Pour l’histoire 

Discours: le président Moïse annonce la disparition prochaine de la constitution de 1987

Dans une allocution prononcée vendredi 23 octobre 2020, le président Jovenel Moïse annonce pour bientôt la rédaction d’une nouvelle constitution pour remplacer celle de 1987. Le nouveau texte sera soumis à la popularité pour être adopté par référendum. Le prochaines élections auront lieu après l’adoption de la nouvelle constitution a aussi annoncé le chef de l’Etat. Le Nouvelliste publie l’intégralité du discours du président Moïse. 

Publié le 2020-10-23 | Le Nouvelliste


Pèp Ayisyen, Aktè politik, Lidè relijye, Sektè prive, Frèm ak Sèm kap tandem, kap gadem nan tout kwen peyi ak nan dyaspora a. 

Mwen pran desizyon vi n pale avèk nou jodia, paske mwen kwè moman rive poum fè sa sou yon ban ak yon paket gwo sijè ki merite eklesisman nan peyi a . Pawòl sa yo nou pral pale a konsène ekilib ak kondisyon byen viv ansanm pèp ayisyen an. Li sitou konsène estabilite Nasyon an pou peyi a sòti nan divizyon, nan chire pit, nan chen manje chen, pou n refonde ansanm,men nan men, Ayiti nou tout swete a.

Aprè nou fin pran endepandans nou, peyi a konnen anpil difikilte nan gouvènans politik li, ekonomik li ak sosyal li. Peyi a konnen yon pakèt ak yon ban n boulvèsman politik, asasina prezidan, koudeta, deblozay chak jou, kraze brize chak jou, mete dife maten midi e swa, tranzisyon chak jou. Nou kòmanse nan sik enfenal saa ak asasina Desalin ki te Papa Nasyon an. E pou jouk rive jounen jodia, nou pa janm dakò mete tèt nou ansanm pou n pran wout chanjman, wout devlopman ki kap pèmèt nou amelyore sò majorite pèp Ayisyen an .

Amelyore kondisyon majorite pèp la vle di : mete kouran disponib pou li nan tout peyi a 24h/24, bali aksè ak dlo potab ak dlo pou l rouze jaden l, mete sant sante ak lopital pou l pran swen lè l malad, konstwi lekòl ak inivèsite pou ba li bon jan ledikasyon ak fòmasyon, konstwi wout pou konekte zòn konsomasyon yo ak zòn pwodiksyon yo, konstwi bon jan lojman pou moun ki pa genyen anpil kòb yo, konbat povwete ak prekarite nan zòn defavorize yo, konbat la vi chè a , ba l jistis ak sekirite ,kreye kondisyon pou l ka travay nan diyite. Okenn pèp sou la tè paka viv si bezwen sa yo pa satisfè. Mwen te toujou konprann sa. E se sa ki fè depi m monte Prezidan, map batay poum bay pèp la satisfaksyon nan bezwen sa yo. Batay sa, map kontinye jouk kaske manda pep la ban mwen yan fini.

Aprè twa lane 8 mwa e kelke jou mwen genyen nan tèt peyi a , mwen gen konviksyon fòm kontinye goumen poum chanje gouvènans peyi a. Nou tout dakò ke gen gwo pwoblèm nan gouvènans peyi a. Tout Prezidan ki pase nan tèt peyi a nan dènye 25 lane sa yo rekonèt ke Konstitisyon an gen gwo pwoblèm pou l aplike. Gen Prezidan ki te menm di ke Konstitisyon saa se yon sous enstabilite kwonik kap minen peyi a tankou se yon tiyogan kap devore yon patat. Tankou se lè swazo predadè ap manje jaden pitimi, mayi, diri elatriye.

Depi 30 dènye lane sa yo, se vyolans politik, monopòl, espekilasyon, kapti leta, finansman sispèk ki fèt nan kèk eleksyon, disfonksyonman Palman, sistèm jidisyè rachitik ak koripsyon kap taye banda nan peyi a. Si nou pa chita ansanm pou n pran desten peyi a an men, pou n konstwi yon Nasyon tout bon vre kote pitit nou , pitit ptiti nou ka viv nan la pè, nan estabilite ak kwasans ekonomik, listwa pral jije nou.

Lè a rive Ayisyen, frèm yo, sèm yo pou nou mete yon bout nan machin enstabilite san fren sa a. Anpil nan nou goumen pou leve eskanp figi peyi a, pou refonde nasyon an pou pèmèt yon lòt Ayiti boujonnen kote tout ayisyen ka viv ak fyète ak diyite. Nou pa ka kontinye kanpe ap gade peyi a kap disparèt nan men nou akoz divizyon, enstabilite, ak vyolans avèg.

Depi 3 mwa, mwen pran desizyon pou m pèsonèlman angajem nan yon gwo chita tande avèk anpil sektè, gwo aktè sou sèn politik la.Mwen pa bezwen site non peson. Ti koze sa yo rive nan yon nivo trè avanse. Nou diskite sou anpil sijè. Nou bwase anpil lide sou sa ki ka fè peyi a pran wout chanjman, estabilite, kwasans ekonomik ,modènizasyon e rekonsilyasyon nasyon avèk tèt li.Anpil lòt sijè rete pou nou debat. Men sa ki te fèm plezi, se lè gen de aktè, gen de pèsonaj ki te totalman opoze avèm. Nou te kwè nou pa tap janm ka pale, nou pa tap janm ka tande yonn lot. Jodia nou tout mete ògèy nou akote, pou nou aksepte fè anpil depasman nan non zansèt yo, nan non pep ayisyen an pou n sove patri nou, peyi nou ke nou tout renmen anpil la, ki se Ayiti.

Mwen bat yon gwo bravo pou tout aktè sa yo ki mete akote ti enterè pèsonèl yo, ti enterè klan ke yo soti, ti enterè chapèl politik yo, ti enterè klas yo, pou bay peyi a priyorite, pou nou gade enterè kolektif la avan tout bagay.An nou gade byen ki kote n soti ak peyi a. Nan ki twou labou divizyon mete nou. An nou deside mete akote tout sa ki divize nou, tout sa ki fè yonn ap manje lòt, tout sa ki fe yon ap fe manti sou lot pou asasinen karaktè yonn lot, tout sa ki anpeche peyi nou devlope, pou nou konsantre enèji nou sou sa ki ini nou, sou sa nou genyen an komen ki se peyi DAYITI.

Chita tande sa yo pèmèt mwen wè kòman anpil moun gen rèv pou chanje peyi a. Men nou pa vle mete tèt nou ansanm, paske yonn pè lòt. Yonn pa gen konfyans nan lòt. Yonn ap bay lòt kou nan do. Mwen panse li lè li tan pou nou aksepte siyen yon pak de konfyans ke nou tout ap aksepte respekte san yonn pa santi li pèdan, men pou nou tout soti gayan.

Nap travay anpil nan chèche solisyon kap pi bon pou peyi a. Nap fè sa san nou pa ekskli pèsonn. Tout moun ki gen bòn volonte ladann. E solisyon nap chèche a , estabilite nap chèche a tap rive jwenn pi fasil si tout moun te vle vini pote patisipasyon pa yo. Pòt chita tande ya rete toujou louvri debatan ap tann tout moun. Nou pap janm jwenn solisyon nan dechoukay, nan retire kòw pou m mete pam, nan vyolans, nan ensekirite, nan kraze brize. Nap jwenn solisyon nan respekte la lwa, nan respekte règ ak prensip demokratik yo , nan altènans politik, nan monte enstitisyon ki fò, nan pale yonn ak lòt , nan respè yonn pou lòt, nan mete ekilib ant twa pouvwa Leta yo.  

Nan pale sa nap fè jodia, mwen pa gen entansyon voye wòch sou pèsonn, ni voye dlo poum mouye pèsonn. Mwen vlew fè konsta sa yo avèm. Mwen vle di anpil verite sou manman lwa peyi a ki divize nou, ki pa koresponn ak kilti nou, ak mès nou, ak jan nou konprann otorite nou yo, sa vle di li pa koresponn ak reyalite peyi a. Konsta sa yo se yon blokaj nan gouvènans peyi a, paske tout enstitisyon nou yo pa ka fonksyone ak modèl konstitisyon sa.

An nou pran kèk egzanp :

1-  Prezidan Repiblik la eli nan sifraj inivèsèl dirèk. Sa vle di Pèp la ba Prezidan pouvwa dirèkteman. Pèp la mande l kont dirèkteman. Pèp la ap tann anpil bagay nan men Prezidan ki pran angajman ak li nan kanpay elektoral. Poutan Prezidan oblije genyen yon Premye Minis ki se Chèf gouvènman kap egzekite yon pwogram ki pafwa pa genyen angajman Prezidan an te pran nan kanpay la. Souvan Premye Minis lan, ak Minis yo se nan men Depite ak Senatè selman yo pran lòd. Kidonk Prezidan an toujou trouve l nan difikilte pou l respekte angajman ke li te pran nan kanpay ak pèp la.

2-  

Palman pa toujou jwe wòl kontwole Gouvènman.Gen yon gwo dezekilib ant pouvwa Palman genyen e sa Egzekitif la e jidisyè a genyen. Mwen pa bezwen fè okenn rapèl, ni bay okenn egzanp sou deriv ak move bagay ki deja pase. Nou tout konnen yo deja . Jodia Palman trouve l disfonksyonèl. Se yon move egzanp pou demokrasi a. Men se yon reyalite. Kidonk fò manman lwa peyi a chanje pou anpeche sa rive anko. Nou dwe poze tèt nou kesyon sou absans Konsèy Elektoral Pèmanan ak Kou Konstitisyonèl la. Nou oblije fè eleksyon Senatè chak 2 lane alòske eleksyon koute anpil lajan e nou se yon ti peyi pòv.

3-         Lè yon sitwayen tap sèvi Nasyon an kòm Minis, Direktè Jeneral ,Majistra ou nenpòt fonksyon ki te fèl òdonatè, li pa ka jwenn dechaj menm si li te kòrèk nan jesyon li. Li vi n yon mou n ki mouri politikman. Gen enstitisyon ki itilize kesyon dechaj la pou elimine tout moun ki ta vle vi n kandida ou byen vi n retounen minis. Nou paka chwazi touye politkman yon gwoup moun paske yo te dakò vi n sèvi la Repiblik.

4-           Yon Konstitisyon paka chwazi ekskli yon gwoup moun nan zafè politik peyi l malgre konpetans yo, entegrite yo, kapasite yo pou yo kontribye nan devlopman sosyal, politik ak ekonomik peyi a. Se yon kokennchenn enjistis pou kèk atik nan konstitisyon 1987 la mete akote tout ayisyen ki trouve yo andeyò peyi a, pandan se menm Ayisyen nan dyaspora sa yo kap pote peyi a sou do yo ekonomikman.

          Mwen pran egzanp sa yo sèlman. Men gen anpil lòt egzanp mwen ta ka pran poum eksplike kòman li enposib pou gouvène kòm sa dwa peyi a , pou gen estabilite ki se premye bagay yon peyi dwe genyen si l vle devlope sosyalman, politikman ak ekonomikman.

Jodia tout moun dakò ke li lè li tan pou nou lanse pwojè chanjman Manman Lwa peyi a ki se zafè chak grenn Ayisyen ke l tap viv nan peyi a, ke l tap viv lòt bò dlo. Chanje Manman Lwa peyi a se pa zafè Prezidan Jovenel MOÏSE kap chèche yon enterè pèsonèl , yon enterè elektoral jan sa toujou konn fèt.

Map pran yon angajman solanèl devan tout Ayisyen kap tandem kap gadem nan moman an, devan lemonn antye pou m repete byen fò :Mwen pa mande chanje Konstitisyon pou mwen al jwi okenn avantaj. Mwen pa pral kandida nan eleksyon kap vini yo. Mwen vle tankou tout moun, tout ayisyen ki renmen peyi a mete ayiti sou wout chanjman tout bon vre, pou nou fini ak eksklizyon politik, pou gen estabilite politik, sosyal ak ekonomik.

