Akademisyen Michel DeGraff eli manm selèk Linguistic Society of America

Vandredi 30 septanm 2022 a, ‘Massachusetts Institute of Technology’ anonse, sou sit wèb li, pwofesè Michel Anne Frederic DeGraff eli kòm ‘Fellow’ (manm selèk) ‘Linguistic Society of America’ — LSA — ki se Sosyete Lengwistik Etazini. Entwonizasyon lengwis DeGraff kòm manm selèk LSA fikse pou vandredi 6 janvye 2023 a, a kote sèt (7) lòt kònònò wòdpòte ki reprezante plizyè inivèsite nan monn lan. N ap soulinye Linguistic Society of America genyen anviwon 3 000 manm. Men, se sèlman yon 5% ladan yo ki rive jwenn onè ‘Fellowship’ sa a ki se pi gwo distenksyon akademik nan domèn lengwistik. Le Nouvelliste te kontakte lengwis Michel DeGraff pandan wikenn ki sot pase a.  N ap pataje reyaksyon li apre li aprann nouvèl ‘Fellowship’ la.

Publié le 2022-10-04 | lenouvelliste.com

«  Distenksyon sa a se yon kokenn chenn ankourajman pou rechèch mwen sou istorik ak lengwistik lang kreyòl la ansanm ak travay MIT-Ayiti ap fè nan tèt ansanm ak yon bèl ekip grenadye ak grenadyèz, ann Ayiti ak lòt bò dlo, k ap goumen san pran souf pou kreyòl la rive sèvi nòmal nan tout sektè sosyete nou nan peyi d Ayiti, sitou nan sektè edikasyon, rechèch syantifik, jistis ak respè dwa moun. Epi, onè sa a se yon bèl apresyasyon pou zanmi ak kolèg sa yo nan MIT kote m ap travay la (gason kason ak fanm vanyan nan ‘MIT School of Humanities, Arts & Social Sciences’, ‘MIT Open Learning’, ‘MIT Jameel World Education Lab’, ‘MIT OpenCourseWare’, ‘MIT Teaching & Learning Lab’, ‘MIT School of Science’, ‘MIT School of Engineering’, ‘MIT Sloan’) k ap feraye kon Mèt Jean Jacques pou n tabli fondasyon pou lekòl tèt an wo. Sa se yon travay an konbit pami konbatan ki kwè nan lang kreyòl la e k ap kreye, ranmase, evalye, edite epi pataje, alawonn Badè, bon jan resous pou ansèyman ak aprantisaj an kreyòl nan tout nivo klas – soti jaden d anfan rive nan inivèsite. Travay ann ekip sa a antre nan kad jefò pou n valorize kilti ak idantite nou kòm Ayisyen epi kore respè dwa moun ak respè pèp souvren an », deklare akademisyen Michel DeGraff.

Manm Akademi Kreyòl Ayisyen an di : « Travay sa a dwe enspire lòt kominote nan peyi Sid yo ki apovri an ba baryè kolonyal ak neyo kolonyal k ap bloke itilizasyon lang natif natal ti moun yo sou ban lekòl. Distenksyon ‘manm selèk’ sa a nan Sosyete Lengwistik Etazini pral ede MIT-Ayiti patisipe pi plis toujou nan avansman mouvman kreyòl la ki se yon mouvman liberasyon pou peyi d Ayiti ak lòt peyi Sid yo. »

Pawòl sa a vin rejwenn yon remak Pwòf Danny Fox ki se Dwayen Depatment Lengwistik ak Filozofi nan MIT : « Sa bon anpil lè gen òganizasyon pwofesyonèl tankou LSA k ap fè pwomosyon syantis yo, pa sèlman pou rechèch yo, men, tou, pou militans ki mache ak travay rechèch syantifik la. Syantis sa yo ap goumen pou yo demistifye erè k ap simaye tou patou nan fason nou konprann monn reyèl la, yo idantifye konsekans malouk move lide sa yo, epi yo goumen pou yo kaba erè sa yo. »

Konsènan Akademisyen Michel DeGraff

Pwofesè Michel DeGraff se yon Ayisyen natif natal.  Li fè 13 lane lekòl klasik li nan Enstitisyon Sen Lwi Gonzag —soti 1969 rive 1982.  Annapre, li fè etid nan enfòmatik ak matematik nan ‘City College of New York’ kote l pran diplòm lisans li an 1986.  Se nan travay li nan ‘Bell Laboratories’, an 1985–1986, li vin dekouvri lengwistik. An 1986 li antre kòm etidyan doktoran nan depatman enfòmatik ‘University of Pennsylvania’ kote li entegre yon sant rechèch sou syans kognitif.  Se an 1992 li fini rechèch doktora li nan ‘University of Pennsylvania’ kote l ekri yon tèz sou fòmasyon chapant sentaks lang kreyòl ayisyen an. 

Apre etid doktora li nan Filadèlfi, li tounen Nouyòk pou l fè yon ane pos doktora (1992–1993) nan ‘Graduate Center of the City University of New York’.  An 1993 li vin pwofesè nan Inivèsite Michigan nan vil ‘Ann Arbor’. Se depi 1996 l ap travay kòm pwofesè nan Depatman Lengwistik ak Filozofi nan ‘Massachusetts Institute of Technology’ (MIT) nan Boston.

Se an 2010 Michel DeGraff ak kòlèg li, Doktè Vijay Kumar nan MIT Open Learning, fonde Inisyativ MIT-Ayiti. Pwòfesè DeGraff te patisipe nan komite ki te travay pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) epi an desanm 2014 li entegre AKA kòm yonn nan manm fondatè enstitisyon leta sa a. Pi fò nan rechèch syantifik Pwòfesè DeGraff se sou devlòpman ak chapant lang kreyòl.

Jean Baptiste Anivince
Auteur


Réagir à cet article