Nan yon senp jedou
Ou kabre tout limanite
Puisans rega w fè n konfine
Tankou ti bebe nan vant
Chalè bouch ou
se dife boulèt kanno
Ou met tout moun sou do
Mask nan figi nou se boukliye
Depi w blayi sou latè
Nou nan lagè
Gade jan bouch yo tou louvri
Y ap vale bave mò
Se nan vale bave mò
Yo jwenn juisans yo
Yo jwi lanmò san jwi lavi.
Yo jwi lanmò san swente moso lespwa.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous