Jean-Claude Martineau an vedèt nan « Livres en folie »

Publié le 2021-06-09 | lenouvelliste.com

 Yon pwofil pa Tontongi

[ Fwa liv « Livres en folie » ann Ayiti deziyen Jean-Claude Martineau, alyas Koralen, kòm youn nan envite d onè pou sezon prentan 2021 an ki debite 31 me rive 13 jen. Pou make evennman an e pou rann omaj ak plis ke swasant ane angajman politik e kiltirèl gran Griyo sa a, òganizasyon Asanble Atis Ayisyen nan Massachusetts (AAAM oswa HAAM ann angle) te jwenn avèk Le Nouvelliste, CIDIHCA, Trilingual Press, Fondation Maurice Sixto e Chiktay Literè pou fè sòti yon CD ki regwoupe kat nan gran zèv powetik ak lodyansik Jean-Claude Martineau yo : « Telson »,  « Twa pa », « Flè dizè » ak « Mèt Pétion ».  Nan pwochen liy sila yo, m pral fofile yon pwofil literè sou Jean-Claude Martineau, sèlman pou reentwodui michan gason sa a ke Konpè Filo te di m yon jou li fè sèman pou l rankontre anvan l mouri. Yo evantyèlman rankontre nan Boston nan ane 1984.] 

Lè m te fèk rive nan Bouklin, Nouyòk, soti an Frans nan fen ane swasanndis yo, ti jènjan nan zòn lan te rele m « Frenchy », yon ti non jwèt yo te rezève pou sila yo ki te fèk rive nan parad la ki pa pale angle. Sobrikè sa a te dotanpli pikotan ke l make ran enferyorize moun yo deziyen an san li pa ka boude, paske lang dominan asepte a se angle, yon lang metriz li afimen estati sosyal pi elve imigran ki t ap viv nan zòn lan pi lontan.

Natirèlman, antanke « Frenchy » ki sot an Frans e ki boure ak nosyon sou Sartre, de Beauvoir, Camus, Merleau-Ponty, Aragon, Marx, e ki pale yon kreyòl pwenti, estati pèsonèl mwen te yon ti jan pi wo ke sila yo ki te sot tou dwat Ayiti, ou ta ka di mwen te nan yon kategori separe.

Yon ane pita, mwen kite Nouyòk pou Masachousèt, pi presizeman pou Kanmbrij, yon vil ki kotwaye Boston. Nan milye sa a, mwen jwenn yon sitiyasyon ak yon atmosfè diferan : yon sèten atitid pozitif vizavi lang kreyòl ayisyen an ak sa m ta rele kilti afro-karayibeyen ayisyen an. Se te yon sòt resousman nan kilti ansestral ayisyen an, nan sans pou valorize l, revandike l. Atitid sa a te dotanpli atiran pou mwen ke m te wè nan Nouyòk Ayisyen ki te prefere di yo se Jamayiken oswa Trinidadyen olye Ayisyen. Moun ki te dèyè resousman kiltirèl afimatif sa a : Jean-Claude Martineau, alyas « Koralen ».

Premye fwa m rankontre JCM se te an 1978 nan yon prezantasyon kiltirèl gwoup « Haïti-Cuturelle» t ap fè nan Hancock Building nan Boston. Mwen te dabò enpresyone pa lefèt ke misye fè prezantasyon l lan nan lang popilè ayisyen an. Yon aksyon ki te konsidere « hors norme » alepòk la, paske tip aktivite sa yo senpleman te fèt an franse.

 Byenke anbyans kiltirèl la te miks avèk yon varyete jèn atis ki t ap rivalize e kalonnen talan yo, tematik santral ki te sot nan aktivite a — an klè oswa an soudin — te politik. Te gen yon gwoup jèn fi ki fè yon koreyografi ki te si rejwisan li te replonje n nan mitan nannan nanm afriken an pandan menm l ap pwovoke fetichism matcho gason nou. Men prezantasyon ki te vin kore tout pèfòmans yo, se resitasyon « Flè dizè » a.

