Rara, yon tradisyon pou nou pwoteje

Publié le 2019-04-11 | Le Nouvelliste

Jacques Adler Jean Pierre

Depi kèk ane, nan peryòd rara, toujou gen yon gwo aksidan katastwòf kote, machin antre sou bann rara. Dimanch 7 avril 2019 ki sot pase la a, nan Jacmel, nan Breman, yon machin espantan sou yon rara ki rele Koupe Kloure, chofè a fè yon kout volan li al vare sou yon lòt rara ki rele Kiyè Bwa li touye anviwon 5 moun san konte yon dizèn lòt ki blese grav. Chak fwa aksidan sa yo rive, toujou gen yon dal eksplikasyon ki pa kenbe, swa yo pè bann rara yo lè yo nan lari nan mitan lannuit. Swa se fren machin yo pèdi, swa yo di w rara a te nan fè bren yo pat wè…Tout pawòl sa yo la se pawòl van.

Gen yon ane, se te Leyogàn, yon lòt ane se Payan, yon lòt ane ankò se Gonayiv. Lè sa fin pase, otorite yo fouye twou, yo plante moun yo anba tè tankou se te yon dal zannimo, pafwa san respè pou relijyon ak pratik lavi moun yo. Apre sa ou tande tout kalte kòmantè ap fèt nan sèten medya ki souvan konn bliye wòl yo nan sosyete a sou kesyon kilti ak tradisyon. Gen sa ki di se sou yon bann zobop, se sou yon bann kaplata chofè a antre kamyon an.

Tout sa rive la paske nou pa gen yon leta ki responsab. Yon leta ki la pou bay tout sitwayen yo sekirite nan tout pratik lavi yo.

Nou dwe konnen, premye wikenn apre banbòch kanaval nan peyi d Ayiti, tout rara tradisyonèl ki egziste nan kat pwen kadino sòti nan nò pase nan sid, lès ak lwès, yo tout jouke drapo yo ansanm ak tout batanklan vaksin ki pral selebre lanati.

Nan rara nanpwen pale franse dyòl penti. Rara se yon tradisyon afriken ak ayisyen.

An menm tan se yon rityèl. Yon pèlerinaj kote ayisyen pran lari ap mache, vizite fanmi, travèse anpil kalfou, pase anpil simityè menm si yo pa antre anndan yo, yo janbe anpil pas ak sous dlo, ap chante,  ap danse, ap bwè, ap manje, nan lide pou yo selebre lanati pou ride lanati renouvle tèt li. Se yon aktivite kiltirèl tradisyonèl pou ayisyen vodouyizan an ki toujou vle fè youn ak lanati. Nanpwen moun san lanati, nanpwen lanati san moun. Se pou sa, nan pratik lavi ayisyen kòm nasyon apa sou latè, yo fè rara pou ride lanati chanje fòm, chanje po, chanje mach, chanje dans ak kadans pou nou menm tou kòm moun nou renouvle tèt nou ansanm ak nati a. Rara koumanse apre 6 janvye apre dans makaya. Se yon gwo omaj pou lanati. Yo ba li ochan li merite pou sa li fè pou yo. Nati a vin mèg nan epòk sila a. Pye bwa yo deplimen, yo chanje fèy. Peryòd sila a, se pou sa nou ka konstate pwason vèt yo konn gen kuiv, se pou sa nou wè anpil moun prefere manje pwason chèch. Peryòd sila a tou, se pa fasil pou ze yo kale ti poul, kidonk se nan epòk sila a w ap tande vodouyizan yo di ou : « Lwa yo ale gedefre », lwa yo retounen nan sous yo, lwa yo al chache enèji tou nèf pou yo tounen byen fre. Moun ki gen abitid al nan rara nan zòn riral yo, sa moun yo rele andeyò a, nou toujou wè kolonèl rara a li toujou abiye byen fre ak rechany nèf, ak plizyè koulè ki senbolize lanati. Se plis pase 2 mwa yo pran pou selebre lanati nan tradisyon rara a ki moutre relasyon entim ki egziste ant moun ak lanati.

Se konsa, gen anpil fouyapòt kap fè rechèch, yo konn sezi wè gen rara ki pase preske 2 mwa ap vire nan zile a jouk dènye jou rara a, ki rele « lendi kazimodo » (nan kalandriye kretyen yo).

Lavèy jou rara a pral tounen nan jouk* li (nan lakou) kote li te soti a, ki se dimanch (dimanch pak) (pou kretyen yo), jou sila se jou enèji kosmik la pral vizite  tè a. Jou sila a vodouyizan yo rele li : « Ayizan ». E vodouyizan yo di nou, se AYIZAN an menm ki enèji kosmik ki travèse tè a jou sila a. AYIZAN nan langay vodou sa vle di : « Zanmi latè ». AYI=Tè, Zan=Zanmi. AYI+ZAN=AYIZAN(ZANMI LATÈ). Ayizan an tou, se yon kreyati botanik. Se sak fè se palmis ki reprezante li sou latè. Li reprezante tou sou fòm yon moun ki soti anba dlo, tou klere, tou limen, lapli mouye li, soley seche li, rad li vin franyfrany, l ap mache vizite fanmi yo. Lavèy dimanch AYIZAN an, kretyen yo rele li:”Samdi dlo benit”, nan pratik vodou a tout vodouyizan, ougan manbo antre nan peristil yo pou yo woumble lwa yo k ap retounen ak enèji tou nèf lanati tap bouske pou li vin pi bèl, pi fre a. Se lè a w ap wè pye bwa ap repouse fèy, flè yo ap boujonnen, lanati repran fòs.

