Diskou Fritz Deshommes nan okazyon kloti mwa kreyòl 2025 lanKreyol Ayisyen

Chak fwa mwen gen okazyon pran lapawòl nan seremoni kloti mwa kreyòl nan AKA, se toujou menm emosyon an, menm ravisman an, menm kè louvri a, ki anvayi tout mwenmenm pandan m ap sonje kote n soti, tout wout nou rive fè, tout pas dlo n travèse, anvan n rive kote nou ye jounen jodi a.

Fritz Deshommes
04 nov. 2025 — Lecture : 7 min.
Diskou Fritz Deshommes nan okazyon kloti mwa kreyòl 2025 lanKreyol Ayisyen

Fritz Deshommes

Chak fwa mwen gen okazyon pran lapawòl nan seremoni kloti mwa kreyòl nan AKA, se toujou menm emosyon an, menm ravisman an, menm kè louvri a, ki anvayi tout mwenmenm pandan m ap sonje kote n soti, tout wout nou rive fè, tout pas dlo n travèse, anvan n rive kote nou ye jounen jodi a.

Alapapòt, fòk mwen voye yon gwo kout chapo pou nouvo prezidan AKA a, kolèg nou Rosilia Francois, ki te deja montre n tout kapasite l lè l te visprezidan. Se premye fwa nou gen yon fi alatèt Akademi nou an. Pou nou tout, se yon moman istorik. Konpliman prezidan Rosilia. Konpliman tou pou nouvo Konsèy Administrasyon an. 

Ane 2025 sa a, AKA ap fete onzyèm lane depi l ap feraye. Le n ap gade boulvès peyi d Ayiti sibi nan dènye lane sa yo, lè nou konsidere nan ki kondisyon Akademi an ap fonksyone, lè nou reyalize diferan move kou nou ankese, nou gen dwa fè tèt nou konpliman. Konpliman dèske, mal kou mizè, nou rive kenbe, Non sèlman nou rive kenbe, men tou prezans nou komanse mennen yon seri chanjman anndan sosyete a ki konfime tèm selebrasyon mwa lang ak kiliti kreyòl ane saa :” Lang kreyòl, yon zouti devlopman tout repiblik la”. 

Jounen jodia, nan tout nivo sosyete a, konpatriyòt nou yo pi alèz, pi fyè, mwen jennen, pou yo pale lang manman yo. Sou rezo sosyo, nan konvèsasyon wattsapp, fesbouk, sms, kreyòl la layite kò l, alèz kou blèz. Nan inivèsite, nan mitan save, gwo pawòl lasyans ap pale an kreyòl, sans pwoblèm, san pesonn pa wont, tankou nou te konn wè sa pa gen twò lontan. Pa pi ta ke vandredi pase, yon gwo laboratwa rechèch nan UEH la, UrGEo (Inite Rechech nan Jeosyans), te òganize yon bèl woumble entènasyonal, totalman an kreyòl, sou de sije wòtpòt tankou rechofman klimatik, enèji renouvlab, fizik kantik, jesyon plastik, valorizasyon dechè, elatriye. Nan tout mouvman sa a, ki montre nou jan pèp nou an komanse libere tèt li, kenbe idantite l wo, prezans AKA, travay AKA, pote yon gwo kontribisyon. San konte jefò AKA komanse fè sou kesyon estandizasyon òtograf , fomasyon pwofesè ak jounalis, atelye lekti ak ekriti, sansibilizasyon ak pledwari, elatriye. Lè nou sonje nan ki kondisyon nou rive reyalize travay sa yo, nou ka di pazapa, san bri, san kont, n ap vanse.

Men tou, nou pa dwe bouche je n sou valè travay nou ret pou n fè. Sou divès defisi ki kontinye wonje sosyete ak Leta nou an nan domèn lang. Sou kokenn chenn responsablite lalwa konfye nou nou poko rive menm gade, alewè pou n ta komanse manyen yo.

An nou klè. Toutotan:

Leta, nan tout dimansyon l, pa pale ak ekri kreyòl komsadwa;

Lajistis pa fonksyone an kreyòl, ki fè nou kontinye ap jije sitwayen nou yo nan yon lang yo pa konprann;

Sistèm edikatif la kontinye ap fè laloz ak lang kreyòl la;

Kesyon lang ap kontinye ranfòse enjistis, diskriminasyon, inegalite anndan sosyete a.

Toutotan kreyòl la pa tounen yon veritab lang ofisyèl, ki simante toutbon vre tout segman sosyete a, jan manman lwa peyi a mande l la, ki pèmèt ranmase tout richès, tout kapasite, tout potansyèl pèp nou an. 

Toutotan nou pa rive mete nan reyalite a tout dispozisyon konstitisyon an ak lalwa prevwa pou lang kreyòl nou an jwe wòl li komsadwa, travay nou nou poko fini, batay nou fenk komanse.

Men tou, gen de pawòl nou pa dwe kache. Gen de reyalite nou blije mete aklè devan sosyete a : 

- Eske nou konnen pami tout biwo leta yo, se AKA ki resevwa bidjè ki pi piti nan men Trezò Piblik la?

- Eske nou konnen AKA se sèl oganis Leta dirijan yo pa touche okenn salè ?

- Eske nou konnen si n al nan biwo AKA, nou pap janm panse se nan yon biwo Leta nou ye ?

Pou nou konprann pi byen, an nou retounen sou kesyon bidjè a. Bidjè Leta ane sa a se 345 milya goud. Sou 345 milya goud la, AKA jwenn sèlman 110 milyon. Sa vle di AKA pa resevwa ni en(1)pou san(100), ni en(1) pou 1000(mil), ni menm lamwatye en(1) pou dimil(10,000) nan bidjè Leta a. Pi grav ankò, biwo Leta ki vin dirèkteman apre AKA a resevwa 333 milyon goud, plis pase 3 (twa) fwa bidjè AKA. E si n ap fè konparezon ak oganis Leta ki pote lamayòl bidjè ki pi wo a, li resevwa 54 milya goud (wi milya), sa vle di plis pase 490 fwa montan AKA resevwa nan men Trezò Piblik peyi d Ayiti. Ou kwè n bezwen di plis?

Si w pa konnen ou ta menm panse AKA se ta yon pitit deyò nan Leta a.. Oswa se ta, jan yo konn di, “pa efraksyon” AKA ta rantre nan Leta a.

Eske nou blije raple se manman lwa peyi a menm ki kreye Akademi Kreyòl Ayisyen an?

Eske fòk nou fè sonje se apre anpil batay, anpil sakrifis, anpil jefò, pèp ayisyen an rive enpoze non sèlman pou yo rekonèt lang kreyòl la kòm lang ofisyel peyi d Ayiti men tou pou gen yo Akademi ki la pou fè respekte dwa lengwistik li?. 

San konte lòt gwo konba nou te blije mennen pou rive tabli Akademi an limenm malgre Konstitisyon an te fin kreye l depi 1987. Eske fòk nou raple tou, sou kesyon kreyòl sa a, gen moun ki pran prizon, moun ki pran egzil, san konte sa k te blije bay lavi yo pou kòz sa a? An nou pa di plis. 

Men li dwe klè pou tout moun, pou tout otorite: Se pa daso nou pran Leta a. Li pa nòmal pou se konsa y ap trete nou. Nou ta ka menm di : MALTRETE nou.

Se pou tout rezon sa yo, lè nou konsidere chay responsablite Konstitisyon an ak Lwa kreyasyon Akademi an ban nou, nou tou wè nou poko rive ranpli menm yon dizyèm nan obligasyon nou genyen. Ki donk, nou gen gwo pale pou nou fè ak Leta a. Gen gwo kout lambi pou nou klewonnen nan zorèy sosyete a.

Erezman, nan sans sa a, se pa zouti nou manke pou nou fè tande rèl sa a. Konstitisyon an ak Lwa kreyasyon AKA a louvri pou nou anpil opòtinite nou ta dwe ranmase nètalkole. Pa egzanp: Atik 46 lwa AKA a prevwa:

“ Chak ane, Akademi Kreyòl Ayisyen an ap fè yon rankont travay ak chak Pouvwa yo separeman, yonn ak Palman an, yonn ak Pouvwa Jidisyè a epi lòt la ak pouvwa Egzekitif la sou travay yo fè pandan lane a, pou pataje satisfaksyon ak pwoblèm yo genyen - yonn pa rapò ak lòt - epi diskite sou bidjè Akademi an”.

Atik 47 la menm, li mande AKA pou l veye  

“Pou tout fonksyonè Leta jwenn fòmasyon nan lang kreyòl nan yon delè 3 lane;

“ Pou Leta pran angajman pou tout anplwaye l yo ak tout administrasyon l yo kapab fonksyone nan lang kreyòl”.

Eske se pa moman pou nou raple Leta egzistans atik sa yo? Eske se pa moman pou nou nou al rankontre Pouvwa Egzekitif la sou kesyon bidjè AKA ak dispozisyon pou Leta fonksyone an kreyòl tou?

Eske sou menm baz la nou pa ta ka rankontre ak CSPJ pou nou relanse yon dosye ki enterese AKA anpil anpil: dosye lang kreyòl nan lajistis? Dekwa pou nou sispann jije sitwayen yo nan yon lang yo pa konprann ?

Eske nou pa ka pran baton peleren nou, mache rankontre tout responsab biwo Leta yo pou nou mande yo siyen ak AKA yon Pwotokòl d Akò kote AKA ap ka pèmèt yo jwenn bonjan fòmasyon ak eksperyans, dekwa pou yo vin alèz nan itilizasyon lang kreyol la ak nan bay piblik la sèvis an kreyòl, jan konstitisyon ak lalwa mande l?

Se kèk egzanp sou kèk pòt nou ka frape pou nou soti nan sitiyasyon malouk sa a ki anpeche nou fè travay nou komsadwa. Gen anpil lòt toujou nou ka konsidere ofiramezi.

Annatandan Prezidan Rosilia ak Konsèy Administrasyon an analize pwopozisyon sa yo epi pran bon jan aksyon selon rezilta analiz yo, n ap voye yon chay konpliman pou tout kolèg Akademisyen, tout manm Konsèy Konsiltatif yo, tout kolaboratè Sekretarya Egzekitif yo, tout patisipan nan sal la ak sou zoum, tout òganizasyon, tout pèsonalite, tout zanmi, tout militan, tout konpatriyòt k ap pote kole nan konba a pandan m ap swete nou tout alawonnbadè:

“Bon Jounen Entènasyonal Lang ak Kiliti Kreyòl”.

Mèsi anpil.

Fritz Deshommes 

Akademi Kreyol Ayisyen