Ayisyen se non lang nou pale a

Tèks sa a se yon mòso youn ki pi long sou vrè non lang manman Ayisyen .

Patrice Dumont
26 oct. 2018 — Lecture : 6 min.

Tèks sa a se yon mòso youn ki pi long sou vrè non lang manman Ayisyen . Tèks konplè a an n ayisyen ak an franse. Piblik la a pran konesans li nan lòt okazyon.

Ki fè la a, 13 a 14 milyon moun pale yon lang nan monn lan, 12 milyon nan yo se Ayisyen, epi lang sa a ta gen yon non ki pa ayisyen ! Si se sa, an n sispann bay lang yo non pèp ki ba yo nesans : ongwa, endonezyen, slovèn, japonè, tayilandè, chinwa, ris, tik, indi, malè, plis ke 2 mil lang afriken yo, elatriye…

Nan sitiyasyon lengwistik sa a, kantite a dwe fè lwa. Mete sou sa, kantite sa a pa amòf, li djanm nan pwomosyon lang li nan yon fason ou pa jwenn okenn lòt kote ki pale lang sa a. Se pou sa batay pou lang nou an rele ofisyèlman ayisyen se yon devwa total-kapital-wòtpòt pou tout Ayisyen, sitou sila yo ki se lengwis k ap travay pou verite solèy ak verite lalin pa menm. Dayè, nan milye lasyans yo, se kontkouran ou li anglè Ameriken yo pale ak ekri a sitou, yo rele l ameriken. Apa ekriven Roger Breuil te rele Traduit de l’Ameriken, liv li a ki te lorea Prix du premier roman, nan peyi Lafrans an 1933 ! Si, olye Traduit de l’anglais, plizyè mezon edisyon serye ekri Traduit de l’américain, siman se paske varyete anglè Ozetazini an tèlman tòf, moun ki adopte fòmil sa a konsidere se yon lòt lang. Nou gen dwa kwè tou : sa fè yon seri Ameriken plezi gen moun ki kwè gen yon lang ki rele ameriken. Kidonk genyen kèk gwo egzanp ki plede kòz nou an. Lang nou se ayisyen. Se négationnisme istorik ak politik si yon moun pa vle rele ayisyen lang Morisyen, Sechelwa, Matinikè, Gwadloupeyen, Giyanè elatriye… pale a. Te m di nou : si tout kominote sa yo ta deside bay lang yo pale a non pa yo, nou pa ta dwe fache, menmsi se ta devwa tout Ayisyen pou nou ta temwenjeyova kò nou : mache fè pwomosyon nan tout peyi pou kreye mouvman ayisyanofoni.

Nou pòkò fin pale. Ki sans ankachèt sa genyen lè yo bay yon sèl lang yon pakèt siyati ? Ou tande kreyòl anglè belizyen, kreyòl pòtigè kapvèdyen, kreyòl fransè morisyen, kreyòl fransè ayisyen ! Si se konsa, an n pale de kreyòl laten fransè, kreyòl laten kebekwa, kreyòl laten brezilyen, kreyòl laten pòtigè, kreyòl laten angolè… Yo konn di tou kreyòl ayisyen, kreyòl morisyen, kreyòl reyinyonè, elatriye… Diskou kont lang ayisyen an fè kòmsi nou toujou esklav, kidonk nou pa egziste antanke pèp, nou pa ta gen kapasite pwodui lakilti. Poutan nou pa Kreyòl, nou se Ayisyen, yon pèp ki gen plizyè sous kilti.

Lè nou di nou se Kreyòl, se efase nou efase lagè nou te genyen kont vrè Kreyòl yo, yomenm menm ki te rele tèt yo konsa. Kidonk, 1804 pa t fèt ; istwa nou pa spesyal ; nou pa gen rezon pou nou fyè ; nou pa t janm yon limyè pou limanite, yon evidans Viktò Igo, gwo lespri eklere, te wè nan nou ! Anpalan de sa, non sèlman 1804 dechouke pwoblèm pwojè endepandans Blan kreyòl yo ki t ap fèt kont nou, men tou li ouvè boulva inite nasyonal la paske li pral mete ansanm twa gwoup moun ki te nan chen manje chen : milat afranchi, nèg bosal, nèg « kreyòl ». E nan mitan pakèt nèg ak nègès yo, ke yo te kreyòl - kidonk si yo te pran nesans Sendomeng - ke yo te bosal – si yo te pote yo Sendomeng sòti an n Afrik jenn bway, jenn fi- divizyon an te rèd ant esklav jaden, esklav domestik, esklav à talent, nèg ki te afranchi. Ideyoloji kolonyal la te konsidere se yon nesesite pou mete chak moun nan yon kategori sosyal ki baze sou koulè po ak - an 2zyèm pozisyon- sou plas moun nan nan pwodiksyon ekonomik la. Men, dènye pwen ekonomik la, li te konsène blan yo sèlman ki te kat gwoup: Blan ki vin travay pou gouvènman fransè a, Blan ki se negosyan (achtè-revandè) Blan plantè, Blan ki te atizan, travayè sou metye. Lè nou pran endepandans nou, pa genyen afè kreyòl ankò, ni blan ni nwa. Pa gen afè nèg bosal ankò : tout moun vin Ayisyen, se gwo tonton rezon istorik sa a ki fè lang nou se ayisyen e se ayisyen pou nou rele l.