Peyi a merite yon Konstitisyon modèn ki adapte ak egzijans, ak defi kap tann Nasyon an nan 21eme syèk la pandan la p konsève tout bèl eritaj demokratik Konstitisyon 1987 la te ba nou. Nouvo Konstitisyon sa dwe adapte ak kilti nou. Li dwe senp. Li dwe klè kon dlo kòk. E li dwe ka aplike fasilman. Li dwe pèmèt ke peyi a gouvène fasilman san pa gen kolizyon ant 3 pouvwa Leta yo . Pouvwa Leta yo dwe gen ekilib antre yo.

Yon dokiman ke tout moun dwe konnen ki sa ki ladann. Tout sektè andan peyi a dwe ka bay dizon yo an granmoun a travè de fòs òganize sou tout teritwa repiblik la. Epi pèp la ap gen  pou l deside nan yon Referandòm si wi ou non lap dakò ak nouvo Konstitisyon sa.

Si pèp la di wi nan referandòm nan, eleksyon ki gen pou òganize yo dwe fèt avèk Nouvo Konstitisyon sa.

Men pou sa posib, fòk tout aktè deside antann yo sou ki pi bon mannyè li ka fèt .Nap pale avèk tout moun : lidè politik, lidè relijye, moun nan sosyete sivil, asosyasyon pwofesyonèl yo, elit ekonomik peyi a, moun nan dyaspora pou nou jwen yon konsensis sou antant saa.

Tou swit aprè konstitisyon an, gwo chantye kap tann nou se Eleksyon.Tout peyi ki chwazi demokrasi kòm modèl gouvènans konnen trè byen ke se nan eleksyon pèp la di ki yès li vle ki pou dirije l. Sa vle di kom prezidan peyi a mwen genyen reskonsabilite pou travay ak tout sektè sitou pati politik yo pou rann eleksyon an posib, konsa nap ka renouvle pèsonèl politik la e pase mayèt la bay yon Prezidan ki eli konstitisyonèlman.

Pouvwa se pèp la ki te ban mwen. Mwen dwe ofri pèp la posibilite pou l di ki yès li vle pou dirije l aprè 7 Fevriye 2022.

Pwochen Prezidan dwe soti nan yon eleksyon lib, onèt, demokratik, enklizif ak transparan. Mwen vle pou tout moun klè sou sa.

Mwen mete nan bidjè 2020-2021 lajan pou òganize referandòm ak eleksyon nan peyi a. Nou mete lajan pou lapolis achte anpil ekipman ak materyèl pou bay sekirite nan eleksyon yo. Nap mande depi jodia pou tout aktè ki toujou di ke yo se demokrat pou yo montre Nasyon an ke se sa yo ye vre. Eleksyon toujou genyen yon ganyan e yon pèdan. Tout moun an mèm tan pa ka Prezidan. Tout moun an mèm tan pa ka Senatè, depite, majistra, kazèk, azèk. Siw vle eli Prezidan, Senatè, Depite, Kazèk, Azèk, ou dwe monte pwogram ou, konvenk pèp la pou l vote pou ou. Se konsa sa fèt nan demokrasi. Tout lòt chimen dekoupe pou rive sou pouvwa ap vyole tout règ ak prensip demokratik yo.

           

Demokrasi a gen règ ak prensip ke nou dwe respekte. Lèw pa respekte règ ak prensip yo se anachi, se vyolans, se ensekirite, se enstabilite kap taye banda. E se sa nap fè depi lendepandans jouk jounen jodi a. ki rezilta, nou tout wèl: yon enstabilite ki kreye misè, malsite, divisyon ak rayisman.

Mwen envite nou pran yon lòt direksyon ak peyi a. Se pou chak moun fè devwa li , pote wòch pa l nan konstriksyon demokrasi a, nan bay jenès la bon jan direksyon, bon jan egzanp pou demen nou ka gen yon peyi miyò. Mwen vle konsakre tout fòs mwen, tout enèji mwen, tout volonte m pou peyi a ka viv nan lapè, nan linite, nan pwogrè, nan estabilite. Mwen pap janm sispan lonje menm bay tout moun ki vle transfòme Leta kòronpi sa, Leta peze souse sa , Leta predatè sa pou l vi n yon Leta sèvitè, yon Leta kap defann dwa chak grenn sitwayen, ni sak pi fèb yo tankou sak pi fò yo. Ni sak pi rich yo tankou sak pi pòv yo. Ni sa kap viv lavil tankou sa kap viv lwen, lwen, lwen yo. yon leta ki dwe defann diaspora ki se motè ekonomi peyi a.

