Lang gen gwo pouvwa : Li ka detwi nanm ; kon sa tou, li ka bati nasyon 

Pwofesè Michel DeGraff patisipe nan gwo fowòm medyatize sa a ki rele « TEDx Talks » — nan yon sesyon ki te fèt nan Massachussets Institute of Technology (MIT) oz Etazini. TEDx Talks se yon espas kote anpil syantis, espesyalis ak ekspè nan tout domèn pataje konesans ak esperyans yo sou tout kalte tematik ki enpòtan pou demen miyò nan monn lan. Pwòf DeGraff pwofite okazyon sa a pou l esplike klè pouvwa lang kreyòl la pou n tabli fondasyon lekòl tèt an wo — pou n bati peyi tèt an wo.

Biwo kominikasyon MIT-Ayiti
16 août 2023 — Lecture : 8 min.
Lang gen gwo pouvwa : Li ka detwi nanm ; kon sa tou, li ka bati nasyon 

Doktè Michel DeGraff — Pwofesè nan Depatman lengwistik ak filozofi nan Massachusetts Institute of Technology (MIT)

Nan prezantasyon Pwòf DeGraff la, li mete aksan sou soufrans li te sibi lè l te ti moun, e soufrans 40 pou san ti moun nan monn lan toujou ap sibi, sitou nan peyi ki te kolonize yo, akoz y ap aprann nan yon lang yo pa pale, yon lang sistèm neyo kolonyal la ap fòse yo itilize. Ti moun sa yo ap sibi presyon nan divès sektè sosyete a pou yo meprize pwòp lang manman ak papa yo ke y ap tande depi nan vant. 

Presyon sa a, ki chita so

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous