Guy Gérald Ménard, Envite donè 4èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl

Publié le 2022-09-28 | lenouvelliste.com

Ekriven ayisyen Guy Gérald Ménard ak pwofesè trinidadyèn Jo-Anne S. Ferreia se Envite donè 4èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl k ap fèt ane a eksepsyonèlman an Matinik sou lobedyans OMDAC, ak an Ayiti. Nan atik sa a, nou fè yon kout pwojektè sou Akademisyen Ménard, angajman li, zèv li, elatriye.

Nouvelis, pwofesè Inivèsite, manm Akademi Kreyòl Ayisyen, powèt, Guy Gérald Ménard, akote pwofesè trinidadyèn Jo-Anne S. Ferreia, se Envite donè 4èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL) k ap dewoule ane a an de (2) pati : Matinik, 22 rive 27 novanm 2022 a sou lobedyans OMDAC (Organisation Martiniquaise pour le Développement de l’Art et de la Culture) epi Ayiti, 1e pou bout 4 desanm. Sitwayen angaje, chevalye limyè, Guy Gérald Ménard fè pati ras ekriven ki kwè nan mete men, kole zepòl an favè devlòpman yon literati kreyòl djanm, solid, itil, e sitou ki nouri konviksyon lang kreyòl dwe prezan nan tout dimansyon lavi sosyete ayisyen an. Poudayè, nan yon atik Le Nouvelliste pibliye nan dat 9 me 2018 sou tit ‘Guy-Gérald Ménard :Devlòpman Ayiti pa ka fèt san lang kreyòl la’, ekriven an afime : « Mwen kwè nan sa m di a, pou peyi sa a devlope tout bon vre, fòk edikasyon tout timoun alawonnbadè fèt nan lang kreyòl. Elèv lekòl dwe reflechi ak aprann nan lang manman l ak papa l. Pou peyi a devlope fòk sa fèt ak patisipasyon tout moun. E moun sa yo dwe gen konesans. Konesans lan pa ka vini si w aprann nan yon lang ou pa menm konprann ».  

Kontribisyon Guy Gérald Ménard nan literati kreyòl

Anvan menm nou touche kesyon kontribisyon Guy nan literati kreyòl, li enpòtan pou n soulinye pwodiksyon grandèt la nan lang lan pa sèlman rete nan koze kreyasyon (pwezi, nouvèl). Soti 2014 rive 2016, Envite donè 4èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la te kenbe yon kwonik kreyòl nan jounal Haïti Liberté ; Li patisipe nan liv ‘Le prix du Jean-Claudisme (C3 Editions, 2013) ak tèks « Aksyon patriyotik : yon mouvman politik e kiltirèl ». Guy anime divès konferans ak kozri nan Pòtoprens kou nan pwovens sou tèm, tankou : Angajman politik ak revandikasyon sosyal nan zèv Félix Morisseau Leroy ; Jacques Stephen Alexis nan memwa nou ; Literati anba okipasyon ; Woman okipasyon / woman pandan okipasyon ; Idantite kreyòl ak solidarite : yon konba pèmanan ; Chante patriyotik : chante rezistans ak kontestasyon nan dyaspora a sou rejim Duvalier yo ; Dis (10) kesyon sou lang kreyòl ak sou Akademi Kreyòl Ayisyen ; Èske kreyòl se yon baryè pou Ayiti ; Enpòtans lang matènèl nan ansèyman ; Tanbou-Libète : yon espeyans kiltirèl patriyotik ; Pale m de Jacques Stephen Alexis.  

Premye rekèy pwezi Guy nan lang kreyòl pote tit ‘Similak’ (1988, 2001). Se nan rekèy sila a nou jwenn yon michan powèm grandèt la ekri pou l di ‘Pè Jan Mari Vensan nou sonje ou’. Nan powèm sa a, Guy Ménard mande :

‘Kilès k a pot nouvèl

pou yon zwazo avèg

ki ap chache yon branch

pou li poze ?’ 

pi devan nan powèm nan, li konstate:

‘Sou Mòn Lasèl

grigri fè nich li

nan mitan nyaj

men Janrabèl

gen yon gita ki pran kriye

chak fwa yon chyen

grate tè a’

Toujou nan koze pwezi, nou jwenn ‘Sezon malè’ (Editions Bas de page, 2012) epi ‘Laviwonn’ (Editions Floraison, 2020). Nan kategori travay naratif, nou jwenn de (2) rekèy nouvèl wòdpòd : ‘Yon lejann yo rele Mèt Jonas’ (Edisyon Freda, 20220) ki s on omaj a gran mèt baton Latibonit lan epi, ‘Pwasondavril’ (Editions Cérébrale, 2022). Sou dènye rekèy nouvèl sila a, men kisa ekriven Evelyne Trouillot ekri: “ Si gen yon bagay ki lye twa nouvèl ki nan rekèy Pwasondavril la se pwomnad yo fè avèk nou nan Pòtoprens tan lontan. Kit se nan mizik djaz epòk Webert Sito, Nemours Jean-Baptiste, nan referans a chantè Dòdòf Legros oubyen Robert Molin ; kit se nan deskripsyon kanaval la avèk kòtèj tout koulè li te genyen nan ane 60 yo ; kit se nan mak diktati Duvalier a mete sou do ak kè popilasyon an. Nan nouvèl ki rele ‘Ti koze anba pay’, Guy Gérald Ménard itilize imou pou montre absidite ak kriyote rejim ki chita sou represyon. Se ak ti touch lejè, san pawòl anpil otè a mennen nou nan yon inivè imaj ak sansasyon. Pwasondavril se yon bann ti koze ki kite yon chay emosyon ak lide dèyè yo”.

Plis sou Envite donè a

Guy Gérald Ménard fèt Pòtoprens. Li anseye kreyòl nan Université d’État d’Haïti (UEH). Li se ansyen Visdwayen Faculté des Sciences Humaines (FASCH), ansyen Sekretè jeneral Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), ansyen Prezidan Fondation-Groupe d’Alternatives et de Justice (F-GAJ) ak ansyen Sekretè jeneral Plateforme des Organisations Haïtiennes des Droits Humains (POHDH). Apre etid segondè li, li vwayaje pou Etazini kote li pase ven lane. Li etidye atizay komèsyal nan City College Nouyòk. Li konplete yon lisans nan edikasyon Barry University Miyami ak yon sètifika nan ansèyman edikasyon pwofesyonèl Florida International University.

Nan dyaspora a, Guy Gérald Ménard te aktif nan aktivite kiltirèl kominotè kou jounal, revi, koral, teyat, radyo, mizik…Li se manm fondatè Òganizasyon kiltirèl revolisyonè Tanbou Libète. Li te patisipe tou nan Mouvement Haïtien d’Action Patriotique (MHAP): yon gwoupman politik ki t ap lite kont diktati Duvalier yo. Depi li tounen Ayiti, Guy-Gérald Ménard pataje tan li nan aktivite fòmasyon ak ansèyman inivèsitè, anplis konferans ak kozri li anime nan lekòl, inivèsite, sant kiltirèl ak bibliyotèk kominotè.

Jean Baptiste Anivince
Auteur


Réagir à cet article