Nan oktòb mwa kreyòl, twa kesyon pou akademisyen Jean Grégory Calixte

 Oktòb 1983- oktòb 2024, karanteyen (41) lane depi divès kominote ak peyi kreyolofòn nan lemond, san bliye dyaspora yo, ap selebre yon eritaj komen : lang ak kilti kreyòl. Se nan menm lojik selebrasyon sila a, an Ayiti, pandan tout mwa oktòb la, Anivince Jean Baptiste ap rankontre pou Le Nouvelliste yon pèsonalite ki kapab swa lenguis, ekriven, pwofesè, akademisyen, kreyolis, operatè kiltirèl, jounalis, mizisyen, pawolye, komedyen, powèt… pou yon echanj djougan sou lang, kilti ak literati kreyòl. Rankont sila yo ki enskri nan kad mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl vle sèvi, anvan tout bagay, yon baz solid ki kapab itil bon jan refleksyon ak aksyon konkrè nan enterè devlòpman lang, kilti ak literati kreyòl. Pou nimewo sa a, nou kontan resevwa Jean Grégory Calixte, lenguis, pwofesè, tradiktè epi sekretè jeneral Akademi Kreyòl Ayisyen.

       

Le Nouvelliste - LN: Avèk prezans pèsonalite tankou kòlèg ou nan Akademi Kreyòl Ayisyen, Adeline Magloire Chancy, peyi Ayiti te prezan an gran jan nan diferan rankont entènasyonal ki t apwal debouche an 1983 sou chwa 28 oktòb kòm Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl. Si w ta gen yon pawòl, yon mesaj pou kreyolofòn yo ak lòt kominote k ap selebre menm anbyans sa a m

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article.

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous