Mouvman Feminis Ayisyen; Toutes pour Une et Une pour Toutes
M gon zanmi m ki toujou echanje ak mwen sou koze Feminis a travè mond lan. « Misye » te dim yon fwa: Marquise fok medam yo si nou vle fè yon travay serye komanse panse sa nou ta rele « Le Féminisme Haïtien ».
M di wi, li enpòtan. Men annatandan ou paka remèt an kesyon serye travay nou paske o mwen li atire atansyon w jis ou rive ap reflechi sou li.
M toujou kenbe modòd lan, pigran yo trase wout la, ou ka repwoche yo sa w vle, aki yo la donk nou ka apiye sou yo nan yon demach pèfeksyonman…pa gen mwayen krache sou yo.
M jwenn pa youn, men anviwon 3 gason nan lantouray mwen ki « parèt » enterese yo ak mouvman feminis nan peyi a. M pa gen poum dekouraje yo, pouse do yo, non li pa estratejik pou mwen menm. M toujou rete nan pozisyon m ke okenn batay pap abouti sil chita sou eksklizyon (menm si m gen rezèv pa rapò a kota 30% ke Konstitisyon Peyi a preskri nan tout sektè lavi nasyonal la). Bon a kote sa tou gen yon bann ak pakèt lòt gason m konnen yo menm ki wè medam Feminis yo tankou yon menas, paskel menase lòd sosyal yo leve ladan kom privilejye an.
Nan Lòd sosyal sa a, yo se Bondje sou Latè, nan Lòd sosyal sa a, Fanm dwe toujou pran levasyon pou aprann kwit manje/lave pase pou gason epi bal plezi seksyèl janl pito. Nan Lòd sosyal sa, li sonnen preske yon menas lè yo di fanm : « siw pa konn fè manje, ki gason kap ret avè w? Ou poko pare pou al nan kay ak gason siw pa konn lave/pase ». Lide menm pou li ta fini lavil kòm selibatè prèske sonnen tankou yon kondanasyon pou lal boule nan lanfè. Nan Lòd sosyal sa, fòk fanm nan degajel kou mèt Janjak poul ranpli kondisyon pou li « kenbe yon gason ».
Epi, mouche gason menm fyè pou dil son w vrè gason paskel ka dechaje yon kamyon sak siman nan mwens ke inèdtan, li ka vise yon anpoul, chanje kawoutchou machin epi charye bokit dlo… (tout sa paske nap viv nan yon Peyi ki soudevlope… yon peyi kote ti bagay sa yo poko posib gras ak yon Wobo ou di mwens pa nesesè ditou ditou…
Mouche gason poko janm mande tèt li lè jou peyi a anvayi tout bon anba Entelijans Atifisyèl, ki kritè ki pral definil tankou gason, paske mouche gason poko janm dakò sosyete a ap evolye ak tout sak ladanl yo, kidonk gen bagay ni li ni fanm pa/pap bezwen fè ankò (Wòl) pou idantifye yo kom fanm oubyen gason.
Bagay lan rive nan yon pwen, m preske di map sibi asèlman nan « inbox » mwen; se tanzantan ti foto, ti video pou eseye konvenk mwen se bagay Lewòp map chache met nan tèt mwen ak tèt moun yo, ke m dwe kite koze a janl ye a. Yo ale pi lwen pou di nou fè pi gwo pa ke lòt peyi sa yo paske nou gen Fanm ki prezidan deja… yo jis mezire pwoblem nan sou kèk fè izole oubyen o aza pou yo refize gade chema sistematizasyon l nan sosyete a…
An reyalite e de fason jeneral, gason telman nan yon eta de vilnerabilite lè yo pa gonw prezans fanm nan kay ak yo, yo pa anvi bagay yo chanje ditou ditou. Men yo plis fèw kwè se pou ou lap di siw pa gen nèg nan kay ak ou, yo sèvi ak pwòp tèt yo pou montre w danje a (lè yon fi nan kay san gason ak li, li pa an sekirite gason pap respektel, lavil an danje tou).
