Politik popilasyon peyi d’Ayiti fas kare ak pwoblèm deplase fòse depi jen 2021 : yon pari pou leta Ayisyen

Hancy PIERRE
15 juil. 2025 — Lecture : 14 min.

Nan okazyon jounen entènasyonal popilasyon nou vle dedye ak deplase fòse yo atik sila kote n ap gade ki politik popilasyon Leta Ayisyen genyen pou fè fas kare ak pwoblèm sila.N ap abòde pwen sa yo tankou :1)Pwoblèm ki ap poze; 2)An nou louvri yon fenèt sou politik popilasyon Leta ayisyen; 3) Kontèks ensekirite ki mennen deplàsman fòse Pòtoprens yo; 4)Kondisyon deplase fòse yo; 5)Chif sou kantite deplase fòse nan Pòtopren;6)Refijye nan kan ak refijye envizib: yon reyalite pataje; 7)Migrasyon imajinè : yon fòm rezilyans popilasyon deplase fòse yo ; 8)Mouvman moun deplase fòse yo: fòs ak defi 

Pwoblèm ki ap poze

 Jounen jodi a apwòch ki se kòk chante se aji sou vizaj povrete a genyen ki pi lèd la.Kidonk popilasyon ki lage nan kan anba je tout moun se yon reklàm kit se pou Oganizasyon Entènasyonal kit se pou leta . Popilasyon sa yo vizib epi yo ede fè gwo espektak lè gen aksyon imanitè k ap fèt . Reklàm la pi fò pase rive ede moun deplase fòse yo menm.”Depi ki lè koukou te renmen frize konsa pou l rele pitit li frizelya”, se yon pwovèb ayisyen ki montre loraj pa kale papa bon kè konsa nan yon sosyete ki bati deja sou wòch dife “esklizyon”. Se yon kout dlo cho ak yon kout dlo frèt. Men tou, pouvwa piblik yo ap eseye anprizone vizaj lèd provrete sa nan bay èd pou deplase fòse yo kite espas piblik pou yo sispann sou je . Nan eksperyans pase yo, gen lòt estrateji ki konn itilize deja pou degèpi sila nan deplase fòse yo k ap fè rezistans . Nou te asiste yon tablo konsa aprè 12 janvye 2010 kote degèpisman ak lafòs yo te rive fèt nan 70% ka yo . Degèpisman gwoup brigan kòmande yo se te 22% nan ka yo epi 10 % ladan yo se te responsablite ajan lapolis (CEPODE,2014).

Aprè lane 2021, raj ensekirite fè nan nivo nasyonal, pi fò moun deplase fòse yo (80%) ale kay fanmi yo. Nan Pòtoprens se plis pase 185,000 yo ye. Se sila nou konsidere tankou envizib yo. Genyen sila ki pa deplase men se fòse yo fòse yo pou pa fè yon pa. Yo se otàj gang yo ou byen esklàv yo pou sèvi boukliye pou yo lè gen operasyon lapolis. Se sa nou konprann tankou yon vyolans senbolik kote domine a patisipe kont pwòp tèt li pou aksepte vyolans dominan chèf gang la. Gen lòt menm ki depeyize ale nan lòt vil, ale sou fwontyè Sendomeng ak Ayiti. An nou mande nou kit ou nan kan ki idantifye kit ou pèdi nan lespas nan kan envizib si reyalite tout refijye yo pa pataje? Konsa èske moun ki vilnerab yo konte? Eske yo konsidere bezwen espesyal yo? Se yon màs gouvènman an ak òganizasyon entènasyonal yo idantifye? Eske yo konsidere bezwen timoun yo? E si la yo ki gen plis pase 60 lane? Ti fi yo? Moun ak andikap yo? Eske lè ou pèdi diyite w ak idantite w ou ka ekziste?

An nou louvri yon fenèt sou politik popilasyon Leta ayisyen

Se nan lane 2002 Politik nasyonal popilasyon koumanse pran pye tout bon vre nan peyi Dayiti.Politik sa pa t toujou klè (sa yo rele politik ki pa eksplisit).A pati 1971, politik popilasyon yo vin plis parèt nan plan chak 5 lane ou byen chak 2 lane. Ki sa politik popilasyon an ye menm?Yon politik popilasyon se yon politik piblik ki defini konsa :“yon ansanm mezi ak pwogràm ki fèt nan objektif ekonomik,sosyal, demografik ak lòt objektif kolektif kote ou ka entèveni sou varyab demografik enpòtan yo tankou tay, kwasans, distribisyon espas nasyonal kou entènasyonal yon popilasyon kote aksan mete sou fè la vi popilasyon yo miyò nan yon peyi” (Gérard, 1983). Nou konstate politik popilasyon an konsidere popilasyon ak resous disponib ki ekilibre pour evite tout sitiyasyon povrete.

