sou tòt fòm. Travay pwodiksyon nan lang manman sa a se yon demach ki vize kraze baryè senbolik, dekonstonbre tout prejije ak diskriminasyon lenguistik ki jwe wòl baryè pou kontinye kwense majorite sitwayen yo deyò espas pwodiksyon syantifik la. Sa ki se youn nan estrikti pouvwa kolonyal la sèvi pou bòykote dwa lenguistik, kiltirèl… jistis kognitif mas pèp la nan pwòp peyi l.