Finalman, gason se yon kouto 2 bò si m gadel konsa. « N’est-ce pas »?
Men, sa ki ka pi deranje, se lè lòt fanm antre nan jwèt malsen an tou pou aselem paske yo se privilejye ki jwenn manman yo chèf fanmi, endepandant, (tankou manman pa m dayè), ki pat konn pran kout bòt anba kè jis paske mouche gason vini li pa jwenn manje sou tab la, paske yo pa ko janm rive nan yon lokalite kote yap machande tifi nou pou 10 mil pyas epi paranl deside vann li, yo deside fèmen je epi deklare san konprann ke se fanm nan ki vle, lèl twouvel anba kondisyon dominasyon patriyaka. Pou eksperyans kèk zanmim fè ak bouwo e paske mwen gen anpil pasyans nan angajman sa a mpran poum ralye otan de moun ke posib nan kòz la, mpa janm fatige eksplike yo avèk egzanp.
Kounya, map mande m eske a kote de pil chay sa m gen la, yon moun ka atann mpral pran chay pwòp feminis parèy mwen ankò poum ap tonbe nan pyèj patriyaka epi drese plizyè kan feminis? Dezole, m pa gen lafwa sa! Eske mouvman bezwen plis jarèt ? Kareman ! Eske nou dwe repanse edikasyon sosyete a nan tout nivo soti lakay pou rive nan lekòl an pasan pa relijyon (Vodou/Krisyanis elatriye) ? Kanmèm ! Byen ke m konn li ka difisil anpil pou kretyen yo avèk kalte zouti matchis sa ki se Labib ki kreye e kenbe djougan inegalite yo nan mitan Fanm ak Gason…
Sa tou fèm sonje ak tristès pastè selèb ki te deklare : Yon gason ki leve men frape yon Fanm se yon Fanm. Epi tout fidèl sou rezo an se te Amen Alelouya !Se te pi bèl levanjil yo te ka resevwa nan lavi yo kòm kwa pastè a nòmalize sitiyasyon kote se Fanm ki dwe bat Fanm parèy li. Anfen…
Kijan mkonprann bagay la?
Mouvman Feminis la se yon ekip, ann di pa egzanp, yon ekip foutbòl. Li gen atakan, li gen defansè, li gen lateral gòch / dwat, milyed teren, gadyen elatriye…
Nou wè le jou yonn nan mamb sa yo pa la? Yon lòt ranplasel otomatikman pou depane ekip la, menm siw wè chak moun ap fè travay la diferaman, nou tout gonw sèl objektif nou ta dwe pouswiv e si nou wete fokis la sou sa pou nal metel sou lòt detay ensiyifyan jis pou nou pase pou feminis ki pi reyèl, kap mennen vrè konba… nap pran otogòl. Advesè a ap ri nou.
Nou bezwen aprann kiltive tolerans, eseye konprann teknik chak moun. Messi pa gen menm teknik ak Mbappé, ni Neymar, men gen plas pou yo chak nan jwèt la pou yo fè gòl pou yon sèl e menm klèb la. Objekif la pi pre poul atenn toutotan nap ralye otan de moun nan kòz la ki pral ede nou toupatou, pafwa kote men nou paka rive, kote ONG yo souvan pa enterese ede nou rive, tankou nan reyalite lavi fanm peyizan (ke leta konsidere kòm etan Andeyò peyi a), tankou nan reyalite lavi madan sara yo, fanm kwabosal yo… Tou tan ekip lan gen fanatik, li ta dwe yon sous motivasyon pou rann li pi pèfòman !
