Diskou Fritz Deshommes nan moman li tap resevwa pri Joseph D.Charles 2019

Publié le 2020-03-17 | Le Nouvelliste

Mwen pa gen bouch, mwen pa gen mo, mwen pa gen ase koze pou kalite kontantman, kalite emosyon m santi pou gwo lonè « Bibliothèque Georges Castera » fè m jounen jodi a nan moman m ap resevwa « Prix 2019 Joseph D Charles » pou liv mwen “Haiti La Nation Ecartelée / Entre Plan Americain et Projet National”.

Lè m wè valè moun seremoni sa a trennen, lè m ap gade kalite mobilizasyon aktivite sa a rale, mwen pa  fouti pa wete chapo m, bese m byen ba,  pou m salye nou tout ki la a alawonnbadè, pandan m ap voye yon chay remèsiman pou prezans nou, pou patisipasyon nou, pou lafwa nou nan liv, nan kreyasyon, nan pwodiksyon literè, nan kilti sou tout fòm.

Lè powèt Clement Benoit te rele m pou l anonse m nouvèl la, mwen te pran gwo sezisman. Mwen pa t atann mwen ditou, ni pou liv la ni pou pri a. Se te nan mwa Oktòb 2019, mwa lang ak kilti kreyòl.  Mwen te plis branche sou dènye liv mwen te fenk ekri, ki rele « Sou Chimen Akademi Kreyòl Ayisyen ». Pou dayè, m pa t menm konnen si « Haiti La Nation Ecartelé  e » te rantre nan konsiderasyon . Se te yon gwo sipriz pou mwen.

Men yon sipriz ki gen bon gou. Paske se yonn nan  pi gwo Pri Literè ki egziste nan peyi d Ayiti. Pou kalite ekriven, entelektyèl ki deja resevwa l anvan m yo, mwen pa ta ka santi yon pi gwo lonè pase sa. Sitou pri sa a mete m nan menm kategori ak deseri zotobre tankou Franketienne, Yanick Lahens, Lyonel Trouillot, Jn-Claude Fignole, Claude Pierre, Daniel Supplice,  elatriye...

Pi rèd anko, liv Jiri a chwazi a ban m yon kè kontan espesyal. Paske m konsidere « Haiti La Nation Ecartelee » tankou yonn nan pi bon liv mwen ekri. Epi tou nan moman n ap viv la a, nan gwo kriz peyi a ap travèse jounen jodi a, liv sa a te deja mete sou tab anpil kesyon moun ap poze koulye la a, liv la te deja ofri anpil zouti pou ede n konprann sitiyasyon n ap viv la a. « Haiti La Nation Ecartelee » te deja  pwopoze anpil repons ki pèmèt nou rete tèt frèt, ranmase lespwa, kenbe lafwa nan kapasite peyi nou an ak tout popilasyon an pou nou konstwi yon demen miyò.

Anplis, m pa p kache di nou jan sa fè m plezi se "Prix Joseph D Charles" mwen resevwa.  Joseph D. Charles, moun Lenbe, yonn nan pi gwo sitwayen peyi d Ayiti janm pwodwi.

Joseph D. charles, se te yon endistriyèl, yon avoka, yon jounalis, yon pwofesè inivèsite, yon diplomat, yon pèsonaj politik. Li te okipe plizyè fwa pòs minis, pòs anbasadè plizyè fwa tou. Li te menm rive VisPrezidan OEA, nan non peyi d Ayiti. Pa gen anpil Ayisyen  ki te rive trase yon  bèl karyè konsa. Nan konjonkti jounen jodi a, kote nou jwenn anpil dezespwa, anpil dekourajman nan peyi a, li bon pou jenès nou an jwenn deseri egzanp, modèl, referans sou lavi ak travay kèk sitwayen konsekan tankou Joseph D. Charles. Pou yo konnen tou gwo pèsonaj  sila yo egziste nan tout kwen peyi a. Pa senpman nan Pòtoprens.

Dènye pwen sa a gen yon sans patikilye nan lespri m. Mwen toujou kwè peyi d Ayiti pa p fè okenn  pa desizif si nou pa rantre l nan bon jan desantralizasyon.  Si nou pa chache idantifye epi valorize tout richès, tout resous nan tout kwen peyi a, san konte resous moun. Se yonn nan lide « Haiti La Nation Ecartelée » defann nètalkole. M gen yon lòt liv ki rele « Décentralisation et Collectivites Territoriales en Haiti/Un Etat des Lieux » ki chita sou menm lide sa a.

Pou n tounen sou « Haiti La Nation Ecartelée », mwen sèten anpil nan nou ap mande pouki sa se liv sa a ? Ki sa l gen ladan l ? Sou ki sa l pale ?

Depi sou tit liv la, tit konplè a, ou gentan koumanse jwenn bon jan enfomasyon sou sa ki anndan  an. Tit konplè a se :

<

Tankou m ta di an kreyòl « Ayiti yon peyi tiraye, dekloke, k ap navige nan mitan de(2) vizyon osnon de(2) pwojè, chak ap rale l yon kote. Yonn se Plan Ameriken Pou Ayiti. Lòt la se Pwojè Nasyonal peyi a fè pou tèt li.

Nan tit la nou wè 3 pwen.

Ta gen yon plan ameriken pou Ayiti

Ta gen yon pwojè nasyonal ayisyen fè pou tèt li

De(2) vizyon sa yo pa antann yo, pa matche ansanm. Yo ta fè kakofoni. Chak ap rale Ayiti yon bò.

Èske se vre gen yon pwojè nasyonal ? Nou si tèlman ap tatonnen, ap boloze, ap make pa sou plas, anpil moun ap mande « Èske se vre nou gen yon vizyon, yon pwojè pou peyi a » ?

Liv la bay anpil detay sou sa ki anndan vizyon sila a, sou oryantasyon l, sou kontèks ak kondisyon l te fèt.

Pwojè Nasyonal la soti nan gwo mouvman demokratik ak popilè ki te mobilize peyi a nan lane 1986-1987, lè majorite popilasyon an t ap mande pou nou konstwi yon lòt Leta, yon lòt sosyete, yon lòt nasyon. Nan epòk la te gen yon gwo  slogan ki te rasanble tout moun. « Chanje Leta ». Nou te di : «  Tèt ansanm tèt an plas, n ap chanje sa ». «  Chanje Leta a pou n mete l nan sèvis nasyon an ».

Pwojè nasyonal la di ki jan pou nou mennen bak peyi a, nan plizyè domèn tankou domèn politik, domèn ekonomik, domèn sosyal, domèn kiltirèl. Liv la pibliye anpil dokiman sou sa. Poudayè se lide sa yo nou jwenn anndan Konstitisyon 1987 la ki li menm defini mak fabrik nouvo Leta a.

 Pa egzanp, sou plan politik :

Yon Leta djanm, granmoun tèt li, demokratik, desantralize. Yon Leta ki gen otorite, ki pa pran lòd nan men pèpap si se pa popilasyon k mete l la epi  ki la pou sèvi tout popilasyon an alawonnbadè.

Sou plan ekonomik,

Premye fonksyon ekonomi an se satisfè premye bezwen popilasyon yo, se kreye travay nan tout sektè, pou peyi a rale yon bèl kwasans ekonomik kote tout moun jwenn, ki respekte anviwónman epi ki ka kontinye nèt ale. Yon kwasans dirab, ekitab. Pami mezi  Konstitisyon 1987 la prevwa, an n site : bon jan Refòm agrè an favè travayè latè epi kaba tout monopòl nan sektè prive a.

Sou plan sosyal,

Pwojè nasyonal la wè yon peyi ki bay tout pitit li menm dwa, menm devwa, menm chans, menm opòtinite. Yon peyi kote tout sitwayen ka manje, bwè, domi, jwenn lekòl ak Inivèsite  nan bon kondisyon. Yon peyi kote Leta garanti dwa tout moun pou yo jwenn travay, lasante, ledikasyon, jistis, enfòmasyon, elatriye...

