Enpòtans tire kont: Collège Canado-Haïtien di krik

Publié le 2021-04-29 | lenouvelliste.com

San bri san kont, lendi 19 avril 2021, Collège Canado-Haïtien resevwa powèt ak espesyalis Istwa, Memwa ak Patrimwàn, Iléus PAPILLON, pou yon konferans wòdpòte sou tèm: Enpòtans tire kont nan kilti ayisyen an: ka kèk kontè ak fabilis ayisyen. Nan entèvansyon sila a, ki dewoule nan yon anbyans echanj ak boukantay san tokay nan prezans elèv, pwofesè kolèj la ak lòt envite, apre li fin esplike ki sa ki yon kont, Iléus PAPILLON fè konnen, rechèch li nan kesyon an fè li dekouvri genyen plizyè tip kont e pami yo, li site: kont filozofik (yon istwa senp, ki kapab menm bay fòm jwèt timoun, men ki genyen dèyè li objektif pou fè pase yon lide filozofik); kont fantastik (yon resi kote nou kapab jwenn yon bann evennman sinatirèl k ap deplòtonnen tankou nou te nan reyalite); kont fasetye (facétieux) (yon kont k ap eseye mete anbyans kè kontan nan mitan lektè oubyen moun k ap koute a). Kofondatè Tanbou-Literè a rapousuiv pou li di, gen kont ki kapab fè nou ri, kriye. Gen lòt kont ki kapab menm plonje nou nan chagren. Yonn nan objektif kont yo, daprè espesyalis nan Patrimwàn nan, se reveye lakay nou tout kalte emosyon, fè nou vwayaje menm plas, fè nou navige anpil fwa nan yon epòk lwenten, imajinè. Se nan menm moman sa a tou, prezidan Observatoire Patrimoine nan t apral fè yon pase sou fonksyon silkolik e menm edikatif ak pedagojik kont yo, kote narasyon sila yo kapab jwe yon wòl fondamantal nan devlòpman sikolojik ak entèlèktyèl timoun yo sitou. Kont yo charye sajès popilè, fasilite transmisyon konesans, istwa, savwafè, abitid, pratik sosyal ak pratik kiltirèl, selon sosyològ Iléus PAPILLON.

Sa fè nou panse rapidvit ak bèl eleman patrimwàn kiltirèl imateryèl sa a k ap dodomeya byen rich nan kilti ayisyen an. Ki Ayisyen, ki leve nan zòn riral yo, k ap bliye pèsonaj Bouki ak Timalis, Jansòt ak Janlespri? Domaj, anpil zòn nan peyi a kòmanse pèdi pratik rakonte istwa sa yo. 

Iléus te pran anpil plezi pataje ak asistans lan non kèk ekriven ayisyen ki ekri kont : Félix Morissaeu Leroy ki ekri divès kont tankou Ravinodjab, Lamizè, Eminans ki plis gen rapò ak reyalite a tankou diktati Duvalier, siklòn ki pase nan peyi a, masak diktatè Twouyilyo sou plizyè milye konpatriyòt ayisyen nan Sendomeng; Mimi Barthélemy ki adapte kont tradisyonèl tankou «Dife flanbo», men li ekri kont tou; Jean Claude Martineau (Koralen) ki sitou ekri kont li yo an vè; Mercedès Foucard Guignard ki ekri Contes des jardins du pays de Ti Toma 1, 2 ki se transkripsyon plizyè kont li tande nan divès rejyon nan peyi Ayiti. Entèvenan pa t ezite pale sou travay enpòtan Paula Clermont Péan, Joujou Turène, Philippe Thoby Marcelin ak Pierre Marcelin fè nan domèn sa a. Li te pran okazyon an pou li pale sou travay Chelson Ermoza, yonn nan majòjon festival Kont Anba Tonèl. Chelson genyen plizyè kont nan djakout li li ekri : Wa Lobadja, Adelina ak Zangiyon. Li kontinye pou li di Chelson se yonn nan ra Ayisyen ki adapte kont tradisyonèl nou yo tou. Chelson kenbe tradisyon tire kont lan nan divès espas nan peyi a.

Inisyativ Collège Canado-Haïtien pran pou li angaje modèl aktivite sila yo pou elèv yo merite gwo ochan. Se yon inisyativ ki ta dwe repete toupatou, sitou nan lekòl nou yo. Nou panse se yonn nan aksyon ki kapab pèmèt nou konsève, pataje epi tranmèt divès eleman k ap dodomeya nan djakout oraliti nou bay lòt jenerasyon.  

Pou mete bout nan konferans sila, se ak yon seri kont kout Iléus PAPILLON mete sik sou gato a. Li t ap tire kont epi elèv yo t ap reponn san bri san kont:

 Iléus PAPILLON di Krik, elèv Canado-Haïtien yo reponn Krak. Epi kont kòmanse simen :

Abiye san soti ? Kabann

Wè m la pran m ? Lonbray

Eskize ban m pase ? Rido

Papa m gen yon pye bwa, tout fèy li se pawòl ? Liv

Fizi kout tire lwen ? Zam

Anivince JEAN BAPTISTE Pou Sèvis Kominikasyon Observatoire Patrimoine (ObPa)
Auteur


Réagir à cet article