N ap komemore Fèt Drapo ak Inivèsite ane sa a nan yon kontèks espesyal : yon pandemi ki parèt bridsoukou epi ki soti pou l boulvèse tout peyi sou latè san l pa epaye pèpap. Nan majorite peyi sa yo, pifò aktivite politik, ekonomik, sosyal kanpe. Lekòl ak Inivèsite pran gwo kou. Nan peyi d Ayiti, otorite yo blije pran menm mezi sa yo tou. Nou te deja ap viv yon sitiyasyon malouk. Kowona a vin la a tankou abse sou klou.
Ou kwè nou mezire tout konsekans konjonkti sa a genyen sou ekonomi peyi a, sou sosyete a