Si mò jalou bay gwo pye
mo jalou bay madyòk
je m wè danje
m renmen w
m pa vle di w sa
m kase tèt li chak fwa l vle
boujonnen sou po m
pa gen movezè ki ka detounen jèm lanmou sa
m renmen w
m renmen w an kachkachliben
menm lonbraj mwen pa konn sa
ou bati demen m
ak dwèt ou
ak swè w
ak san w
ak lanmou
tout kwa kwabosal
pouse rasin sou tèt ou
ou mache tonbe leve
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous