Wòl lengwis nan kore bon jan edikasyon pou respè dwa moun

Publié le 2018-05-11 | Le Nouvelliste

National -

Pwòf Michel DeGraff | http://mit.edu/degraff | http://haiti.mit.edu

Pwofesè nan Depatman Lengwistik & Filozofi nan Massachusetts Institute of Technology (MIT); Direktè Inisyativ MIT-Ayiti; akademisyen nan Akademi Kreyòl Ayisyen

Cambridge, 4 me 2018

Gen yon vèsyon pi kout atik sa a ki parèt ann angle nan Science Magazine, volim 360, nimewo 6388, paj 502, nan dat 4 me 2018: http://science.sciencemag.org/content/360/6388/502

Gen 40% elèv lekòl primè nan lemonn k ap aprann tout matyè, ata lèkti ak ekriti, nan yon lang ke yo pa konn pale [1]. Lè lekòl fèt nan yon lang ke elèv yo pa konprann, sa lakoz echèk akademik plizyè santèn milyon timoun sou latè beni [1]. Epi tou, sa se yon vyolasyon dwa moun [2], [3]. Kalte vyolasyon sa a se youn nan kòz k ap kenbe kominote sa yo nan lamizè [4].

An n gade pwoblèm sa a nan ansyen koloni ewopeyen sa yo ki chita nan zòn Karayib, Amerik Latin, Afrik, Azi ak Pasifik. Se nan peyi sa yo nou jwenn pifò lekòl ki pa sèvi ak lang matènèl timoun yo [5]. Pou ki sa se nan zòn sa yo nou jwenn kalte lekòl tèt an ba k ap bloke devlòpman popilasyon sa yo ki deja nan malsite? Itilizasyon lang kolonyal nan ansyen koloni ewopeyen se yon zam malouk ke klas an wo yo itilize pou kenbe pouvwa, an kolaborasyon avèk fòs enperyalis [6] k ap toupizi malere tou patou nan lemonn [7].

Pa egzanp, nan peyi nou Ayiti, pa gen plis pase 5% moun ki pale franse lakay yo depi yo ti katkat [8], alòs ke se nou tout ki pale kreyòl alèz. E poutan, franse se lang ki pi plis kouche sou papye nan lekòl, inivèsite, jounal, tribinal, biwo leta, e latriye—ata nan biwo leta ak inivèsite sa yo ki ta dwe sèvi ak kreyòl pou defann dwa moun nan yon peyi kote pifò moun pa pale franse. Baryè lang sa a, ki se yon vyolasyon dwa moun, vin tounen yon andikap, depi o pa, pou yon bann ak yon pakèt Ayisyen ki pale kreyòl sèlman. Baryè lang sa a se youn nan rezon ki fè Ayiti se youn nan twa peyi sou latè beni ki gen pi plis inegalite [9].

Eta Awayi nan peyi Etazini ka sèvi kòm yon egzanp pou lekòl tèt an wo. Awayi gen plizyè pwogram kote yon bann ti Awayen benyen nan lang matènèl pa yo (awayen) sou ban lekòl [10]. Pwogram sa yo vin amelyore aprantisaj elèv awayen sa yo. Se kon sa yo rive maton nan dezyèm lang tankou angle [10].

Gras a nouvo lwa k ap ranfòse edikasyon nan lòt lang ki pa angle [11], Etazini vin ogmante pwogram “imèsyon” (ki vle di: ben lengwistik nan yon lang etranje) ak pwogram edikasyon nan 2 lang. Pwogram sa yo vin entegre plizyè lòt lang tankou lang kreyòl la [12] ansanm ak lang endijèn ki te pale nan kontinan Amerik la byen lontan anvan Kristòf Kolon te debake nan “Nouvo Monn” lan. Modèl pedagojik sa yo ki respekte lang matènèl oswa lang zansèt timoun yo, deja ap bay bon jan rannman. Kalte pwogram sa yo ta dwe aplike nan lòt kominote tou patou nan lemonn.

Yon etap enpòtan nan devlòpman pwogram pedagojik sa yo se kreyasyon bon jan metòd ak resous ki ka ede ansèyman fèt djanm djanm nan tout nivo nan lang matènèl chak grenn elèv sou latè beni. Nan esperyans pa nou nan Inisyativ MIT-Ayiti, nou dokimante ki jan materyèl an kreyòl ka ede elèv, etidyan ak anseyan ann Ayiti, soti nan lekòl primè [13] rive nan lekòl segondè ak Inivèsite [14].

