Insertion demandée

Diskou Minis la Pou Jounen Entènasyonal lit sou vyolans ki fèt sou fanm ak tifi yo(25 novanm 2022)

Publié le 2022-11-24 | lenouvelliste.com

Medam, Mesye

25 Novanm chak ane, Ayiti menm jan ak kominote entènasyonal la komemore Jounen Entènasyonal pou fini ak  koze vyolans sou fanm ak tifi yo. Vyolans sa tou patou, andan lakay, nan lari, nan lekòl, nan travay, nan tan konfli tankou nan tan lapè. Enfòmasyon yo fè konnen gen ant 40 a 50% fanm ki sibi tizonnay seksyèl, kontak fizik san yo pa vle oubyen lòt kalte tizonnay seksèl nan travay. Vyolans sou fanm ak tifi se alafwa yon yon mannyè pou montre gwo inegalite ak diskriminasyon ki baze sou sèks, se yon mechan zouti yo itilize pou gade estati enferyorite fanm yo ni nan dwa yo ni nan aktivite yo, vyolans la la toutan ak tout kote. Okenn fanm pa epanye de fleo mondyal sa.

Pou sansibilize popilasyon yo sou dega fenomèn lan ak move konsekans li genyen sou fanm ak tifi, nan lane 1981, feminis yo, espesyalman nan amerik latin te chwazi dat 25 novanm kòm jounen pou goumen kont vyolans kap fòt sou fanm ak tifi, nan memwa twa (3) sè Mirabal yo ki te twa(3) militant politik dominikèn yo te asasinen sovajman 25 novanm 1960, sou lòd chèf leta a, Rafael Trujillo, paske yo tap defann dwa yo. Nan menm sans sa, 17 desanm 1999, Òganizasyon Nasyonzini, pran rezolisyon 48/104 la pou adopte ofisyèlman dat 25 novanm lan kòm jounen entènasyonal pou kwape vyolans sou fanm ak tifi. Rezolisyon sa a se yon rezolisyon ki sitou envite gouvènman yo, sosyete sivil, òganizasyon entènasyonal yo, ONG yo, òganizasyon fanm yo, jèn yo, sektè prive a, medya yo ansanm ak òganizasyon ak tout sistèm Nasyonzini an pou mete fòs ansanm pou fè faskare ak pandemi vyolans sa a ki gaye tout kote nan mond lan kont fanm ak tifi yo.

Malgre tout pwogrè ki fèt nan fè sansibilizasyon kolektif sou entèdiksyon tout fòm vyolans sou fanm, ansanm ak tout vyolans seksyèl, asèlman seksyè ak vyòl, fanm nan lemonn kontinye sibi agresyon seksyèl, vyòl, menas oubyen yo manyen yo san konsantman yo pou pi piti yon fwa nan vi yo, e li vrèman ra pou ka sa yo atire atansyon piblik la e yo prèske pa parèt devan lajistis. Anpil nan viktim yo viktim ankò lè yo blame yo, lè yo ridikilize yo ak lè yo dekouraje yo pote plent pou krim yo sibi yo.

Ane sa a, komemorasyon Jounen Entènasyonal kont vyolans sou fanm yo ap komemore anba tèm Nasyonzini an ki se Nou tout fè youn, sèl mwayen pou n  elimine vyolans sou fanm ak tifi yo. Sa ba nou posiblite pou n lanse kanpay anyèl la « 16 jou pou n fè pwopagann kont vyolans sou fanm ak tifi yo », yon kanpay k ap fini 10 desanm k ap vini la a. Kanpay sa a mande yon aksyon mondyal ki pou ogmante sansibilizasyon ak apui yon koze kon sa, sa ap ede n kreye opòtinite pou n diskite sou defi ak solisyon yo.

Medam, Mesye

Enstriman entènasyonal ki an rapò ak dwa moun tankou Deklarasyon sou fason pou yo elimine vyolans sou fanm ak tifi yo, konvansyon sou fason pou yo elimine tout fòm diskriminasyon kont fanm (CEDEF) ak trete rejyonal yo tankou konvansyon entèramerikèn sou prevansyon, sou sanksyon ak fason pou yo elimine vyolans sou fanm( konvansyon Belem Do Para) entèdi tout vyolans sou sèks, ansanm ak tout fòm vyolans seksyèl kont fanm ak tifi yo. Lè Ayiti ratifye convansyon CEDEF la ak Belem do Para a, li montre angajman li pran pou l fè pwomosyon dwa fanm ak tifi yo, pou l pwoteje yo kont tout abi yo ka fè yo, espesyalman vyolans.

Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm rekonèt pou genyen yon chanjman dirab nan sa ki gen pou wè ak prevansyon, saksyon ak eliminasyon vyolans kont fanm ak tifi, fòk gen yon aksyon tèt ansanm, kote tout mou nap jwe wòl yo, kote nou tout, fanm kou gason, reprezantan gouvènman, ajan fòs piblik, sosyete sivil, sektè prive ak òganizasyon entènasyonal yo pote kole. Kòm ògan santral leta ki chaje pou konsevwa, defini, aplike epi fè aplike politik piblik ki an favè dwa fanm, depi plizyèlane Ministè Kondisyon fanm ak Dwa Fanm anbake nan kanpay entènasyonal Sekretè jeneral Nasyonzini an ki dekrete 16 jou pwopagann pou sansibilize popilasyon yo epitou atire atansyon aktè nan lavi nasyonal la sou vyolans kap fèt sou fanm aktifi.

Medam, Mesye

Bò kote tèm Nayonzini an, Ministè Kondisyon Fanm ak dwa Fanm(MCDF) ap komemore jounen an anba tèm nasyonal «  Nan tѐt ansanm n ap rive konbat tout kalte vyolans sou fanm ak tifi, ann pote kole » Ministè a ap pwofite okazyon sa a pou l kondane ak fòs tout fòm vyolans senbolik, fizik, sikolojik ak seksyèl fanm ak tifi yo sibi nan sosyete nou an. Souvan, nan sosyete a, lè yon fanm viktim vyolans seksyèl, yo toujou banalize sa e yo pase sa nan rizib, yo akize viktim nan tankou se li ki pwovoke agresè a pou l komèt zak la, se sa yo rele nan langaj syantifik la an franse « la culture du viol ». se yon fason pou fè medam yo aksepte vyòl la tankou yon bagay ki nòmal.

Lite kont vyolans kap fèt sou ak tifi a, pa inikman yon lit pou rekonfòte viktim nan men se pou edike sosyete a pou l konprann vyolans sexsyèl la kòm yon gwo problèm sosyal ak moral nan peyi a. Lite kont vyolans kap fèt sou fanm ak tifi se yon travay ki difisil e ki gen anpil danje ladan l se pou sa nou bezwen anpil sipò ak kolaborasyon poun fè fòmasyon nan lekòl, sansibilizasyon nan medya pounn explike ki sa vyolans ye, sou diferant fòm li prezante e ki dwa victim yo genyen. Tifi yo viktim pwèske chak jou san yo pa konnen si se vyolans yap sibi. Se sak fè paran yo tou dwe sansibilize pou yo ka bay yon bon ekzanp nan kay la.

Se pou rezon sa a ki fè m gen onè pou m felisite epi voye tout remèsiman mwen bay diferan patnè teknik ak finansye ki toujou bay MCFDF apui yo nan lit y ap mennen kont vyolans y ap fè sou fanm ak tifi yo ansanm ak defans dwa yo. Mwen di tout moun k ap travay pou pwomosyon dwa moun ann Ayiti yo mèsi. Travay nou yo montre angajman nou an favè koze egalite ant sèks yo ak konstriksyon yon sosyete  pi byen entegre san vyolans..

Medam, Mesye,

Pèmèt mwen konfime yon lòt fwa ankò angajman leta nan demach pou elimine vyolans sou sèks yo epi nou mèt asire nou gen anpil efò ki fèt an favè amelyorasyon yon anviwònman jiridik nan lide pou potekole nan redui inegalite sosyal ki baze sou sèks. Pou sa fèt, MCFDF montre l vijilan atravè divès seyans fòmasyon pou majistra, medsen, pwofesè, elèv, polisye,etc) nan lide pou yo ka jwe yon gwo wòl nan sa ki gen pou wè ak vyolans baze sou jan an. Malgre 28 lane egzistans nou, nou gen anpil defi pou nou leve nan lide pou n elimine volans sou jan an. Nou tout rete kwè peyi a pa kab pwogrese si kouch ki reprezante plis pase mwatye nan sosyete a sou kote e ap sibi tout fòm maltretans. Sepandan, nou bezwen fè plis aksyon pou konstriksyon yon sosyete pi jis e pi entegre

Li enpòtan pou m salye efò san pran  tout souf  tout moun ki te minis anvan m yo san n pa bliye tout kad, fanm kou gason ki chaje ak valè e ki mete tout eksperyans yo o sèvis ministè a nn founi li zouti enpòtan k ap ede l konbat  vyolans sou fanm ak sou tifi yo tankou :

Politik sou Egalite Fanm ak gason ;

Plan d Aksyon Nasyonal gason fanm ; 

Plan Nasyonal sou Lit kont  vyolans sou fanm ;

Tèks lwa palman an vote tankou lwa sou patènite, matènite ak filyasyon, dekrè 6 jiyè 2005 kont vyolans seksyèl

Rapò peyi yo sou diferan konvansyon Ayiti ratifye yo

Medam, Mesye

Jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm yo komemore ane sa a nan yon sitiyasyon difisil. Mwen menm kòm minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm m pa ta ka fè silans sou vyolasyon dwa fanm ak tifi yo ak vyòl bouwo san fwa ni lwa yo ap fè sou yo toutan. Nan kontèks espesyal sa a kote enfliyans youn lòt fè yon efè negatif sou dwa fanm yo genyen yo, mwen rete kwè e m motive pou  jounen komemorasyon 25 novanm sa a ak lansman 16 jou pwopagann nan nivo santral ak atravè tout lòt depatman yo pa mwayen kòdinasyon depatmantal yo rive reyalize. Nan 16 jou sa yo pral gen aktivite sansibilizasyon, fòmasyon refleksyon, kozri, deba, rankont kominotè etc pou yon pi bon pwoteksyon dwa fanm ak tifi yo

M ap remèsye patnè teknik ak finansye yo, òganis Nasyonzini  ki gen reskonsablite pou fè avanse koz egalite sèks ak otonomizasyon fanm epi pou fè faskare ak konsekans fizik ak emosyonèl tout vyolans baze sou jan an lakoz. M remèsye tout moun ki prezan nan seremoni sa a, tout moun ki reponn ak envitasyon  sa a, sa montre enplikasyon nou nan koz ki reyini nou tout la a tankou lit kont vyolans sou fanm ak tifi yo. M ap raple nou nou poko genyen konba  kont vyolans baze sou jan an, li dwe fèt toutan e ak tout enstans yo selon domèn entèvansyon yo. Pwogrè yo ap fèt se vre men li mande nou anpil enèji pou n ka rive dwat nan objektif nou, se pou sa nou pa dwe bese lèbra.

Mwen renouvle remèsiman m bay tout ekip Ministè a ki te bay tout yo menm pou aktivite a ka reyisi selon reskonsablite yo. Chè asistans, nan ran nou , nan grad nou, nan tit nou ak kalite nou, prezans nou nan komemorasyon sa a renouvle m angajman nou pou nou tout fè yon sèl ak MCFDF pou n elimne vyolans kont fanm ak tifi yo. Malgre kontèks kriz  nou ladan l la a nou la kanmenm nan randevou a. viv nan yon sosyete sn vyolans jan an se yon kondisyon pou n kreye yon mond anpè, pwospè e dirab. Nou dwe nou tout, fanm kou gason leve pou n di non ak fenomèn ki avilisan e dezonè sa a k ap menase linyon fanmi yo, nasyon an ak mond lan.

Nan sans sa a, mwen deklare 16 jou pwopagann nan louvri ak aktivite ki reyini nou la a jounen jodi a

Mèsi anpil

Auteur


Réagir à cet article