Fò n sonje, se te an 1978, epòk diktati Janklod Divalye a ann Ayiti t ap fè e defè. Lè Jean-Claude Martineau kòmanse resite powèm lan, se kòmsi se te pwen l t ap voye. Jan fason li di mo yo ou ta di vwa li soti nan odela mistik, men se de swadizan yon ti flè li t ap pale : « Li pouse nenpòt jan l konnen / Nan raje, olon gran chimen. » An n site premye estwòf powèm lan ki deja anonse tout sa li gen nan djakout li :

Nan Peyi nou gen youn ti Flè

Abitan rele flè dizè

Yo di ke l'louvri chak maten

O moman dizè ap sonnen

Lè w ta panse se de flè dizè l ap, ou gade ou wè nan tout rakousi ak virewon powèm lan, yon reyalite konplike, men talan tirèkont otè a kenbe enterè w, antisipasyon w vin anime, dayè li di l limenm nan katriyèm estwòf powèm lan :

Lè m'ap pale de flè dizè

Se pa oun ti flè sèlman m' wè

Se tout oun epòk nan lavi-m

K'ap fè toubiyon nan lespri-m

Plis m t ap lese m dodomeya anba cham bèlte sevè powèm lan, plis m reyalize m te sou yon efè optik, yon manipilasyon majisyen, paske sa k kache dèyè senplisite tresayisan powèm lan, se yon apèl pou sa Nwa-Ameriken yo rele a yon « kowalisyon konsyans », yon konmbit pou tout oprime vin jwenn ansanm pou konfwonte — ak fòs egal e menm siperyè — advèsite ak malsite k ap malmennen yo.

Anbachal yon omaj pou yon ti flè, powèm JCM  lan konvoke asistans lan pou l fè yon sakrifis pou lavni, pou l parye sou lawoze fiti paske ti pye flè a oswa ti bye bwa a ka toujou reviv akoz de rasin yo, sitou lè yo anpil e pwofon, kouwè Tousen Louvèti te raple nou, kouwè powèm lan egzòte nou :

Plis n'ap mache plis l'ap fè klè

Zetwal yo etenn youn pa youn

Youn kòk chante youn kòk reponn

Peyi-a menm ap pran koulè 1.

Jean-Claude Martineau — ki pran ti non jwèt  « Koralen »  — te fèt nan Kwadèboukè an 1937, men daprè Marika Roumain (ki ekri prefas liv Flè dizè a), misye vin adopte plizyè ti bouk ann Ayiti kote li te viv yo, « li pran dwa nesans ak parante nan yon pakèt lokalite », kouwè Marika Roumain di a, paske paran li, antanke pwofesè lekòl riral, te « toujou ap vwayaje lan peyi kote gouvènman te voye yo. Li vin pale kreyòl menm jan ak moun nan nò ak moun nan sid tou. Li aprann obsève manyè ak abitid moun ti bouk kote li t'ap viv yo. Li leve kou wè youn ti peyizan, li te plante ak rekòlte latè a menm jan ak yo. 2 » Kontak konstan sa a avèk peyizan yo te ede l akimile yon konesans ak yon baz etnolojik enkonparab k ap vin karakterize zèv fiti li. Zèv li yo vin yon resousman nan reyalite peyi a, nan istwa li, nan kondisyon pèp la ap viv chak jou.

Gran powèt chilyen an, Pablo Neruda, te di yon jou pi gran onè ak rekonpans li te janm resevwa nan vi li se lè yon ouvriye min chilyen (« ki te gen figil l transfòme pa travay terib l ap fè a ak zye l wouji ak pousyè ») te lonje l lamen e di li :  « Mwen gen lontan m konnen w, frè mwen. 3 »

Nou ka di menm bagay la pou Jean-Claude Martineau. Pi gran rekonpans l ap vin resevwa pou zèv li e konsekrasyon pi otantik moun ap janm ba li, se pa bravo ti boujwa ann Ayiti ak nan dyaspora yo, men pito lè pèp ayisyen an — pèp lanfè divalyeris la te chache zonbifye a, pèp yo foure nan prizon Fò Dimanch, pèp ki soufri kout makak ak masak anba men jent militè putchis, pèp vyolans vakabon gang ap anpeche viv la —, wi, pi gran onè k ap vin bay Martineau, se lè pèp la rekonèt nan zèv li yon limyè liberasyon ak yon sous pou djanmen diyite l.