Sou plan kiltirèl,

Se pwojè nasyonal la ki fè kreyòl vin lang ofisyèl, ki mande pou nou fyè de tèt nou, ranmase idantite nou, kilti nou ak tout konesans lakay nou pwodwi nan tout domèn lavi a tankou domèn lasante, lagrikilti, konstriksyon, ekonomi, dwa, elatriye...

Men sa k pwojè nasyonal la, ki soti nan mobilizasyon tout peyi a nan lane 1986-1987 epi  ki jwenn konsekrasyon l nan Konstitisyon 1987 la.

Yon lòt bò, gen Plan Ameriken pou Ayiti a. La a tou, anpil moun ap mande Eske se vre gen yon plan ameriken pou Ayiti ?

Antouka, gen yon plan, yon vizyon, yon pwogram latriye bayèdefon yo, tankou: Bank Mondyal, FMI, USAID, BID, Union Europeenne ak gwo peyi k ap domine yo, defini pou Ayiti. Yo gen yon jan yo wè peyi d Ayiti. Yo gen lide pa yo sou pi bon fason pou peyi a devlope. Se popilasyon an k te rele vizyon sa a « Plan Ameriken pou Ayiti ». Ki sa plan sa a genyen nan djakout li ?

Plan an prevwa :

Wete nan men Leta tout antrepriz piblik tankou Teleco, Ciment d’Haiti, Minoterie d’ Haiti, AAN, APN, BNC, elatriye.

Louvri vant peyi a bay tout pwodwi lòtbò yo  rantre libelibè ;

Ekonomi an dwe chita sou danre pou voye vann aletranje, anvan menm nou ta panse pwodwi sa popilasyon bezwen tout bon ak sa l gen konpetans pou l pwodwi ;

Se pou depans sosyal yo, tankou depans Leta ap fè nan sante, ledikasyon, diminye rapyetè

Epi se pou ONG yo jwenn espas pou yo layite kò yo anndan peyi a, pou yo kareman pran plas Leta nan bay sevis Leta dwe popilasyon an.

Men sa k plan ameriken pou Ayiti a. Men ki jan bayèdefon yo trase wout pou Ayiti devlope.

Lè nou fè yon ti tounen sou lane ki pase yo, n ap gade sa k pase nan peyi a pandan 30 dènye lane yo, nou wè se Plan Ameriken an ki aplike nètalkole, sou kennenpòt  gouvènman, kennenpòt rejim , kennnenpòt Pati Politik ou byen Prezidan ki te sou Pouvwa a

Nou ta ka mande  pouki sa se vizyon k pa gen ni lejitimite, ni legalite a, se li k alapaj? Pou ki sa se Pwojè popilasyon an apiye a, pwojè Konstitisyon an rekonèt la, se li yo pase anba pye?

Annatandan nou wè pi klè, an n rekonèt nou gen kèk enfomasyon  ki pèmèt nou koumanse  jwenn repons sou anpil kesyon n ap poze tèt nou jounen jodia.

Pa egzanp pou ki nou gen yon Leta fèb, dekrenmen, ki pèdi dwa granmoun li, yon Leta ki bout nan Repiblik Pòtoprens, yon Leta k ap defann enterè moun pa oze panse ?.

Pou ki sosyete nou an vin pi miwomiba, pi demanbre, pi frajil, kote majorite sitwayen ap bat dlo pou fè bè, nan malsite, nan lamizè, nan move sitiyasyon, nan dezespwa, nan dekourajman, nan degoutans.

