Nou pa fè lach

Lesyèl ap fè latè jedou nan lonnvi lasyans lave men l tout moun bride chak segonn  yon grap zetwal plonje je lalin nan pise san san san san lanmè anvayi tout kote m pa ni pwofèt ni powèt Noye nwaye nou pa fè lach men nou kontamine se ak lang nou pou n trase lakansyèl sou fèy bwa .

Isaac Volcy
21 avr. 2020 — Lecture : 1 min.

Lesyèl ap fè latè jedou

nan lonnvi

lasyans lave men l

tout moun bride

chak segonn 

yon grap zetwal plonje

je lalin nan pise san

san

san

san

lanmè anvayi tout kote

m pa ni pwofèt

ni powèt

Noye nwaye

nou pa fè lach

men nou kontamine

se ak lang nou

pou n trase lakansyèl

sou fèy bwa

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous pour lire la suite de cet article. Pas encore de compte ? Inscrivez-vous