Nan yon entèvyou Jean-Claude Martineau ban mwen an jen 1985 pou revi Nouvelle Stratégie nan Boston, lè m mande l ki rezon ki te fè l kite Ayiti, li reponn mwen : « Rezon m kite Ayiti pa diferan de rezon lòt imigre yo : absans total debouche, lavni ensèten, klima politik represif, elatriye. » Anvan JCM kite Ayiti, li te prezantatè nan Radio Diffusion Haïtienne :  « Kouwè anpil lòt jèn laj mwen, m te ostil ak rejim divalyeris la, men m pa t konn sa pou m fè pou m konbat li akoz de mank kontak avèk òganizasyon opozisyon yo. Se vre, alafen, afòs de jefò endividyèl, mwen fin pa jwenn mwen avèk lòt militan pou m konteste rejim lan, men etandone klima politik epòk la (ensekirite finansye, represyon, ineksperyans, elatriye) nou te gen yon enpak nil sou bagay yo. »

Nan entèvyou a misye di m, menm si limenm pèsonèlman li pa t fizikman viktim de represyon rejim lan, li te viv represyon yo yon fason entim difèt ke l te abite tou pre pòs polis la nan Dezyèm Site Sen Maten : « Wi, la, mwen asiste konstamman teyat represyon an : arestasyon, kout baton ak tout sòt abi, si byen ke se pa t sèlman konsyans moral mwen ki rete ann evèy, men tou pòv kò mwen paske pa t gen kesyon dòmi avèk kri doulè pèsan ak plent moun y ap tòtire yo. »

Li bay  egzanp yon lannwit kote polisye yo arete yon bouretye k ap pase devan ti pòs la avèk yon bourèt chaje ak fil dlo tiyo, aparamman li t ap fini yon djòb li te kòmanse lajounen an. Men polisye yo pa t wè l konsa, yo tonbe bat bouretye a, pandan y ap akize l de vòl, malgre tout pwotestasyon l ke se yon djòb lejitim li t ap egzekite ; li menm bay polisye yo adrès moun ki te ba l djòb la. Lè JMC tande sa, li kouri al nan adrès moun bouretye a bay la e di li sa k ap pase. Se konsa li vin etabli ke bouretye a pa t vòlè fil idwolik yo : « Jan de enjistis sa yo te bagay ki kouran alepòk la, san konte represyon dirèkteman politik yo ki fè anpil moun t ap mande tèt yo si vrè avni yo pa t pourisman nan kacho Fò Dimanch. 4 »

Kontak avèk mouvman opozisyon

Jean-Claude « Koralen » Martineau kite Ayiti pou Boston, nan Etazini, an 1962, jisteman epòk lè Papa Dok t ap prepare kondisyon ideyal prezidans avi l la, ke l vin dekrete an 1964 : «  Se vè fen ane 1963 vag imigrasyon Ayisyen nan Boston kòmanse, ki vin swiv pa lòt vag imigrasyon an 1965, 1969, epi nan anviwon 1973. An n remake ke chak ane sa yo koresponn, pa kozalite, ak vag represyon ki t ap travèse Ayiti alepòk la : 1965 : sipresyon òganizasyon opozisyon PPNL la ; 1969 : represyon sovaj kont PUCH ; 1973 :  demanbreman represif mouvman sendika yo, elatriye. 5 »

JCM di m premye afilyasyon l avèk òganizasyon politik aletranje, se te avèk Black Panthers, yon òganizasyon Nwa-Ameriken ki te trè aktif alepòk la : « Pa antremiz plizyè manm pati a ki te bon zanmi m, mwen vin gen opòtinite travay avèk gran òganizasyon revolisyonè sa a. (...) Se sèlman vè ane 1971, sètadi avèk sitiyasyon lanmò Papa Dòk vin anjandre, ke Ayisyen nan zòn lan deside òganize. Gras ak kontak mwen avèk MHAP (Mouvement haïtien d'action patriotique), yon òganizasyon militan ki te nan Nouyòk, mwen menm ak kèk lòt kanmarad poze baz anbriyon yon òganizasyon ayisyen nan Boston. M kòmanse dabò sikile jounal Le Patriote haïtien, ògàn MHAP, epi konjwentman ak li, nou fonde pwòp òganizasyon pa n : Le Comité patriotique Vertières. Daprès egzanp MHAP ak yon lòt òganizasyon nan Monreyal, MPH-18 mai, ki te sekonde aktivite politik yo avèk kreyasyon yon branch kiltirèl — respektivman Soleil levé et Vaccines —, nou deside fonde Haïti-Culturelle [Ayiti-Kiltirèl], ki te gen twa branch (dans, mizik e teyat), yon responsab nan tèt chak nan yo. »