Liv la tou pwofite reponn tout moun k ap di : Se nou k pa konn ki sa pou n fè ak peyi a, nou k pa gen vizyon, nou k pa gen pwojè. Li dwe klè pou tout moun : depi pase 30 lane nou gen yon Pwojè Nasyonal majorite popilasyon an adopte nan kad mouvman demokratik lane 86-87 yo. Yon Pwojè ki enskri nan manman lwa peyi a, ki gen lejitimite, ki gen legalite. Men nou pa janm rive aplike Pwojè Nasyonal sa a paske yo anpeche n, paske gen gwo fòs etranje k mele ak yon minorite ayisyen, gwo fòs bayèdefon gwo peyi etranje k mele ak oligachi nasyonal, gwo fòs ekonomik, finansye,politik, diplomatik, militè, pou toujou kenbe nou nan kriz ak  enstabilite epi pou anpeche peyi a pran kap li, anpeche n rekonstwi Leta a, bay ekonomi an jarèt, remanbre sosyete a epi reban n lafwa, lespwa, diyite kòm pèp, kòm peyi, kòm  nasyon, ki jwe yon wòl siperyè nan istwa limanite.

Konklizyon liv la :  se pou nou tounen nan Pwojè Nasyonal la, ki toujou doubout,  toujou gen plas li nan reyalite jodia. Se pwojè Nasyonal la ki dwe siman tout dyalòg nasyonal nou ta gen pou n fè, tout politik piblik peyi a ta dwe mete kanpe.

M santi m koumanse pale twòp. Eskize m. Men, anvan m fini, fòk mwen di yon mo sou inisyativ nan Lenbe. Sou vizyon, jenewozite, dinamis, efikasite, moun ki lanse pri sa a. Sou tout aktivite yon ti bibliyotèk pwovens ap fè pou ankouraje Liv, kit se moun k ap li liv, kit se moun k ap pwodwi liv, kit se moun k ap kreye lide, imaj, rèv, ki pral nan liv. Mwen vle pale sou Bibliyotèk la li menm, sou lòt bibliyotèk li fè oubyen ankouraje, sou inisyativ Liv an Libète. San konte Pri sa a, ki pèmèt nou dekouvri anpil bèl tèt, anpil liv enpotan, pandan l ap raple nou ki jan yon ti vil tankou Lenbe ka pote pou nou anpil limyè, ka pwodwi anpil pèsonaj enpotan tankou  Joseph D Charles.

Tout mouvman sa a gen yon tèt k ap panse,  yon motè, yon pilòt, yon fòs djanm k ap pouse machin nan. Mwen vle pale de powèt Clement Benoit, ki se fondatè epi tou Direktè Jeneral Bibliyotèk Georges Castera nan Lenbe. Clement Benoit ak tout ekip li a, ak tout , merite konpliman ak larekonesans  tout sektè liv la nan peyi d Ayiti.

Mèsi anpil, anpil anpil.

Fritz Deshommes  Prix Joseph D. Charles 2019 Auteur

Réagir à cet article

Nous avons remarqué que vous utilisez un bloqueur de publicité.

Notre contenu vous est présenté gratuitement à cause de nos annonceurs. Pour continuer à profiter de notre contenu, désactivez votre bloqueur de publicité.

C'est éteint maintenant Comment désactiver mon bloqueur de publicité?

How to disable your ad blocker for our site:

Adblock / Adblock Plus
  • Click on the AdBlock / AdBlock Plus icon on the top right of your browser.
  • Click “Don’t run on pages on this domain.” OR “Enabled on this site.”
  • Close this help box and click "It's off now".
Firefox Tracking Prevention
  • If you are Private Browsing in Firefox, "Tracking Protection" may casue the adblock notice to show. It can be temporarily disabled by clicking the "shield" icon in the address bar.
  • Close this help box and click "It's off now".
Ghostery
  • Click the Ghostery icon on your browser.
  • In Ghostery versions < 6.0 click “Whitelist site.” in version 6.0 click “Trust site.”
  • Close this help box and click "It's off now".
uBlock / uBlock Origin
  • Click the uBlock / uBlock Origin icon on your browser.
  • Click the “power” button in the menu that appears to whitelist the current website
  • Close this help box and click "It's off now".