Yon lòt pa, menmsi nou konprann egzijans ideyolojik epòk la te reklame afimasyon ras la, nou kwè atik 14 Konstitisyon enperyal 1805 lan t ap sensè, anplis li t ap chita sou nasyonalite ki se yon reyalite sosyolojik ak politik san rival, si olye de Atandike tout divizyon ki baze sou koulè po dwe disparèt nan mitan timoun yon sèl grenn fanmi se chèf Leta a ki papa yo, tout Ayisyen jeneralman kèlkonk se Nwa, li te di pito: « Atandike libète ak endepandans dechouke tout fòm divizyon sou baz koulè po nan yon sèl kòt fanmi, tout moun k ap viv an n Ayiti, se Ayisyen yo rele.» Wi, mo ayisyen an, ak tout stati nasyonalite li bay la elimine ofisyèlman tout deziyasyon sa yo : Blan kreyòl, milat, òm de koulè, Nèg kreyòl, Nèg bosal, mèt, esklav jaden, esklav domestik, esklav à talent, kòmandè, koloni, metwopòl…

Pandan m revandike non ayisyen an pou lang manman nou an, sa pa vle di mwen vle pou nou grenn senk, pou nou koupe fache avèk lòt pèp ki pale lang nou an. Pèp sa yo, nonsèlman yo kwè se kreyòl yo ye, men tou se kreyòl yo ye vre. Sa pa vle di nonplis pou nou pa nan frankofoni. Sa vle di nou se nou. E nou fè pati de kominote entènasyonal la an granmoun. Gen anpil konfizyon ki fè nou kwè nou se kreyòl, egzanp, dikton ki di : « Kreyòl pale, kreyòl konprann » nan. Se yon pawòl Blan kreyòl te itilize lè yo an Frans pou fè ti chèlbè, pale lang esklav yo devan lòt fransè parèy yo ki oblije mande ki lang y ap pale ? Epi, yo reponn « Quand les Créoles se parlent, les Créoles comprennent ». Kidonk, pawòl la pa vle di « lang kreyòl pale, yo konprann lang kreyòl ».

Ayisyanophoni an se yon konsyans katezyen : mwen se yon ayisyanofòn, kidonk mwen afime l.

Jan nou pale a la a, se yon fason pou nou rewè revolisyon nou an. N ap lave l pou retire pousyè alyenasyon sou li, tankou Jan Prays Mas te vle l nan premye ka 20tyèm syèk la. Tout revolisyon gen nan san li pou pote kichòy pou lòt peyi oubyen fòse yo vin zanmi l. An n sonje pawòl Desalin nan : « Podyab, Matinikè yo, jan m ta kontan pòte sekou pou nou »! Si nou pa t gen fòs pou nou mache tou patou aprann moun libète, nou te kite tout pòt nou ouvè pou tout moun ki t ap chèche sekou kont abi opresyon. Si yon moun pa konn doulè malere ou pa Ayisyen. Nan sans sa a, pale ayisyen, fè pwomosyon l, se yon devwa. Ayisyanofoni an se yon imanis. Lè nou enpoze nou kòm moun ki pale ayisyen, n ap bay lang nou jarèt pandan nap akeyi tout lòt pèp. Nou bezwen lapè ak libète kòm labanyè pou nou retounen sou wout grandeur de naissance nou. Tousuit, nan yon ak solanèl, konstitisyonèl. Atik 5 konstitisyon an : tout Ayisyen gen yon lang ki ini yotout : ayisyen.

Ayisyen ak fransè se lang ofisyèl peyi d Ayiti.