Yon sèl lang ofisyèl pou dechouke mantalite nou

Yon sèl lang ofisyèl se tit liv sa a Gérard-Marie Tardieu ap prezante nan venntwazyèm edisyon «Livres en folie» k ap fèt 31 me ak 1e jen 2018, nan «MUPANAH». Nan liv sila a, otè a touche pwoblematik aprantisaj la ki kokobe chak jou pi plis mantalite tout jèn Ayisyen ki pase nan sistèm edikasyon nou an. Nan lide sa a, akademisyen an mande pou lang ayisyen an se sèl lang peyi a, jan Konstitisyon 87 la mande sa a.

Publié le 2018-05-30 | Le Nouvelliste

Culture -

«Yon sèl lang ofisyèl» genyen ladan l senk chapit diferan men ki marande ak yon sèl lide : dechouke mantalite nou. Dechouke mantalite n, lè nou sispann itilize lang Fransè yo kòm lang ofisyèl peyi a, lè nou sèvi ak li tankou zouti pou nou imilye Ayisyen parèy nou, ak lè nou sispann bay timoun yo senbòl nan lekòl yo epi mande yo eksprime yo chak lè yo itilize lang manman yo. « Lang sa a, nou fè li lonè lakay. Epi nou renmen sèvi ak li anpil anpil pou toufounen pwòp sè ak frè nou, alòske Konstitisyon peyi a di nou sèl lang ki simante nou se kreyòl la », se sa M. Tardieu eksplike nan entwodiksyon liv li a, ki gen pou tit ‘’Yon twofe pou esklizyon.

Pou byen chita refleksyon l lan, Gérard-Marie Tardieu retranskri nan premye chapit la ki titre ‘’Istwa Gérard-Marie Tardieu, defansè lang kreyòl la’’ yon entèvyou li te fè nan jounal Le Nouvelliste, nan dat ki te 21 jiyè 2015. Nan bat bouch sa a-connaître nos académiciens-, ekriven an fè konprann kijan lang ayisyen an charye sa nou reprezante kòm pèp, tout sa ki idantifye nou tankou yon Ayisyen natifnatal. « Lè m te piti, lakay mwen kouwè lekòl, se franse granmoun yo te vle pou mwen pale. Sa ki pi rèd, lekòl menm te gen pinisyon lè w pale kreyòl, te gen senbòl, yon eritaj pè ak mè ki soti lòtbò dlo te vin ban nou kenbe pou nou divòse ak kilti nou. Dayè se te yon epòk kote ‘’rejete’’ t ap taye banda.»

Se konsa GMT panse fòk gen yon revolisyon ki pou fèt. L ap pèmèt lang ayisyen an ak lang kolon an reprann plas yo kòmsadwa. Sa vle di, lang kreyòl la ap sèl lang ofisyèl nou pandan lang blan franse yo ap desann nan dezyèm plas la. Revolisyon sa a ap posib lè nou deside chanje estrikti lekòl nou yo, nan adopte yon lòt politik pou edikasyon kote liv kreyòl yo sispann sibvansyone mwens pase liv fransè ak liv anglè. « Kreyòl la, lang pa nou an, jis jounen jodia ap pran imilyasyon. Jis jounen jodiya, li pa jwenn tout plas li nan sosyete a, epi, sa ki pi grav la, li pa jwenn plas li nan lekòl yo tout bon vre. Bò kote pa l, ministè Edikasyon nasyonal nan fason li sibvansyone liv lekòl yo, vyole pwòp kourikoulòm lekòl fondamantal li a. »

Kidonk se yon «lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba». Nan katriyèm chapit la-Kreyòl nan edikasyon, nan sèvis piblik- mesye Tardieu pouse refleksyon li an pi lwen ak yon kesyon difisil men ki gen tout sans li, sitou lè n ap gade echèk nan egzamen ofisyèl yo chak ane. « Èske premye lènmi kreyòl la se pa ta ministè Edikasyon nasyonal limenm ? Sistèm nan an reyalite ap fonksyone pou yon ti lelit, se poutèt sa li fèt nan lang minorite a. Sistèm edikasyon an gen yon wòl enpòtan pou li jwe nan korije enjistis sosyolengwistik nou te deja denonse a. Nan sistèm sa a, menm si elèv la entèlijan, si li pa metrize yon lang li pa ka bay bon rezilta nan aprantisaj li ap fè », se obsèvasyon defansè lang ayisyen an ki kwè pi gwo andikap aprantisaj nou an se paske nou pran lang kolon an pou lang matènèl nou.

Pou rezon sa yo, Gérard-Marie Tardieu pwopoze nan chapit senk lan pou nou adopte yon sèl lang ofisyèl, ak yon politik lengwistik ideyal pou Ayiti. Politik sa a gen ladan 9 gran pwen: « deklare kreyòl la se sèl lang ofisyèl leta, lang lekòl, lang travay, san okenn limit nan okenn domèn ; respekte epi fè respekte deklarasyon lang ofisyèl la ; ogmante enterè nasyonal la pou lang sa ; oblije yon seri kondisyon avèk regleman an favè kreyòl la pou kreye enterè pou li ; pran defans, fè pwomosyon epi ankouraje devlòpman lang ak kominote lengwistik kreyòl la ; oblije tout òganis leta ak prive pou pwodwi dokiman ki konsène piblik la an kreyòl ; mande pou lekòl piblik fonksyone an kreyòl, ak yon plas espesyal pou lang etranje ki plis itilize a ; etabli pousantaj-prezans lang kreyòl la nan tout domèn pandan nou ap konsidere eksepsyon ki genyen nan Konstitisyon 1987 la ; bay lang etranje yo plas ak fonksyon pou favorize kominikasyon oral ou ekri avèk lòt kominote lengwistik. »

Ses derniers articles

Réagir à cet article

Nous avons remarqué que vous utilisez un bloqueur de publicité.

Notre contenu vous est présenté gratuitement à cause de nos annonceurs. Pour continuer à profiter de notre contenu, désactivez votre bloqueur de publicité.

C'est éteint maintenant Comment désactiver mon bloqueur de publicité?

How to disable your ad blocker for our site:

Adblock / Adblock Plus
  • Click on the AdBlock / AdBlock Plus icon on the top right of your browser.
  • Click “Don’t run on pages on this domain.” OR “Enabled on this site.”
  • Close this help box and click "It's off now".
Firefox Tracking Prevention
  • If you are Private Browsing in Firefox, "Tracking Protection" may casue the adblock notice to show. It can be temporarily disabled by clicking the "shield" icon in the address bar.
  • Close this help box and click "It's off now".
Ghostery
  • Click the Ghostery icon on your browser.
  • In Ghostery versions < 6.0 click “Whitelist site.” in version 6.0 click “Trust site.”
  • Close this help box and click "It's off now".
uBlock / uBlock Origin
  • Click the uBlock / uBlock Origin icon on your browser.
  • Click the “power” button in the menu that appears to whitelist the current website
  • Close this help box and click "It's off now".