Nou pap bay tèt nou manti, nou wè atakan? (Sila nou twouve radikal yo) se sou li fokis lan chita plis, paskel souke nou. Donk li pi itil toujou kontrèman a sa nou vle kwè. Se li ki pral pouse defansè yo elatriye, antre nan Palman, nan Ministè yo, nan tèt lapolis yo, nan pòs desizyon yo an jeneral pou fè vote, respekte ak aplike bon jan lwa kap pwoteje nou kont enpinite devan zak kriminalite fanm ak timoun nou yo pa sispann viktim. Se atakan nou yo kap jwe wòl travay la konsyans lan pou fè nou reyalize jan nap viv la pa bon, atakan yo dezabiye nou, mete nou toutouni e sa jennen nou.
M vin di nou konsa, sa nou wè ki manke a, si nou kwè fanm yo dwe libere anba sistèm eskavajis sa ki parèt sou tout fòm ki egziste, jis fèl. Se pa rete chita la di sila bon, sila pa egziste, sispann di se pa anyen serye kap regle. Chak fwa w di pa gen mouvman fanm nan peyi a, ou pwouve genyenl, ou pwouve sitou nesesite pou genyen youn… nan ka sa li tap enteresan pou w ta kreye youn! Pap janm gen twòp òganizasyon nan kesyon defann dwa moun. Saw wè ki manke a, jenn fi, jenn gason, konplete l. Li va bon pou ou, pou sosyetew, pou pitit ou elatriye. Depi pa gen lwa ki pou pwoteje fanm anndan yon peyi, ou paka pale de sekirite fanm. Ou paka di fanm pa gen pwoblèm. Se pa nou ki al chache pwoblèm yo kreye yo sou do fanm yo.
Se reyalite yo nap viv chak jou nan kotidyen nou. Tankou jan m sot di l pi wo a, pou w jistifye nesesite pou fanm genyen yon gason nan kay ak li, se sou pwoblèm sa yo ou mize. Tankou la, gason ka mache lannwit, li ka sou anba kleren, men yo pap di fanm riske vyolel, yo di pito, nenpòt fanm ki kwaze l sou wout li ka viktim. Men, si fanm nan ap mache lannwit, li sou anba kleren, li menm ankò ka viktim de nenpòt gason ki tèt klè.
Tankou la, gason kapab frape, pete je, e menm wete lavi yon menaj fi li pou kòz enfidelite, men fi sa ankò riske mouri anba vyolans gason sa paske l ap fè jalouzi akòz enfidelite misye a. Li pa dwe pale se nan dwa jennjan mouche gason pou li enfidèl.
Brèf, egzanp yo anpil… ni ou ni mwen konnen yo. Nou bezwen Feminis yo pou sekwe kò La Sosyete paske pa genyen:
1- Lwa ak ankadreman pou Madan Sara yo kap pèdi lavi yo anba move aksidan, vyòl elatriye.
2- Lwa kont Atouchman sou minè (tifi/tigason)
3- Lwa sou Ensès pou kondane gason kap monte desann pwòp pitit fi yo
4-Lwa sou vyolans konjigal de fason espesifik
5- Lwa sou Pwoteksyon kont Atak sou fanm yo sou entènèt la…elatriye
Wi nou bezwen pwopoze, vote bon jan lwa ki pou kore yon bann konvansyon entènasyonal nou siyen nan kad respè, pwoteksyon dwa moun men tou pou fasilite aplikasyon yo sou tout teritwa nasyonal la.Wi, pou lwa sa yo rive pase yon jou, nap bezwen gen yon chanm depite ak yon sena ki solid ki ekilibre ak fanm ak gason konsyan de nesesite pou nou gen yon sosyete modèn ; ki kwè egalite posib nan mitan dwa fanm ak gason ; ki depase mantalite esklav la, ki wè Fanm avan tou kòm moun, pa sèlman kòm madanm, manman, pitit, sè…
Dans une logique de sororité, je nous souhaite de ne jamais perdre de vue l’objectif.
EDIKASYON-LEJISLASYON-DENONSYASYON-KONDANASYON (4 aksyon nesesè, ijan pou Fanm Ayisyèn rive viv nan Total Libète, ki se dwa inalyenab nou.
Une pour toutes, et toutes pour une!!!