     Nan entèvyou a, mwen poze JMC kesyon sa a : « Genyen yon aspè nan aktivite militan w yo ki parèt pou nou trè remakad : se tandans ou pou w oryante revandikasyon ayisyen nan dyaspora a nan dyeksyon "mainstream", gran piblik ameriken an, tandans pou ou jwenn avèk gwoup kontestatè ameriken yo nan yon sòt "kowalisyon konsyans". Ane 1960 yo se te jisteman layitasyon eklozyon yon kokennchenn mouvman pwotestasyon pou dwa sivik Nwa yo, Black Panthers yo, manifestasyon kont lagè Vyetnàm lan, elatriye. (...) Èske w ka elabore plis sou aspè sa a de angajman politik ou ann egzil ? »

     Men sa misye reponn mwen : « Nan tout sosyete an kriz, se sitou yon majorite ki fè chanjman yo, otreman di : si w nan minorite, travay prensipal ou se dabò chache gwoupe yon majorite. Nou menm Ayisyen, nou gen tandans repliye pito nan zile kominotè nou, olye de jwenn nou avèk lòt fòs k ap goumen yo. Demèm Ayisyen ak Ayisyèn ann Ayiti yo dwe dabò òganize yo kolektivman pou rive kapab brize chenn opresyon yo ; se menm pou sila yo k ap viv nan dyaspora, yo dwe jwenn yo avèk minorite lokal yo k ap goumen (Nwa yo, Pòtoriken yo, Blan pòv yo, elatriye) pou fè vanse pwòp revandikasyon yo (...) paske lè w fè koz pa yo vanse, nou fè vanse pwòp koz pa n — e vice-versa. »

« Tèlson », yon powèm laviktwa rezistans

        Powèm « Tèlson » lan se yon lòt powèm-lodyans ki vle remèt an kesyon epistemè lwijanboje e makoutik ki preskri pou pi-gwo-kraze-pi-piti a, e k ap badijonnen tout istwa d Ayiti depi o kòmansman. Men Tèlson, « yon potorik gason / Chak manm mche pi gwo pase youn branch mapou », vle ale alankont tip ajisman sa yo ke l panse ki p ap mennen okenn kote. « Otan li gwo, JMC di de Tèlson, otan se youn moun ki dou. »

     Apre Tèlson te prèske rive nan goumen ponyèt-ponyèt avèk Elizèt apre misye pèdi yon konba kòk nan gagè, olye l reponn ak pwovokasyon Elizèt yo, powèm lan di : 

Tèlson rete byen lwen, li di "Konpè Lifèt

Mwen avèk ou nou byen depi anvan nou fèt

Pou ki sa kounye-a pou vin fè lenmi

Poutèt youn vye pari. Poutèt youn pyès edmi "

     Powèm lan vin devlope e evolye pou l adrese pwoblèm fondamantal peyi d Ayiti yo :  pwoblèm latè, pwoblèm eksplwatasyon peyizan yo, pwoblèm abi ak derespektasyon fanm. Gen yon pasaj nan powèm lan ki trè siyifiktif sou travay bale-wouze tout ti mès ki nwizib pou peyi a (e ki montre angajman pro-feminis JMC), se lè madanm Tèlson, Ròz, mande misye devan zanmi l yo pou y al lakay yo paske yo gen travay pou y al fè, youn nan zanmi Tèlson yo pa t renmen sa :

Semeran di : "O ! O ! Chita chita-ou Tèlson

Men depi kilè fanm antre nan afè gason

Nou soti travay di, kounye-a n'ap plezire

Tèlson, mwen k'te ou, m'flank fanm nan youn palavire"

Tèlson di : "Non, Seme, sa se ta lenkonduit

Lè youn fanm gen rezon, se pou ou wè sa tousuit

Men menm si l'te antò, menm si l'pat gen rezon

Afè de kale fanm, sa-a se pou vakabon

     Nan powèm « Tèlson » an — e nan laplipa powèm Martineau yo — pèp yo pa sèlman jibye fasil e pasif pou predatè ravale e pou soukèt lawouze, makout, enperyalis ap domine e malmennen. Yo se tou ajan konsyan e aktif nan enterè pwòp destine yo, kou pa egzanp towo a nan powèm Martineau « Viva el toro ! » a ki vin reyalize gen yon moun ki dèyè kap wouj la e « dirije atak li yo kont vrè bouwo l la ».