Nan dàt 14 dawou 2024 nan yon deklarasyon Sekretè leta Popilasyon te defini aklè aksyon ki pral poze pou akonpaye deplase fòse nan kan ak nan kanpman yo avèk lòt entèvansyon konjontirèl epi mezi ki pi dirab. Sekretè Leta a te pale sou detèminasyon Gouvènman an pou atake ak tout fòs li tout sa ki se pikan kwenna pou pwoblèm popilasyon yo.Li fè referans ak rapò ki klase Ayiti lwen nan devlopman moun 158è sou 193 nasyon kote pousantaj kwasans popilasyon chak lane popilasyon an se 1,34% ant 2020 ak 2025.Men to kwasans ekonomik la ap fè bèk atè depi 2019 avèk 1,8% pou ekzèsis 2023-2024.

Sekretè leta ak gade kèk travay ki gen arewa ak:

Priz anchaj nan sante ak imanitè popilasyon deplase yo;

Kontribiye nan konte,nan kanpay pou sansibilize ak fè prevansyon vyolans sou jan sitou sou tifi ak fanm nan kriz sekirite a nan kan yo ak kanpman ki tabli yo;

Evalye ak rapousuiv politik piblik popilasyon yo;

Ranfòse kad koperasyon avèk patnè nasyonal tankou patnè entènasyonal;

Apiye Komite Pilotaj Konferans Nasyonal nan misyon l ak atribisyon l;

Travay pou ranfòse sistèm enfòmasyon sou sante nasyonal inik (SISNU) ;

Kontribiye pou gen byennèt pou popilasyon an;

Devlope pwogram espesifik pou okipe ak asiste moun ki gen andikap;

Prepare konferans entènasyonal popilasyon pou lane 2025 avèk tout aktè ki enplike nan pwosesis sa;

Ranfòsman enstitisyonèl ak konsolidasyon lyen travay ki reyisi avèk patnè yo deja.

 Nou dwe souliyen estati estrikti ki anchaje popilasyon yo pa toujou defini.Manke kontinite nan aksyon yo sitou Sekretè Leta yo konn chanje kou kenken. Anpil fwa estrikti sa konn nwaye andedan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon kote se yon apwòch medikal ki aplike.Apwòch sosyal yo pa konsidere. Anpil fwa tou estrikti ki anchaje popilasyon se direksyon jeneral, gen lè se yon senp sèvis e kèk lòt fwa pa gen okenn estrikti ki idantifye pou sa . An nou site kèk ka : te gen nominasyon sekretè leta nan lane 2020 ak 2021 sou premye Minis Dr Ariel Henry epi sou Dr Gary Conille .Kontinye gen estrikti sa sou Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, kounye a nan lane 2025 la. Nou pa santi estrikti sa bouje ak entèveni sou pwoblèm popilasyon yo tankou pwoblèm deplase fòse, gwosès adolesan nan kan, ledikasyon jenn ak sante tankou travay.

An nou rapòte vizyon sekretè leta popilasyon nan dat 20 fevriye 2025 ki fè konnen objektif li pou amelyore kondisyon lavi sitwayen yo nan lasante, ledikasyon ak pwoteksyon sosyal. Li ajoute tout aksyon ap enskri nan yon apwòch ki kontre ak tout sektè.Li fè konnen wòl leta santral DPDH nan suivi politik nasyonal popilasyon PNP ak angajman yo leta Ayiti pran nan konferans entènasyonal sou Popilasyon ak Devlopman (CIPD).DPDH vize entegre dinamik demografik nan politik piblik yo. Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ap pote kole ak Direksyon sante lafanmi (DSF), Direksyon Pwoteksyon Sante ak Anviwonman (DPSPE) ak Inite Evalyasyon ak Pwogramasyon (UEP).Konsa devlopman moun pa dwe rete yon konsèp teyorik .Vizyon sa a dwe ateri nan aksyon pou amelyore byennèt popilasyon nèt alkole.Sekretèri a anonse finansman anplis pou ranfòse kapasite DPDH epi konsidere tankou yon pilye pou devlopman dirab nan peyi Ayiti.

2.1-Politik sosyal Leta ayisyen pou moun san kay  

Politik popilasyon kwaze ak lot sektè tankou kay, sante, jenès, pwoteksyon fanm elatriye. An nou we kesyon kay la. Kesyon tè se yon gwo dosye nan lavi pèp ayisyen. Anpil lit politik yo chita sou pwoblèm sa ki fè anpil gouvènman pran woulib sou sa ak pwofite fè popilis.Konstrui site ouvriye se te youn nan chwa gouvènman yo lè se pa detwui yo detwui zòn bidonvil yo.Politik sosyal Leta pou moun san kay se te yon evenman ki te vin make lane 1987.Se te yon gwo motivasyon Leta men ki pa rive bay rezilta sou pwoblèm moun san kay vrèman.Enstitisyon leta ki okipe fè pwomosyon kay ki se EPPLS pa rive konble defisi nan sektè sa ni frennen kantite moun san kay.N ap viv yon sitiyasyon kote se bidonvil k ap vale teren sitou depi reklam USAID pou gen migrasyon pou moun milye riral yo rive jwenn travay nan endistri nan Pòtoprens. Sitiyasyon sa vinn anvlimen pi plis aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la nan Pòtoprens kote gen nouvèl zòn bidonvil ki kreye tankou Kanaran, Onavil, epi nan Silo (Dèlma 75 ) ak lòt mouvman moun ki deplase ale Kwadèboukè , Petyonvil ak Dèlma.

Nan menm kontèks sa, gen anpil deplase fòse k ap viv anba tant sou plas piblik, sou teren prive bandonen . Sitiyasyon sa pa san konsekans sou vyolans nan vil Pòtoprens ki marye ak fristrasyon, mizè epi chomaj.Konsa fenomèn gang nan kèk katye popilè ap pran fòs jouk popilasyon an rive vide katye yo.Kidonk politik lojman sosyal gen plis mak fabrik asistans ak fè imanitè epi eradike zòn bidonvil yo.Absans plan pou amenaje tèritwa yo ap akouraje fwaye kriminèl ak vyolans.Jounen jodi a , Leta gen gwo defi pou fè fas kare avèk pwoblèm moun san kay ki se plis pase yon milyon deplase fòse arevwa ak atak gang ame yo.Apre sa, n ap gade politik Leta ayisyen sou koze imanitè.Li enpotan pou n abòde aspè sila sitou gen lontan pa gen politik ki dire se pito imanitè ki sel kòk chante.

2.3-Politik sosyal Leta ayisyen sou kesyon imanitè  

Leta ayisyen depi lane 1950 yo potekole sitou ak yon politik imanitè olye l fè pwomosyon devlopman.Se nan kontèks sa premye Oganizasyon imanitè koumanse enplante nan peyi Ayiti aprè siklòn Hazèl nan lane 1954.Anpil lòt katastwòf vin fè politik imanitè sa yo ranfòse.Anplis ensekirite te toujou make lavi politik nan vil yo kote gen anpil dife kriminèl ki te detwi kèk katye nan Pòtoprens.Repons leta se te kreye site pou moun san kay.Se sa ki fè Site Simòn kreye .Kèk ONG tankou Food for the Poor, Catholic Relief Services, Service Chretien, legliz metodis pou nou site òganizasyon sa yo sèlman konn kontrui kay tou pou moun sinistre yo (CEPODE, 2012)

Pwofesè Charles Vorbe rive nan sikonstans la pale sou “imanitè militarize” kòm repons anfas pwoblèm Ijan yo “ijantis”.ONG yo mete devan yon vizaj devlopman ak imanitè epi anba anba se kesyon militè ak dominasyon k ap regle kòm estrateji.Pwofesè Vorbe raple pozisyon Heritage fondation lè li di “ tranbleman tè a gen enplikasyon imanitè epi li gen arewa ak kesyon sekirite nasyonal pou peyi Etazini.Konsa Washington gen devwa pou pote “ yon repons rapid anplis odasye ak dirèk pou ta mobilize lame, konpetans sivil yo ak gouvènman Etazini pou èd imanitè pou yon ti bout tan e menm yon tan pi long pou Ayiti”(CEPODE,2015) . 

Kontèks ensekirite ki mennen deplàsman fòse Pòtoprens yo

Koumansman mwa jen 2021 plizyè mil moun deplase soti nan katye Matisan akoz vyolans gang kriminèl nan katye sa . Si popilasyon deplase sa yo swete retounen viv lakay yo ankò nan lapè ak sekirite, plan gouvènman an se te pito fè reklàm pou asistans finansye l’ ap distribiye. Te gen yon anvlòp ant 40,000 ak 50,000 goud ki dispoze pou chak fanmi deplase pou yo kite sant ki akeyi yo ki sèvi tou kòm kan refijye. Nan kout kàt sa a, anpil nan moun deplase yo konn fè ladesant kay yon pwòch fanmi ou byen kay yon zanmi . Nan ka Matisan an , anpil moun te ale nan Sant espòtif Kafou kote yo rete pandan lontan.  

Vire tounen, gang chase popilasyon katye aprè katye. Yè se te Matisan, aprè se Laplenn epi Kafou Fèy pran tou. Anba lavil Pòtoprens blanch nèt. Se yon lachàs ki pa kanpe menm, li mache monte Laboul, desann Metivye epi Tòsèl ak Taba. Katye Nazon ak Poupla pran tou epi Solino ak Kriswa. Menm kèk katye rezidansyèl pa ekzante se ka Avni Kristòf,Tijo epi Pako.

Kondisyon deplase fòse yo

Ensekirite ak atak gang ame fè popilasyon yo bandonnen pwòp kay yo. Kèk lòt rete nan lari a anba yon pye bwa, anba yon tant ki fèt ak moso twèl ou byen plastik, nan yon machin, an maskay nan yon ti kwen ou byen dòmi sou do ap gade lesyèl.Tablo sa a montre nou kouman endividi yo pèdi diyite yo ak idantite yo sa ki fè yo pa ka ekziste. Kidonk nou annafè ak yon pwoblèm popilasyon ki envizib akoz li pa gen dwa pou viv. Nou annafè tou jounen jodi a ak refijye nan pwòp peyi yo. Popilasyon an tounen peleren ki pa gen destinasyon. 

Chif sou kantite deplase fòse nan Pòtoprens

Oganizasyon entènasyonal yo pa sispann bay chif ki rive plis pase yon milyon moun deplase fòse epi chif sa yo kontinye ap monte. OIM vanse chif 1,041,229 deplase nan yon kominike 14 janvye 2025 (Le Nouvelliste, 14 janvye 2025) . Nan tout evalyasyon sa yo, gen anpil lòt deplase ki pa konte. Nan mitan popilasyon sa yo, fanm ak ti fi rive 55% epi ti moun 53%. Kan deplase yo pase kantite 117 nan mwa septanm 2024 pou rive nan chif 142 nan dat 30 desanm kote gen 108 kan idantifye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la sèlman.Tout sit sa yo ou byen kan yo boure ak moun depase. 200,000 deplase fòse te idantifye nan lane 2023 dapre Direksyon Pwoteksyon Sivil (Le Nouvelliste, 5 octobre 2023). Nan mwa desanm 2023 se te 315,000 deplase ki rive anrejistre epi nan mwa fevriye 2024, se plis pase 578.000 moun ki deplase kote 112,000 okipe 96 sit anba chal (sa yo rele sit enfòmèl) (Le Nouvelliste, 16 dawou 2024). OIM vanse chif prèske 600,000 deplase (France 24, 18 jen 2024). Apre sa, OIM idantifye prèske 95,000 moun k ap pran direksyon vil pwovens nan grann sid la kote yo se 10% popilasyon a. Chif ofisyèl sa yo poko nan zotey pou longe pwoblem sa.Raple nou ka refijye envizib yo, epi sekestrasyon popilasyon,popilasyon k ap flannen san destinasyon ak sila yo ki ale sou fwontyè Ayiti-Sendomeng ak nan peyi letranje kote y ap depòte yo.

6-Refijye nan kan ak refijye envizib: yon reyalite pataje

Sitiyasyon moun nan peyi Dayiti sou lagraba kòm moun sistèm la mete deyò .Konsa yo pa benefisyè sèvis sosyal.Lit pou gen tè ak kay se yon venn sansib nan listwa pèp ayisyen. Moun san tè yo anpil ladan yo se chomè estriktirèl pou nou repete Manuel Castells ; yo toujou nan lijans.Leta pwofite sitiyasyon sa pou mete anplas politik “Patènalis ijans” pou toujou kenbe popilasyon an nan povrete.Depi kèk lane nou konnen fenomèn migrasyon yon mas moun nan mitan peyi a tankou sila ki kite peyi a pou peyi letranje.Ensekirite gang ame nan katye Pòtoprens yo sitou lakoz anpil deplase fòse.Pi fò ap mache tankou peleren k ap apante katye aprè katye epi ap viv nan laperèz.Anpil fwa yo pa konn kilè y ap retounen nan lari a anba je.Genyen ki nan kay woulant k ap deplase katye aprè katye. Fanmi yo eklate; ckak moun konn yon bò kote yo fè ladesant kay yon pwòch fanmi, kay yon zanmi ou byen retounen nan pwovens.Deplase fòse yo tounen refijye nan pwòp peyi yo.Jodi a ou ka refijye envizib nan kay fanmi ou byen yon pwòch epi demen ou retwouve w nan yon kan sou je tout moun.Fwontyè ant de reyalite sa yo pa laj. Gen moun anndan kay ki rive fè teyat nan mete yo nan po moun nan lari ki nan kan yo.Gen yon ideyoloji asiste ki travèse sila sa yo kote y ap ret tann asistans imanitè nan kan ki sou kont enstitisyon ONG ak enstitisyon piblik yo tou.