Koulya nou pral tonbe nan lendi kretyen yo rele : « Lendi kazimodo a », kote rara yo ap tounen nan jouk* yo.  Lè rara retounen lakay, gen kèk enstriman sèten rara konn boule ak divès fèy ak lòt objè yo te ranmase swa nan raje, nan rak bwa ak sou tout wout kote yo te pase. Sann sila yo pral sèvi ak li pou fè tretman sizonka ta gen yon ka ki egzije sa.

Mwen pa bezwen pèdi tan ap repete rara se kilti Ayiti. Nou tout Ayisyen konn sa. Nou tout konnen se yon eritaj zansèt mouri kite. Se yon rityel nan kilti lakay. Men, yon lòt fwa ankò m ap redi li, alyenasyon an fè nou pè modèl pratik sila yo ki fè nou parèt diferan ak tout lòt pèp sou latè. Nou gen yon kilti pafwa ki fè moun fremi, pafwa ki fè moun sezi. Men ipokrizi fè nou meprize li. Nou rejte yo. Sa lakòz anpil nan pratik sila yo koumanse disparèt. Tankou rityèl dans djouba, ki te konn fèt nan peryod zaka toupatou nan peyi a, ou pa jwenn sa fasil nan peyi a ankò. Gen lòt pratik ki disparèt deja. Egzanp « Wòl ». Youn nan premye fòm teyat nou te konn jwe lontan anba lalin klè. Pratik sila disparèt tankou yon kout zèklè nan jenerasyon pa mwen an. Menm jan « Kont » te ka disparèt tou si pat gen Mimi Bartelemy (mouri), Paula Clermont Péan… k ap tire kont jouk koulye, ak Foudizè Théâtre… ki kreye yon festival kont.

 Mwen di tout sa, se pou m moutre enkyetid mwen genyen, sou pratik rityèl rara a nan kilti peyi a, ki koumanse pèdi sans tradisyon li.

Nou konstate, sa fè prèske yon ventèn lanne depi gen yon dal enstriman tradisyonèl ki te konn fè valè mizik rara a ki koumanse disparèt nan kèk zòn tankou Leyogàn ak Pòtoprens pa egzanp. Prèske tout enstriman vaksin yo nwaye nan mitan yon dal enstriman oksidantal (twonpèt, saksofòn, twonbòn, elikon…) ki vin chanje fòm mizik la ak tout sans tradisyon an. Kidonk sa vin bay yon fòm rara ki mizikalman pèdi trans ki nan enstriman tradisyonèl yo tankou banbou wozo ak kone yo.

Gen gwo mizisyen chèchè tankou Claude Carré ki kwè fenomèn sila ta ka rele richès kiltirèl. Dakò. Men mizikalman, mizik afriken-ayisyen an (rara) se yon mizik klasik(syantifik ki popilè) ki defini. Se yon pwodui fini. Nenpòt adaptasyon ki fèt ak enstriman oksidantal sou li, ki po ko jwenn yon aklamasyon popilè rete nan nivo yon travay eksperimantal, ki poko antre nan kad richès.

Pou nou ta konsidere fenomèn sila kòm richès kiltirèl, se si li pat fè nou egzijans chanje osinon mete sou kote (rejte) modèl enstriman tradisyonèl ki te konn bay rara a vrè son vaksin ayisyen an ak banbou wozo ki soti nan tè a, piske nou di nou se ZANMI LATÈ…

Nan peryòd rara a, toujou gen anpil aktivite banbòch ak festival k ap fèt nan divès rejyon ak nan diferan vil nan peyi a tankou nan Kay-Jacmel (festi-rara kay Jacmel) ki rasanble chak ane plis pase 50 bann rara ki sòti nan divès lakou vodou nan seksyon kominal yo. Gen Leyogàn ki toujou gen pi gwo fèt rara nan peyi d Ayiti, gen Payan nan Miragwàn, Latibonit, Janrabèl… pou n site sa yo sèlman kote moun sòti nan kat kwen peyi a pou vin banboche.

Malgre gwo jèfò anpil konpatriyòt ayisyen ayisyèn k ap viv nan peyi lòtbò dlo fè pou akonpanye rara nan peyi d Ayiti, malgre tout devouman chèf ak prezidan rara yo, leta ayisyen poko janm deside mete pratik sila a nan lis priyorite li. Sa lakòz chak ane, rara yo toujou sòti pran lari pa jan yo ta swete li a. Anmenm tan fòk nou siyale tou absans leta a ap kontribye nan disparisyon mòd ekspresyon sila si ministè kilti pa defini yon chema politik kiltirèl pou pwoteje tout pratik ki genyen nan zafè kilti peyi a.

Wi. Se vre, rara gen yon dimansyon mistik ladan l tou. Men se pa paske rara sòti anndan vodou a, ki fè nou dwe trete li nenpòt ki mannyè. Vodou, pa djab, rara nonplis pa yon aktivite djabolik. Djab yo se sila yo lè yo rive nan tèt leta a, ki pwofite toupizi popilasyon an, kreve kès leta, grennen bal sou moun maten midi swa. Djab yo se sila yo ki touye Jean Dominique, Brignol Lindor, Pè Tijan Pyè Lui, Jacques Roche…

Mwen vle di, si nou pat yon bann egare, nou t ap konprann se yon konplo ki la depi lontan pou fè nou rejte sa ki pou nou pou nou ranmase malpwapte ki pa pou nou.

Wi. Se vre tout rara gen yon dimansyon mistik. Se youn nan rezon ki fè, anvan rara a deplase, yo rasanble ansanm devan jouk* yo pou yo fè yon rityèl (seremoni) pou rasanble fòs pou ride yo mache, pou yo vire nan zile a san kè sote. Konsa tou nan kalfou ki pi pre a, yo toujou anonse mèt kalfou anvan yo derape. Nanpwen anyen djabolik nan pratik sila a. Menm si, nou konnen gen yon dal bann san manman ki bay tèt yo non rara, ki gen abitid pran lari ak revolvè yo anba mayo yo pou yo simen latwoublay. Men bann sila yo pa gen okenn rapò ak modèl rara m ap pale la a. Bann san manman sila yo, tout moun konn ki moun ki te kreye yo nan peyi a.

Antouka rara, mwen espere listwa demanti mwen, si mwen bay manti, depi ane 88, 89 yo, nan mitan kè Pòtoprens lan, mouvman Sanba ayisyen an, nan lide pou konsève richès sila, yo kreye yon rara nan Bas-Peu-de-Chose la ki rele « Rara Foula Vodoule ».

Depi lè a, Foula pou kont li ap batay pou pwoteje pratik rara tradisyonèl la nan depatman lwès la. Yo pa sèvi ak enstriman oksidantal. Yo pa nan vyolans. Yo sèvi ak yon kolonèl, ki devan bann lan ak yon yon fwèt kach. Se li ki mennen rara a ak tout latriye moun k ap mache dèyè Foula. Yo gen plizyè sanba (Sanba Yanba YE, Sanba Kebyesou, Sanba Zao…) ki la pou konpoze chante pou yo chante sou tout wout kote y ap pase.

Chante sila yo charye tout revandikasyon moun ki pi ba nan chapant sosyete a. Pafwa, sanba a, pou li denonse move pratik sosyal ak politik yo, yo konpoze chante yo apati sa yo tande ak sa yo wè. Pafwa yo konpoze sou politisyen ki gen dwèt long siperyè, fanm k ap twonpe nonm, nonm k ap twonpe fanm...

Rara se pratik kiltirèl tradisyonèl tout pèp ayisyen. Si leta te gen yon bon politik kiltirèl, se pa palmantè, minis, premye minis ki t ap jwenn milyon pou y al manje pwason ak ti fanm yo, ti fanmi yo chak epòk rara.

Se rara yo pou yo ta ankadre, ba yo sekirite, ba yo mwayen pou yo fonksyone.

Antouka, nou swete yon jou, peyi d Ayiti a jwenn yon gwoup defansè entèlijan ki gen konsyans, e ki pral bay tèt yo misyon pwoteksyon ak konsèvasyon patrimwa n kiltirèl ayisyen sou kèlkeswa fòm li prezante a.

Jacques Adler Jean Pierre Poète, écrivain, artiste et journaliste Auteur

Réagir à cet article

Nous avons remarqué que vous utilisez un bloqueur de publicité.

Notre contenu vous est présenté gratuitement à cause de nos annonceurs. Pour continuer à profiter de notre contenu, désactivez votre bloqueur de publicité.

C'est éteint maintenant Comment désactiver mon bloqueur de publicité?

How to disable your ad blocker for our site:

Adblock / Adblock Plus
  • Click on the AdBlock / AdBlock Plus icon on the top right of your browser.
  • Click “Don’t run on pages on this domain.” OR “Enabled on this site.”
  • Close this help box and click "It's off now".
Firefox Tracking Prevention
  • If you are Private Browsing in Firefox, "Tracking Protection" may casue the adblock notice to show. It can be temporarily disabled by clicking the "shield" icon in the address bar.
  • Close this help box and click "It's off now".
Ghostery
  • Click the Ghostery icon on your browser.
  • In Ghostery versions < 6.0 click “Whitelist site.” in version 6.0 click “Trust site.”
  • Close this help box and click "It's off now".
uBlock / uBlock Origin
  • Click the uBlock / uBlock Origin icon on your browser.
  • Click the “power” button in the menu that appears to whitelist the current website
  • Close this help box and click "It's off now".