Nou pa dwe rate yon lòt fwa ankò sou okenn pretèks okazyon pou nou chita ansanm arebò yon tab pou n pran desizyon kap pi bon pou Nasyon an. Pa dwe genyen yon pèdan, pa dwe genyen yon gayan. Chak fwa se yon sel moun ou byen yon sel gwoup moun ki genyen se peyi a ki pèdi. Men lè nou tout genyen se peyi a ki genyen. Avni peyi a depann de desizyon nou tout ansanm ap pran .

Mwen menm kòm prezidan peyi a pou goumen map goumen ak yon sistèm peze souse kila depi dikdantan poum korije sak dwe korije, poun chanje sak dwe chanje. Chak fwa nou finn rezoud yon pwoblèm, nou konstate malerezman gen yon lòt ki parèt. Mwen tande kri fanmi yo kap soufri anba pwoblèm ensekirite sa, kap ravaje sosyete a. Jodi a li klè pèp la mande sekirite. Se pou tout otorite konsène yo, pran responsabilite yo. Tout moun kap touche kòb Leta. Tout moun dwe mete men pou nan pa twò lontan, pou rezoud pwoblem ensekirite a. Se pou nou fè tout sak posib, pou nou bay popilasyon an satisfaksyon. Se pou sa nou la. Se pou sa pèp la ap peye nou ou menm minis, sekretè Deta, Delege, vis delege, majistra, kazèk. Polisye tout gwo zotobre nan Leta a ki la pou bay sekirite. Mete pye nou atè ansanm ak popilasyon an pou rezoud pwòblem ensekirite sa.

Ann chwazi sove peyi nou. Ann chwazi konstwi peyi nou sou baz modènite nan estabilite. Se sèl kondisyon ki ka pèmèt nou pran wout chanjman tout bon vre. Wout kap mennen nou nan chimen kwasans ekonomik ak kreyasyon richès , wout kap mennen nou nan lapè ,pwogrè ak pwosperite. Nou goumen twòp yon ak lòt, jodia an nou fe yon koud a koud fwatenel istorik pou nou ka etone lemond antye. pèp la bouke ak yig yan ak divisyon an, kelkeswa sa w ta ka genyen ak yon ayisyen parèy ou, mete l sou kote pou nou ka fè yon chen solidarite ki pwal pèmèt nou epanye peyi nou de kastastwòf sosyal, politik ak ekonomik saa.

Mèsi anpil ! Ke bondye tou pwisan an nan sajès li beni Ayiti!

Ayibobo pou ayiti.

Auteur

Réagir à cet article

Nous avons remarqué que vous utilisez un bloqueur de publicité.

Notre contenu vous est présenté gratuitement à cause de nos annonceurs. Pour continuer à profiter de notre contenu, désactivez votre bloqueur de publicité.

C'est éteint maintenant Comment désactiver mon bloqueur de publicité?

How to disable your ad blocker for our site:

Adblock / Adblock Plus
  • Click on the AdBlock / AdBlock Plus icon on the top right of your browser.
  • Click “Don’t run on pages on this domain.” OR “Enabled on this site.”
  • Close this help box and click "It's off now".
Firefox Tracking Prevention
  • If you are Private Browsing in Firefox, "Tracking Protection" may casue the adblock notice to show. It can be temporarily disabled by clicking the "shield" icon in the address bar.
  • Close this help box and click "It's off now".
Ghostery
  • Click the Ghostery icon on your browser.
  • In Ghostery versions < 6.0 click “Whitelist site.” in version 6.0 click “Trust site.”
  • Close this help box and click "It's off now".
uBlock / uBlock Origin
  • Click the uBlock / uBlock Origin icon on your browser.
  • Click the “power” button in the menu that appears to whitelist the current website
  • Close this help box and click "It's off now".