6.1- Lakay se lakay: yon pwolonjman nan idantite ki pèdi  

Moun deplase yo konn fè tantativ retounen nan katye yo.Sa te rive fèt nan Kafou Fèy, nan laplenn, nan Petyonvil ak Dèlma men gang ame konn retounen chase popilasyon an.Moun Solino te fè eksperyans sa tou, men yo pa rive kontinye rete. Sitiyason sa nou eseye eksplike nan konsidere apwòch sikolojik pou moun ki viv chòk anviwonmantal. Konsepsyon yon endividi sou yon dezas ou byen relasyon l ak anviwonman se yon gwo koze.Retounen nan anviwonman ou abitye menm si gen danje se yon eksplikasyon ak kesyon “Lakay se lakay” pou asosye propriyete ak idantite, ak sekirite tankou menm ak reyalizasyon tèt moun nan “(LEFEBVRE, 2000:16). Santiman sa eksprime nan yon sitiyasyon pandan ak aprè yon relokasyon ( viv nan yon lòt milye) kote solisyon sa pa satisfè bezwen popilasyon an vrèman.

 Nan ka yon dezas deplasman soti yon premye kote ki menase pa enplike lòt milye moun sa prale a gen plis sekirite pase sa. Estrateji yo konn plis endividyèl ak tape nan sòs ki patisipe pou kalme chòk yo . Sa konn rive migrasyon enviwonman yo konn rive fèt nan nouvo kote ki pi an danje (Pierre, 2011). Si n ap konpare sitiyasyon an ak konsekans yon dezas anviwonman, malgre tout risk ak danje, popilasyon viktim yo rete nan menm zòn yo santi lavi yo byen.Men aksè ak latè se yon faktè enpòtan pou garanti sekirite sivil yon moun anfas yon pwoblèm yo. Milye abitasyon ou rete a se pwolonjman endivid a pou reprezantasyon dirèk ak li konsyan kèk aspè santral pèsonalite l.Estrateji sa la pou prezève moun deplase sa malgre kondisyon frajil ki genyen ak objektif pou gen rekonsesans sosyal akoz aksè ak latè.

   

7-Migrasyon imajinè : yon fòm rezilyans popilasyon deplase fòse yo . Deplase fòse yo plis konsidere sa Dorvil rele Imajinè adaptatif kòm yon fòm rezilyans.Se yon dènye solisyon nèt yon moun ka genyen, se tou yon pòt ouvè ak yon ekzil yon moun pou l ka konble menm nan ilizyon l yon bezwen li genyen  » (Dorvil, 2007 :223).Se yon fòm ou ka itilize pou pi byen eksplike kèk peripesi ki twomatize moun nan sikonstans ekstrèm li ka twouve l tankou nan yon kan pou deplase fòse. Popilasyon an lage san bousòl li blije refijye l nan lespwa sitiyasyon l ka chanjemen si li pa we ki jan l ap chanje.

8-Mouvman moun deplase fòse yo: fòs ak defi

Deplase fòse yo ki t se sila Kafou Fèy yo epi lòt ki sòti Solino yo pa sispann pran la ri pou manifeste bezwen yo anfas leta.Yo prefere retounen lakay yo nan sekirite olye yo rete ap viv sou èd imanitè nan kan deplase yo.Lakay se lakay epi genyen ki blije ap veye sou dwa pwopriete yo genyen sou anplasman kay yo nan rive gen yon prezans sou plasman sa a. Mouvman sa yo touye nan ze anfas represyon polisye.Men yo montre detèminasyon popilasyon ki pa pèdi diyite l ni konsyans li nan byennèt lavi.Men vyolans sistèm la toujou ap alimante fristrasyon, mize epi ensatisfaksyon.Kit se sitiyasyon ki lakoz vyolans sa yo kit se pwoblèm moun san kay yo rete doubout pou yon leta predatè ki p ap sèvi popilasyon an.  

Hancy PIERRE, Pwofesè ak Chaje pwojè nan Centre en Population et Developpement, Faculte des Sciences Humaines, Universite d’Etat d’Haiti.