Lè edikasyon va rive fèt nan tout lang ki pale sou latè beni, sitou nan kominote sa yo ki pi defavorize, sa pral pèmèt tout moun “pwofite nan pwogrè syantifik ak aplikasyon lasyans”. Se sa Atik 15 nan Konvansyon Entènasyonal sou Dwa Ekonomik ak Kiltirèl mande [15]. Pou n reyalize objektif sa a, nou bezwen plis rechèch ak kolaborasyon entènasyonal pami lengwis, syantis, matematisyen, enjenyè ansanm ak edikatè. Ansanm ansanm, nou ka travay pou pwone itilizasyon lang endijèn yo ansanm ak lòt lang, tankou lang kreyòl nou an, ki te vin pèdi jèvrin oswa prestij anba bòt enperyalis kolon ak nouvo kolon. Se kon sa lang sa yo ava sèvi pou kreye bon jan materyèl pedagojik ki byen chita nan kilti lokal ak bezwen lokal pou n debouche sou bon jan aprantisaj aktif. Lidè nan edikasyon, lidè politik, entelektyèl, laprès, sosyete sivil, ajans finansman ansanm ak òganizasyon entènasyonal dwe ankouraje kalte kolaborasyon ak rechèch sa yo.

BIBLIYOGRAFI

1. UNESCO, «Comment apprendre dans une langue qu'on ne comprend pas? » (Global Education Monitoring Report, 2016); http://unesdoc.unesco.org/images/0024/002437/243713F.pdf

2. R. Phillipson, M. Rannut, T. Skutnabb-Kangas, Linguistic Human Rights: Overcoming Linguistic Discrimination (1994); www.worldcat.org/oclc/979913240

3. “Convention relative au droits de l’enfant” (1989) http://www.ohchr.org/FR/ProfessionalInterest/Pages/CRC.aspx

4. S. L. Walter, «The language of instruction issue: Framing an empirical perspective» in The Handbook of Educational Linguistics, B. Spolsky, F. M. Hult, Eds. (2008

5. S. L. Walter, C. Benson, «Language policy and medium of instruction in formal education» in The Cambridge Handbook of Language Policy, B. Spolsky, Ed. (2012)

6. K. Nkrumah, Neo-Colonialism: The Last Stage of Imperialism (1965) https://politicalanthro.files.wordpress.com/2010/08/nkrumah.pdf

7. M. DeGraff, “Linguists’ most dangerous myth” (2005). http://lingphil.mit.edu/papers/degraff/degraff2005fallacy_of_creole_exceptionalism.pdf

8. M. Saint-Germain, “Problématique linguistique en Haïti et réforme éducative” (1997) http://id.erudit.org/iderudit/031954ar

9. «Inequality index: where are the world's most unequal countries?» (2017); www.theguardian.com/inequality/datablog/2017/apr/26/inequality-index-where-are-the-worlds-most-unequal-countries

10. W. H. Wilson, K. Kaman?, «The syllabic Hawaiian reading program» in Literacy in the Early Years. International Perspectives on Early Childhood Education and Development (2017) https://books.google.com/books?id=yex0DQAAQBAJ&pg=PA133

11. S.1177: Every Student Succeeds Act (2015); www.congress.gov/amendment/114th-congress/senate-amendment/2240/text

12. «A Haitian Creole program for preschoolers arrive in Mattapan.» http://www.bostonglobe.com/metro/2017/09/06/mattapan-haitian-creole-program-for-preschoolers/O6PydlII1WWoaOGdqlYYZJ/story.html

13. M. DeGraff, «Mother-tongue books in Haiti: The power of Kreyòl in learning to read and in reading to learn» http://linguistics.mit.edu/wp-content/uploads/degraff_2016_mother-tongue_books_in_Haiti.pdf

14. H. Miller, «Inisyativ MIT-Ayiti: Yon angajman entènasyonal» (2016) http://web.mit.edu/fnl/volume/291/miller_kreyol.html

15. United Nations Human Rights, «International Covenant on Economic, Social and Cultural Rights» (1976); http://ww.ohchr.org/EN/ProfessionalInterest/Pages/CESCR.aspx

Michel Anne-Frederic DeGraff degraff@mit.edu Auteur

Réagir à cet article

Nous avons remarqué que vous utilisez un bloqueur de publicité.

Notre contenu vous est présenté gratuitement à cause de nos annonceurs. Pour continuer à profiter de notre contenu, désactivez votre bloqueur de publicité.

C'est éteint maintenant Comment désactiver mon bloqueur de publicité?

How to disable your ad blocker for our site:

Adblock / Adblock Plus
  • Click on the AdBlock / AdBlock Plus icon on the top right of your browser.
  • Click “Don’t run on pages on this domain.” OR “Enabled on this site.”
  • Close this help box and click "It's off now".
Firefox Tracking Prevention
  • If you are Private Browsing in Firefox, "Tracking Protection" may casue the adblock notice to show. It can be temporarily disabled by clicking the "shield" icon in the address bar.
  • Close this help box and click "It's off now".
Ghostery
  • Click the Ghostery icon on your browser.
  • In Ghostery versions < 6.0 click “Whitelist site.” in version 6.0 click “Trust site.”
  • Close this help box and click "It's off now".
uBlock / uBlock Origin
  • Click the uBlock / uBlock Origin icon on your browser.
  • Click the “power” button in the menu that appears to whitelist the current website
  • Close this help box and click "It's off now".