     « Tèlson » se yon parabòl, yon alegori sou rezistans pèp yo kont opresyon ak mistifikasyon ; se yon powèm ki montre posiblite pou bagay yo chanje, yon powèm laviktwa, ke tout zanmi Tèlson yo te vin selebre lakay li, o pwen ke menm Elifèt, ki te doute bravte misye, rive admire ewoyism Tèlson : « Elifèt di Tèson "Ki lè ou kite kapon  / Se pa jis pou bèl twal ou mete pantalon ? »

     E Tèlson reponn li :

Tèlson di : "Tande-m byen, lè oun nonm ap vòlè tè

Nenpòt ki lè ou grangou, se li menm ki lotè

Li mèt ap ri avè-ou, li mèt ap ba-ou lanmen

Se pou ou kraze tout zo-l anvan l'ba ou chagren

"Men lè youn malere flank youn lòt youn kout wòch

Se tankou si men dwat t'ap goumen ak men gòch

Fò nou sonje sa byen, paske se oun verite

Si n'pa met tèt ansanm, [se] lenmi k'ap pwofite 6"

Enstwiman ekleray pou montre chimen

     Ant sòti rekèy powèm-lodyans Flè dizè a an 1982, yon zèv an twa lang (ayisyen, franse e angle), genyen anpil dlo ki koule anba pon an, kouwè yo di a, youn ladan yo se retou Martineau ann Ayiti nan kad retou o pouvwa mouvman lavalas la an 1993 — yon inisyativ ke otè liy sila yo pa t two aplodi etandone parennaj etazinyen retou o pouvwa a, men ki te byen konprann si w konnen anpresman JCM pou l ede nan lit pèp la.

     Pou lontan anvan retou a, JCM vin tounen yon sòt komisè kiltirèl defakto pout tout mouvman rezistans antidivalyeris la, pi patikilyèman lèl pwogresis e sosyalis li an. Yon apotewòz ki vin kwafe ak narasyon JMC fè pou dokimantè Canne amère, yon fim Jacques Arcelin fè sou eksplwatasyon pèp ayisyen ap sibi nan fèm kafe yo pa yon konplisite lanfèyik ant grandon ak endistri enpo-ekspo yo ; li montre koz fondamantal lamizè ak egzòd emigrasyonèl pèp la pou letranje. Premyè sòti dokimantè a te branche nan Brooklyn College, nan Nouyòk, nan ete 1983. Se yon fim teknikman byen modèn, ki filme an klandestinite sou rejim divalyeris la sou plizyè ane.  Narasyon Jean-Claude Martineau a ajoute ladann yon dimansyon estilistik e atistik siplemantè, ki fè fim-dokimantè sa a vin jiska mentnan youn nan pi gran prezantasyon politiko-kiltirèl opozisyon antidivalyeris la janm met sou pye nan dyaspora a.

     Jean-Claude Martineau evantyèlman re-kite Ayiti e retounen aletranje, fwa sa nan Monreyal, o Kanada. Li kontinye ekri an twa lang, de dènye zèv li se L'histoire d'Haïti en six leçons, yon seri de esè an franse sou koz ak efè trajedi ayisyen an — e sou ki sa ki ka fèt pou sa. Yon lòt liv se yon woman ann angle, The Arada Pledge (« Pwomès Arada a »), ki retrase envazyon kolonyalis Kristòf Kolon an nan kontèks rezistans Arawak yo rive nan lit liberasyon ayisyen an ; liv sa a aktyèlman nan yon pwosesis re-edisyon kay Trilingual Press, nan Boston.

      JMC gen yon long tradisyon travay avèk òganizason Atis Ayisyen nan Massachusetts la, se youn nan responsab AAAM yo, Charlot Lucien, ki aktive sòti dènye CD a, pou ki li fè yon lwanj sou pòchèt CD ki di Jean-Claude Martineau gen :  « Yon kreyativite enprevizib nan plizyè domèn — kont, powezi, lirik, teyat — e se reyalite enspirasyon anpil gran jeni kreyatif. Li te yon enspirasyon nan evolisyon kontè-lodyansè mwen. »

     Ansyen kanmarad misye, Carole Demesmin, yon kolaboratris ki remonte depi tan « Haïti-Culturelle »,  fè yon lwanj ki di : « Ak Koralen, depi nan lane 1979, kata yanvalou anba peristil bat nan salon tankou nan jaden... Ayibobo pou sanba Koralen. » Gran mizisyen e chantè, Beethova Obas, di limenm : « Parler de Koralen c’est avant tout mettre en exergue son unicité "plurielle". Nombreux sont ceux qui connaissent le romancier et l’historien. Je mettrais en lumière son talent de musicien-compositeur  qui, ne jouant d’aucun instrument, est un génie de la chanson. » Chantèz Farah Juste, fè yon ti lwanj tou kout men ki pa mwens pwofon : « Il est pour nous artistes haïtiens un prophète, un monument historique, un griot... »

     Seri lwanj lan fini avèk Jan Mapou, yon lòt Griyo ayisyen nan dyaspora, ki di : « Koralen lage kreyòl la koule swa tankou dwèt ti Roro sou po tanbou verite li. Chak powèm sanba-a, se yon lomeyans byen kadanse... »

     Pwofil sila a se sèlman yon ti lougal sou Jean-Claude Martineau, mwen p ap pale twòp de lòt de powèm-lodyans oswa powèm naratif ki nan CD a, « Twa pa » ak « Mèt Pétion », premye a istwa yon ti peyizan yon rankont dramatik vin fè l gen yon priz konsyans sou kondisyon sosyopolitik yo ; dezyèm lan, istwa yon avoka nan bawo Jeremi ki kwè l konnen plis ke yon ti peyizan. Li sou papye oswa sou kadran yon zèv Martineau diferan de tande l k ap lodyanse l, e m p ap fè l jistis si m sèlman pale de li.  Kidonk, mwen konvoke piblik la poul al familyarize avèk zèv JCM yo.

      An n rezime pou n di Jean-Claude « Koralen » Martineau jwe yon wòl santral nan valorizasyon, popilarizasyon ak simayennasyon kilti popilè ayisyen an aletranje, e nan priz konsyans politik dyaspora ayisyen an, espesyalman nan Boston, Nouyòk, Monreyal.  Li kolabore ak plizyè otè, mizisyen e lodyansè ayisyen, moun kouwè Paul Laraque, Morisseau Leroy, Maurice Sixto, Manno Chalmay, Carole Demesmin, Sarah Juste, Ti Corn, Beethova Obas, Emmeline Michel, elatriye. Nou panse travay misye yo (keseswa nan pwezi, teyat, mizik, lodyans, esè, elatriye) toujou gen pètinans yo nan konpreyansyon ak refleksyon sou pwoblematik  jounen jodi a yo (kit ann Ayiti kit nan lòt peyi yo). Zèv li yo se yon enstriman ekleray pou montre chimen pou chanje rapò opresyon, eksplwatasyon ak dominasyon yo.

-------------------------------

Nòt

1. Jean-Claude Martineau, Flè dizè, edisyon trileng (ayisyen, angle & franse) Nouyòk, 1982. Nou kenbe òtograf orijinal tèks la.

2. Marika Roumain, nan prefas liv Jean-Claude Martineau a, Flè dizè, 1982.

3. Pablo Neruda, J'avoue que j'ai vécu, yon otobiyografi, ed. Gallimard Education, 1987.

4. Entèvyou Tonton Guy ak Jean-Claude Martineau, revi Nouvelle Stratégie, edisyon jiyè 1985, Boston.

5. PPNL : Akwonim pou Parti populaire de libération nationale, yon pati maksis ki te fonde an 1954, dirije pa Jean-Jacques Dessalines Ambroise. Youn nan lòt pati politik Papa Dòk te reprime yo se PEP (Parti d'Entente Populaire) ki te enspire pa Jacques Stephen-Alexis (ki te asasinen pa Divalye an 1961). PUCH : se akwonim pou Parti unifié des communistes haïtiens, yon pati politik maksis ki fonde avèk inyon (fizyon) PPNL, PUDA (Parti unité démocratique haïtien) e PEP. PUCH te dirije sou plizyè tan pa René Théodore, Hervé Denis, Max Bourjolly, Gérard Pierre-Charles. Sanmanman makoutik yo detui anpil selil ak manm PUCH yo nan yon represyon sovaj an 1969.

6. Jean-Claude Martineau, Flè dizè, edisyon trileng (ayisyen, angle & franse), Nouyòk, 1982. Nou kenbe òtograf orijinal tèks la, paj 63. Liv la prefase pa Marika Roumain, ilistre pa Nicole Hollant, desen kouvèti a pa Rodney Georges.

-Tontongi

(Ekriven otè dènye liv La Parole indomptée / Memwa Baboukèt, edisyon L'Harmattan, 2016.)

Tontongi
Auteur


Réagir à cet article